2 Chapit 2 : ETUD SEGONDE MWEN

PWOVIDANS BONDYE TOUJOU ASISTE M NAN TOUT DETAY LAVI MWEN. JENERALMAN APRE SETIFIKA PITIT MALEREZ ALE NAN LISE AKAYE A. SE PITIT GRANNEG KI KONTINYE AL FE ETUD YO POTOPRENS. MEN BONDYE TE DESIDE OTREMAN POU MWEN. LI TA PRAL FE M FE ETUD SEGONDE NAN YOUN NAN PI GWO LEKOL NAN EPOK SA : PETIT SEMINAIRE COLLEGE SAINT-MARTIAL.

KURE PAWAS MWEN PE BENOIT CHARLES KI PRAL MOURI NAN TRANBLEMAN TE 12 JANVYE 2010 TE TOUJOU WE MWEN ALE LEGLIZ SOUVAN LE MATEN. YON JOU LI DI M ESKE MWEN PA TA RENMEN FE PE. SE TE MANDE MALADI SI L BEZWEN BOUYON. SE TE MANDE MARENGWEN SI L BEZWEN VAN POU L ALE LAGONAV. MWEN REPON LI WI TOUTSWIT. LI MANDE M ESKE MWEN PA JANM DI MANMAN SA MWEN DI L NON. PASKE MWEN KONEN MANMAN M PAT GEN MOYEN POU L VOYE M ETUDYE NAN GWO LEKOL POTOPRENS. LI REPON MWEN LI PRAL PALE SOU SA AK MANMAN M. LI FE SA VRE. MANMAN M TE TWO KONTAN. LI PWOMET MWEN POU L FE DEMACH YO EPI PREPARE TWOUSO M. LI FE SA. KONSA PE BENWA JWE YON GWO WOL NAN LAVI MWEN. LI SE PREMYE GREN MAYI KI TE FE PYE MAYI A POUSE.

PE BENWA AVEK SE M NAN LAURA CAMPION KOMANSE EDE M FE TWOUSO POU M KA ANTRE PETIT SEMINAIRE COLLEGE ST-MARTIAL. YO TE VOYE YON LIS BYEN LONG KISA MWEN DWE GENYEN. NOU DEBWOUYE NOU. YO TE MANDE M EKRI NIMEWO 21 SOU CHAK BAGAY MWEN YO. MWEN SONJE YO ACHTE YON TI MALET KI FET AN TOL YO BO MACHE KI BOULE KI TE NAN ZON LEGLIZ SEN JOZEF. SE TE PREMYE MALET MWEN. LE WAP POTE L LI FE YON PAKET BWI.  MEN LE SA MWEN TE KONTAN GEN YON MALET NAN LAVI M. YO TE ACHTE YON TI MATLA KI TE FET AK PAY. PWENT PAY YO KON SOTI NAN TWAL LA EPI PIKE M. LE M RIVE TI SEMINE SEN MASYAL AK MATLA SA POU YO PA FAWOUCHE M, MWEN PA JANM KITE OKEN SEMINARIS CHITA SOU LI. APRE MWEN TE VIN GEN YON PI BON MATLA.

MWEN TE GEN 12 OUBYEN 13 LANE LE SE MWEN LAURA KONDWI M POTOPRENS. MWEN TE KONTAN MONTE MACHEN. SOU WOUT LA MWEN WE TOUT PYE BANNAN YO AP VIRE AK MWEN. LE M RIVE NAN ZENITH MARKET LALU, MWEN SEZI WE JAN TOUT BAGAY BYEN RANJE. NAN MACHE AKAYE A TOUT MACHANDIZ TE GAYE. EPI MWEN SANTI YON FRECHE. LE M POZE SE M NAN KESYON SOU SA LI REPON MWEN SE YON BAGAY YO RELE AIR KONDISYONE. SE TE YON EVENMAN POU MWEN. PI TA MWEN TA PRAL REYINI TOUT TI ZANMI M YO AKAYE POU M RAKONTE YO MEVEY SA.

LE SE M NAN LAGE M POU KONT MWEN NAN LAKOU PETIT SEMINAIRE ST-MARTIAL POU PANSYONE KOM TI SEMINARIS, MWEN SANTI YON TRISTES LE LI KITE M. DLO KOULE NAN JE M. MWEN TA PRAL PASE PLIZYE MWA SAN M PA WE MOUN LAKAY MWEN. SE TE EPOK NWEL, PAK AK GRAN VAKANS YO TE PEMET OU ALE LAKAY OU. PREMYE JOU MWEN RIVE NAN TI SEMINE A, MWEN SONJE CHANTE YO TE CHANTE NAN PREMYE LAMES MWEN. SE TE YON CHANTE LAVYEJ MARI : »ET LES FLEURS DES ROSIERS, ET LES LYS DES VALLEES L’ENTOURAIENT COMME UN JOUR DE PRINTEMPS ». CHANTE SA CHAK FWA MWEN TANDE L APRE SA LI TOUJOU REZONEN NAN KE MWEN. NOU TE GEN KOM DIREKTE KORAL MARC JEROME BATAILLE MOUN SENMAK KI TOUJOU JWE WOL SA NAN LEGLIZ PAWASYAL SENMAK.

MWEN TE SEZI POU JAN ESPAS LA TE GRAN. TE GEN BATIMAN LEKOL PRIME A NAN ZON SINE KAPITOL. NAN MITAN LAKOU A TE GEN KAY PE YO KOTE RADIO SOLEY PITA TAP LOJE. EPI TE GEN BATIMAN LEKOL SEGONDE A NAN ZON ACHIV POS MACHAN. MWEN TE LOJE NAN BATIMAN KI TOU PRE KAPITOL LA NAN DENYE ETAJ LA. TE GEN CHAPEL LA KI TE BAY SOU LARU DEMIRAK. APRE SA NOU TE JWEN SAL ETUD. TOUTSWIT SE TE CHANM PE KI TE RESPONSAB NOU AN. EPI NOU TE JWEN YON DOTWA TOU LONG POU SEMINARIS YO DOMI. ANFEN TE GEN TWALET YO. DOUCH YO TE SOU TERAS LA. TERAS SA TE PEMET NOU GEN YON BEL VU SOU LAVIL POTOPRENS.

NAN CHAPEL LA TE GEN YON OG POU JWE MIZIK. NAN EPOK SA POU W TE APRAN PE FOK OU TE APRAN MIZIK. MWEN TE RENMEN MIZIK KLASIK. MWEN TE KOMANSE AVEK « LA METHODE BLEUE ». ANSWIT MWEN TE GEN METOD « RAPHY ». MWEN TE KON ACHTE TOU PATISYON MIZIKAL NAN YON BOUTIK ANFAS LEKOL JAN MARI GIYOU. MWEN TE KON FE KONPETISYON MIZIK AVEK LOT SEMINARIS KOU WE LEVEQUE BIEN-AIME MOUN CERCA-CARVAJAL NAN PLATO SANTRAL. MWEN TE KON EKRI ANPIL MOSO MIZIK KLASIK NAN YON GWO KAYE KE MORIS PRIDAN YON ZANMI SEMINARIS YO TE RELYE POU MWEN. KAYE SA LA TOUJOU. MWEN METE L NAN MUZE CBNDF LA. LI BYEN KONSEVE APRE PLIS PASE 50 LANE.

NAN SAL ETUD LA, CHAK MOUN TE GEN BURO YO APA. SE PREMYE FWA MWEN TE GEN YON BUWO NAN LAVI M. MWEN DI BONDYE MESI POU SA. NAN DOTWA TE GEN YON PAKET KABAN KI TE DEJA LA. CHAK SEMINARIS TE VINI SELMAN AK MATLA PA YO. TE GEN YON BUFE TOU LONG AVEK PLIZYE KAZYE KOTE CHAK SEMINARIS TE KON METE ZAFE PESONEL YO. SOU DEVAN DOTWA TE GEN PLIZYE WOBINE AK YON LAVABO TOU LONG AN FOM YON U MAJISKIL. SE LADAN N NOU KON BWOSE DAN NOU, LAVE FIGU NOU LE MATEN. DOUCH YO TE SOU TERAS LA. CHAK SEMINARIS TE GEN YON SEVYET NAN REN YO LE YO PRAL NAN DOUCH. SE AVEK SEVYET SA YO NOU TE KON DEZABIYE NOU. DOTWA KOM LI TE NAN DENYE ETAJ, LI TE TOUJOU FE FRE. NAN BALKON NOU TE KAPAB WE TOUT SA KI AP PASE NAN LARU YO. NOU TE DOMINE LAVIL POTOPRENS. MALEREZMAN GOUDOUGOUDOU 12 JANVYE 2010 PRAL KRAZE BATIMAN SA. LI CHAJE AK BEL SOUVNI POU MWEN. M PASE ANVIWON 5 LANE LADAN L.

LE MWEN FEK RANTRE KOM TI SEMINARIS  NOU TE PLIS PASE 100 SEMINARIS. SE SELMAN 4 NAN NOU KI RIVE PE : PE ANDRE PIERRE, PE LEVEQUE BIEN-AIME, PE CALIXTE HILAIRE AK MWEN MENM. MWEN PA JANM KONPRAN KIJAN FE PAMI TOUT SEMINARIS SA YO BONDYE TE CHWAZI M POU M RIVE PE MALGRE TOUT DIFIKILTE. ANPIL KITE NAN WOUT. GENYEN YO MET DEYO. GENYEN KI APRE FILO YO AL FE DOKTE. GENYEN KI RETE BON FIDEL LAYIK ANGAJE NAN LEGLIZ LA. GENYEN MWEN PA JANM WE DITOU JISKOUNYE A. GENYEN KI RETE BON ZANMI M KAP SUPOTE M NAN TOU SA MAP FE KOU WE DOKTE CLAUDE LEGROS KAP VIV NAN FLORID. PAMI SEMINARIS YO MWEN SONJE KEK LADAN YO : EMILE TANIS MOUN JACMEL, MARIO BOUCARD, DOMINIQUE PRADEL, SERGE LEANDRE, LOCHARD, HUGUES JEANNOT, SERGE CAM, FRANCIS TURNIER, CHARMANT SENATUS, MILORD, STENVENSON DESRUISSEAUX, MAGELAN DOMOND, HANDEL BERTHAUD, EDEN JEAN-BAPTISTE, ERNST JEAN-BAPTISTE, ANDRE PIERRE, MARC JOSUE, DANIEL MALHERBE,SERGE MADHERE, FANFAN, LAVIOLETTE, EDGARD NACIER, BEAUBRUN ARDOIN, PIERRE ANDRE BALTHASAR, FRE L BALTASAR (PATCHEKO), ALFRED ALTINE (DE MORLINDRE),AUGUSTIN, RENELIEN LAVENTURE (TUTU),ROMEL LEGROS,EDRIS LOUIS-JACQUES, YVES JEAN-MARIE, EVANS BEAUBRUN, GARY PERODIN, DANIEL PERODIN, MICHEL KERLEGRAND (MOUN AKAYE), RONALD LEGER (MOUN AKAYE), CASSEUS JEAN-HILAIRE (MOUN AKAYE)… GEN ANPIL LOT TOUJOU. MWEN PA SONJE YO. MALEREZMAN MWEN PA GEN OKEN FOTO YO. NOU TE VIV AN FANMI. YOUN AP FAWOUCHE LOT. NOU JWE FOOTBAL, VOLLEYBAL, PINGPONG ANSANM. NOU MANJE ANSANM, LAPRIYE ANSANM. NOU ALE PANDAN PLIZYE JOU NAN KAN MISYON ANSANM. MWEN DI BONDYE MESI POU BEL KONPAYI SA. BENEDIKSYON POU YO AK FANMI YO. MESI BONDYE POU BEL FANMI SA OU TE BAN MWEN PANDAN PLIZYE LANE.

PANDAN 5 LANE MWEN PASE KOM TI SEMINARIS NAN SEN MASYAL, MWEN TE GEN PLIZYE DIFERAN PE KI TE RESPONSAB NOU. PREMYE A SE TE PE GABRIEL BERTHAUD, YON PE ESPIRITEN FRANSE. LI TE GEN YON LONG BAB TOU BLANCH. LI TE PWOFESE LATEN. LI TE GEN YON KONESANS ENSIKLOPEDIK. MENM ZETWAL NAN SYEL LA LI TE KON AP BA NOU ESPLIKASYON SOU YO. LI TE APRESYE M ANPIL. PANDAN LONTAN LE M KITE SEMINE EPI LI TE AN FRANS YOUN TE KON EKRI LOT. LI TE FE M RENMEN LATEN KE M TE ETUDYE DEPI KLAS SENKYEM RIVE NAN RETO. PITA KOU LATEN SA YO TA PRAL SEVI M POU ETUD BIBLIK ESPESYALIZE MWEN TA PRAL FE NAN ENSTITU BIBLIK PONTIFIKAL NAN VIL WOM ITALI. PE BERTHAUD TE AKONPAYE NOU NAN DENYE KAN MISYON NOU TE OGANIZE AKAYE, PI WO SEN MEDA. SE PANDAN KAN MISYON SA NOU TE FE YON MATCH FOOTBAL AK EKIP AKAYE A. PE BERTHAUD TE TOUJOU AKONPAYE NOU NAN DEJENE. LI TE RENMEN BWE ZE KRI. LE SA NAN REFEKTWA PANDAN NAP MANJE TE GEN YON SEMINARIS KI TAP FE LEKTU RECTO TONO.

APRE EKZIL PE GABRIEL BERTHAUD SOU PREZIDAN FRANCOIS DUVALIER, PE ERNST VERDIEU YON ESPIRITEN AYISYEN RANPLASE L. PERE ERNST VERDIEU TE GWO. SE TE YON ENTELEKTYEL KI TE RENMEN AYITI. LI KON KOURI DEYE NOU LE NAP CHANTE NAN CHAPEL LA CHANTE KI SOTI NAN PEYI LAFRANS KI PA GEN OKEN RAPO AK REYALITE AYISYEN AP VIV. LI TE OKIPE BIBLIYOTEK JEN YO AVEK SEKRETE LI AGAT.

APRE PE ERNST VERDIEU, POU YON TI TAN BYEN KOUT, NOU TE GEN PE ANTOINE HALABY CURE PAWAS SEN JOZEF POTOPRENS. LE LI MOURI YO ANTERE L NAN LEGLIZ SEN JOZEF LA. MWEN TE ASISTE ANTEMAN PE HALABY.

ANFEN NOU TE GENYEN KOM RESPONSAB NOU PE ALIX VERRIER KI TE AN MENM TAN DIREKTE COLLEGE SAINT MASYAL. PLIZYE ANE APRE VATICAN AP NOMEN PE VERRIER EVEK OKAY. LI TE GEN YON FRE L KI TE PILOT NAN LAME DAYITI SOU PREZIDAN FRANCOIS DUVALIER. LE OCTAV CAYARD TAP BONBADE PALE NASYONAL FRE PILOT PE ALIX VERRIER TAP FE SIVEYANS NAN YON TI AVYON. SA TE ENKYETE PE VERRIER. NOU TE TEMWEN EVENMAN SA. NOU TE MONTE SOU TERAS BATIMAN POU NOU ASISTE ESPEKTAK LA PI BYEN. KOUT KANON YO TE FRAPE FO NAN ZOREY NOU. LE SA PE VERRIER TOU BA NOU ABSOLISYON. LI TE YON PE SENP, SENPATIK, BYEN FOME. LI TE RENMEN TI LATEN N. MWEN SONJE LI KON AP DI « OMNIA MUNDA MUNDIS » (TOUT EST PUR A CELUI QUI EST PUR). PE VERRIER TE RENMEN M. MWEN TAL NAN KONSEKRASYON L KOM EVEK NAN VIL OKAY. AKTYELMAN LI ALARETRET. SE POU BONDYE KONTINYE BENI L.

NOU TE FOME YON BEL FANMI. MWEN SONJE PISEN KOTE NOU KON AL BENYEN JOU SAMDI. MWEN SONJE TOUT REPA NOU PRAN ANSANM. MWEN SONJE LAMES AK LAPRIYE ASWE NOU FE ANSANM. MWEN SONJE LWANJ MARYAL YO. MWEN SONJE REKREASYON KOTE NOU JWE FOOTBAL, VOLLEYBAL, PING PONG, DOMINO, BEZIG, KOTE YOUN FAWOUCHE LOT. MWEN SONJE JOU YO TE KON BAN NOU PEMISYON SOTI A TWA MEKREDI AK DIMANCH. MWEN SONJE KAN MISYON NOU TE OGANIZE AKAYE AK LOT KOTE MWEN BLIYE. LE SA SE NOU KI FE MANJE NOU, PLANTE TANT. YON BEL AKTIVITE. MWEN SONJE KOTE NAP GADE KANAVAL KAP PASE PANDAN NOU SOU BALKON AN. MWEN SONJE BEL MES NOU TE KON ASISTE NAN CHAPEL SEN MARTIAL AVEK PLIZYE PE KAP KONSELEBRE AN LATEN.

MWEN SONJE FET LAPANKOT KOTE PE ESPIRITEN YO TE KON FETE. APRE LAMES RESEPSYON. KOLA GLASE. POMKET. GATO. BEL CHANTE A LESPRI SEN. KORAL RALI AP FRAPE AVEK PE PADDY POUX. PE SCHMIT KOM SEL OGANIS. PI TA NAP GEN MET DESTAING AK EDDY LOUIS-JACQUES KOM OGANIS. MWEN SONJE MAURICE PRUDENT YON LAYIK KI KON RELYE LIV. KI KON POTE BEL KAYE FE NOU KADO. ACHTE LET, MANBA, KASAV POU NOU. KI TOUJOU AP BAN NOU BON JAN KONSEY. LI TE ZANMI LAFANMI BEAUBRUN LEOGANE. MWEN SONJE ENFIMRI A KOTE TE GEN YON RELIJYEZ KI KON BAN NOU SWEN LE NOU MALAD. MWEN SONJE KOTE NOU TE KON BAY RAD NOU POU LESIV. SE ME SENT TEREZ YO KI KON OKIPE SA. MWEN SONJE BOS LOUIS KI TE OKIPE ZAFE MANJE NOU. AVEK TI BAB BLANCH LI A. TABLIYE BLAN L DEVAN L. LE NOU PA VLE MANJE DIRI A, LI DI NA VA BWE L NAN LABOUYI DIMANCH ! MWEN SONJE YO TE DIVIZE TI SEMINARIS YO AN EKIP. CHAK TE GEN FONKSYON PA YO. TE GEN ENSPEKSYON DOTWA CHAK MATEN POU WE SI TOUT BAGAY BYEN RANJE, APRE SA YO EKRI REMAK YO SOU TABLO (PA EXANP MA DLO ANBA KABAN…).

 

II.- LAVI SEMINARIS YO KOM ETIDYAN

 NAN KOLEJ SEN MASYAL AVEK LOT ELEV YO.

 

MWEN PASE 2 LANE (6eme ak 5eme) AVEK PE ESPIRITEN YO. APRE SA PREZIDAN FRANCOIS DUVALIER TE EKZILE YO NAN MWA OUT 1967. MWEN SONJE PE ANTOINE SCHMIT OGANIS, TITULE KLAS 6eme. LI TE RESPONSAB EKONOMA. NOU KON AL KOTE L LE NOU RAZE. LI BAN NOU KOB. LI BA NOU SIRET. NOU TE RENMEN ANTRE NAN BIWO L LA KI TE GEN AIR KONDISYONE. LI TE KON RELE JEAN-MARIE YVES « MON PETIT RATON ». LI TE PWOFESE PANYOL NAN KLAS 6eme. LI TE KON VINI AK YON MAYETOFON POU PASE KEK CHANSONET FRANSEZ KOU WE AZNAVOUR. SE POUTET SA DEPI LE SA MWEN RENMEN CHANSONET FRANSEZ. NOU TE KON SEVI AK LIV PANYOL ASIMIL. NOU TE RENMEN TANDE VWA YO SOU MAYETOFON NAN. APRE SA NOU REPETE. LI TE SENPATIK. NOU TE RENMEN L. LI TE TOU KOUT. MWEN PA JANM KONNEN SA PE SCHMID DEVNI DEPI DEPA LI POU EKZIL. SE POU BONDYE TOUJOU ASISTE L KOTE L YE A !

YON LOT PE SPIRITEN KI TE MAKE M ANPIL SE PE ALPHONSE GILBERT. LI TE TITULE KLAS 5eme. SE TE KONSEYE M. YON JOU LI DI M « JULES, SI YON JOU WAP PE, SE POU W FE JEFO POU W YON SEN PRET ». LI TE ZANMI MANMAN M. LI FE LONTAN AK EKRI NOU TOULEDE MENM APRE YO FEN EKZILE L. GEN 7 LANE KONSA MWEN SEZI WE LI TAP BAY YON INTERVIEW NAN KTO TV NAN PEYI LA FRANS. LI TE FEN GRANMOUN ANVIWON 94 LANE. LI MOURI NAN MWA JIYE 2017. PE GILBERT SE TE PWOFESE FRANSE NOU LI TE YE. LI TE KON FE KOU TOU SOU SEKSYALITE. LI APRAN NOU POEZI, FE YON REDAKSYON. LI TE GEN PYETE. LI TE SENP. LI TE JENERE. PI TA MWEN RANKONTRE L A WOM KOTE LI TAP VIV. APRE SA MWEN TE ALE WE L YON FWA NAN VIL PARI LAFRANS. LI TE MAKE NOU TOU. YON SEN PRET !

MWEN SONJE KOM LOT PE ESPIRITEN PE LEGAL KI TE SIPERYE, PE JACQUOT RESPONSAB BILIYOTEK, PE LORBERT KI TE GEN YON BEL VWA LE LAP CHANTE VEP YO, PE GASSER KI TE PWOFESE ZOWOLOJI. LI TE GEN YON BEL KOLEKSYON ZANNIMO, ANPIL ZWAZO NAN MUZE SEN MASYAL LA. MWEN SONJE PE ESKRICH, PE SCHUMAKER PWOFESE MATEMATIK. LI TE EKRI YON LIV SOU ALJEB. MWEN SONJE TOU PE SPIRITEN AYISYEN YO : ANTOINE ADRIEN (TI PIKE) KI TE RENMEN VOLLEY BAL. LI TE PWOFESE ISTWA DAYITI. LI TE EKRI YON LIV SOU SA. LI TE SIPERYE PE ESPIRITEN YO PANDAN YON TI BOUT TAN.

MWEN SONJE PE VERDIEU. MWEN SONJE PE PADDY POUX RESPONSAB RALI, KI TE MAESTRO KORAL LA AVEK TI BAGET LI NAN MEN L. MWEN SONJE PE CLAUDE PREFE DISIPLEN. LI TE SEVE. DEPI L PARET, TOUT DEZOD SUSPAN. ELEV YO DI « MEN TI CLAUDE ». MWEN SONJE PE DOMINIQUE. SE LI KI TE PI JEN. LI PAT GEN TAN FE KOU POU MWEN. TE GEN PE SCHNEIDER KI TE OKIPE OBSEVATWA SEN MASYAL LA. DEPA TOUT PE SA YO POU EGZIL AVEK LOT ANKO KI TE NAN PAWAS SE TE YON GWO PET POU JENES AYISYEN AN. NOU TE TOUJOU GADE LESPWA YON JOU YO VA RETOUNEN. LE SA SEN MASYAL TE AN FLECH. LI TE TOUJOU AP FE KONPETISYON AK SEN LWI GONZAG. PE SA YO FOME ANPIL JENERASYON AYISYEN. SE POU BONDYE REKONPANSE YO. 2 LANE MWEN PASE AVEK PE ESPIRITEN YO PEMET MWEN TE GEN YON BAZ SOLID POU LOT ETID MWEN PRAL FE PITA. MWEN DI YO MESI. MWEN GADE YON BEL SOUVNI DE YO. ANPIL NOSTALJI TOU.

 

III.-PWOFESE MWEN YO SEN MASYAL

 

KOM PWOFESE SEN MASYAL, MWEN TE GEN PE SCHMIDT ANTOINE KI TE FE KOU PANYOL POU MWEN NAN KLAS SIZYEM. MWEN TE GEN PE ALPHONSE GILBERT KI TE FE KOU FRANSE EPI KI TE TITULE KLAS SENKYEM NAN. TE GEN PE GABRIEL BERTHAUD KI TE APRAN NOU LATEN NAN KLAS SIZYEM AK SENKYEM. MWEN TE GEN ERNST TROUILLOT PWOFESE ISTWA. LI TE BATONYE LOD AVOKA POTOPRENS. LI TE ELOKAN. LI TE EKRI YON EDITORYAL NAN YON TI REVU NOU TE GENYEN KI TE RELE « SINE NOMINE » (SAN NON). LI TE KOMANSE L KONSA : »OBTEMPERANT A VOTRE INJONCTION… » MWEN TE GEN PE ANTOINE ADRIEN PWOFESE ISTWA DAYITI. NOU TE RELE L « TI PIKE ». NOU TE GEN PE GASSNER. LI TE GEN YON MUZE RANPLI AK TOUT KALITE ZANNIMO. NOU TE GEN PWOFESE LOVELACE KI TE FE MATEMATIK. NOU TE KON FAWOUCHE L « LOVLAS TET CHAT… » MWEN TE GEN JEAN-MARIE CHANOINE. MWEN TE GEN TI LOU PWOFESE ISTWA NAN RETO. MWEN TE GEN DELAFRENTE PWOFESE CHIMI. LI TE KON TOUT KOU YO PA KE.

MWEN TE GEN MET VERNA PWOFESE FIZIK. MWEN TE GEN MET MERIMEE KI TE PWOFESE ESPO CHAK VANDREDI SANFIL. MWEN TE GEN RISWICK JEAN PWOFESE FRANSE NAN SEGOND. SE PAPA DOKTE LESLY JEAN. LI TE BWODE. TOUJOU ABIYE BYEN FEN. MWEN TE GEN WILSON FLORESTAL YON ZANMI PESONEL. PI TA LI PRAL KONSUL JENERAL NAN NEW YORK. YOUN TE KON EKRI LOT. LI MOURI DEPI LONTAN. R.I.P. MWEN TE GEN MET DESIR PWOFESE LITERATU AYISYEN. LI TE APRESYE M ANPIL E LI TE PRETE KAYE M MWEN KON PRAN NOT YO. LI KON BAN NOU BON JAN KONSEY POU LAVNI. MWEN TE GEN PE JEAN-BAPTISTE SALOMON PWOFESE GREK. TOUT TAN NAP FE L PALE POU KOU GREK LA KA PASE BYEN VIT. TOUTAN LI KON DI : »MWEN PA WE NOU KOUNYE A MEN NAN 10, 20 AN… » MWEN SONJE LI TE KON ETUDYE AVEK NOU ANABAZ.

MWEN TE GEN CHARLES FRITZ MARS GOUSSE PWOFESE MATEMATIK. SE LI KI TE FE M RENMEN MATEMATIK MWEN PAT VLE WE. MWEN TE GEN MET DIEUDONE FARDIN PWOFESE LITERATU AYISYEN AN RETO. MWEN TE GEN MET JOSUE ROMAIN PWOFESE FISYOLOJI. LI MOURI BYEN JEN (R.I.P.). YON  JOU LI TE MENNEN NOU LOPITAL JENERAL POU YON DISEKSYON KADAV. NOU TE FRAPE ANPIL. TE GEN YON KADAV KI TE GEN TOULEDE POUMON L YO TOU NWA PASKE MOUN SA TE KON FIMEN ANPIL. MWEN TE GEN PE ALBERT GOIN. LI TE EKONOM. MEN LI PAT FE KOU POU MWEN. MWEN TE GEN PIERRE GOUSSE PWOFESE LATEN AK FRANSE. NEG KI TE DJANM. KI TE PALE GWO FRANSE. KI TE SEVE. LI TOUJOU AP DI « L’IMPROVISATION NE S’IMPROVISE PAS… » OUBYEN ANKO « FOUTRE PA! » NOU TE GEN YON DEMWAZE L KI TE PWOFESE NOU TOU. NOU TE KON FAWOUCHE L. FE KONT ENFERYE NOU.

MWEN TE GEN MET REGALA KOM PWOFESE ANGLE. LI TE TYAK. LE NOU ANPECHE L FE KOU A, LI TE KON DI : »JE SUIS VENU ICI POUR FAIRE MON ARGENT. SI VOUS M’EMPECHEZ DE FAIRE MON ARGENT, VOUS ET MOI NOUS SOMMES DES HOMMES PERDUS! ». GEN LOT PWOFESE TOUJOU MWEN BLIYE NON YO.MWEM TE GEN PWOFESE ANGLE NAN LOT KLAS YO…MWEN TE GEN EMMANUEL BUTEAU KOM PWOFESE FILOSOFI. LI TE YOUN NAN MANM FONDATE LEKOL « LES NORMALIENS REUNIS » NAN TUJO. TE GEN FRE MALO RESPONSAB LIBRERI A. TE GEN FRE SAKRE-YO TOU KOU WE FRE LEGRIS KI TE APRAN NOU GREK. TE GEN PE BARBE KI TE KON ANSEYE NOU FRANSE. NOU TE GEN YON LIV YO RELE « LE FRANCAIS PAR LES TEXTES ».

 

IV.-KONDISIP MWEN YO SEN MASYAL

 

MEN KEK NON KONDISIP SEN MASYAL MWEN SONJE : RAYMOND JARRE, KI YOUN NAN RESPONSAB BRASRI LAKOUWON, PATRICK DUCHATELIEU KI TE PRETE M KEK TANT YON FWA NAN YON KONGRE KARISMATIK MWEN TE OGANIZE NAN CBNDF BWANEF NAN LANE 2014. TE GEN HUGO, LEFEVRE, DANIEL VERNA, RAMEAU RIGAUD, LEVEQUE BIEN-AIME, ANDRE PIERRE, JEAN-MARIE YVES, CALIXTE HILAIRE, CASIMIR, EVANS BEAUBRUN, MARC JOSUE, RENELIEN LAVENTURE, REYNOLD GRAND PIERRE, GERALD MATHURIN, ALFRED ALTINE (DE MORLINDRE), BELANCOURT, PATRICK THEZAN, DANIEL MALHERBE, EDDRIS LOUIS-JACQUES, RAYNALD ALTEMAR NOU TOUJOU AP FAWOUCHE PASKE L LI TE EKRI NAN TI JOUNAL NOU AN : »CE N’EST PAS TELLEMENT MOURIR QU’ELLE VEUT MAIS S’EVADER… » LEVEQUE BIEN-AIME SITOU KON FAWOUCHE L POU SA.

 

V.-KEK LOT SOUVNI SEN MASYAL

 

CHAK VANDREDI NOU KON AL FE ESPO SANFIL SOU DIREKSYON MET MERIME. NAN WOUT LA NOU KON ACHTE KAN POU NOU MANJE. MWEN TE KON FE GADYEN GOL. YON JOU TE GEN YON JWE KI METE KRANPON SOULYE L SOU PLA MEN M. DEPI LE SA MWEN KITE JWE FOOTBAL. NAN TEREN SANFIL LA SE LA JWE YO TE KON ANTRENE POU KONPETISYON OLENPIK AVEK LOT LEKOL KOU WE SEN LWI GONZAG.

DEPI KLAS SIXYEM RIVE RETO MWEN TE ETUDYE LATEN AK GREK. MWEN TE LOREYA NAN EGZAMEN BAKALOREYA PREMYE PATI. MWEN TE TRE APLIKE POU M BAT BET MWEN. GREK AK LATEN MWEN TE APRAN SEN MASYAL TA PRAL ITIL MWEN ANPIL LE M TE GEN POU M ALE ETIDYE LABIB PLIZYE ANE APRE SA NAN INSTITUT BIBIQUE PONTIFICAL NAN VIL WOM AN ITALI. SE TE DEJA YON PREPARASYON.

MWEN SONJE LE NOU FE BEL NOT NAN KANE YO BAN NOU REKONPANS, BEL PRI. YON JOU MONSEYE FRANSWA WOLFF LIGONDE ACHEVEK POTOPRENS TE FE M KADO YON PAKET LIV. TE KON GEN KONKOU LITERATU. MWEN SONJE SERGE CHAM AK LIONEL TROUILLOT TE RANPOTE PRI KONKOU SA. SE PA POU ANYEN LI TOUNEN YON GWO EKRIVEN JOUNALIS NAN JOUNAL LE NOUVELLISTE.

MADAME GERARD JEAN KI SE MAREN MWEN TAP VIV NEW-YORK. LI KON VOYE TI KOB POU MWEN. KONSA LE REKREYASYON MWEN AL ACHTE SANDWICH AK KOLA BYEN GLASE.

NAN EPOK PWOFESYON LAFWA NOU, PE ADRIEN TE MENNEN NOU NAN YON RETRET OBLEYON. YON BEL SOUVNI. MWEN SONJE NAN ASWE TE GEN YON FEDKAN KOTE YOUN NAN NOU TE BAY YON BEL BLAG KI TE FE TOUT MOUN RI :  « JE VEUX BANANE… »

MWEN SONJE NAN MES DIMANCH YO, MWEN KON AL KANPE BO OG LA KOTE PE SCHMIT ANTOINE, MET DESTAING OU BYEN EDDY LOUIS-JACQUES KON AP JWE. SE NAN MEN YO MWEN PRAN POU L KI FE PI TA MWEN TE TOUNEN YON OGANIS.

MWEN SONJE NAN CHAK KOMANSMAN ANE MWEN VAN LIV KLASIK ANE KI TE VINI ANVAN POU M KA ACHTE LIV DEZYEM MEN BO KATEDRAL POU ANE KAP VINI AN. MWEN REGRET JODI A MWEN PAT KAPAB KONSEVE LIV SA YO POUTET REZON EKONOMIK.

JISKOUNYE A NAN MUZE CBNDF LA NAN BWANEF MWEN KONSEVE KEK KANE ESKOLE SEN MATYAL AK LEKOL KAY FRE AKAYE YO. SE MICHEL CAMPION FRE MWEN KI TE KONSEVE YO. LI VOYE YO BAN MWEN APRE PLIS PASE 50 LANE.

SE PANDAN MWEN TE SEN MASYAL NAN MWA OKTOB 1966 MWEN TE AL ASISTE KATEDRAL KONSEKRASYON 5 EVEK AYISYEN : MGR FRANCOIS WOLFF LIGONDE ACHEVEK POTOPRENS, MONSEYE CLAUDIUS ANGENOR EVEK KAY, MONSEYE EDWARD PETERS EVEK ENCH, MONSEYE DECOSTE AK MONSEYE EMMANUEL CONSTANT EVEK GONAYIV. LE SA PE JOSEPH AUGUSTIN TE KONPOZE YON BEL TI CHANTE : « ALELOUYA. VIV GRANMET LA. EVEK KREYOL NAN PEP KREYOL »..

 

VI.-FOYE JAN XXIII

 

LE MWEN RIVE NAN KLAS SEGOND SEN MASYAL, ACHEVECHE MANDE P0U NOU KITE LOJMAN KOTE YO KON METE TI SEMINARIS YO. POU NOU ALE NAN YON PANSYON KI RELE « JAN XXIII » KI TE PWOPRIYETE ACHEVECHE. LI TE ANFANS KAY ME LALU YO DEYE KLINIK DOKTE PEDYAT BUFFON MONDESTIN. MWEN PRA L PASE ANVIWON 3 LANE LA AVEK KEK SEMINARIS EPI KEK PANSYONE. SE TE YON FASON POU NOU TE KONTRIBIYE AK TOUT DEPANS YO. RESPONSAB LA SE TE YON ANSYEN FRE (FIC), FRE EMMANUEL GWO FANATIK FOOTBAL. LI TE TRAVAY NAN PLATO SANTRAL. CHAK MATEN NOU ALE PRAN MES NAN CHAPEL ME LALU YO. SE TE PE DORISMOND YON PE OBLA KI TE KON SELEBRE LAMES LA. MWEN SONJE BEL TI CHANTE LUCIEN DEISS ME LALU YO TE KON CHANTE KOU WE « SANS TE VOIR NOUS T’AIMONS… ».  DE FWA PA JOU NOU PRAN WOUT LA APYE POU NOU ALE LEKOL SEN MASYAL. LE NAP TOUNEN SOTI LEKOL NOU MACHE BYEN VIT POU N KA GEN TAN RIVE ALE POU DINE A POU YO PA « MATE » NOU. PASKE GEN KEK PANSYONE KI TE GEN GWO APETI. YO TE RISKE PA KITE GRAN CHOZ POU MOUN KI RIVE AN RETA YO.

NAN TI GWOUP SEMINARIS YO KI TE AVEK MWEN FOYE JEAN-XXIII, MWEN SONJE ANDRE PIERRE, JUDE DANIEL, LEVEQUE BIEN-AIME, VARNEL CALIXTE, ALFRED ALTINE. PAMI PANSYONE YO TE GEN 3 FRE MAURAS YO KI TE SOTI PODEPE. YO TE KON AP FE KARATE. TE GEN SA KI TE PI GRAN KI TAP APRAN INJENYE. TE GEN LAFANMI COUTARD KI TE LOJE NAN MENM PANSYON SA NAN APATMAN PRIVE YO. MWEN TE APRAN KARATE POU KONT MWEN. EPI MAL ESEYE FOS MWEN SOU SEMINARIS KI PAT KON ANYEN NAN KARATE. DAN POURI GEN FOS SOU BANAN MU. YON JOU YO TE PREPARE YON VAZ PIPI POU MWEN. MEN VARNEL CALIXTE TE GEN TAN AVETI M.

MWEN SONJE PAFWA DIMANCH MWEN KON AL PRAN LAMES NAN ODITORYOM FRE SAKRE KE YO. APRE SA YO TE KON PASE FILM NAN AUDITORIUM IMPAS LAVAUD A. TE GEN GWOUP MIZISYEN « LES GITANS » KI TE AN FLECH NAN EPOK SA. YO TE KON FE GOSPEL. SE TE PE CHENIER Ki TE RESPONSAB YO. LI TE KON CHANTE BYEN.

 

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre