6 Chapit 6 : KIRE PAWAS SAKRE-KE TUJO

 

GEN YON SERI EVENMAN KI TE PREPARE M POU ALE KIRE PAWAS SAKRE KE TUJO. SA POTKO JANM FET POU YON PWOFESE GRAN SEMINE ALE RESPONSAB PAWAS. POUTAN SA PRAL FET POU MWEN. MEN TE GEN YON PREPARASYON KI TE FET. PE CHRISTIAN NICOLAS KI TE KIRE PAWAS AKAYE KOTE M TE GEN BEL KOLABORASYON AK LI PANDAN MWEN TE SEMINARIS TA PRAL NOME KIRE PAWAS SAKRE-KE. KONSA LI TE KON ENVITE M SELEBRE LAMES CHAK DIMANCH A 10H NAN MATEN EPI PRECHE RETRET KAREM AK TRIDYOM ANVAN FET SAKRE KE. TE GEN KEK MOUN KI TE KON PWOFETIZE MAP KIRE SAKRE KE. TE GEN YON MADANM KI TE RESEVWA MESAJ POU L LAPRIYE POU MWEN PLIZYE ANE ANVAN SA RIVE.

SE KONSA YON JOU NAN GRAN SEMINE TUJO MONSEYE SERGE MIOT KI TE FEK NOME ACHEVEK POTOPRENS VOYE MONSEYE KEBREAU EVEK OKSILYE VINI KOTE M PWOPOZE AN SEKRE POS KIRE PAWAS SAKRE KE. LI DI M TE GEN LOT PE KI TE DEYE POS LA MEN SE MWEN YO CHWAZI. EPI KITE NOUVEL SA SEKRE. MWEN TE BYEN SEZI. MWEN TAP PREPARE M POU M ALE NAN PELERINAJ NOTRE DAM FATIMA POTIGAL. MWEN DI MONSEYE KEBREAU MWEN PA KAPAB BA L REPONS LA TOUTSWIT. MWEN PRAL FATIMA. LE M TOUNEN MWEN VA BA L REPONS LA. LI DI M PA GEN PWOBLEM. AL FATIMA. LAPRIYE LAVYEJ MARI. LAP DI W SA POU W FE. LE M TOUNEN SOT FATIMA MWEN AKSEPTE KIRE PAWAS SAKRE KE. SE TE PREMYE NOMINASYON MONSEYE MIOT TE FE. MEN MWEN PRAL PRAN ANVIWON YON LANE ANVAN MWEN ENSTALE KOM KIRE PAWAS SAKRE KE.

SE TE MONSEYE MIOT KI TE FE ENSTALASYON YON PREMYE NOVANM. LEGLIZ LA TE FOUL AK MOUN. MWEN PRAL PASE PLIZYE VIKE : PE FRANTZ PRICE YOUN NAN PI BON VIKE MWEN YO, PE DESCA, PE HANS, PE MAX DELAMOUR, PE JEAN DESINORD KI EVEK ENCH KOUNYE A. TE GEN DYAK GERARD KI TOUJOU SIPOTE M KI KON FE LAPRIYE ANJELUS A MIDI. TE GEN PE BERNARD NEMORIN KI TE KON FE MES POU MALAD YO CHAK LUNDI. TE GEN PE EUGENE THALES KI KON SELEBRE ANTEMAN YO. TE GEN PE CLEO KI TE KON SELEBRE MES DIMANCH A 10H NAN MATEN. TE GEN PE BERTRAND KANONIS KI TE KON OKIPE TOUT ZAFE MARYAJ. PAFWA KON GEN PE DE PASAJ KI EDE NOU. NAN EPOK SA PAWAS SEN LWI TUJO TE YON CHAPEL SOU KONT PAWAS SAKRE-KE.

GEN YON SERI DE MOUVMAN KI GAYE KOUNYE A NAN LEGLIZ AYISYEN AN AYITI EPI NAN DYASPORA YO TE KOMANSE NAN PAWAS SAKRE-KE. CHAK PREMYE VANDREDI NAN MWA MOUN SOTI TOUPATOU VINI PAWAS SAKRE KE. GEN ANPLWAYE LETA KI KON SOVE VINI SAKRE KE PREMYE VANDREDI. CHAK LENDI TE GEN PRIYE POU MALAD YO AK PRIYE LIBERASYON. CHAK MADI GWOUP KARISMATIK VIRGO MARIA KE FRE GABRIEL ANTOINE TE RESPONSAB KON RANPLI LEGLIZ LA AK MOUN. TE GEN YON WOZE CHAK MATEN NAN GWOT SAKRE KE  INJENYE EVELYNE TE KONSTWI POU NOU. JEN GASON SOTI TOUPATOU VINI NAN WOZE SA FRE BENEDICT LAMARTINE TE KON ANIME. NOU TE VINI AK KOZE VEY DE NWI AN KI TE RASANBLE ANPIL MOUN. TE GEN 2 CHANM JEZU KOTE MOUN TE KAPAB VINI FE ADORASYON PEPETYEL. 13 CHAK MWA TE GEN MES AN LONE NOTRE DAM FATIMA AVEK PWOSESYON OFLANBO ALANTOU LEGLIZ SAKRE KE. TE GEN YON KWA LIMINEZ ANTET PWOSESYON AN.

TE GEN KONFESYON SOUVAN SOUVAN. NOU KON BENI SAKRAMANTO POU FIDEL YO : DLO, SEL AK LOT ATIK RELIJYE. TE GEN YON TI BOUTIK ATIK RELIJYE NAN LAKOU A. TE GEN BILTEN PAWASYAL, FEYE BIBLIK, FEYE MARYAL. TE GEN PLIZYE TABLO TOU PRE POT DEYE LEGLIZ LA SOU LAVI SEN YO. TE GEN PLIZYE KORAL AK PLIZYE GWOUP MWEN TE VINI JWEN KOU WE LEJYON MARI, APOSTOLA MONDYAL FATIMA MADAN VULCAIN TE OKIPE, JEN SAKRE YO, CVS, GLORIA CHRISTI, KORAL « LES CLOCHES », GWOUP NEOKATEKIMENA,  NOU TE GEN GWO PELERINAJ CARADEUX. ANVIWON 9 PELERINAJ POU LANSE CBNDF. TE GEN YON ESKALYE SEN 28 MACH MOUN YO TE KON MONTE A 2 JENOU POU FE PENITANS. NAN FON LAKOU A TE GEN YON KALVE AK TONBO JEZU. TE GEN 14 ESTASYON CHEMEN LAKWA YO SOU LAKOU A. TE GEN ORATWA SAKRE KE KOTE TE GEN DLO TAP SOTI NAN KE ESTATI SAKRE KE A. SOU GALRI PRESBITE A TE GEN ALE SENT YO AVEK KASET SOU DIFERAN SIJE MOUN TE KAPAB TANDE AVEK EKOUTE. TE GEN TRIDYOM ESPESYAL NAN EPOK KANAVAL AVEK VEY DE NWI.

TE GEN YON KOMITE LOD AK DISIPLEN MADAN FAREL TE DIRIJE. PLIZYE NAN TI MESYE SA YO VINI GWO ANIMATE OKANADA AK OZETAZINI. NAN KOMITE SA MWEN SONJE TE GEN JOHNNY NORMIL, PEGGY JOSEPH, REGINE HONORE, REGINE FAUSTIN, ALLAN, MARCO, FRANCIS ROMULUS, PRETOIA ROMULUS… TE GEN KEK FIDEL KI TE BAN M BON KOUT MEN : MADAN FRANTZ DERENONCOURT, DOKTE MILORD (KIKI), LINA PIERRE ETIENNE, SAKRISTEN YO, BRIGHT,DUTHELUS KI TE KON CHANTE MES LATEN CHAK DIMANCH A 10H NAN MATEN, BARBARA, LEIDE , FRANTZ BUREAU, ELIE AK MADANM LI KI TE RETE ANFAS NOU, MADAN LEONCE, PAULA CAMPION, ELIE NAPOLEON, THERESE CHATELAIN, LAURA VILBON, MARJORIE CINEAS…

YOUN NAN GWO EVENMAN KI TE MAKE PASAJ MWEN NAN PAWAS SAKRE-KE SE TE VIZIT JACOB KOLO YOUN NAN VIZYONE MEDUGORJE YO. DEPI 1981 CHAK JOU LI TE KON WE LAVYEJ MARI. LAVEY POU L VINI AYITI PANDAN LI TE MIAMI LI PA GEN APARISYON LAVYEJ ANKO. SE TE YON GWO DESEPSYON POU NOU. MEN SA PAT ANPECHE ANPIL ANPIL MOUN TE VINI. NOU TE OBLIJE SEVI AK GRAN EKRAN TELEVIZYON.

PAWAS SAKRE KE TE ABITYE GEN ANPIL ANPIL MARYAJ SITOU AN DESANM. MWEN DIMINYE KANTITE MARYAJ YO POU TE KA JWEN PLIS TAN POU LAPRIYE, FE ADORASYON. TE GEN ANPIL ANTEMAN TOU. SEREMONI PREMIE KOMINYON AK KONFIMASYON KON RANPLI LEGLIZ LA AK ELEV LEKOL. BEL REPOZWA POU FET DYE AK FET SAKRE KE.

 

PESEKUSYON. MENAS. ENTIMIDASYON. EGZIL

 

PANDAN 7 LANE EDMI MWEN PASE PAWAS SAKRE KE TUJO, MWEN JWEN TOUT KALITE PESEKISYON. MEN LAVYEJ MARI TE TOUJOU AVEK MWEN POU PWOTEJE M. GEN MOUN KI PAT KONTAN PASKE MWEN TE REDWI KANTITE MARYAJ YO POU M KA JWEN PLAS LEGLIZ LA POU MWEN FE ADORASYON AK LOT KALITE LAPRIYE. ZAFE MARYAJ SA SE TE YON VERITAB BIZNIS. GEN MOUN KI TE FACHE POUTET PRECH MWEN YO… PASKE MWEN PAT JANM EZITE METE BOY NAN PWA TOUT MOUN. GEN YON LOT KATEGORI KI TE NEVE PASKE MWEN TE PEMET POV MALERE ANTRE NAN LEGLIZ LA. YO TWOUVE MOUN POV SA YO  SAL. YAP SAL LEGLIZ LA. GENYEN KI TE FACHE PASKE MWEN PAT KITE MOUN KAP SEVI LWA YO VIN FE MAJIGRIDI NAN LAKOU AK ANDAN LEGLIZ LA. GEN YON LOT KATEGORI KI SANTI YO MENASE LE MWEN AP FE EKZOSIS KONT SATAN. ANFEN TE GENYEN KI SANTI YO MENASE PASKE MWEN TE VLE KONBAT TOUT FOM KORIPSYON ANNDAN PAWAS LA…

PLIZYE FWA YO FE TANTATIV POU YO ASASINE M. YON FWA GEN YON FRANTIRE KI SOTI JIS ETAZINI POU SA. YON JOU YON PREMYE VANDREDI DI MWA, TE GEN YON FRANTIRE YO VOYE LEGLIZ LA. FATOUTOU PRAL FE YON BAGAY ESTRAODINE POU SOVE LAVI M. PANDAN MAP PRECHE ASASEN AN WE M DEPOZE MIKWO A SOU LOTEL LA, MWEN PASE PA SAKRISTI A, MWEN TRAVESE LAKOU A, MWEN MONTE SOU ETAJ PRESBITE A EPI MAP SALYE MOUN KAP ANTRE SOTI. SE SA LI WE. LI SWIV MWEN. LAP OBSEVE M SOU LAKOU A. EVIDAMMAN  MWEN PAT JANM FE YON PA. PANDAN LI SOU LAKOU A LI TANDE VWA M KAP PRECHE ANDAN LEGLIZ LA. LI KOURI ANTRE ANDAN LEGLIZ LA EPI LI WE M AN PESON KAP PRECHE. LI RETOUNEN SOU LAKOU A EPI LI WE M SOU BALKON PRESBITE A  KONTINYE AP SALYE MOUN KAP ANTRE SOTI YO. LE SA LI EBRANLE, LE JETE L, LI DI NEG SA GEN YON GWO DYAB AK LI.

CHAK EPOK KANAVAL NOU TE KON OGANIZE LAPRIYE ASWE PANDAN 3 JOU. YON SWA PANDAN MAP FE PWOSESYON AK SEN SAKREMAN YON NEG VINI AK YON ZAM POU L TIRE SOU MWEN. ZAM NAN BLOKE. LI NEVE. LE LI SOTI DEYO A, ZAM NAN DEBLOKE. LI TIRE 3 KOUT ZAM ANLE. PAFWA YO VINI DEYE MWEN EPI YO WE PLIZYE MOUN SOU LOTEL LA ALOSKE MWEN POU KONT MWEN. PAFWA YO WE SE YON MOUN AK BEL CHEVE SIWO BYEN LONG KAP SELEBRE LAMES LA. LAVYEJ CHANJE FIGI M. YON LOT LE PANDAN MAP FE PWOSESYON SEN SAKREMAN ANDAN LEGLIZ LA YO VOYE YON ZENGLENDO AK YON TI YONYON TOU KOUT POU MONTRE L KILES KI PE CAMPION AN. GEN YON FIDEL KI WE MOUVMAN. LAP LAPRIYE NAN KE L POU MWEN. PANDAN TAN SA MAP AVANSE AK SEN SAKREMAN NAN DIREKSYON ZENGLENDO A SAN M PAT KONNEN KISA YO TE PREPARE POU MWEN. EPI LE MWEN RIVE BO KOTE TI YONYON AN MWEN TOUCHE L AK YON PWENT DWET. LI TONBE. LOT MOUN AKOTE L TONBE. PLIZYE CHEZ TONBE FE YON PAKET BWI. ZENGLENDO A JETE L. PANDAN PLIZYE FWA PANDAN MAP FE PELERINAJ CBNDF NAN YON TEREN NOU TE GENYEN CARADEUX, YO VOYE MACHEN SAN PLAK AK GWO ZAM POU KIDNAPE M. MEN LAVYEJ TOUJOU FE M KONEN SA DAVANS. MWEN PREPARE TOUT BAGAY POU PELERINAJ LA MEN MWEN PA ALE. LE SA YO JOURE, YO MOVE. YO PA JANM KONPRAN KIJAN MWEN FE ABSAN ALOSKE SE MWEN KI ALATET OGANIZE PELERINAJ YO.

YON FWA PANDAN MWEN TE ALETRANJE YO LAGE PANDAN YO ANLE YON ESPES BONM POU METE DIFE NAN LEGLIZ LA. VAN PRAN BONM NAN. LI POUSE L. LI AL TONBE NAN YON LEKOL VID KI TOU PRE LEGLIZ SAKRE KE A. GWO FLANM DIFE MENASE LEGLIZ LA. LE SA YOUN NAN VIKE M YO PRAN SEN SAREMAN AK KEK FIDEL YAP LAPRIYE BONDYE POU FLANM DIFE YO PA ANVAYI LEGLIZ LA. EPI SIBITMAN FLANM DIFE YO MONTE TOU DWAT NAN SYEL LA SAN LI PA AVANSE SOU LEGLIZ LA. MIRAK BONDYE. GEN YON MANM NAN KOMITE LEGLIZ LA KI RELE PONPYE AEWOPO KI VINI ETENN DIFE A. NAN LASWARE DIFE A REKOMANSE ANKO. YO ETEN LI.

PAFWA GEN YON ELIKOPTE KI PASE NAN ZON LEGLIZ LA AK PRESBITE A KI FE L TRANBLE. SE TE ENTIMIDASYON. YON LE MWEN DEKLARE SOU LOTE L LA KE ESPAS AERYEN LEGLIZ LA LI SAKRE. SEN MICHEL AKANJ PA RENMEN ZWAZO AN FE PASE NAN ZON NAN. SI SA RIVE ANKO SEN MICHEL AP DESAN ZWAZO AN FE SA. DEPI LE SA YO PA VINI ANKO.

PANDAN PLIZYE FWA YO METE POUD POU MWEN. YON LE YO METE L NAN ALE SANTRAL LEGLIZ LA. POUD SA SE YON PWAZON KI PA BAY CHANS. AN MENM TAN TOU LI MAJIK. LOT MOUN MET PASE SOU LI YO PAP GEN ANYEN. SE POU MOUN YO METE L LA KAP PRAN. MEN LAVYEJ TE TOUJOU AVETI M. LI TE TOUJOU CHWAZI YON VIZYONE POU FE M KONNEN DAVANS. LI DI M KISA POU M FE. SE KONSA YON JOU, MWEN PRECHE SOU SA. MWEN DI YO MALONET. KOB POU KONPOZE PWAZON SA BYEN CHE YO TE KAPAB BAY POV LI. MEN O NON JEZU MAP PASE SOU POUD LA. LE SA MWEN PRAN SEN SAKREMAN. MWEN LAPRIYE. DEPI LAVEY MWEN FE SA LAVYEJ TE MANDE M FE A. MWEN MACHE BWODEZEMAN SOU POUD LA KI TE NAN ALE SANTRAL LEGLIZ LA AVEK SEN SAKREMAN NAN MENM ALE VINI. PYE M TA SIPOZE LE SA ANFLE KON BARIK. MEN PYE M PAT GEN ANYEN. PYE M TE SI TELMAN ANFOM MWEN BAY EKIP FOOTBAL AJANTEN NAN 12 GOL A ZEWO.

PANDAN EPOK PESEKISYON NAN PAWAS SAKRE KE YO, ME TE OBLIJE YON MOMAN PANDAN ANVIWON 3 MWA KITE PEYI A POU MWEN ALE OZETAZINI. GEN MOUN KI TE SEMANTE MWEN PA GEN DWA METE PWENT PYE M NAN PEYI DAYITI ANKO. MEN SA LEZOM DI SE PA SA BONDYE DI. VIKE MWEN YO AK DYAK GERARD LOUIS TE KENBE PAWAS LA NAN LAPRIYE. MWEN TE TOUJOU VOYE NOUVEL BA YO.

YON JOU KONSA LAVYEJ FE M KONPRAN LI LE LI TAN POU M RETOUNEN NAN PAWAS LA. LI FE JAKOV COLO YOUN NAN VIZYONE MEDUGORJE YO VOYE BAN MWEN MIAMI YON IKON MIRAKILEZ PEPETYEL SEKOU KI TE POU JACOB COLO E KE LI TE TRE ATACHE AK LI. LE MOMAN RIVE POU M RETOUNEN AYITI MWEN VOYAJE SAN MALET, SAN VALIZ. TOUTOTAN MWEN TE NAN AVYON MAP LAPRIYE. MAP MANDE POU SAN PRESYE JEZI KOUVRI MWEN EPI FE LENMI YO PA WE M. PASKE M KONNEN YO TE PREPARE POU MWEN YON PO KAN AK TOUT FOUMI. MWEN TE POTE AVEK MWEN SELMAN IMAJ PEPETYEL SEKOU JACOV COLO A AVEK YON GWO KRISIFI. MWEN SE PREMYE MOUN KI TE DESAN AVYON AN PASKE M TE JWEN YON ANSYEN ELEV LEKOL MWEN KI TAP TRAVAY NAN AMERICAN AIRLINE KI TE FE M CHITA NAN PREMYE KLAS. LE MAP DESAN ESKALYE AVYON M KONTINYE AP MANDE JEZI FE PESON MOUN PA WE M. TE GEN MOUN ADWAT AGOCH ESKALYE AVYON. MOUN KI KONNEN M TRE BYEN. KI ABITYE SALYE M AK CHALE LE MAP VOYAJE. YO RETE TOTALMAN ENDIFERAN. SE KOMSI YO PA TE WE M DITOU JAN MWEN TAP MANDE BONDYE SA NAN LAPRIYE M TAP FE NAN KE M.

YO METE SO IMIGRASYON POU MWEN SAN YO PA POZE M OKEN KESYON. KOM MWEN PAT GEN MALET MWEN SE PREMYE MOUN NAN PASAJE YO KI SOTI SOU LARI. KOU MWEN SOTI AVEK KRISIFI A SOU ZEPOL DWAT MWEN, IKON PEPETYEL SEKOU A NAN MEN GOCH MWEN, M WE TWA CHIME AK CHEVE LONG. YO TOU LETWA AN MENM TAN YON FASON SENKWONIZE TONBE BIP AJENOU EPI YO FE SIY LAKWA. KEK TAN APRE M VEN KONNEN GEN MOUN YO TE METE SIVEYE M NAN AEWOPO A. MEN M PASE SOU YO SAN YO PA WE M. LE M RIVE PAWAS SAKRE KE SE TE YON GWO FET. APRE SA MWEN ALE SEN FRANSWA DASIZ TOUJOU AVEK KRISIFI M SOU ZEPOL MWEN EPI IKON PEPETYEL SEKOU A NAN MEN GOCH MWEN. MWEN PA BAY PESON LAMEN. MWEN JIS TOUCHE YO AVEK KRISIFI A.

MWEN RANTRE SAKRE KE YON VANDREDI EPI LINDI MATEN BONE BONE MWEN RETOUNEN MIAMI. GEN MOUN KI SEZI. KI NEVE. GEN MOUN KI PEDI PLAS YO PASKE YO PAT RIVE FE DAPPIYANP SOU MWEN. BONDYE PAT BA YO PEMISYON SA. GEN YON JOUNAL AYISYEN NAN DYASPORA KI RAKONTE EVENMAN SA NAN FASON PA L. LI METE SEL ,SITWON AK PIMAN. NIMEWO JOUNAL SA TE VAN KON PATE CHO. APRE KEK TAN, LE SITIYASYON MANYE KALME MWEN RETOUNEN NAN PAWAS SAKRE KE VIN KONTINYE TRAVAY MWEN. MESI JEZU. MESI LAVYEJ. PA YON GREN CHEVE NAN TET OU PAP TONBE SAN PEMISYON BONDYE.

 

 

KEK LOT EVENMAN KI TE MAKE M

PANDAN PASAJ MWEN PAWAS SAKRE KE AK NAN LOT SIKONSTANS.

 

  1. YON LE MWEN TE FE YON TI TAN MALAD. CHANM MWEN AN TE ANWO ALETAJ. MWEN PAT KITE OKEN VIZITE MONTE BO KOTE M. YON JOU YON TI GASON KI TE GEN ANVIWON 6 LANE MANDE SEKRETE A POU L WE M. YO DI L MOUN PA MONTE ANWO A. LI ENSISTE. YO DI SI L GEN YON KOMISYON SEKRETE A VA BA LI L. LI DI NON SE LI MENM KI POU FE KOMISYON AN. LI ENSISTE ANKO. BOUT POU BOUT, YO KITE L MONTE ANWO A. MWEN TE CHITA SOU YON DODEN. EPI MWEN WE YON TI MOUN  PARET NAN POT DANTRE AN. M TE SEZI. LI VANSE SOU MWEN. LI TE TOU KOUT. MWEN DI L KILES LI BEZWEN. LI REPON MWEN ; »PE CAMPION ». MWEN DI L KILES KI VOYE L, LI REPON MWEN SAN EZITASYON : »BONDYE! ». MWEN MANDE L POUKISA LI VINI. LI REPON MWEN LI VINI LAPRIYE POU MWEN. TOUTSWIT MWEN KONPRAN SE TE YON MESAJE BONDYE. MWEN FEMEN JE M NAN ATITID LAPRIYE. LI PRAN TI MEN L TOU PITI LI FRAPE L SOU FWON M PANDAN TWA FWA PANDAN LAP REPETE : »GERIZON. GERIZON. GERIZON ». KOU L LI FEN DI SA, LI KOURI DESAN ESKALYE A, LI PATI. MWEN TE SEZI. SA FE LONTAN MWEN TE MALAD. DEPI JOU SA MWEN SANTI YON GWO AMELYORASYON NAN SANTE M. SAN KE MWEN PA JANM AL KAY DOKTE MWEN JWEN YON GERIZON TOTAL. TRAVAY LAVYEJ. MIRAK JEZU. GLWA POU BONDYE !
  2. YON LOT EPIZOD MWEN SONJE PANDAN PASAJ MWEN SAKRE KE.  PAFWA NOU TE KON OGANIZE FWA (FOIRE). CHAK MOUN POTE SA LI GENYEN EPI YON JOU KONSA APRE LAMES TOUT MOUN VINI ACHTE. KONSA TI KOB NOU TE RANMASE A NOU TE KAPAB ENVESTI L NAN PAWAS LA. YON JOU GEN YON MOUN KI DEPOZE YON BWAT NAN FWA. SIPRIZ ! LE YO LOUVRI BWAT LA, YO JWEN YON TET MOUN MOURI !!! YOUN NAN FIDE L YO AL JETE L NAN RAVEN BWATCHEN KI TE TOU PRE A. GEN MOUN KI DI SE YON BAGAY MISTIK TET MO A TE YE. YO KON ITILIZE L POU FE EKSPEDISYON. LE W SOTE SOU LI NENPOT BAGAY MAL KA RIVE W. BAGAY SA TE FE YON PAKET PALE ANPIL TOUPATOU. ANTOUKA SI SE POU MWEN TET MO SA TE YE, LAVYEJ MARI PAT PEMET MWEN TE RESEVWA L. PASKE MENM SI ASPE MISTIK LA PA TAP ANTRE SOU MWEN, SETENMAN MWEN TAP FE YON GWO SEZISMAN, SE TAP YON GWO CHOK KI PA TAP BON POU SANTE M. MEN LAVYEJ ANKO YON LOT FWA ENTEVNI. LI PAT PEMET SA RIVE PITIT GASON L. MESI LAVYEJ. MESI JEZU. GLWA POU BONDYE !
  3. MWEN GEN YON REKONESANS ESPESYAL POU SR CLAIRE GAGNE. LE MWEN KITE PAWAS SAKRE KE, PRATIKMAN YO TE VOYE M JETE NAN YON KWEN. GEN KEK KONFRE KI TE BAN MWEN YON BWA LONG KENBE. KOU WE YON BET KI GEN LAPES. PESON PAT MANDE M SA M POTE POU VAN. LAVYEJ MARI PRAL SEVI AK SR CLAIRE GAGNE POU RANMASE M ATE A. ALOSKE YO TE RETIRE MIKWO NAN BOUCH MWEN POU M PAT PALE, ALOSKE KEK RA LEGLIZ KI TE PRAN RISK OFRI M YON MIKWO TAP PRAN PRESYON, SR CLAIRE GAGNE PRAL BAN MWEN YON PLATFOM NAN KONGRE KARISMATIK TABA YO. CHAK ANE LI ENVITE M. MALGRE MEKONTANTMAN SETEN GWO ZUZU KI TWOUVE MWEN METE TWOP BOY NAN PWA MOUN. MALGRE SITOU OPOZISYON 2 GWO TONTON OTORITE NAN LEGLIZ LA. YON JOU 2 NAN OTORITE SA YO AL KOTE SE CLAIRE GAGNE POU ENTEDI M LAPAWOL NAN KONGRE A. SR CLAIRE RANPLI AK LESPRI SEN AN BA YO YON BEL REPONS. LI DI YO NON MWEN DEJA PIBLIYE NAN LIVRE KONGRE A. ANPIL MOUN ENTERESE VINI NAN KONGRE A AKOZ PRECH MWEN YO. LI DI YO SIJE MWEN GEN POU M DEVLOPE A SE YON SIJE TOU INOFANSIF, YON SIJE SOU LAFWA. FOM DI NOU AN PASAN KELKESWA SIJE YO BANM TRETE MWEN TOUJOU FE YON KOUT GIDON POU M DENONSE PECHE ESPESYALMAN PECHE SEVI LWA AK BONDYE AN MENM TAN, PECHE AVOTMAN EPI SUTOU PECHE GASON MAKOME AK FI MONKONPE. PRECH SA YO KON SATIYET ANPIL ZUZU. ANFEN SE CLAIRE DI YO KOM SE OTORITE YO YE LI OBLIJE OBEYI YO MEN LI TA MANDE YO SILVOUPLE POU YO TA RAN LI SEVIS ESPLIKE PEP BONDYE A SA POU LI. LE SA YO FE LACH. YO PLIYE KE YO ANBA VANT YO EPI YO JETE YO. KONSA MWEN KONTINYE PRECHE CHAK ANE NAN KONGRE KARISMATIK YO MALGRE MENAS, ENTIMIDASYON, PO KAN AK TOUT FOUMI KI TE KON PARE POU MWEN. KEK TAN APRE, YOUN NAN OTORITE LEGLIZ SA YO MOURI. R.I.P. !  LOT LA MENM KI TE PI GRAN OTORITE TOUJOU VATICAN DEPLASE L ANVAN MANDA L FINI. EPI OLYE YO BA L PWOMOSYON NAN YON LOT PEYI JAN SA ABITYE FET YO DESAN LI GRAD. TRAVAY LAVYEJ. MOUN PA ATAKE PITIT MANMAN MARI LE LI PA NWI W. LE LAVYEJ AVEK OU PESON PA KAB WE BOUT OU.
  4. PANDAN MWEN TE TABLI NAN CBNDF BWANEF, GEN YON EPOK MWEN PAT CHITA MENM NAN SANT LA. TOUT TAN MWEN TAP VOYAJE OZETAZINI POU M ALE NAN MISYON. YO TAP RELE M ADWAT AGOCH POU MISYON. KONSA SANT LA TE YON TI JAN NEGLIJE. PASKE LE MET KAY PREZAN SA FE YON GWO DIFERANS. EPI YON JOU MWEN RETE KONSA SAN OKEN REZON MWEN DESIDE POU M PA VOYAJE ANKO. MWEN ANILE TOUT SESYON MWEN TE PLANIFYE POU OZETAZUNI. LE SA MWEN PAT GEN YON ESPLIKASYON LOJIK POU SA. MWEN RETE FE 5 LANE MWEN PA JANM VOYAJE. ALOSKE CHAK ANE MWEN KON FE YON PAKET VOYAJ. 7 LANE APRE SA MWEN PRAL KONNEN POUKISA MWEN TE FE TOUT ANE SA YO SAN M PA FE YON PA. GEN YON MADANM KI RAKONTE M YON REVELASYON LI TE FE. LI WE M MAP DESAN MON CBNDF LA NAN BWANEF AK YON MALET, YON « CARRY ON ». LE M RIVE NAN BARYE PRENSIPAL ANBA LI WE YON BEL DAM PI KLERE PASE SOLEY KI VIN RANKONTRE M. LI PRAN PASPO MWEN AN. LI DECHIRE L. LI DI M « SE ISIT LA MWEN METE W POU TRAVAY ». 7 LANE APRE MWEN VINI KONPRAN ATO POUKISA MWEN TE FE TOUT TAN SA YO (5 LANE) SAN M PAT VOYAJE. SE TE LAVYEJ KI TE VLE M CHITA NAN SANT LA POU M FE TRAVAY LI !
  5. MANMAN M PASE PLIZYE MWA NAN SANT CBNDF BWANEF LA ANVAN L MOURI NAN LAJ 98 LANE. YON JOU 10 LANE APRE MAP DI YON KOLABORATRIS MWEN POU JAN MANMAN M TE RENMEN M KIJAN MWEN FE PA JANM WE L NAN DOMI, LI PA JANM VINI DI M ANYEN. PETET LI PA GEN POUVWA POU SA MWEN KONKLU. MENM JOU A MWEN REMAKE PAPYE IJYENIK MWEN FINI. LELANDMEN DIMANCH MWEN WE YON DAM KI FRAPE BARYE A EPI KI POTE BAN MWEN YON PAKET WOULO PAPYE IJYENIK. MWEN BYEN SEZI. LI DI M NAN ASWE LI FE YON REVELASYON. LI WE SE MANMAN M KI PARET NAN DOMI. LI DI L : »JULES PA GEN PAPYE IJYENIK ANWO A ». REYELMAN VRE, MANMAN M TOUJOU RELE M « JULES ». FIDEL YO RELE M « PE CAMPION ». KONSA MANMAN M FE M SANTI MENM SI LI MOURI LI TOUJOU PREZAN SOU TEREN AN. LI RELE M PA NON LI TE KON BAN MWEN LE L TE VIVAN. EPI YON TI DETAY KOU WE PAPYE IJYENIK LI OKOURAN. LAPWOVIDANS DIVEN !
  6. AN PLIZYE FWA LAVYEJ MARI SOVE M ANBA PWAZON. YON FWA MWEN TE SOTI ETAZINI. MEN OLYE MWEN RANTRE CBNDF BWANEF DIREKTEMAN MWEN DESIDE DOMI POTOPRENS. ALOSKE MWEN PA JANM FE SA. EPI MWEN DESIDE LE M RANTRE BWANEF SAN OKEN REZON CHANJE KAY, CHANJE CHANM SAN MWEN PA JANM RETOUNEN ANKO NAN KAY KOTE MWEN TE ABITYE DOMI AN. MAP VINI KONNEN LONTAN APRE KE YO TE PREPARE POU MWEN YON PO KAN AK TOUT FOUMI NAN ANSYEN CHANM MWEN AN. SI M TE SOTI ETAZINI EPI MWEN RANTRE LADAN DIREKTEMAN MWEN TAP TONBE NAN PYEJ YO TE TAN POU MWEN AN. YON LOT FWA ANKO LAVYEJ SOVE M ANBA YON MANJE ANPWAZONE. APEN MWEN RALE YON CHEZ DEVAN TAB LA POU M CHITA MANJE MWEN TANDE YON SEL LOBEY PETE NAN LAKOU A. MENM LE A MWEN FACHE PASKE TE GEN JOURE NAN LAKOU SAKRE FATIMA. MWEN PA MANJE ANKO. MWEN AL RALE ZOREY MOUN KI TAP FE LOBEY YO. MWEN TELMAN MOVE MWEN PA MANJE DITOU ANKO. MWEN RANTRE NAN CHANM MWEN. M RETE LA TOUT LAJOUNEN. LE M GRANGOU MWEN MANJE KEK TI BAGAY M TOUJOU GEN NAN CHAN M MWEN AN. PITA MAP VINI KONNEN MANJE A TE ANPWAZONEN. POU SETEN REZON MWEN PA VLE BAY PLIS DETAY, PLIS PRESIZYON SOU EPIZOD SA.
  7. YON LOT EVENMAN MIRAK LAVYEJ FE POU MWEN ANKO. GEN YON MOUN KI TAP EDE M BATI YON KAY POU RETRET NAN CBNDF BWANEF. SE KONSA PANDAN MWEN ETAZINI LI BAN MWEN YON LAJAN AMERIKEN POU M BAY ENJENYE KI TE SOU TRAVAY LA POU L KONTINYE L. LE MWEN RANTRE AN AYITI MWEN ALE DIREKTEMAN NAN LOPITAL KOTE SE M NAN PAULA CAMPION TE ENTENE. LE MWEN RIVE LOPITAL LA LI TE GENMEN YON PAKET MEDIKAMAN POU L ACHTE AVEK ANALIZ POU L TE FE. LI PAT GEN ASE KOB NAN MEN L POU L FE SA. MWEN TE RENMEN SE M NAN ANPIL. MWEN PAT VLE KITE L MOURI POU MEDIKAMAN. SE KONSA MWEN PRAN NAN ANVLOP LA 2000 DOLA AMERIKEN POU ANALIZ YO AK MEDIKAMAN YO. MEN MWEN PAT ALEZ DITOU. MWEN PA JANM FE BAGAY KONSA POU M PRETE NAN LAJAN YO MANDE M POU M BAY YON MOUN. EPI KI KOTE MWEN PRAL JWEN 2000 DOLA AMERIKEN POU M RANPLASE SA MWEN TE PRAN. PASKE NAN 3 JOU ENJENYE A AP VINI CHECHE KOB LA. SA TE BOULVESE M. MEN KOM DABITUD LE M GEN YON PWOLEM MWEN REMET LI DEVAN FATOUTOU. MWEN DEPANSE YON BON VALE NAN 2000 DOLA. EPI RES LA MWEN METE L BYEN FEMEN NAN VALIZ NAN CHANM MWEN AK TOUT RES WOULO YO KON VLOPE LAJAN LE LABANK BA OU PLIZYE BIYE ANSANM. EPI RES LAJAN POU M TE BAY ENJENYE A, MWEN METE L NAN YON ANVLOP KE MWEN BYEN SELE AK PLIZYE TEP PLASTIK. 3 JOU APRE ENJENYE VINI CHECHE ANVLOP LA. LI TE CHITA DEVAN BIWO M NAN. MWEN AL CHECHE ANVLOP LA TOU KACHTE TOU SELE AK PLASTIK LA BA LI. MWEN DI L FOK LI KONTE KOB LA. SE PRENSIP MANMAN M TOUJOU BAN MWEN. SE KONSA DEVAN MWEN LI RETIRE TEP PLASTIK LA, LI DEKACHTE ANVLOP LA, LI KONTE L DEVAN M. SIPRIZ ! MONTAN LAJAN LI JWEN NAN SE EGZAKTEMAN KOB MWEN TE SIPOZE BA LI A SAN MANKE YON DOLA. MWEN SEZI ! MWEN MANDE L KONTE LAJAN YON DEZYEM FWA. MENM REZILTA. LE SA MWEN PRAN ANVLOP LA MWEN MENM, MWEN KONTE CHAK BIYE APA LANTMAN. PA GEN YON DOLA KI TE MANKE ! MWEN JWEN MONTAN LAJAN YO TE BAN M POU REMET LI A. BIYE YO TE TOU NEF. YON PAKET 100 DOLA AMERIKEN MENM JAN AK LOT YO. PLIS PI GWO SIPRIZ TOUJOU WOULO KE LABANK KON VLOPE PLIZYE DOLA ANSANM TE VLOPE NOUVO BIYE SA YO ALOSKE ANSYEN WOULA A MWEN TE KONSEVE L NAN VALIZ MWEN ANSANM AK RES LAJAN KI TE RETE NAN 2000 DOLA MWEN TE DEPANSE A. MWEN PAT GEN OKEN ESPLIKASYON POU FENOMEN SA. MWEN WE NAN EVENMAN SA LAMEN FATOUTOU. SE TE MIRAK LAVYEJ. GLWA POU BONDYE KI FE M SOTI NAN YON ANBARA. MEN FATOUTOU MWEN TAP PALE NOU AN !
  8. MWEN RENMEN FE PLEZANTRI. MWEN RENMEN FAWOUCHE MOUN. SE KONSA MENM AVEK LAVYEJ MARI MWEN KON FE PLEZANTRI. MWEN KON ABITYE DI MOUN YO LE YO VINI KOTE M  POU YO RAKONTE M YON PWOBLEM AL DI MANMAN FATOUTOU SA. AL DEVAN ESTATI LAVYEJ LA. PALE AK LI. EPI DI L : »SE TI POUCHON W NAN PE CAMPION KI VOYE M KOTE W ». MWEN KON DI SA POU JWET. MEN LAVYEJ MARI PRAN SA OSERYE. E PANDAN PLIZYE FWA PELEREN KI FE SA VREMAN JWEN SA YO TAP MANDE LAVYEJ LA. SE KONSA YON JOU TE GEN YON PE ALETRANJE KI TAP OGANIZE YON VOYAJ NAN TE SENT AK YON GWOUP MOUN DYASPORA. LI TE ENVITE M LADAN POU AKONPAYMAN ESPIRITYEL PELEREN YO. MEN AJANS VOYAJ LA TE MANDE L POU L GEN YON MINIMOM MOUN POU YO AKSEPTE PELERINAJ LA. DAT LIMIT LA TAP PWOCHE EPI LI POTKO JWEN ASE PELEREN PASKE KOB VOYAJ LA TE ANPIL. PAT RETE ANPIL JOU POU L TE ANILE PELERINAJ LA SI L PA JWEN MOUN. YON ZANMI M RELE L EPI LI DI L MEN SA PE CAMPION KON DI PELEREN YO LE YO BEZWEN YON BAGAY. PE A TE YON TI KRAS EZITAN. LI TE WE SA KOM YON JWET. MEN LI FE PRIYE A KANMENM. SIPRIZ ! 3 JOU POTKO PASE NON SELMAN LI JWEN KANTITE PELEREN LI TE BEZWEN POU YO PAT ANILE PELERINAJ LA MEN LI JWEN LI DEPASE …MIRAK LAVYEJ… MIRAK FATOUTOU… GLWA POU BONDYE !
  9. MWEN TE GEN YON KOLABORATRIS YO RELE MARIE MARTHE BLEUS (RIP). LI TE RENMEN LAVYEJ ANPIL. CHAK JOU LI FE WOZE. PAFWA LI KON GEN VIZYON LAVYEJ MARI. YON TRE BON MOUN. LI TE GEN PROBLEM NAN JE. LI TE POTE LINET. YON JOU PANDAN LAP LAPRIYE DEVAN GWOT NOU GENYEN NAN CBNDF LA LI SANTI LINET LA AP SOTI NAN JE L SAN LI PA MANYEN L. EPI LI WE SE LAVYEJ KI METE CHAK POUS DWET LI SOU JE L, YON POUS SOU JE DWAT LA, YON POU SOU JE GOCH LA. DEPI LE SA MARIE-MARTHE BLEUS WE BYEN KLE KON YON TI BEBE. LI PA JANM JANM POTE LINET ANKO. MIRAK FATOUTOU. GLWA POU BONDYE.
  10. MARIE MARTHE BLEUS TE FE YON GWO AKSIDAN. PYE L TE KASE. SE TE PREMYE VEY DE NWI NOU TE FE BWANEF. LI TAP RETOUNEN POTOPRENS NAN DJEEP MWEN AN. LI TE CHITA AKOTE CHOFE A NAN PLAS MWEN ABITYE CHITA. MEN JOU SA MWEN DESIDE MWEN PA PRAL POTOPRENS AK YO. MWEN RETE NAN PRESBITE SENMAK LA KOTE PE MAX MESIDOR LEROY TE KIRE LE SA. MWEN TE SANTI FOK MWEN PRAN YON TI REPO APRE VEY DE NWI AN BWANEF OLYE POU M PLONJE DIREKTEMAN POTOPRENS. DESIZYON SA TA PRAL SOVE LAVI M. YO TE BLIYE FE PRIYE REKOUVREMAN LE YO KITE BWANEF POU RETOUNEN POTOPRENS. NOU TOUJOU FE SA. SE KONSA LE YO RIVE NAN WOUT YON MACHEN NAN DIREKSYON OPOZE RANTRE SOU YO. AKSIDAN GRAV. MEN OKEN MOUN PA MOURI. PYE MARIE MARTHE KASE. LI ALE LOPITAL. ANPIL DOULE. YO METE YON FE NAN PYE A. KEK TAN APRE PANDAN LAP LAPRIYE DEVAN GWOT BWANEF LA AVEK TOUT FE A NAN PYE L, LI WE LAVYEJ KI MANDE L POU L METE L AJENOU. PASKE ANVAN SA AKOZ FE A KI TE NAN PYE L, POU L FE CHAPLE LI TE OBLIJE CHITA OUBYEN KANPE. LE SA LI RELE BYEN FO, LI DI LAVYEJ « MWEN PA KAPAB NON, MWEN PA KAPAB NON ». LAVYEJ REPON LI POU L METE L AJENOU SOU PYE KI PA MALAD LA EPI LAP EDE L METE L AJENOU AVEK PYE KI GEN FE A. LI OBEYI. SIPRIZ! LI AJENOU NOMALMAN. SAN OKEN DOULE. DEPI LE SA MARIE-MARTHE METE L AJENOU SAN OKEN PWOBLEM. MIRAK LAVYEJ. MIRAK FATOUTOU. GLWA POU BONDYE.
  11. TE GEN YON MADANM GONAYIV KI TE ANSENT. DOKTE TE DI L SI LI KONTINYE AK GWOSES LA POU L FE PITIT LA, LAP MOURI. YON MOUN KONSEYE L VINI POTE PWOBLEM NAN BAY NOTRE DAME DE FATIMA NAN CBNDF BWANEF. LI FE SA VRE. SE KONSA LE LI RIVE, LI FEN LAPRIYE, POZE PWOBLEM NAN DEVAN YON GWO ESTATI FATIMA NOU GEN NAN LAKOU A, MADANM NAN TOU AKOUCHE LA, YON BEL PITIT GASON AN BON SANTE. MANMAN FATIMA TE PREVWA TOUT BAGAY. TE GEN YON ENFIMYE LA KI TE VINI AN PELERINAJ. ENFIMYE A TOU EDE L AKOUCHE. APRE SA, PE KI TAP FE LAMES LA TOU KONDWI L LAKAY LI GONAYIV. MENU KONPLE. FATIMA TE PREVWA TOUT BAGAY NAN TOUT TI DETAY. MESI FATIMA. MESI JEZU. GLWA POU BONDYE.
  12. TOU PRE SENT BIBLIK FATIMA GEN YON LETAN KI RELE LETAN BWANEF. LI TE KON PLEN DLO EPI PEYIZAN YO KON PECHE PWASON LADAN. EPI SIBITMAN LI VIN SECHE PRESKE KONPLETMAN.. MOUN TE KOMANSE AP SEPARE L POU YO BATI KAY. MWEN APRAN YO TE KON FE YON PAKET SEREMONI DYAB LADAN. MWEN TE VLE DLO REKOUVRI LETAN ANKO. KONSA PEYIZAN TE KAPAB REKOMANSE PECHE PWASON. MWEN TE PANSE TOU TOUT GWO SEREMONI DYAB YO TE KON FE YO TE KAPAB PWOVOKE SECHRES SA. SE KONSA YON JOU 29 SEPTANM FET SEN MICHEL, MWEN DESIDE FE YON GWO EGZOSISM NAN LETAN. MWEN SOTI AN PWOSESYON SOU TET MON BWANEF AVEK SEN SAKREMAN. LE NOU RIVE MWEN FE GWO LAPRIYE EGZOSISM POU CHASE TOUT DYAB KI NAN DLO LETAN. MWEN VOYE 7 BOUTEY NAN LETAN 7 BOUTEY KI GEN TOUT KALITE SAKRAMANTO LADAN KOU WE DLO BENIT, SEL BENI, MEDAY MIRAKILEZ, YON VERITAB KOKTEL MOLOTOV ANTI SATAN ! MWEN VOYE PLIZYE KWA SEN BENWA TOU. KOU NOU FEN FE SA YON SEL VAN TANPET SOUFLE. PYE BWA DERASINEN. PYE BANNAN TONBE. FEY BRANCH PYE BWA VOLTIJE. POUSYE LEVE. YON VERITAB SIKLON. SIPRIZ ! LE NOU RIVE SOU TET MON BWANEF TOUT BAGAY TE KALM. PAT GEN OKEN VAN DITOU. SE SELMAN NAN ZON LETAN VAN TE FEN DEBODE. LE SA MWEN KONPRAN YON BAGAY. LE W WAP CHASE DEMON POU SOTI SOU YON MOUN, MOUN NAN AJITE, LI VYOLAN, LI JOURE. MENM JAN TOU LE WAP CHASE DYAB NAN YON ELEMAN LANATU, LANATU REVOLTE. SA MONTRE M NOU GEN POUVWA NON SELMAN POU NOU CHASE BAKA SOU MOUN MEN TOU SOU KELKESWA BAGAY KI NAN LANATU. SATAN GEN BOUCHON L. VIV JEZU. VIV SEN MICHEL AKANJ.
  13. NAN MISYON MWEN KON FE NAN OKAZYON FET PATWONAL YO, MWEN KON REMAKE YON PAKET BOKO, MANBO ANVAYI DEVAN LEGLIZ KATOLIK YO. ANPIL MACHAN KAP VAN MACHANDIZ LWA. MWEN TE TOUJOU BATAY POU SA PA RIVE NAN SANT FATOUTOU BWANEF. POUTAN YON LE KEK JOU ANVAN FET FATIMA 13 ME, YON BOKO SOTI JIS NODES VIN TABLI L NAN VILAJ TOU PRE SANT NOU AN SOU WOUT KOTE TOUT PELEREN YO AP PASE. MWEN TE KONTRARYE ANPIL. EPI KWAKE MOUN NAN VILAJ LA PWOFITE SOU PLAN EKONOMIK DE PREZANS SANT NAN, GEN KEK LADAN YO KI DESIDE FE SOLIDARITE AVEK BOKO A. YO BA L LOJMAN. YO BA L MANJE. YO SITIRE L. YO BA L JARET. SE KONSA MWEN DESIDE FE YON GWO PWOSESYON AK SEN SAKREMAN POU MWEN MANDE LETENEL SEKOU NAN BATAY SA. LE MWEN RIVE NAN VILAJ LA AK SEN SAKREMAN MWEN SEZI. SE POU LA PREMYE FWA NAN LAVI M MWEN TA PRA L WE YON BAGAY LED KONSA. GEN MOUN KI LEVE RAD YO ANLE SOU SEN SAKREMAN. GEN YON LOT KI FE YON JES TRE ENDESAN, TRE SAL AK DWET LI AN DIREKSYON SEN SAKREMAN. GEN YON KOT KI PWENTU DADA L BAY SEN SAKREMAN. GEN DOT KI TAP FE PRIYE MASON LOJ POU KONTRARYE PRIYE PA NOU YO. NOU PA OKIPE YO. NOU KONTINYE LAPRIYE PA NOU. NOU KONNEN JEZU PI FO. LONTAN APRE MWEN VIN APRAN PRESKE TOUT SA KI TAP FE JES SAL SA YO VIN GEN GWO GWO PWOBLEM FIZIK. SILA KI TE PWENTU DADA L SOU SEN SAKREMAN KOKOBE. LI PA FOUTI MACHE. SE ATE LAP TRENNEN. POU L MONTE YON MOTO SE MOUN KI  POU POTE L METE SOU MOTO A. LESON : MOUN PA JWE AK SEN SAKREMAN. SE JEZI AN PESON. SI W FE YON PECHE GRAVMAN GRAV EPI W PA REPANTI, OU PA MANDE PADON, KONSEKANS RADIYES LA AP GRAV POU OU.
  14. YON JOU TE GEN YON TI GASON DEZOD KI MONTE SOU TET MON BWANEF. LI RIVE DEVAN YON ESTATI SENT KLE. LAP PASE L NAN BETIZ. LI DI L « MWEN GEN JE M WE LADAN. OU MENM OU GEN JE, OU PA WE LADAN L ! » EPI LI PRAN YON TI BWA ATE, LI DI « MWEN TA FOURE L NAN JE W. MWEN TA TCHIK POU OU ! » MENM LE A TI GASON PA WE NAN JE L. LI VIN AVEG. SE MOUN KI MENNEN L LAKAY LI. LI TE RETE TOU PRE A PYE PAYEN. LE GRAN LI VIN KON ISTWA, LI PRAN TI GASON, LI MONTE SOU TET MON BWANEF, LI KALE L, LI ALE AVEK TI GASON DEVAN ESTATI SENT KLE. LI LAPRIYE SENT KLE, LI MANDE PADON POU TI GASON AN. SIPRIZ ! TI GASON TOUNEN WE ANKO ! NOU PA DWE JWE AVEK SEN YO KI SE ZANMI BONDYE. NOU DWE RESPEKTE ESTATI KI REPREZANTE YO. BONDYE PAP PEMET NOU FE FREKANSITE AK MOUN KI TE KON BYEN SEVI L LE YO TE SOU TE A.
  15. YON LE MWEN AL FE MISYON GONAYIV. SIKLON JANN TE FEK SOT PASE. MOUN YO TE PE LAPLI ANPIL. PASKE SIKLON JAN TE PWOVOKE GWO INONDASYON. DLO TE MONTE SOU TET KAY. ANPIL MOUN TE MOURI. MOUN YO TE FRIKAT DEPI YO WE TAN PARE POU MENM KATASTWOF LA PA FET ANKO. SE KONSA PANDAN MAP FE MISYON AN, PANDAN NAP CHOFE NAN LAPRIYE, YON GWO LAPLI PRAN TONBE. VAN AP SOUFLE. VAN JETE SPEAKER SOU TET DJ A KI BLESE. LAPLI A VEN PI FO. DLO AP MONTE. MWEN OBLIJE KITE GALRI LEKOL LA POU M MONTE NAN ETAJ. MOUN YO PANIKE. YO TE PANSE AK SIKLON JANN. MWEN MENM TOU MWEN TE KOMANSE REGRET SE NAN MOMAN SA MWEN TE CHWAZI POU FE MISYON AN. NOU LAPRIYE PI FO. EPI MWEN BENI LAPLI A. MWEN DI O NON JEZU SE POU LAPLI A TOUNEN YON BENEDIKSYON OLYE DESTRIKSYON. MWEN TRASE PLIZYE SIY LAKWA NAN DIFERAN DIREKSYON SOU VIL GONAYIV. INONDASYON PA FET. MOUN KI TE NAN SESYON PANSE SE LAPRIYE AK BENEDIKSYON KI EVITE YON LOT INONDASYON. PASKE YO DI LAPLI KI TE PWOVOKE INONDASYON SIKLON JAN NAN TE PI FEB LONTAN PASE LAPLI KI TAP FET PANDAN SESYON. SA SE MIRAK LAVYEJ. JEZU GEN POUVWA SOU LAPLI, VAN, TANPET, TSUNAMI,GOUDOUGOUDOU, SOU TOUT BAGAY. VIV JEZU. GLWA POU JEZU !
  16. LE MWEN TE KIRE SAKRE KE MWEN TE FE ANTOU 9 PELERINAJ NAN YON TEREN CBNDF TE GENYEN CARADEUX. MWEN TE JWEN ANPIL PESEKISYON. YO KON VOYE MACHEN SAN PLAK AVEK GWO ZAM DEYE M. MEN LAVYEJ TOUJOU AVETI M. PELERINAJ LA FET NOMALMAN MEN MWEN PA ALE. MWEN TE PLANTE YON GWO KWA AVEK YON PAKET MEDAY MIRAKILEZ SOU LI. YON LANWIT YO VOYE YON GWO BOKO AL DECHOUKE KWA MEDAY LA. MWEN TE PLANTE KWA SOU TET YON TI MON. BOKO RIVE SOU TEREN AN. LI MONTE NAN DIREKSYON KWA SOU TET MON NAN POU LI AL RETIRE L EPI FE GWO SEREMONI DYAB POU KONTRARYE PRIYE NOU YO. LI TONBE BIP ! LI WOULE KOU WE YON BALON ANBA PYE MON. LI ESEYE FE SA PANDAN 3 FWA. CHAK FWA LI WOULE ANKO ANBA PYE MON. LE SA BOKO FRIKAT. LI JETE L. LI DI « PYE SA M MANJE MWEN PA BA OU ». MEVEY JEZU. MIRAK LAVYEJ KI PA DANSE KOLE AK RESTAVEK SATAN. MIRAK LAVYEJ KI GEN KOULEV DANBALA ANBA PYE L. MIRAK LAVYEJ KI PI TERIB PASE YON LAME RANJE AN BATAY.
  17. MWEN TE GEN YON JERAN NAN SANT BIBLIK FATIMA KI SOTI POU L BAY SANT LAN ANPIL PWOBLEM. LAVEY FET FATIMA LI KADNASE BARYE A. LI DI FET FATIMA PAP FETE. NANPWEN PELEREN KAP MONTE. LI JWEN KEK NEG AVEK LI. YO VINI YON GRANM MATEN VINI BAY PRESYON. YO PRAN ESPRE MAKE NAN TOUT MIRAY YO AK KONTENE YON PAKET TENTEN. YO SIMAYE TRAK MENAS NAN TOUT LAKOU A. LE SA GEN YON KOLABORATE MWEN AK YON LOT PELEREN DESIDE REMET PWOBLEM SA BAY FATIMA. YO ALE FE A 2 JENOU ESKALYE SEN KI NAN BOUT TEREN AN. YO FE WOZE AK TOUT KALITE LAPRIYE. YO RELE SEN MICHEL AKANJ. SIPRIZ ! YO GEN YON VIZYON. YO WE SE SEN MICHEL KI MENOTE YON GASON TOULEDE MEN L DEYE DO L. EPI YO WE YON PAKET ZANJ KAP PWOMENNEN SOU TEREN AN. NAN MENM MOMAN YAP FE VIZYON NAN BOUT TEREN AN, LAPOLIS DEBAKE SAN PESON PAT RELE LAPOLIS. SE KONSA JERAN AP PARET, AP JOURE. LAPOLIS METE L ANBA KOD EGZAKTEMAN NAN MENM POZISYON KOLABORATE MWEN YO TE WE YO TE MENOTE L. KONSA FET FATIMA FETE NOMALMAN. FATIMA BAN NOU LAVIKTWA. SAN NOU PA RELE PESON LOT MOUN VIN POTE NOU SEKOU. LE NOU GEN YON PWOBLEM NAN SANT LA SE JEZU, SEN MICHEL AK FATOUTOU NOU RELE. EPI LE SA TI MARI PA MONTE, TI MARI PA DESAN. VIV FATOUTOU. VIV JEZU. VIV SEN MICHEL KI KON PASE MENOT.
  18. LE MWEN TE KIRE PAWAS SAKRE TUJO NOU TE OGANIZE YON PELERINAJ NAN PAWAS SEN JOZEF FONPARISYEN. TE GEN KEK BOKO KI TAP FE MAJIGRIDI POU BLOKE MINISTE NOU DEYE YON MIRAY. SAN ZATAN, SAN PA GEN VAN NI TRANBLEMAN TE MIRAY LA TONBE SOU YO. GEN LADAN YO KI TE BLESE ! BONDYE PA PEMET RESTAVEK SATAN KONTRARYE TRAVAY LI BAY PITIT LI FE.
  19. YON FWA PANDAN NOU TE GEN YON GWO PWOSESYON BWANEF, NOU TE DESAN TET MON NAN, PASE ALANTOU BWANEF, RIVE NAN KAFOU ZENGA PYEPAYEN. LE NAP RETOUNEN SOLEY LA PRAN DANSE MENM JAN LI KON FE MEDUGORJE. TOUT MOUN TE KAPAB GADE SOLEY LA SAN LI PA VEGLE JE YO. DANS SOLEY SA TE DIRE NENPOT 30 MINIT. SE TE YON BEL PWOSESYON AK YON PAKET FOUL MOUN. EPI ANPIL LAPRIYE. MWEN ENTEPRETE DANS SOLEY SA KOM YON SIY LAVYEJ TE KONTAN. PWOSESYON.
  20. PANDAN MWEN TE KIRE PAWAS SAKRE KE TUJO, MWEN GEN YON JEN GASON KI TE YON FIDEL PAWAS LA. EPI YON JOU YON MOVE LIDE PASE NAN TET LI. LI DESIDE ALE NAN YON BODEL SOU GRANRI POTOPRENS. LI TAP MACHE A PYE. LE LI RIVE NAN ZON ESTAD SYLVIO CATOR, LI WE NAN YON VIZYON SE MWEN MENM KI PASE DEVAN L AVEK OB MWEN SOU MWEN. MENM LE A LI RESEZI L. LI PA ALE ANKO. KONSA BONDYE TE SEVI AK MWEN POU EVITE L YON KATASTWOF. NON SELMAN LI TA PRAL FE YON PECHE GRAV MEN TOU LI TE KA PRAN NENPOT VYE MALADI. BONDYE GEN KE SANSIB. LI CHACHE TOUT MOYEN POU PWOTEJE PITIT LI.
  21. LE MWEN TE NAN KAY LAPRIYE DELMA 41 PAFWA MWEN MOVE, MWEN KONTRARYE, MEN MWEN MARE. MEN TE GEN YON TI FIYET ANVIWON 4 LANE KI TE WE M NAN DOMI SOU FIGI JEZU. DEPI LE SA LI RELE M JEZU. LE LI WE M MOVE LI DI MANMAN L POUKISA JEZU MOVE KONSA. EPI LI VINI JWEN MWEN, LI PALE AVEK MWEN. EPI KOM MWEN RENMEN TIMOUN ANPIL, MENM LE A MWEN CHANJE KARAKTE, MWEN VINI NOMAL, MWEN DEMARE FIGI M EPI MWEN AP FE BLAG AK LI. KONSA BONDYE TE SEVI SOUVAN AK YON TI LEZANJ POU EDE M JWEN KE POZE NAN DIFIKILTE APOSTOLA. GLWA POU BONDYE. MESI LAVYEJ.
  22. YON JOU MWEN TAP FE PRIYE LIBERASYON NAN PAWAS SAKRE KE TUJO. MWEN TAP POZE MENM SOU FIDEL YO. SE KONSA PANDAN MWEN RIVE ANFAS POT KI BAY SOU RUE JOSE MARTI GEN YON MOUN KI VOYE AK TOUT FOS LI YON BOUTEY NAN DIREKSYON M. BOUTEY LA PASE TOU PRE M. MEN LI PA FRAPE M. LI PA FE DEGA. LI PA FRAPE LOT FIDEL NONPLIS. LAVYEJ PAT PEMET SA FET. MESI LAVYEJ. VIV JEZU.
  23. TE GEN YON MADANM KI TE GEN POU L FE YON OPERASYON. MEN LI PAT FOUTI JWEN PAPYE YO TE BA LI POU L PRAN RANDEVOU POU OPERASYON AN MALGRE TOUT CHECHE LI CHECHE. SE KONSA LI DESIDE MONTE NAN CBNDF BWANEF VINI REMET BAY MANMAN FATOUTOU DOSYE MALADI A. SE KONSA MWEN TAP PASE AVEK SEN SAKREMAN. SAN MWEN PA MENM WE SA LI TOUCHE KE RAD MWEN, OB KI TE SOU MWEN AN. MENM LE A LI SANTI YON FRECHE NAN VANT LI. NAN MENM MOMAN GEN YON ANIMATE KARISMATIK KI BAY YON MESAJ. LI DEKLARE NAN MESAJ LA GEN YON DAM KI TA PRAL FE OPERASYON MEN JEZU FEK GERI L KOUNYE A. SE KONSA REYELMAN VRE DAM NAN JWEN GERIZON L JOU SA. LI BAY TEMWAYAJ LI. MESI JEZU. MESI MARI. GLWA POU BONDYE.
  24. TE GEN YON JEN GASON KI TE VINI LAPRIYE TOU KOKOBE. LI TE PRESKE FE YON BOUL. YOUN NAN KOLABORATE MWEN YO KI KON FE LIBERASYON EPI KI RENMEN SA TOU LAPRIYE ANPIL SOU TI KOKOBE A. EPI LI VIDE YON PAKET DLO BENIT SOU LI. KEK JOU APRE YON GRANM MATEN LI WE YON JEN GASON KAP SOTE PONPE DEVAN L. KOLABORATE M NAN KOURI DEYE L. LI DI GRANMATEN SA WAP VIN FE DEZOD LA. SE LE SA ATO LI REPON LI : »SANBLE OU PA REKONET MWEN. SE MWEN MENM TI KOKOBE OU TAP VIDE DLO BENIT SOU LI A ! ». LE LI FEN DI SA, LI REKOMANSE SOTE PONTE KON TI KABRIT. VIV JEZU. VIV FATOUTOU. GLWA POU BONDYE.
  25. MWEN KON PASE DETWA MWA AN MISYON OZETAZUNI. NAN MENM MOMAN KON GEN YON SECHRES NAN ZON BWANEF. LAPLI PA TONBE. ABITAN NAN ZON NAN KON DI : »KOU PE A RETOUNEN AP GEN LAPLI ». EPI SOUVAN SA FET VREMAN. GLWA POU BONDYE.
  26. TE GEN YON DYAKONES PWOTESTAN KI TE MALAD PRET POU MOURI. SANBLE SE FETICH YON LOT PASTE TE FE KONT LI. YO MENNEN L CBNDF BWANEF. LI TE MAL ANPIL. PAPA L AK MANMAN L SE TE PWOTESTAN TOU. YO TAP KRIYE. KOLABORATE MWEN YO FE 3 ZEDTAN AP LAPRIYE POU LI. LI REFE. LI GERI. EPI DYAKONES PWOTESTAN KI FEK GERI A DEKLARE : »PITIT MANMAN MARI PA JANM PEDI BATAY!!! »
  27. TE GEN YON BON ZANMI YOUN NAN KOLABORATRIS MWEN YO. LI TE VINI NAN YON VEY DE NWI. ZAFE L PAT BON. LI TE BESE TET LI. LI TAP KRIYE. LI TE GEN YON GWO DOULE TOU NAN VANT. YON DAM LI PA KONNEN PWOCHE KOTE L. LI TE GEN YON APARANS BYEN SENP. LI DI L RELE MYRIAM. LI DI MOUN MALAD LA SE POU L ALE LOPITAL BERNARD MEVS. FI A SEZI PASKE LI PAT KON MOUN NAN. LI EZITE. MYRIAM DI L KE LI GENYEN YON DOULE BO VANT LI. LE SA LI KWE L. MYRIAM BA L NIMEWO TELEFON LI. MYRIAM DI L LAP TAN LI LOPITAL LA. REYELMAN VRE LE LI RIVE LOPITAL LA LI JWEN MYRIAM MOUN KI TE VINI KOTE L NAN VEY DE NWI AN. YO FE EGZAMEN POU LI. MEN LI TE TWO FEB POU YO FE OPERASYON AN TOUTSWIT. YO DI L AL BYEN MANJE LAKAY LI. EPI LA TOUNEN NAN YON SEMEN. MENM MYRIAM SA FE YON GWO PWOVIZYON MANJE POU LI EPI LI PEYE MACHEN AL DEPOZE L LAKAY LI. LE LI TOUNEN LI JWEN MADANM NAN YON GRIMEL KAP TAN LI POU OPERASYON AN LOPITAL LA. TOUT BAGAY BYEN PASE. LE YO EGZEYATE L, MYRIAM FE YON DEZYEM PWOVIZYON POU L ALE LAKAY LI. APRE KEK TAN, LI FE YON KAT REMESIMAN POU L POTE BAY MYRIAM LOPITAL LA. YO REPON LI PA JANM GEN YON MOUN KI RELE MYRIAM KAP TRAVAY NAN LOPITAL SA ! KILES MYRIAM SA TE YE ? NON LAVYEJ MARI SE MYRIAM… GLWA POU BONDYE.
  28. MWEN DI BONDYE MESI POU YON PWOTEKSYON ESPESYAL LI BAN MWEN PANDAN TOUT VOYAJ MAP FE YO. PANDAN ETID MWEN AN EWOP MWEN TE PWOFITE POU M VOYAJE ANPIL. PASKE OU PA JWEN TOUT KONESANS NAN LIV. VOYAJ FE MOUN KONNEN ANPIL BAGAY. SE KONSA MWEN KON ACHTE YON « EURAIL PASS » POU 500 DOLA AMERIKEN KI PEMET MWEN VOYAJE AN PREMYE KLAS SAN REZEVASYON NAN NENPOT KI TREN AN EWOP POU NENPOT KI PEYI NAN NENPOT KI VIL LAJOUNEN KOU LANWIT. SE KONSA MWEN VOYAJE YON PAKET KOTE. MWEN DESIDE DESAN TREN AN NENPOT KI KOTE POU M VIZITE L EPI REPRAN YON LOT TREN POU M ALE YON LOT KOTE. LE MWEN RIVE NAN YON VIL MWEN METE BAGAJ MWEN YO NAN YON « LOCKER » KI GEN KLE NAN ESTASYON TREN AN EPI MWEN PRAN MACHE NAN VIL LA, VIZITE MIZE YO SITOU. SI MWEN GEN MOYEN MWEN MANJE NAN RESTORAN. OTREMAN MWEN ACHTE NENPOT MANJE BON MACHE NAN LARI A. PAFWA MWEN KON DOMI NAN YON TI HOTEL KI GEN TWALET AK DOUCH AK TI DEJENE. PAFWA TOU POU EKONOMIZE LAJAN VE 11H NAN ASWE MWEN PRAN YON LOT TREN. MWEN DOMI NAN KOUCHET TREN PREMYE KLAS YO GENYEN. MWEN PASE PLIZYE ED TAN AP VOYAJE LANWIT EPI DEMEN MATEN MWEN RIVE NAN YON LOT VIL OUBYEN YON LOT PEYI. LE SA MWEN MARE PASPO M AK TI KOB MWEN BYEN DI NAN POCH MWEN POU VOLE. PANDAN TOUT MONTE DESAN SA YO M FE POU KONT MWEN, M PA JANM MALAD, M PA JANM GEN MENM YON TI TET FE MAL. YO PA JANM VOLE AFE M. MWEN PA JANM PEDI. M PA JANM GEN OKEN AKSIDAN, OKEN PWOBLEM DITOU. MWEN SETEN SE GRAS A YON PWOTEKSYON ESPESYAL LAVYEJ MARI KI FE ANYEN MAL PA JANM RIVE M DITOU PANDAN TOUT MONTE DESAN SA YO NAN YON PAKET PEYI AK VIL MAP VIZITE POU KONT MWEN POU LA PREMYE FWA. MESI JEZU. MESI LAVYEJ.
  29. MWEN KON AL SOUVAN AN MISYON OZETAZINI. PAFWA SE YON KIRE PAWAS MWEN AL RANPLASE POU YOUN OU DE MWA. PAFWA SE VAKANS MWEN AL PASE. MWEN TE TOUJOU GEN NOSTALJI VOYAJ MWEN TE KON FE NAN TREN YO AN EWOP. E SE KONSA POU M KONBLE NOSTALJI A EPI POU M KAPAB KONNEN ETAZINI PI BYEN, MWEN TE RENMEN MONTE YON TREN YO RELE AMTRACK POU MWEN FE MIAMI/NEW-YORK. KONSA TREN AN RETE NAN ESTASYON PLIZYE VIL. MWEN WE SOU WOUT TREN AN LARIVYE, LETAN, JADEN, ETA YO,VILAJ AK VIL. MWEN KON KITE MIAMI VE 7H NAN MATEN EPI MWEN RIVE NEW-YORK NAN PENN STATION YON JOU APRE NAN MATEN. MWEN KON PRAN TREN AN TOU APATI NEW-YORK NAN APREMIDI EPI M RIVE MIAMI YON JOU APRE NAN APREMIDI. LE SA MWEN FE TOUT NWIT LA AP VOYAJE. NAN TREN AN OU JWEN KABAN POU W KOUCHE, KAFE, GLAS, DLO, TWALET AK DOUCH PRIVE, FENET BYEN LAJ POU W FE FOTO. GEN RESTORAN TOU, BAR, SAL DETANT KOTE PLIZYE MOUN RANKONTRE POU PALE, JWE KAT, DOMINO, KOUTE MIZIK. MWEN FE SA PLIZYE FWA. M TE RENMEN ANBYANS SA ANPIL. MWEN DI BONDYE MESI PANDAN TOUT VOYAJ SA YO NAN TREN AMTRACK ANYEN MAL PA JANM RIVE M. BONDYE TE TOUJOU VOYE YON ZANJ GADYEN POU VOYAJE AK MWEN. GLWA POU BONDYE…
  30. MWEN TE BEZWEN VOYAJE ATRAVE ETAZINI POU M KA KONNEN PEYI A PI BYEN. SE KONSA MWEN PRAL VOYAJE PANDAN 21 JOU SAN RETE NAN TOUT PEYI A. DEPI MIAMI MWEN PRAN OTOBUS YO RELE « GREYHOUND » YO. MWEN PRAN DIREKSYON CALIFORNIE. SOTI BO LANME ATLANTIK POU RIVE LANME PASIFIK. OU TE GEN DWA RETE NAN NENPOT ESTASYON YON VIL EPI PRAN YON LOT OTOBUS GREYHOUND POU KONTINYE VOYAJ LA. ETAZINI SE YON PEYI VREMAN VAS. PANDAN PLIZYE KILOMET WAP TRAVESE PLANTASYON TOUT KALITE. GEN LE SE PLENN OUBYEN DEZE NET ALE. MWEN TRAVESE PLIZYE « STATE ». MWEN VIZITE PLIZYE VIL KOU WE LAS VEGAS, LOS ANGELES, SAN DIEGO, FRANCISCO…LAS VEGAS TE CHAJE AK KAZINO RANPLI AK LIMYE. APRE SA, APATI CALIFORNIE MWEN LONJE KOT LANME PASIFIK POU M RIVE JIS SEATTLE. APRE SA TOUJOU MWEN TRAVESE MITAN ETAZINI, TOUT MIDWEST LA AN PASAN PA CHICAGO. ANFEN APATI NEW-YORK MWEN RETOUNEN MIAMI TOUJOU AVEK OTOBUS GREYHOUND. MWEN DOMI NAN HOTEL. MWEN VIZITE JISKASKE PYE M KALE. MWEN ALE NAN MIZE YO. SE KOMSI M TE KONNEN YON JOU MWEN TAP MONTE YON MIZE NAN SANT BIBLIK FATIMA BWANEF. PANDAN TOUT VOYAJ SA YO, MWEN PA JANM GEN OKEN PWOBLEM SANTE OU LOT PWOBLEM. YON BAGAY KI TA GRAV SI M TE MALAD PASKE MWEN TE POU KONT MWEN EPI PESON PA TAP KONNEN KOTE M YE. MWEN DI BONDYE MESI YON LOT FWA ANKO POU PWOTEKSYON LI TOUJOU BAN MWEN PANDAN TOUT VOYAJ SA YO.
  31. MWEN JWEN AYITI YON CHAPLE M TE PEDI NAN YON TREN STAMFORD.
    PANDAN YON PELERINAJ MWEN TE FE AK YON GWOUP MEDUGORJE NAN PEYI YOUGOSLAVI JACOB COLO YOUN NAN TIMOUN KI TE KON WE LAVYEJ MARI CHAK JOU A TE FE M KADO YON TI CHAPLE ESPESYAL. MWEN TE KONSIDERE CHAPLE SA KON 2 GREN JE NAN TET MWEN. M TOUJOU POTE L SOU MWEN. YON JOU PANDAN MWEN SOTI NEW-YORK POU M ALE STAMFORD, CONNECTICUT MWEN TAP LAPRIYE AK CHAPLE A. LE M FINI MWEN FOURE L NAN POCH GWO MANTO MWEN TE METE SOU MWEN AN POU FREDU. MEN MWEN PAT KONNEN SI TE GEN YON TWOU NAN POCH MANTO A. SE KONSA CHAPLE A GLISE NAN TWOU A EPI LI TONBE NAN TREN AN SAN M PAT KONNEN. LE MWEN DESAN SOU PLATFOM ESTASYON TREN AN SE LE SA MWEN KONSTATE KE CHAPLE A RETE NAN TREN AN KI TE GEN TAN DERAPE. MWEN SWIV TREN AN AK JE MWEN JISKASKE LI DISPARET. SE TE YON KOUT PONYA POU MWEN. SA TE FE M MAL ANPIL. SE TE YON JA LAJAN MWEN PEDU. KEK SEMEN APRE MWEN RETOUNEN AYITI. MALET MWEN NAN MENM MWEN LOUVRI POT CHANM MWEN A LETAJ NAN PAWAS SAKRE-KE. SIPRIZ ! MWEN WE CHAPLE A KAP GADE M SOU PWENT BIWO M NAN. SE PREMYE BAGAY JE M TONBE SOU LI LE MWEN GADE CHANM NAN. BIWO TE CHAJE AK TOUT KALITE TYANPAN YOUN SOU LOT. EPOUTON MWEN WE CHAPLE A NAN TI PENT BIWO YON TI KOTE BYEN NETOYE POU KONT LI. KIJAN MWEN FE PEDU YON CHAPLE NAN YON TREN ETAZUNI EPI MWEN JWEN LI JIS AYITI NAN CHANM MWEN KI TE FEMEN PASE PLIZYE SEMEN ??? PA POZE M KESYON ! AL POZE FATOUTOU KESYON !!!
    32. GEN ANPIL ANPIL LOT MEVEY BONDYE FE NAN LAVI MWEN. GEN ANPIL LOT FENOMEN ETRANJ KI PASE PANDAN MWEN TE PAWAS SAKRE KE TUJO AK NAN CBNDF BWANEF. YON LOT FWA MA RAKONTE YO. GENYEN MWEN PAP PIBLIYE YO KOUNYE A. PASKE SETEN MOUN KI TE AKTE EVENMAN SA YO, KI TAP PESEKITE M, YO LA TOUJOU. YAP BYEN MENNEN. YAP BYEN PASE NAN LEGLIZ LA. AN APARANS !!! YO GEN PLAS DONE. MWEN LAPRIYE POU KONVESYON YO. GEN BAGAY KI KAPAB PIBLIYE SELMAN LE MWEN PA SOU TE ANKO (A TITRE POSTHUME).

DENYE JOU MWEN NAN PAWAS SAKRE KE

NAN MWA OUT 2004 APRE ANVIWON 7 LANE EDMI MWEN TA PRAL KITE PAWAS SAKRE KE. SIKONSTANS DEPA SA TA PRAL YON GWO SOUS SOUFRANS POU MWEN AK FIDEL MWEN YO. MEN KOM DABITUD LAVYEJ MARI TOUJOU ASISTE M NAN MOMAN DIFISIL YO POU KONSOLE MWEN EPI CHANJE TOUT MAL AN BYEN. PANDAN MWEN TE MIAMI NAN YON ESPES EGZIL FOSE, MWEN RESEVWA YON LET  SIPERYE MWEN POU AVETI M KE MWEN PA RESPONSAB PAWAS SAKRE KE ANKO SAN YO PA DI M NAN KI LOT PAWAS MWEN PRALE. JENERALMAN DAPRE REGLEMAN LEGLIZ LA YON PE PASE 6 LANE NAN YON PAWAS EPI YO GEN DWA REDOUBLE L POU YON LOT 6 LANE. MEN DE TOUT FASON PE A SIPOZE GENYEN YON NOMINASYON POU YON LOT KOTE. MWEN AKSEPTE DESIZYON OTORITE LEGLIZ YO SAN MANDE ESPLIKASYON. MWEN REMET TOUT BAGAY BAY LAVYEJ MARI. SELMAN M SONJE NAN LET M TE VOYE BAY YOUN LADAN YO, MWEN TE AVETI L SOU JIJMAN BONDYE LIMENM KI KONNEN POU KI VRE REZON NOU AJI TEL OU TEL FASON.

PANDAN TAN SA FIDEL YO TE ALAME. YO FE PRIYE SOU PRIYE. LE M TOUNEN AN AYITI MWEN ESEYE JANM KAPAB MINIMIZE EVENMAN, BA YO TOUT KALITE REZON POU APEZE YO. MEN YO MENM YO TE KONPRAN TOUT BAGAY. YO TE GEN KEK ENFOMASYON MWEN MENM M PAT CHECHE KONNEN. JEZU TE METE NAN KE M POU M AKSEPTE NENPOT KI DESIZYON OTORITE YO MENM SI MWEN PA DAKO AK YO. SE SA MWEN FE. REYELMAN VRE JEZU TA PRAL VIRE TOUT BAGAY AN FAVE MWEN KEK TAN APRE.

PANDAN TAN SA SAN MWEN POTKO KITE PAWAS SAKRE KE 25 LANE ODINASYON SASEDOTAL MWEN RIVE. SE TE NOU 4 PE KI TE SAKRE MENM JOU A 30 JUIN 1979 : PE ANDRE PIERRE, PE ROGER PIERRE, PE CALIXTE HILAIRE. NOU FE 3 SELEBRASYON POU KOMEMORE EVENMAN SA YOUN NAN PAWAS MONKAMEL FONTAMARA KOTE PE ROGER PIERRE TE KIRE. NOU FE YON DEZYEM MES AK RESEPSYON NAN GRAN SEMINE TUJO KOTE PE ANDRE PIERRE AK MWEN MENM TE PWOFESE PANDAN PLIZYE ANE. ANFEN NOU TE GEN YON TWAZYEM SELEBRASYON AK RESEPSYON NAN PAWAS DIVEN MIZERIKOD PE CALIXTE HILAIRE TE KIRE/FONDATE. NAN FEN SEREMONI AN YO BAY PE ANDRE, PE CALIXTE AK PE ROGER NOMINASYON YO. MWEN MENM YO PA DI M ANYEN. FIDEL YO TAP MANDE : »E PE CAMPION KOTE L PRALE ? KI KOTE NAP JWEN LI ? » OKEN REPONS. SE TE YON CHOK POU MWEN. PASKE 25 LANE SASEDOS SE PA 25 JOU ! NAN TOUT PEYI SE YON OKAZYON POU REMESYE EPI ANKOURAJE YON PE POU TRAVAY LI FE. EPI SA TE FET DEVAN YON PIBLIK ETRANJE. SE PAT FIDEL MWEN YO KI TE LA. MWEN TE CHOKE. SAN MWEN PA MENM TAN RESEPSYON AK TOUT CHASIB MWEN SOU DO M MWEN RETOUNEN TOU DWAT NAN GRAN SEMINE KOTE M TE TOUJOU ABITE. MWEN TE SANTI M BLESE, IMILYE POU YON BAGAY KONSA KI RIVE MENM JOU MAP FETE 25 LANE DEPI M PE. MEN KOM DABITUD MWEN REMET LAVYEJ MARI TOUT BAGAY. E LI TA PRAL RANJE SA. LI TA PRAL LEVE TET MWEN. LI TA PRAL PASE MEN SOU TET MWEN. LI KONNEN JAN MWEN RENMEN L, JAN MWEN TAP SEVI L AK YON KE SENSE. LAVYEJ MARI TA PRAL RANJE TOUT BAGAY POU MWEN.

PANDAN TAN SA, DEMENAJMAN NAN SAKRE KE TE POZE PWOBLEM POU MWEN PASKE YO PAT BAN MWEN OKEN LOT PAWAS POU MWEN ALE. KISA MAP FE AK TOUT BAGAJ MWEN YO ??? LE MOMAN DEMENAJMAN RIVE, YON FIDEL PAWAS LA KI TE ELEV MWEN LONTAN NAN LEKOL FI LASAJES YO PARET KONSA SAN ATAN AK YON PICK-UP. LI MANDE M SI LI KAPAB EDE M, SI MWEN GEN KEK BAGAY LI KAPAB TRANSPOTE POU MWEN EPI METE L LAKAY LI PWOVISWAMAN PASKE LI GEN PLAS LAKAY LI. MWEN WE SE LAPWOVIDANS DIVEN KI TE VOYE L NAN MOMAN SA. APRE SA MWEN TE GEN YON PAKET PLANT MWEN TAP PREPARE KOM PEPINYE POU SANT BIBLIK FATIMA NAN BWANEF. TE GEN YON KANTITE NAN LAKOU SAKRE KE A. TE GEN YON KANTITE TOU NAN LAKOU GRAN SEMINE TUJO KOTE M PASE ANVIWON 18 LANE KOM PWOFESE LABIB. MENM ANSYEN ELEV SA PRAN KANTITE PLANT KI TE NAN LAKOU SAKRE KE A. LI DI M LI RENMEN PLANT EPI LI GEN YON JADINYE. PWOVIDANS DIVEN ! MALCHANS POU MWEN, MENM JOU A RESPONSAB GRAN SEMINE TUJO AVETI M POU RETIRE PLANT YO NAN LAKOU GRAN SEMINE A. YON LOT KOUT KOUTO POU MWEN. MEN MWEN KONEN LE WAP SEVI BONDYE FOK GEN SOUFRANS. MEN LAVYEJ MARI PAT JANM LAGE PITIT LI. LI EDE M REZOUD PWOBLEM SA TOU.

KOUNYE A MWEN PA GEN PAWAS SAKRE KE ANKO. MWEN PA GEN LOT NOMINASYON NONPLIS. MWEN TE KOU WE YON RONALDO OUBYEN LEO MESI KI PA JWEN TEREN FOOTBAL POU L WOULE BALON. GEN KEK KONFRE MWEN TE KON EDE LE M TE KIRE PAWAS SAKRE KE KI RALE KO YO SOU MWEN. SE KOMSI MWEN TE GEN LAPES. PANDAN TAN SA PE ADRIEN VIL LOUVRI PAWAS SENT ANN BAN MWEN. PE ADRIEN AVE M NOU TE PASE 3 LANE ANSANM NAN MENM KOLEJ COLLEGIO SAN PAOLO NAN VIL WOM ITALI. PREMYE JOU MWEN ALE SELEBRE LAMES SENT ANN TOUT FIDEL SAKRE YO SWIV MWEN. TE GEN YON FOUL IMANS. DEZYEM SEMEN NAN MENM BAGAY.  TOUJOU FOUL MOUN. TWAZYEM SEMEN NAN GEN ESPYON KI VINI. APRE SA GEN YON OTORITE LEGLIZ LA KI DEFAN PE ADRIEN VIL RESEVWA M. LI REPON YO LI KON PE CAMPION DEPI LONTAN. LI KON KI TRAVAY LAP FE. LI PA KAPAB FEMEN POT LEGLIZ LA POU LI. LI TE GEN ANPIL KOURAJ POU FE SA. PASKE YO TE KAPAB RETIRE L. MWEN PA JANM BLIYE BRAVOU PE ADRIEN VIL AK FIDELITE L AVEK YON ANSYEN ZANMI, YON KONFRE KI TE FE YON BOUT CHEMEN AK LI DEPI GRAN SEMINE PASE PA KATEDRAL POTOPRENS AVEK KORAL NATIVITE KE L TE FONDE EPI MWEN KON APRAN YO KEK CHANTE. SE POU BONDYE REKONPANSE PE ADRIEN VIL KOTE L YE A. R.I.P. ! APRE SA GEN MENAS. YO MENASE POU YO BOULE LEGLIZ LA SI M KONTINYE VINI. LE SA MWEN MENM PRAN DESIZYON POU M PA METE PYE M LEGLIZ SENT ANN ANKO POU YO PA BOULE LEGLIZ LA AK TOUT MOUN KI LADAN. PASKE MWEN SONJE YO TE BOULE ANSYEN KATEDRAL POTOPRENS, YON PATI NAN ACHEVECHE POTOPRENS EPI YO TE DECHOUKE NONSYATU APOSTOLIK, BAT SEKRETE NONS LA BYEN BAT, PWOFANE LOSTI KI TE NAN TI CHAPEL ACHEVECHE A. KONSA POU PWOTEKSYON BYEN LEGLIZ LA, POU PWOTEKSYON FIDEL YO MWEN RALE KO M. MENM SI M TE KONNEN PESON MOUN PA KAPAB FE M ANYEN PASKE MWEN TE GEN LAVYEJ MARI KOM BWA DEYE BANNAN MWEN !

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre