40 Chapit 40 : ANSYEN, ANTIKRIS, APOT

ANSYEN. GRANMOUN GASON.

Ekspresyon sa yo fè referans ak gason ki granmoun, men, nan labib, yo sèvi avèk yo sitou pou yo pale de gason ki nan yon pozisyon ki fè yo gen otorite e ki gen responsablite nan yon kominote oswa nan yon nasyon. Nan liv Apokalips nan, yo itilize mo ANSYEN an pou yo pale de kreyati ki nan syèl la. Mo grèk « presbitewòs » la, lè yo tradui l ki bay ansyen an, fè referans ak moun ki pran latèt nan komunote a. — Ekzod 4:29; Pwoveb 31:23; 1Timote 5:17; Apokalips 4:4.

 

ANSYEN

 

ANTIKRIS.

Mo grèk sa a gen de sans. Li fè referans ak sa ki KONT Kris. Li fè referans tou ak yon FO Kris, sa vle di yon moun ki mete tet li nan plas Kris. Kèlkeswa moun, òganizasyon oswa gwoup ki pretann yo reprezante Kris la oswa ki di yo se Mesi a, oswa ki opoze ak Kris ansanm ak disip li yo, yo ka rele yo antikris san pwoblèm.

ANTIKRIS

APOT.

Premye sans mo sa a nan lang orijinal la se “moun yo voye”. Yo sèvi avè l pou yo pale de Jezi ak kèk moun yo te voye pou sèvi lòt moun. Yo plis sèvi avè l pou yo pale de disip Jezi te chwazi pèsonèlman yo e ki te nan gwoup 12 reprezantan li te chwazi yo. — Mak 3:14; Travay Apot yo 14:14.

 

APOT

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre