33 Chapit 33 : NETINIM, MOUN NAZARET, IZRAYEL

NETINIM.

Se yon seri moun ki pa t Izrayelit ki t ap travay nan tanp lan. Yon fason literal, ekspresyon ebre a vle di: “Moun yo bay yo.” Sa ki montre yo te bay moun sa yo pou yo travay nan tanp lan. Sanble pifò Netinim yo se te desandan moun Gabawon yo, yon seri moun Jozye te met “ranmase bwa e li [te] mete yo bwote dlo pou pèp la ak lotèl Bondye a”. — Jozye 9:23, 27; 1Kwonik 9:2, Esdras 8:17

 

NETINIM

 

MOUN NAZARET.

Se yon non yo te bay Jezi paske l te soti nan vil Nazarèt. Li posib pou non sa a gen rapò ak mo ebre yo mete “boujon” pou li a nan Izayi 11:1. Pi devan, yo te vin itilize non sa a pou yo pale de disip Jezi yo. — Matye 2:23; Travay Apot yo 5.

 

MOUN NAZARETH

Izrayèl.

Se non Bondye te bay Jakòb. Yo te vin sèvi ak non sa a pou pale de tout desandan Jakòb yo antanke gwoup, nan kèlkeswa epòk la. Souvan, yo te konn rele desandan 12 pitit gason Jakòb yo pitit Izrayèl yo, nasyon Izrayèl la, pèp Izrayèl la oswa Izrayelit yo. Anplis de sa, yo te rele 10 tribi ki te nan wayòm nò a e ki te separe ak wayòm sid la Izrayèl tou, e annapre, yo te vin rele kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo “Izrayèl Bondye a”. — Galat 6:16; Jenez 32:28; 2 Samyel 7:23; Women 9:6.

 

Izrayèl. Se non Bondye te bay Jakòb. Yo te vin sèvi ak non sa a pou pale de tout desandan Jakòb yo antanke gwoup, nan kèlkeswa epòk la. Souvan, yo te konn rele desandan 12 pitit gason Jakòb yo pitit Izrayèl yo, nasyon Izrayèl la, pèp Izrayèl la oswa Izrayelit yo. Anplis de sa, yo te rele 10 tribi ki te nan wayòm nò a e ki te separe ak wayòm sid la Izrayèl tou, e annapre, yo te vin rele kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo “Izrayèl Bondye a”. — Galat 6:16; Jenez 32:28; 2 Samyel 7:23; Women 9:6.

 

IZRAYEL

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre