1 Chapit 1 : FANMI MWEN, ANFANS MWEN, ETUD PRIME MWEN

I.- FANMI MWEN

1.- GRANME MWEN

GRANME MWEN BO KOTE MANMAN M TE RELE NEIZA TOUSEN. SE TE MOUN MONWI. MWEN TE GEN TAN KONNEN L . LI TE RENMEN BWE KAFE. LI TE RENMEN BALE LAKOU A TOUT TAN. LI TE RENMEN MWEN ANPIL KOM PITIT PITIT. LI TE GEN 75 LANE LE LI MOURI . LI TE GEN 12 PITIT : 10 GASON AK 2 FI. MANMAN MWEN SE TE YOUN NAN 2 FI YO. LI TE RELE L IPHYGENIE PHILIPPE. LOT LA FERNANDE PAT GEN PITIT. LI TE MOURI KEK TAN APRE KAY LI TE GEN AKAYE BOT SANT LASANTE A TE PRAN DIFE. MANMAN M TE RENMEN L ANPIL. DIFE SA AK LANMO SA TOUJOU RETE YON GWO CHOK POU MANMAN M.

TOUT LOT PITIT GASON YO MOURI : HERMAN, ANDRE, EUSTACHE, EMMANUEL.  DENYE PITIT GASON L NAN, PIERRE PHILIPPE FEK MOURI. LI TE MAJISTRA PANDAN PLIZYE ANE NAN LAVIL AKAYE. APRE LI TE NOTE. MANMAN M TE RENMEN L ANPIL. LI TOUJOU APRESYE M. LI KON VINI NAN SANT CBNDF LA BWANEF. LI GEN PLIZYE PITIT : MARC, ERNST, MARIE-MARTHE, AK ROLANDE KI MOURI BYEN JEN. ROLANDE SE TE MAKOME MWEN. M TE BATIZE YOUN NAN 2 PITIT MARC YO AVEK LI. MWEN TE PLIS ABITYE AK MARCO KE LOT YO. NOU TE LEKOL KAY FRE ANSANM. LI TE KON VINI ETIDYE ANSANM AVEK MWEN LAKAY. LE NOU RANKONTRE PITA OZETAZUNI MWEN KON VIZITE L NEW JERSEY. NI LI MENM NI MADANM LI KETLY MAKOME MWEN TOUJOU BAN MWEN BEL AKEY. SE POU BONDYE BENI YO.

 

2. GRANPE MWEN

GRANPE MWEN BO MANMAN TE RELE DURAND PHILIPPE. MWEN PAT GEN TAN KONNEN L. MEN MANMAN M TOUJOU AP PALE M DE LI. LI TE RETE MONWI. LI TE RENMEN MANMAN M ANPIL KI GEN YON BEL SOUVNI DE LI. GRANPE MWEN BO KOTE PAPA M JULIEN CAMPION TE RELE OREL CAMPION. SE TE MOUN GRANGWAV. MWEN PAT GEN TAN KONEN L. YOUN NAN PITIT LI YO APA JULIEN CAMPION PAPA MWEN TE RELE ANDRE CAMPION. MWEN GEN ANPIL FANMI GRANGWAV. MWEN PA KON TOUT. MWEN KON RAKONTRE KEK LADAN YO NEW-YORK. GRANME MWEN BO KOTE PAPA M TE RELE MADAN OREL CAMPION. MWEN PAT KONEN L. MWEN PA KON ANYEN SOU LI. LI TE ABITE GRANGWAV.

 

3. PAPA MWEN

PAPA MWEN TE RELE JULIEN CAMPION. SE POUTET SA LI RELE MWEN JULES. LI SE MOUN GRANGWAV. METYE L SE TE TAYE. PANDAN YON TI BOUT TAN LI TE EKZESE METYE TAYE A MONWI KAY MADAN CASAMAJOR TOUT PRE LEGLIZ PARWASYAL MONWI A. MWEN KON AL PASE VAKANS AK LI. LI TOUJOU AP FE DYOLE POU MWEN. LI TE RENMEN M. LE MANMAN M AP BAT MWEN POU DEZOD, LI KON ENTEVNU. YON YOU SWA PANDAN MWEN TAP PASE AK YON BOUJI LUMEN BO YON PAKET RAD LI TE METE NAN SACHE DRY, MWEN KOLE BOUJI A NAN YON TI FIL SACHE DRY LA. DIFE PRAN. M RELE ANMWE. M VOYE DLO. APRE SA LE MANMAN M VLE BAT MWEN, LI DI L POU L KITE M TRANKIL. SE LI KI TE KOUD RAD YO. LA FE LOT. YON LOT FWA M FE DEZOD. MWEN AL KACHE ANBA KABAN. LE MANMAN M RALE M POU L METE BATON POU MWEN, MWEN DI : « OH OH EPA SE TOUT BON JODI A. » MWEN METE AJENOU. EPI MWEN KOMANSE RESITE « JE VOUS SALUE MARIE. » LE SA PAPA M DI MANMAN M : « KITE TI GASON TRANKIL. OU PA WE LAP LAPRIYE !!! » PAPA M MOURI LOPITAL JOU FET MWEN 27 ME 1986. R.I.P.

 

4. MANMAN MWEN

MANMAN MWEN JWE YON WOL ESTRAODINE NAN EDUKASYON EPI NAN VOKASYON M KOM PE. SE POUTET SA MWEN TA VLE PRAN YON TI TAN ESPESYAL POU M PALE DE LI. MANMAN W TE RELE IPHYGENIE PHILIPPE. PAPA L SE TE DURAND PHILIPPE. MANMAN L TE RELE NEZIDA TOUSSAINT. MANMAN M FET AKAYE 17 OKTOB 1912 , SENK LANE ANVAN APARISYON FATIMA YO POTUGAL. LI FE ETUD LI KAY ME ELIE DUBOIS YO SOU BELE KOTE L TE PANSYONE. SE NAN LEKOL SA LI APRAN YON SERI DE BEL POEZI BYEN LONG KOU WE « BERURIA » OU BYEN « ARTHUR DE BRETAGNE » KE LI TOUJOU AP RESITE POU NOU. LI TE RESITE YO POU LA DENYE FWA DENYE ANIVESE LI 17 OKTOB 2010 KOTE L LI TA PRAL MOURI 2 MWA APRE SA NAN CBNDF BWANEF.

MANMAN M TE KON FE LEKOL AVEK PE FARNESE LOUIS CHARLES NAN MARBIAL TOU PRE JACMEL KOTE KOMINOTE « PETITES SOEURS DE STE THERESE » KOMANSE. KOM ELEV LI TE GEN CARMELIA LOHIER KI TA PRAL KOFONDATRIS KOMINOTE SA AVEK PE LOUIS CHARLES. APRE SA MANMAN M TE PASE PLIZYE ANE AP FE LEKOL NAN LOKALITE IVWA ANVAN FONBATIS KI TE LE SA YON CHAPEL SOU KONT AKAYE. TOUT LE SA  YO, LI POTKO MARYE.

MANMAN M TE RENMEN M ANPIL KOM DENYE PITIT. LI TOUJOU KITE KADO AK PLAT MANJE POU MWEN SAN LOT FRE M AK SE M YO PA WE POU EVITE JALOUZI. SE LI KI APRAN MWEN PREMYE LAPRIYE YO. SE LI KI APRAN MWEN PREMYE LET ALFABE YO. PASKE LE SA PAT GEN LEKOL KINDERGARTEN AKAYE. MWEN SONJE LI TE KON POTE M SOU BRA L LAVEY FET DRAPO AK SEN PYE SOU PLAS AKAYE A POU M AL WE BEL ANBYANS KI TE GENYEN. MWEN SONJE YON BEL TI KASKET AK YON BEL TI SANDA L LI TE ACHTE POU MWEN POU M AL LEKOL. LI TE RELE M « JOUJOU ».

SE MANMAN M KI FE M KONEN LAVYEJ MARI. LI TE RENMEN LAVYEJ ANPIL. KOU LI JWEN YON TI KOB LI FE O NON DU PE AK TOULEDE MEN L EPI LI RESITE MAYIFIKAT. LI TOUJOU AP RAKONTE TOUT MOUN YON REV KE LI TE FE KOTE LAVYEJ KONSOLE L APRE LANMO SEL FERNANDE PHILIPPE EPI KOTE LAVYEJ MARI DI L PA GEN BONE SOU TE SA SE NAN LOT MOND LA KI GEN BONE. SE MANMAN M KI APRAN MWEN PATAJE. LI TOUJOU METE YON PLAT MANJE ANPLIS. M PAT JANM KONPRAN POUKISA. PAFWA MWEN KON VOLE BOUT VYAN NAN PLAT MANJE KI ANPLIS LA. LI TE GEN YON KONDISIP KI TOUJOU VIZITE L, MADAN RADIANIS FILS-AIME.

MWEN TE KON METE RAD MANMAN M POU M FE LAMES. MWEN TE GEN ANVIWON 5 LANE KONSA. M TE KON SEVI AK KOLA JU REZEN POU DIVEN EPI MIT PEN POU LOSTI. MANMAN M TE KON MENNEN M LAMES CHAK MATEN. LE PE A AP KONDWI ANTEMAN NAN SIMITYE SE DEVAN POT KAY MWEN LI TE PASE. KONSA M TE KON CHANTE ANTEMAN TOU. M TE KON TOUYE GEP EPI MWEN METE YO NAN YON BWAT ALUMET KOM SEKEY. KOM ANSANSWA M TE KON PRAN YOM MAMIT, MWEN PESE YON PAKET TI TWOU LADAN L EPI MWEN METE CHABON DIFE. KOM ANSAN M TE KON SEVI AK TWALET CHWAL KI SECH !

MWEN TE KON FE GWOT POU LAVYEJ AK LABOU EPI WOCH. MANMAN M TOUJOU ANKOURAJE M NAN AKTIVITE SA YO. LI KON BANM 5 KOB, 10 KOB LE GWOT LA BEL. MANMAN M TE RETE YON PWOTEKSYON POU MWEN. LE GRAN SE M NAN PAULA CAMPION AP BANM KEK KALOT PASKE M TE KON FAWOUCHE L ANPIL, SE NAN WOB LI M KOURI AL KACHE. LE SA, SAN LI PA MENM WE SA M KONTINYE AP FE SE M NAN GRIMAS. SE MENM ASURANS MWEN SANTI JODI A KI FE LE MAP FE TRAVAY LEVANJIL LA M PA PE ANYEN PASKE M KONEN LAVYEJ MANMAN MWEN DEYE M. MANMAN M SE PREMYE KONSEYE M. NAN TOUT TRAY, TRIBILASYON, PESEKUSYON MANMAN M TOUJOU APIYE M. LE PI TA MWEN AL ETUDYE A WOM, MANMAN M TOUJOU EKRI M BEL LET BYEN LONG POU REKONFOTE M. MWEN REGRET MWEN PEDU TOUT BEL LET SA YO NAN CHANM MWEN GRAN SEMINE NOTRE DAME TUJO NAN GOUDOUGOUDOU 12 JANVYE 2010.

MANMAN MWEN TE GEN YON PESONALITE DJANM. LI PA JANM ACHTE FIGU PESON. SE TE YON MOUN VETIKAL. LI TE KARE. LI PAT NAN VOYE WOCH KACHE MEN. LI TE SEVE AVEK NOU. LI TE RENMEN PATAJE. LI PAT RENMEN SOTI. LI TE YON MOUN KI GEN LAREKONESANS ANVE BYENFETE L. LI APRAN NOU KONTANTE NOU AK SA NOU GENYEN. LI APRAN MWEN PREMYE LAPRIYE POU M FE LE BAN SHANPWEL AP PASE DEVAN POT KAY LA. LI TE DJANM NAN TOUT EPREV YO. LI ANTERE PAPA L, MANMAN L, SE L AK LOT FRE L YO. LI ANTERE PITIT LI SOLANGES CAMPION. LI TOUJOU RETE BYEN FE M. LI PA JANM FE BEK ATE.

MANMAN M TOUJOU APRAN NOU KONTE SOU PWOVIDANS BONDYE. LI TOUJOU AP DI « AUX PETITS DES OISEAUX DIEU DONNE LA PATURE ET SA BONTE SE REPAND DANS TOUTE LA NATURE ». LI PA JANM FEN FE LOM KONFYANS NET. LI TOUJOU AP DI « MALHEUR A L’HOMME QUI SE CONFIE EN L’HOMME ». PI TA MWEN PRAL FE EKSPERYANS LA PESONELMAN AVEK YON KALITE TRAYIZON YOUN SOU LOT MWEN SUBI.

MANMAN M TE ANKOURAJE M NAN VOKASYON POU M VINI PE. LI TOUJOU AP LAPRIYE POU SA. DEPI M TOU PITI, LI TE FE M ANTRE NAN ANFANKE. FOMASYON LI TE BAN MWEN AN TE DEJA ORYANTE M POU M FE PE. LI TE BON ZANMI TOUT PE KI TE PASE NAN PAWAS AKAYE. ANVAN MANMAN MWEN MOURI, LI PASE 10 MWA AVEK MWEN NAN CBNDF BWANEF. PANDAN MWEN TE AN MISYON ETAZUNI LI MOURI CBNDF AN NOVANM 2010. LI ANTERE NAN SIMITYE AKAYE NAN TONBO LAFANMI. R.I.P. MESI JESU, MESI LAVYEJ POU MANMAN SA OU TE BAN MWEN AN.

 

Manman m (moun ki nan mitan) ak pitit pitit li Laura,Esther, Beaudelaire

 

5) SEM AK FREM YO

MANMAN M AK PAPA M TE GEN 5 PITIT. MWEN SE DENYE PITIT LA. PREMYE A TE RELE RAOUL. LI TE MOURI TI BEBE. APRE MWEN TE GEN YON LOT ANKO. LI MOURI NAN FOS KOUCH. RETE NOU SENK. GRAN FRE M NAN RELE MICHEL CAMPION. LI RENMEN M DEPI M TE TOU PITI. LI KON METE M DEVAN BISIKLET LI POU ALE NAN JADEN, AL MANJE BISKWIT NAN BOULANJE, AL LACHAS POU TIRE ZWAZO AK FISTIBAL. LI TE PWOFESE LAGONAV AK LEKOL EPISKOPAL AKAYE A. LI TE GREFYE PANDAN PLIZYE ANE NAN TRIBINAL DEPE AKAYE.

GRAN SE M RELE LAURA CAMPION. SE LI MENM KI EDE M PEYE LIV, INIFOM YON BON PATI ETUD PRIME MWEN. SE LI KI MENMEN M POU LA PREMYE FWA POTOPRENS. MWEN TE GEN 12 LANE. LI MONTRE M SA YO RELE MARKET. LE MWEN RIVE POTOPRENS NAN ZENIT MARKET SOU LALU, MWEN SANTI YON FRECHE. MWEN MANDE L SAK FE SA. LI DI M SE YON BAGAY YOR RELE AIR KONDISYONE KI FE SA. LE M TOUMEN AKAYE MWEN RELE TI ZANMI M YO POU M RAKONTE YO MEVEY SA !

SE LAURA KI TE PREPARE TWOUSO MWEN LE POU M ANTRE PETIT SEMINAIRE COLLEGE SAINT MARTIAL. SE LI KI TE MENNEN M SAINT MARTIAL. LE LI KITE M NAN LAKOU A POU KONT MWEN, M TE ANVI KRIYE. LAURA TOUJOU GEN BON RELASYON AVEK MWEN. LI MARYE PITA AK YON MOUN DEBYEN ANDRE DUVERT KI FE 14 LANE MALAD. APRE SA LI MOURI MWEN KWE NAN LANE 2017. LI TE EPISKOPALYEN. LI TE ACHIVIS. LI TE AVOKA. LI TE PWOFESE LEKOL. YON NEG DEBYEN. BYEN EDUKE. KI TE RENMEN LAPRIYE.

LAURA AVEK LI BAN MWEN YON NEVE BEAUDELAIRE DUVERT AK 2 NYES : MARIE LAURA DUVERT, ESTHER DUVERT, MARIE ANDREE DUVERT. LAURA RETE KOUNYE A MIAMI. MWEN PAP JANM KA DI LAURA MESI POU WOL LI TE JWE NAN EDUKASYON M AK NAN PE MWEN PE JODI A. SE POU BONDYE BENI L. SE POU BONDYE REKONPANSE L SOU TE A AK NAN LETENITE.

DEZYEM SE MWEN TE RENMEN ANPIL SE TE SOLANGES CAMPION. LI MOURI 26 AVRIL 1986 VE 11h PM NAN LOPITAL SEN FRANSWA SAL APRE 2 LANE LI TAP BATAY AK YON KANSE. LANMO SA TE FRAPE M ANPIL PASKE MWEN TE PREZAN NAN DENYE MOMAN SA AVEK LILIE PAINSON EPI MARISE JABOIN. SE PREMYE FWA MWEN TE WE YON MOUN MOURI DEVAN M. JOU SWA SA LI TE PALE ANPIL AVEK MWEN. LI KONFYE M KEK SEKRE. LE ANBULANS LA VIN CHECHE KADAV LA, KE M TAP FAN. MWEN DI DOKTE SYMPHAR BONTEMPS ANSANM AK DOKTE MOLIERE MESI POU OPERASYON YO TE FE POU SOLANGES GRATIS TI CHERI.

SOLANGES TE KONNEN DEPI 2 LANE KANSE A TAP TOUYE L. MWEN TE KON SA TOU. MEN YOUN PA JANM DI LOT ANYEN POU SA PA ATRISTE NOU. SE KONSA NOU YE NAN FANMI NOU. NOU EVITE BAY MOVEZ NOUVEL TWOMATIZAN. YON JOU MWEN DEKOUVRI ANBA KABAN SOLANGES YON MALET KI TE GEN RAD LI TE PREPARE POU ANTEMAN LI. SA TE FRAPE M ANPIL POU JIS KOUNYE A. MENM SI LAP SOUFRI, OU MANDE L KIJAN LI YE, LI REPON : »MWEN NEF KOU 9 PWEN ».

SOLANGES SE TE YON MANMAN POU MWEN. SE LI MENM KI POU MENNEN M AL DOMI PASKE MWEN TE PE AL DOMI POU KONT MWEN. LI MENM LE SA DOMI POKO NAN JE L. LI KON LEVE SOU PWENT PYE POU L RETOUNEN SOU GALRI A ALE BAY BLAG. PAFWA M KON SUPRAN LI EPI MWEN PETE RELE. MWEN TE KON DOMI BONE. SE NAN KO L MWEN TOUJOU KOLE. MWEN POTKO FIN KON PALE BYEN. M KON AP DI L « CHOCHO AN AL DOMI »…

SOLANGES TE ENFIMYE NAN LOPITAL DECHAPEL. CHAK MWA LI POTE YON TI KOB POU NOU. LI PAT TOUCHE GWO LAJAN. LI TE TRAVAY DU. EPOUTAN LI TE FE GWO SAKRIFIS CHAK MWA POTE YON TI KOB POU NOU. TE GEN ENFIMYE YOLANDE LEON KI TAP TRAVAY MENM KOTE AVEK LI. APRE SA, GRAS A SE ROSE ELISABETH, FIY LASAJES, LI ALE TRAVAY AZIL FRANSE. TOUT MOUN TE RENMEN L. LI TE BAY MALAD YO BON SEVIS. MWEN KON RANKONTRE NOUYOK KEK ANSYEN ZANMI L KI TE RETE NAN MENM KAY AK LI POTOPRENS. SE POU BONDYE RESEVWA SOLANGES NAN SYEL LA. REYELMAN VRE SOLANGES TE YON BON MOUN. R.I.P.

LOT SE MWEN TE ABITYE ANPIL AVEK LI SE PAULA CAMPION. LI TE GEN 3 ZAN ANVAN MWEN. NOU GRANDI ANSANM. NOU JWE ANSANM. NOU FE DEZOD ANSANM. NOU GOUMEN YOUN AK LOT. MWEN FAWOUCHE L SAN RETE. NOU KON FE REVEYON MES MINWI ANSANM. NOU KON AL NAN JADEN ANSANM MANJE KAN, MANGO, SIWEL. LE LI BANM YON TABOK PASKE MAP FAWOUCHE L TWOP MWEN KOURI AL REFIJYE NAN RAD MANMAN M. EPI M KONTINYE AP FE L GRIMAS. LE SA LI PRAN RELE. M TE SANTI M AN SEKIRITE NAN RAD MANMAN M. MENM JAN JODI A M SANTI M AN SEKURITE POU M METE BOY NAN PWA FIDEL YO LE MAP PRECHE PASKE M KONNEN MANMAN LAVYEJ AK MWEN. ANYEN MAL PA KA RIVE M. TOUT MENAS SE BWI ZEL SAPAT.

PAULA SWIV MWEN NAN TOUT MINISTE MWEN : SAKRE-KE, LAFLE DICHEN, DELMA 41, TOMASEN 28, CBNDF BWANEF. LI TE RENMEN KOMES. NAN TOUT KAY LAPRIYE CBNDF YO, LI TE GEN YON TI BOUTIK ATIK RELIJYE.  PAULA TE KON EDE ANPIL MOUN. AVEK DISKRESYON. SE JOU ANTEMAN PAULA MWEN KONNEN VALE MOUN LI TE KON EDE. MENM NAN RESEPSYON POU ANTEMAN L TE GEN YON PAKET POV KI JWEN MANJE.

PAULA MALAD PANDAN ANVIWON 5 LANE. LI SOUFRI ANPIL. LI TE FE DYALIZ 3 FWA PA SEMEN. LI MOURI  25 ME 2018 SELMAN 2 JOU ANVAN FET MWEN. ANTEMAN L CHANTE LEGLIZ SENT ANN EPI AKAYE. LI ANTERE NAN TONBO FAMILYAL LA. PAULA PASE YON BON TAN AVEK MWEN BWANEF. MWEN PAT KAPAB ALE NAN ANTEMAN L. MWEN TE MALAD. MONSEYE ANDRE PIERRE AK LOT PE TE CHANTE ANTEMAN POU MWEN. PE CALIXTE HILAIRE EDE PAULA ANPIL PANDAN OSPITALISZASYON L NAN LOPITAL SEN JOZEF PANDAN ANPIL MWA. PE CALIXTE PA PRAN SEN KOB NAN MEN PAULA LI TE KONSIDERE KOM PWOP SE L. PE CALXITE PA GEN REKONPANS ASE GRAN POU M TA BA LI POU SA L FE POU SE MWEN PAULA. SE POU FATOUTOU BENI PE CALIXTE. SE POU PAULA TOUJOU LAPRIYE POU LI AK LOPITAL SEN JOSEZ KOTE L TE YE A. SE POU NANM PAULA CAMPION RFEPOZE ANPE !

 

 

II.- LE MWEN TE TIMOUN

MWEN FET 13 ME 1953 AKAYE SOU PREZIDAN PAUL EUGENE MAGLOIRE. MWEN FET AKAYE SOU POTAY NAN YON KAY KI TOU PRE LISE AKAYE A. MANMAN M TE FE BOUTIK NAN KAY SA. LI TE GEN DEPO KOLA. AVEK YON GWO AFICH COCA-COLA KI TE MAKE « YOU LIKE IT AND IT LIKES YOU ». KOU M BEZWEN YON BOUTEY KOLA MWEN AL DANSE DEVAN AFICH LA. SE POUTET SA YO TE BANM YON TI NON JWET « YOULIK ».

MAREN MWEN TE RELE RENE BAZILE (MADAN GERARD JEAN). LI AVEG ANVAN LI MOURI. CHAK PREMYE JANVYE MWEN TOUJOU AL VIZITE L SITOU POU M JWEN LIKE, GATO AK KOB. KOU LI FEN BAN M LIKE A AVEK MOSO GATO AK TI KOB LA, MWEN DI L : »MALE MAREN » !  LI TE RETE SOU POTAY LA APRE LI FEN PASE PLIZYE ANE NOUYOK. LI PEDU NI MARI L JERA, NI SE L MAGO, NI 3 NAN PITIT LI YO KALO, SAJEN AK DOMINIK. MAREN MWEN TE APRESYE M ANPIL. MWEN TE RENMEN L TOU.

 

 

MWEN FET NAN POTAY. MEN MWEN GRANDI NAN BOUK AKAYE NAN YON KAY KI DEYE LEKOL FRE YO. SE GRANME MWEN AK MARI L KI TE BATI KAY SA. MANMAN M TE AJOUTE 2 LOT PYES LADAN L. KAY SA LA TOUJOU. BYEN ANTRETENU. SE FRE M NAN MICHEL AK PITIT LI A MICHEL CAMPION JUNIOR KI RETE LADAN. KAY SA CHAJE AK SOUVNI DANFANS. SE NAN KAY SA PARAN M YO TE FE RESEPSYON PREMYE KOMINION M, KONFIMASYON , DYAKONA, ODINASYON SASEDOTAL AK RESEPSYON PREMYE MES MWEN. NAN LAKOU A GEN 2 PYE KENEP. MWEN TE KON ESEYE MONTE YO POU KEYI KENEP. POU FE KOKTAIL AK KENEP. MANMAN M PAT JANM VLE SE M NAN PAULA MONTE L. YO DI SA PA BON. LAP FE KENEP LA SU. TOULEDE PYE KENEP SA YO LA TOUJOU. YO KONTINYE AP DONEN KENEP.

SE NAN LAKOU KAY SA MWEN KON JWE BOUL CHOSET AK TI ZANMI M YO, JAKENOL, WOUSVEL DUBWA (RORO), PI BON ZANMI DANFANS MWEN KI TE NAN LAME. MEN KI MOURI. LI TE GEN YON SE « BEBET » MWEN TOUJOU AP FAWOUCHE. LI LA TOUJOU. SE TE PITIT DENI DUBWA AK VYEJEMA PYE. SE TE VWAZEN NOU. CHAK JOU NOU TE KON FE ECHANJ PLAT MANJE.

NAN LAKOU KAY SA, MWEN TE KON JWE AK SEK. MWEN TE KONJ JWE VOLLEYBAL AK BOUL CHOSET. MWEN TE KON KONDWI MACHEN KI FET AK WOU SABLIYE KE POPO TE KON KONSTWI POU MWEN. LESWA M TE FE LAGO AK SEM YO. RAKONTE KONT KRIK KRAK. SEM YO TE KON JWE WOSLE, FE RON, JWE AK POUPE. NOU TE KON JWE KAT, BEZIG AK MANMAN M, VIV DAMOU, TWASET, DOMINO. MANMAN M TE TOUJOU LWE OUBYEN ANFEMEN KAY LA. PAMI LOKATE YO, M SONJE MADAN FELIKS, PYE STELEN, MADAN ETZE LIMONTA AVEK 2 PITIT GASON L YO ETZE AK ASEL. NOU TE VIV AN FANMI.

MANMAN M TE GEN YON GWO PILON POU PILE KAFE. PAFWA LI MANDE M AL PRAN PILON POTE BA LI. LI DI M POU M EKATE PYE M PANDAN MAP POTE L POU L PA TONBE SOU PYE M. EPI LE M LAGE PILON DEVAN L, LI DI : »MESI PITIT MWEN. WA WO KOU SYEL LA ». SE PETET SA KI FE MWEN BEL WOTE KONSA !!! BENEDIKSYON MATENEL.

LE MANMAN M AP BAN M MANJE, LI FE M CHITA ATE A,METE PLAT MANJE A NAN MITAN JANM MWEN. LE M TWOUVEL TWO PITI M PRAN 2 TI TALON PYE, M FRAPE L NAN PLAT LA PANDAN MAP KRIYE « MANJE A TWO PITI ». PAFWA YO KON PRAN L NAN MEN M. LE SA MWEN RELE PI RED. LE MWEN  FEN MANJE M TOUJOU KON SERE TI RES NAN BOUCHON KOLA M METE ANBA YON BIFET. POU M AL FE CHO PI TA AK TI ZANMI M WOUSVEL DIBWA « MANMAN M FE PI BON MANJE PASE MANMAN PA W »…

LE PAULA AP BANM MANJE, LI KON DI « GADE YON TI ZWAZO ». LE M LEVE ZYE M POU M WE KOTE TI ZWAZO A YE, LI GEN TAN PRAN BOUT VYAN NAN NAN ASYET LA, LE SA MWEN PRAN RELE… LE MANMAN M BANM KAFE. MWEN TWOUVE L TWO PITI. MWEN PLONJE GODE KAFE A NAN YON BOKIT DLO POU L KA PI PLIS. LE LI KWOKE GREK KAFE YO, MWEN MOTE SOU YON CHEZ POU SOUSE PWENT GREK KAFE A.LE SA MANMAN M PASE LI BANM YON TAP SOU DEYE.

MWEN TE RENMEN VOLE SUK. YON JOU MWEN MANKE TOUFE NAN YON SUK. MANMAN M TE METE L BYEN WO SOU YON ETAJE. MWEN PLASE YON TAB BO ETAJE A. MWEN METE YON CHEZ SOU TAB LA. EPI MAP MANJE SUK. MWEN METE PAULA VEYE MANMAN M POU MWEN KI AL NAN JADEN. YON JOU PAULA DI : « MEN LI ! ». MENM LE A NAN LAPRESMAN MWEN VOYE PONYEN SUK LA NAN GOJ MWEN. MWEN TONBE AK CHEZ LA. M MANKE TOUFE. SE GWO KOUT PWEN NAN DO KI FE M VOMI SUK LA. MWEN TE RENMEN GADE MOUN KAP MANJE. MANMAN M KON BAT MWEN POU SA.

AVEK KOB MAREN MWEN KON BAN MWEN, M KON AL ACHTE KASAV AK MANBA KAY LUSI, NANOT. M KON AL ACHTE KREDI POU MANMAN M KAY ANOUS AK MADANM LI. MANMAN M KON VOYE M ACHTE KAFE NAN MACHE A POU LI. M KON PWOFITE RETIRE 10 KOB POU ACHTE YON BOBORI AK GRIYO. MANMAN M PAT KON VLE NOU MANJE NAN LARU. MEN KOM PAT KA RANTRE AK BORORI A LAKAY MWEN MANJE L AN KACHET DEYE POTO BETON, DEYE PYEBWA PANDAN MAP FE ATANSYON POU KEK VWAZINAJ PA WE M. YO TE GEN DWA KALE M. DEPI WAP FE DEZOD NAN LARU VWAZINAJ GEN DWA KALE W OUBYEN POTE PLENT POU OU. SE TE TOUT YON VILAJ KI TE LEVE NOU.

MANMAN M PAT JANM VLE AL JWE BOUL NAN LARU. LI PAT VLE M FREKANTE SETEN ZANMI. LI TE GEN REZON. PASKE MALEREZMAN GENYEN KI MAL SOTI. YO TE KON FAWOUCHE M ANPIL LE PI TA M DESIDE AL FE PE. MWN PASE YON ANFANZ EREZ. MWEN DI BONDYE MESI POU SA. M GEN DWA DI TOUT ETAP NAN LAVI M BYEN PASE NAN KE KONTAN MALGRE KEK DIFIKILTE OU PESEKUSYON. MESI BONDYE. MESI LAVYEJ.

III.- ETUD PRIME MWEN

MWEN TE GEN 6 LANE LE MWEN ANTRE LEKOL KAY FRE (F.I.C. – FRERES DE L’INSTRUCTION CHRETIENNE). SE MANMAN M KI TE DEGOCHE M. APRAN MWEN PREMYE LET ALFABE YO. LE SA PAT GEN JADEN DANFAN. PREMYE JOU LEKOL MWEN, KOD KARYOKA (SANDAL) MWEN KASE. MWEN ANTRE NAN KLAS SETYEM. SE TE PWOFESE TEODO AYAN KI TE PWOFESE M. LI TE ZANMI MANMAN M. KOU LAP VINI LAKAY M KOURI AL KACHE ANBA KABAN. SE LI KI KENBE MENM POU M TRASE LET YO, FE TI BATON. M TE KON DI KI BAN BAGAY FILOZOF SA YO LAP APRAN MWEN AN. NOU TE KON FAWOUCHE L. RELE L « TEODO TET CHAT ».

APRE MWEN MONTE NAN KLAS SIZYEM. SE TE PWOFESE FITO AYAN KI TE PWOFESE. LI TE KOUT. BWODE. SEVE. LE LI POKO TOUCHE LI KON TYAK. LI TE MOURI TRAJIKMAN NAN YON AKSIDAN MOTOSIKLET LI TE FE SOU PON MATE. MWEN PAT FO. MEN MWEN TE APLIKE. MWEN PAT NEGOSYE ETUD MWEN. DEPI KLOCH LEKOL LA SONNEN KELKESWA SA MAP FE MENM SI MAP MANJE M KOURI KITE L. M PRAN SAK LEKOL MWEN EPI MWEN VOLTIJE, MWEN KOURI PRAN CHEMEN LEKOL  POU M PA RIVE AN RETA. SE NAN ANE SA MANMAN M PEDU TRAJIJKMAN YON FRE L HERMAN PHILIPPE.

APRE SA MWEN PASE NAN KLAS SINKYEM. PWOFESE M SE TE WOCHNE DAMOU. LI TE PAREN MWEN. LI TE RENMEN M. MWEN TE YON PRIVILEJYE NAN KLAS LI. SE APATI KLAS LI MWEN TE KOMANSE APRAN BYEN LEKOL. SE NAN KLAS LI MWEN FE PREMYE KOMINYON AVEK PREMYE PE AYISYEN KI TE PASE NAN PAWAS AKAYE : PE CHAL BENWA KI JWE YON GWO WOL NAN VOKASYON M. PI TA LAP FE DEMACH POU M ANTRE PETIT SEMINAIRE COLLEGE ST MARTIAL KOM SEMINARIS PANSYONE. LI EDE M FE TWOUSO A. SE LI KI TE MANDE M SI M PA TA RENMEN FE PE EPI KI AL PALE AK MANMAN M SOU SA. PE CHARLES BENOIT TE KURE PAWAS SEN PYE GANTYE ANVAN LI VINI AKAYE. PREMYE JOU LI VINI NOU PAT JANM WE PE AYISYEN. YOUN DI LOT « GADE YON PE NWA ». LE YO DI M LI RELE PE BENWA, MWEN REPON « MAP FE PE BENWA ». LI PRAL FE KONFIMASYON POU MWEN. LI KON BAN NOU MANJE SINISTRE. LI TE ZANMI FANMI M. LAP MOURI 12 JANVYE 2010 NAN GOUDOUGOUDOU. R.I.P.

NAN KLAS KATRIYEM MWEN TE GENYEN MISYE EBE KOM PWOFESE. MWEN PA GEN ANPIL SOUVNI ANE SA.LE REKREASYON NOU KON JWE VOLEYBAL. TE GEN 3 GWO PYEBWA FIKUS NAN LAKOU A. NOU KON PRAN GREN YO VOYE DEYE LOT ELEV. NAN EPOK SA, SE FRE (FIC) YO KI TE RESPONSAB LEKOL LA. MWEN SONJE DIREKTE FRE REMON MENA. YO TE KON RELE L TOU FRE EVE JEMEN. TE GEN FRE DOROTE KI TE AJE KI TE RENMEN FE JADEN. TE GEN FRE JOJ. TE GEN FRE JUD. TE GEN FRE JAK MAT KI TE PWOFESE M NAN SETIFIKA KI PRAL JWE YON GWO WOL NAN VOKASYON M. MA PALE DE LI PITA. TE GEN FRE ANATOL KI TE RESPONSAB VOKASYON. LI KON VIZITE LEKOL YO AK YON TI KAMYONET BLE. DEPI LI VINI NOU KONEN NAP GEN KONJE. EPI LI POTE SURET. NAN CHAK KLAS LI PASE, LI MANDE KILES KI VLE FE CHE FRE, TOUT MOUN LEVE MEN YO. LE LI MANDE KILES KI VLE FE PE, TOUT MOUN LEVE MEN YO TOU. NOU TE FE YON CHANTE SOU LI : « FRE ANATOL MONTE SOU TOL GEP PANYOL BOBO L NAN DYOL ».

LE MWEN TE LEKOL KAY FRE YO, CHAK DIMANCH YO TE MENNEN NOU LAMES NAN LEGLIZ PAWASYAL LA AN DISIPLEN. TOUT ELEV SI YO PA GEN YON ABSANS JUSTIFYE TE OBLIJE PATISIPE NAN MES SA. TE GEN YON KONPETISYON ANT ELEV KAY FRE AK ELEV KAY ME POU WE KILES KI TAP CHANTE PI BYEN. YO TE BAN NOU INIFOM CHEMIZ BLAN, PANTALON BLAN AK YON KOL BLE.

NAN SETIFIKA TE GEN FRE JAK MAT YON KANADYEN KI KON APRAN NOU CHANTE YO. LI TE GEN YON FLUT. SE AVEK FLUT SA LI TE KON PRAN TON CHANTE YO ANVAN LI APRAN NOU CHANTE YO. APRE LAMES, LE YO FEN REMET KANE, MOUN KI PREMYE PLAS, YO METE YON PAKET ZETWAL NAN KANE L EPI YO BA L YON KWA DONE POU L REMET LUNDI MATEN APRE LI FEN PWOMINEN AVEK LI NAN LARU JISKASKE L RIVE LAKAY LI. YON LE MANMAN M TE RALE ZOREY MWEN PASKE MWEN TAP FE CHELBE NAN LARU AK KWA DONE A. LI TE PE POU VWAZINAJ PAT FE JALOUZI EPI FE M MAL. SE POUTET SA MALGRE MWEN TE TOUJOU GEN BEL NOT LEKOL, MWEN TE TOUJOU PREMYE OUBYEN DEZYEM LI TOUJOU AP DI TOUT MOUN MWEN SE KRETEN, MWEN PA REMET ANYEN LEKOL POU EVITE JALOUZI.

MWEN SONJE ANPIL TI KONDISIP DE KLAS KOU WE ANDRE PIERRE, ROOSVELT DUBOIS (DCD), YVON CASSEUS (DCD), RONALD MYRVIL (DCD), JEAN ELIE JOSEPH, HENECK LAZARE (DCD), RIOLET CELESTIN, HUBERT DUVERT, EMMANUEL MOLIERE, PAKITEAU SULLY (DCD), ISNARD JEAN ROBERT JEAN LOUIS, EMMANUEL ELOI, MARC PHILIPPE, KOUZEN MWEN, YVES LAMARRE (DCD), YVES OLIVIER, JACQUENOLD ANTENOR……

KLAS SETIFIKA SE LI KI TE PI ENPOTAN POU MWEN NAN ETUD PRIME MWEN. SE FRE JAK MAT YON FIC KANADYEN KI TE FE L POU MWEN. NOU TE RENMEN L. LI TE GEN PYETE. CHAK SAMDI LI TAL KONFESE. LI TE ESPOTIF. LI TE KONF FE AKAYE/POTOPRENS A BISIKLET ALE VINI NAN YON JOUNEN. PANDAN LONTAN APRE MWEN KITE LEKOL KAY FRE M TE KON EKRI L. LI JWE YON GWO WOL NAN VOKASYON M. LI TE KON EKRI M POU L DI M MWEN « SE KOUWON LI ».

AVEK FRE HERVE RAYMOND MENARD, LI TE PREPARE NOU POU EKZAMEN OFISYEL SETIFIKA. NOU TE KON ETUDYE ANPIL BAGAY PA KE. MWEN TE GEN YON MEMWA ELEFAN. NOU TE KAPAB RESITE RAPIDMAN TOUT LIS PREZIDAN PEYI DAYITI YO. NOU KON PLASE VIL, LARIVYE YO SOU YON KAT BEBE KI PA GEN OKEN ENDIKASYON. ANVAN EGZAMEN OFISYEL LETA, YO TE FE NOU KONPOZE. JISKOUNYE A MWEN GEN KANE ESKOLE KI MAKE REZULTA. MWEN TE TRAVAY ANPIL NAN KLAS SETIFIKA POU M TE KA LAUREYA SOU TOUT ELEV NAN TOUT LEKOL. SA TE RIVE FET VRE.

LE M TE NAN KLAS PI PITI YO, MWEN TE KON PRAN BATON POU KALKIL. PAFWA MWEN TE KON OBLIJE METE 2 PANTALON. SE TE PANTALON KOUT KI TE ALAMOD LE SA POU ELEV YO. JOU PAPA M BAN MWEN YON PANTALON LONG SE TE YON GWO EVENMAN. TE GEN YON TAYE YO RELE ANTHONY SIMON KI TE KON FE YON SERI DE PANTALON MANMAN KANSON POU MWEN. KONSA LE MWEN JANBE NAN YON LOT KLAS MWEN KA TOUJOU METE L. LI PAP TWO PITI POU MWEN. DAPRE SA MANMAN M KON KONSEYE L.

YON EVENMAN KI TE MAKE M ANPIL. YON JOU FRE YO DESIDE OGANIZE YON PELERINAJ NAN JUVENA PETYONVIL AVEK KAMYONET SALVA TOUSSAINT. NOU TE KONTAN ALE POU NOU TE KA KONEN POTOPRENS. LE NOU RIVE NAN MON JUVENA, KAMYONET LA CHAVIRE. PAT GEN ELEV KI TE MOURI. MEN GENYEN KI TE BLESE. M TE BLESE LEJEMAN. JISKOUNYE A MWEN GEN SIKATRIS LA NAN KOUD BRA DWAT MWEN. FRE HERVE TE PASE MEN L NAN TAY MWEN POU EDE M MONTE RES MON NAN A PYE. AKOZ AKSIDAN SA, MWEN FE KEK TAN M TE PE MONTE MACHEN.

 

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre