10 Chapit 10 : SANT BIBLIK NOTRE DAM FATIMA BWANEF

FASON MWEN JWEN TEREN BWANEF LA

LE M TE KIRE PAWAS SAKRE KE, MWEN TE OGANIZE SOU NON CBNDF 9 PELERINAJ SOU YON TI TEREN ANVIWON 2 KAWO TE CARADEUX. MWEN TE JWEN ANPIL PESEKISYON. NEG AK ZAM NAN MACHEN SAN PLAK VINI DEYE M. MEN LAVYEJ TE TOUJOU AVETI M POU M OGANIZE PELERINAJ YO MEN PAFWA POU M PA ALE. APRE SA YO ANVAYI TEREN AN. NAN MWENS PASE YON MWA YO GEN TAN BATI YON PAKET KAY. YON JOU KONSA MWEN FE YON LAPRIYE ESPESYAL : MWEN DI TOUT KAY KI BATI SOU TEREN AN LAP RETE KONSA LAP KRAZE, TONBE PLAT ATE. SA PRAL RIVE VREMAN. YON JOU TOUT KAY KI TE BATI SOU TEREN AN TONBE PLAT ATE SAN PA GEN TRANBLEMAN TE. E LOT KAY KI TE ANFAS TEREN M NAN TOU PRE PA GEN ANYEN.

AKOZ PESEKISYON SA YO, MWEN TAP CHECHE YON LOT TEREN POU CBNDF, MWEN ALE PLIZYE KOTE. SE MARIE RAYMOND ALE JIS NAN SID AVEK MWEN POU N CHECHE TEREN. MWEN PASE PLIZYE MWA AP CHECHE TEREN TOUPATOU NAN PEYI A. MEN LAVYEJ TE GEN TAN REZOUD PWOBLEM NAN. LAVYEJ TE GEN TAN REZEVE YON TEREN POU MWEN SAN M PAT KONEN. SE KONSA YON JOU YON MOUN VIN DI M LI GEN YON TEREN BWANEF. SAN REFLECHI MWEN DI L BWANEF TWO LWEN. LI ENSISTE. KONSA YON JOU DIMANCH LI MENNEN M SOU TEREN AN BWANEF. DEPI M WE TEREN AN, MWEN WE SE LI LAVYEJ TE CHWAZI. LI TE VAS ANPIL, ANFAS LANME, AKOTE LETAN BWANEF. PA DEYE SE TE MON MATHEUX. LI TE ANWO TET YON MON. TET MON NAN TE PLAT NET. LI TE FE FRE. OU GEN ENPRESYON OU TE KA TOUCHE SYEL LA. SE TE YON PARADI TERES. MWEN AP REFLECHI NAN TET MWEN POUKISA DEPI AYITI EGZISTE PASE PLIS 200 LANE YO PAT GEN TAN FE DAPPIYANP SOU TEREN AN. MEN LAVYEJ MARI TE GEN TAN REZEVE L POU CBNDF. LE MAP KONPARE TEREN BWANEF LA AK TEREN CARADEUX A SE KOMSI MWEN TE PEDI YON PLAT MAYMOULEN POU YON TAB GANI. NAN LAVI A YON MOUN PA BEZWEN FATIGE KO W, LAVYEJ AP REGLE TOUT BAGAY POU OU.

LE MWEN AL KAY NOTE A POU M REGLE PAPYE TEREN AN, LAVYEJ TE REZEVE YON LOT SIPRIZ POU MWEN. NOTE A PAT KONNEN M E MWEN PAT KONNEN N. LE M RIVE NAN BIWO L TE GEN LOT KLIYAN. LE LI RIVE SOU MWEN LI MANDE M PRENON M. MWEN DI L « JULES ». LI MANDE M NON FANMI MWEN. M REPON LI : »CAMPION ». LI LEVE TET LI. LI YON TI JAN SEZI. LI MANDE M « ESKE W KON PE CAMPION? ». MWEN REPON LI SE MWEN KI PE CAMPION AN. MENM LE A LI CHANJE KONPOTMAN. LI ESKIZE LOT KLIYAN YO. LI MENNEN M NAN YON CHANM APA. LI FE YO SEVI M KAFE. LI DI M LI GEN YON PITIT LI CHICAGO KI FANATIK MWEN, KI TOUJOU AL NAN SESYON M YO. PASKE LI TE TRE MALAD PRET POU MOURI EPI JEZI PASE PA MWEN MENM POU L GERI L. MWEN PA SONJE EPIZOD SA. MEN MWEN KON AL PLIZYE FWA CHICAGO FE MINISTE. DEPI PLIZYE ANE ANVAN, LAVYEJ TAP PREPARE TEREN AN POU MWEN. SE KONSA NOTE A BYEN CHOFE. LI DI M MWEN PA BEZWEN DERANJE M PASKE MWEN TE KIRE SAKRE KE. LAP REGLE TOUT PAPYE YO POU MWEN. REYELMAN VRE LI FE SA RAPID RAPID. LI POTE PAPYE YO POU MWEN NAN PAWAS SAKRE KE. LE MWEN MANDE L KONBYEN MWEN DWE L. DLO SOTI NAN JE L. LI DI M « PE CAMPION OU SOVE LAVI PITIT MWEN EPI WAP VEN MANDE M KONBYEN W DWE ». SE KONSA LI FE TOUT BAGAY POU MWEN GRATIS TI CHERI. MIRAK LAVYEJ. MIRAK FATOUTOU. LAPWOVIDANS DIVEN. GLWA POU BONDYE.

PANDAN LONTAN AKOZ PESEKISYON MWEN TE GEN POU PELERINAJ CARADEUX MWEN KENBE TEREN BWANEF LA SEKRE. MWEN PAT KITE PESON KONNEN SA NI MONTE BWANEF. MWEN TE PASE GADYEN AN LOD POU L PA RESEVWA PESON. SA DIRE ANVIWON TWA LANE. APRE SA TOUT BAGAY VEN KALM. PASKE NAN PWEN FE CHO KI PA FRET. NAN PWEN LET KI MONTE POU L PA DESAN. E SE KONSA APRE KEK TAN MWEN CHWAZI YON EKIP JEN MOUN KI TE DJANM NAN LAPRIYE POU YO AL LAPRIYE SOU TEREN AN POU PREPARE PELERINAJ KI TE GEN POU FET YON JOU. LE SA PAT GEN OKEN PYEBWA SOU TEREN AN. LI TE CHAJE AK ZEB WOTE YON PLAFON. A TWA MET DISTANS OU PAT KAPAB WE MOUN KI DEVAN W NAN. PAT GEN OKEN WOUT NONPLIS. LI TE TOTALMAN VYEJ.

PREMYE KONSTRIKSYON YO NAN CBNDF BWANEF

PREMYE KONSTRIKSYON MWEN FE NAN CBNDF BWANEF SE MIRAY FASAD LA. MWEN TE FE L DEPI LE M TE KIRE PAWAS SAKRE KE. SE YON ANSYEN ELEV MWEN JOHANNE DESSAINT KI TE ETIDYE ACHITEKTI NAN PEYI LAFRANS KI TE FE PLAN KLOTI FASAD LA. LI TE TRAVAY AVEK YON KONPAYI KI TE GEN YON BLAN FRANSE ALATET LI. LI FE ETID TOUT PWOJE CBNDF NAN. LI DESINE EPI KONSTWI MIRAY FASAD LA. POUTET SA LI TE OBLIJE BATI YON TI KAY KI SEVI DEPO. DEZYEM KONSTRIKSYON MWEN FE NAN CBNDF BWANEF SE WOUT LA. SE YON KONPAYI YO RELE « ROUTES ET PONTS » KI TE FE L. YO TE EGZAMINE KOTE KI TE PI APWOPRIYE POU TRASE WOUT LA. KEK ANE APRE YON LOT PATIKILYE FE KANALIZASYON EPI METE YON KOUCH BETON BYEN SOLID SOU YON BON PATI WOUT LA. MWEN TE PLANTE YON PAKET PYE FLANBOYAN TOU LE DE BO WOUT LA DEPI ANVAN PYE MON NAN. SE POUTET SA MWEN TE RELE WOUT LA « AVENI FLANBOYAN ». SE AN SOUVNI YON PWOFESI YON PE KANADYEN KI RELE PE REGIMBALD TE FE SOU AYITI PLIZYE ANE ANVAN SA.

ANVAN LOT KONSTRIKSYON FET MWEN ACHTE KONTENE NAN MEN KOUZEN M NAN ERNST PHILIPPE  POU M FE MONTE SOU TET MON NAN. PREMYE KONTENE 40 PYE KI MONTE A SE TE YON EVENMAN. TOUT MOUN TE KANPE SOU 2 RAN POU WE ESPEKTAK SA. SE NAN KONTENE SA MWEN FE PREMYE MES. MWEN TE METE YON GWO ESTATI PEPETYEL SEKOU YON ATIS AYISYEN TE FE POU MWEN. EPI MWEN RELE L « CHAPEL PEPETYEL SEKOU ». MWEN TE MANDE LAVYEJ ESKIZ PASKE MWEN TE METE L NAN YON KONTENE. LE SA MWEN KON FE ALE VINI ANT PAWAS SAKRE KE EPI CBNDF BWANEF. APRE PREMYE MES LA PANDAN NAP DESAN MON NAN, SOLEY LA PRAN DANSE. SE TE YON SIY POU MWEN KE LAVYEJ TE PREZAN SOU TEREN AN. DAYE PANDAN MWEN TE KITE PWOJE CBNDF BWANEF LA KOM YON SEKRE POU EVITE PESEKISYON MWEN TE GENYEN SOU TEREN CARADEUX AN EPI MWEN PAT JANM KITE PESON VIZITE L, MWEN TE GEN YON ZANMI KAP VIV NAN DYASPORA KI PAT OKOURAN DITOU PWOJE CBNDF BWANEF LA EPI LI DESINE YON TABLO DAPRE YON VIZYON LI TE GENYEN. TABLO SA KORESPON EGZAKTEMAN AK POZISYON TEREN CBNDF BWANEF LA. LI WE TET MON. LI WE LANME. MWEN GEN TABLO SA TOUJOU. SE TE YON KONFIMASYON POU MWEN KE SE TEREN SA LAVYEJ TE CHWAZI.

APRE PREMYE KONTENE A MWEN FE MONTE PLIZYE LOT KI SEVI POU ABITASYON EPI DEPO. KEK SEMEN ANVAN TRANBLEMAN TE 12 JANVYE 2010 MWEN ACHTE 4 KONTENE 40 PYE POU PIYAY NAN MEN YON KONFRE SALESYEN. YO TA PRAL SEVI M POU M METE TOUT BATAKLAN MWEN TE GENYEN NAN KAY LAPRIYE DELMA 41 KI TE KRAZE. APRE SA YO FE M KADO 2 LOT KONTENE 20 PYE TOU NEF POU M METE MATERYO. GEN YOUN KI SEVI KOM BOUTIK ATIK RELIJYE CAROLE FRANCOIS RESPONSAB. GEN 2 LOT MWEN TE BAY ACHTE MEN MOUN NAN SEVI AK KOB LA SAN LI PA ACHTE YO. AKTYELMAN GEN 12 KONTENE SOU TET MON NAN. GEN 2 KONTENE MWEN TA PRAL SEVI KOM KWIZEN AK CHANM AKOUCHE KE MWEN ENSERE ANDAN HOTEL FATIMA.

APRE KONTENE YO, MWEN KOMANSE BATI PLIZYE KAY AN TOL. MWEN TE PE BETON AKOZ DEGA BETON TE FE 12 JANVYE 2010. EPI MWEN PAT GEN MOYEN NONPLIS POU BATI KAY AN BETON. PREMYE KAY TOL LA MWEN TE RELE L « BAZILIK ». SE TE YON PWOLONJMAN KONTENE A. FIDEL YO TE KON RASANBLE LADAN POU LAPRIYE. DEZYEM KAY TOL MWEN FE KONSTWI SE « KAY TOUT SEN YO ». SE MADAN LEONCE KI TE BAN MWEN BOS POU FE L. APRE SA MWEN FE KONSTWI KAY SAKRE-KE, KAY SENT KLE AK KAY SEN MICHEL. YO PRAL SEVI ABITASYON. KEK ANE APRE MWEN BATI YON KAY TOU LONG POU AKEYI VIZITE. MWEN RELE L « WOZ MISTIK ».  APRE SA MWEN BATI TOUJOU AN TOL YON BAR AK YON KWIZEN AK 3 LOT TI KAY KI LONJE MIRAY FASAD TEREN AN PA ANNDAN.

APRE KAY REZIDANS SA YO, MWEN KOMANSE BATI PLIZYE ORATWA. PASKE MWEN KON WE NAN SANT PELERINAJ ALETRANJE YO, KON GEN DIFERAN GWOUP DIFERAN LANG KI KON AP DI LAMES AN MENM TAN. MWEN TE KONNEN YON JOU SA TE KA RIVE TOU POU CBNDF BWANEF. SE POUTET SA MWEN BATI SOU TOUT TEREN AN PLIZYE ORATWA AN TOL SIZOKA TE KA GEN DIFERAN GWOUP KI TA VLE LAPRIYE AN MENM TAN. SE KONSA MWEN BATI ORATWA GABRIEL, ORATWA SEN MICHEL, ORATWA SEN PYE AK SEN POL EPI ORATWA SEN JOZEF. ORATWA SEN JOZEF LA SE TE YON KADO FIDEL PAWAS SEN JOZEF NAN EPOK PE FRANTZ PRICE TE KIRE PAWAS SEN JOZEF POTOPRENS. MWEN KONSTWI TOU 3 ORATWA ANFOM CHOUKOUNET : ORATWA FATIMA, ORATWA LAKARIDAD, ORATWA SEN VENSAN POL.

KEK TAN APRE 12 JANVYE 2010 MWEN KOMANSE BATI HOTEL FATIMA SOU PATI KI PI WO SOU TET MON NAN. TOUT KONSTRIKSYON SA YO SE MWEN KI TRASE PLAN YO AVEK FISEL EPI NAPKING. INJENYE YO DI M YO PA KWOCHI ! LAVYEJ ENSPIRE M ANPIL BAGAY. PLIZYE ANE APRE GEN YON MOUN KI EDE M AMELYORE HOTEL FATIMA. NAN ANE 2020 YON MOUN KONSTWI YON BEL KLOTU AVEK 3 BARYE POU METE SEKIRITE NAN HOTEL FATIMA. LE MWEN TE KOMANSE KONSTWI HOTEL FATIMA TOUTSWIT APRE TRANBLEMAN TE A, MWEN TE CHECHE TOUT BOUT FE MWEN TE JWEN NAN RAJE KOM MATERYO. MWEN JWEN BOS JACKSON KI KOLE PYESE POU METE HOTEL LA SOU PYE. SE LADAN MWEN RESEVWA VIZITE KI DE PASAJ AVEK PE KI KON VINI EDE M SITOU LE KONGRE AK LE FET FATIMA YO (13 ME AK 13 OKTOB).

 

LOT KONSTRIKSYON SOU TET MON CBNDF 

 

SAL JAN POL 2, SAL PYE TOUSEN, SAKRISTI, SAL POU MANJE, BAR, ANGA, MUZE, CHAPEL FATOUTOU, ORATWA SAKRE KE, NOUVEL LEGLIZ, PODYOM,SENT MAT, GWOT LAVYEJ, ALE SENT, ESKALYE SEN, PWI ATEZYEN, SITEN, AMENAJMAN TEREN AN.

TI KAL PA TI KAL MWEN METE SOU PYE LOT KONSTRIKSYON NAN CBNDF. MWEN KONSTWI SAL JAN POL 2 KI TE SEVI KOM CHAPEL APRE SA KOM DOTWA LE KONGRE YO. TE GEN SAL PYE TOUSEN. MWEN METE YON SAKRISTI. ANDAN TEREN AN MWEN FE KONSTWI YON GWO SAL POU MANJE AVEK YON BAR PA DEYE. PAMI GWO KONSTRIKSYON YO GEN SENT MAT KI FINI A 70%. SE LADAN MWEN RESEVWA PI FO MOUN LE GEN KONGRE YO. LI GEN 26 CHANM AKOUCHE. KONPAYI KONSTRIKSYON DUMEX KAP BATI LEGLIZ SAKRE TUJO KI TE KRAZE PANDAN TRANBLEMAN TE 12 JANVYE 2010 KONSTWI YON BEL GWOT SOU TEREN CBNDF LA NAN LANE 2006 NAN OKAZYON 100 LANE APARISYON FATIMA. NOU DI YO MESI. GWOT SA VREMAN BEL.

NOU BATI YON ESKALYE SEN 28 MACH AN SOUVNI ESKALYE JEZI TE MONTE VANDREDI SEN LE PONS PILAT TAP JIJE L. GEN TOU 2 ALE SENT MOUN YO FE SOU 2 JENOU YO KOM PENITANS. PANDAN MWEN TE ALETRANJE GEN YON MOUN KI FE M YON SIPRIZ LI FE YON TI PODYOM AK 2 ANGA. APRE SA MWEN PWOLONJE ANGA SA PANDAN 2 FWA EPI MWEN METE LOT ANGA. APRE SA MWEN BARE ANGA SA YO. MWEN FE L TOUNEN YON ESPES LEGLIZ AK YON TI CHAPEL PA DEYE AN SOUVNI PAULA CAMPION SE M NAN KI TE MOURI. MWEN RELE L CHAPEL FATOUTOU. NAN YON PATI ANGA YO MWEN FE YON MUZE RELIJYE KI GEN DIVES SEKSYON SOU LAVYEJ, JEZI, SEN YO, LITIJI, LAKREYASYON SITOU PLANT AK ZANNIMO.

DEPI M TE KIRE PAWAS SAKRE KE MWEN TE JWEN MOUN EDE M ACHTE PLIZYE ESTATI. GENYEN KI MENM  WOTE AK YON MOUN. PAFWA MENM PI GRAN. GENYEN TOU YON GWO GWO KWA. APRE SA NOU GEN ESTATI PADRE PIO, SENT BARBARA, SENT ANN, NOTRE DAME LAPWOVIDANS, SAKRE KE, NOTRE DAME DE GRACE, NOTRE DAME LA CARIDAD, NOTRE DAME FATIMA, SEN PYE, SEN POL, JEZI NAN TONBO, JEZI FLAJELE, N-D PEPETYEL SEKOU, SEN VENSAN POL AK YON PAKET LOT MOYEN ESTATI, DIVEN MIZERIKOD. NOU AMENAJE TEREN AN KI TRE VAS POU METE TOUT ESTATI SA YO. GEN BAN BETON ANBA PYE BWA YO KOTE NOU METE SETEN ESTATI. GEN GWO POSTE TOU AVEK FOTO SEN LEGLIZ YO. NOU TRASE PLIZYE TI WOUT NAN MITAN PYE BWA YO POU PEMET PELEREN YO LAPRIYE PI BYEN DEVAN DIFERAN ESTATI AK POSTE SEN SA YO. ANFEN NOU JWEN MOUN EDE NOU FOUYE YON PWI ATEZYEN ANBA PYE MON AVEK YON GWO PONP POU FE DLO A MONTE. NOU KONSTWI YON REZEVWA POU METE DLO YO. EPI YON GWO MOTE RALE DLO A DEPI SOT NAN PWI ATEZYEN ANBA MON NAN POU RANPLI SITEN NAN. NOU SEVI TOU AK DLO LAPLI.

 

LAVI NAN CBNDF APRE TRANBLEMAN TE 12 JANVYE 2010

 

MWEN RIVE 14 JANVYE 2010 NAN CBNDF BWANEF POU M RETE NET ALE. OKOMANSMAN MWEN TE GEN SELMAN STAFF KAY LAPRIYE DELMA 41 AVEK MWEN : ANATAIN GRAND PIERRE, MARIE FRANCE, CAROLE FRANCOIS, JOSAPHAT SOUVERAIN, MICANOR JEAN DENIS. APRE SA PLIZYE MOUN KI TE GEN KAY YO KRAZE VINI JWEN NOU. SE KONSA MWEN RIVE PRESKE GEN ANVIWON 50 MOUN AVEK MWEN. YO PRAL PASE PLIZYE MWA. LAPOWVIDANS DIVEN PEMET MWEN JWEN MANJE AK RAD POU YO. YON JOU MWEN TE VREMAN RAZE. E SE KONSA LAVYEJ VOYE YON MOUN KI TE RESEVWA YON KOB POU MWEN SOTI NAN DYASPORA DEPI 2 MWA. E SE KONSA YON GWO MIDI PANDAN MWEN CHITA NAN LAKOU A YON KOTE MWEN PAT ABITYE CHITA MWEN JWEN MOUN NAN KI TAP CHECHE M TOUPATOU DEPI LONTAN POTE KOB LA POU MWEN. M TE WE YON SIY SYEL LA. JAN MANMAN M TE ABITYE FE SA, LE SA MWEN FE O NON DI PE AK TOULEDE MEN.

NOU OGANIZE NOU POU N FE YON TI LEKOL. PAMI SINISTRE YO MWEN JWEN PWOFESE. GEN MOUN KI POTE SAK LEKOL, LIV AK KAYE POU NOU. LEKOL LA DIRE KEK TAN JOUSTAN TOUT BAGAY FEN NOMALIZE POTOPRENS APRE KEK MWA TRANBLEMAN TE A.

 

YON MIRAK KI PRAL ATIRE ANPIL MOUN CBNDF

 

PREMYE VEY DE NWI NOU FE NAN CBNDF GEN YON GWO MIRAK KI PRAL EKLATE. LE SA NOU POTKO TABLI DEFINITIVMAN NAN CBNDF. NOU KON FE ALE VINI ANT KAY LAPRIYE DELMA 41 EPI BWANEF. SE TE YON 14 OUT. JOU MOUN VODOU YO SELEBRE SEREMONI BWA KAYIMAN. TE GEN YON DAM YO RELE MIREILLE LEGRAND. LI TE YON PWOTESTAN. LI PAT KONNEN SA YO RELE SEN SAKREMAN. LI TE MALAD ANPIL ANPIL. MEN LI PAT VLE MACHE KAY BOKO. YO MENNEN L SOU YON BRANKA NAN VEY DE NWI FATIMA. LI TE VINI PRAN YON DENYE CHANS. LI TE KOUCHE. SE MOUN KI POU TE EDE L VIRE KO L. SE KONSA MWEN VINI AP PASE BO KOTE L AVEK SEN SAKREMAN. LI TANDE YON VWA GASON KI DI L : »TOUCHE RAD PWOFET MWEN AN ». LI TANDE VWA YON PREMYE FWA, YON DEZYEM FWA. LE SA LI LONJE MEN L POU L TOUCHE M. TI MESYE KI TE AVEK MWEN YO KI TAP BAN MWEN SEKIRITE REPOUSE MEN L. LE SA LI TANDE VWA YON TWAZYEM FWA AVEK PLIS FOS. LE SA ATO AVEK ENEJI DEZESPWA LI LONJE MEN L, LI TOUCHE PWENT VWAL IMERAL LA KI VLOPE SEN SAKREMAN. MENM LE A DAPRE TEMWAYAJ LI PRAL BAY PITA LI SANTI YON KOURAN ELEKTRIK TRAVESE TOUT KO L. LI KANBE DOUBOUT. LI PRAN KOURI SOU TOUT TEREN AN AP BAP BONDYE GLWA. LI MENM YO TE POTE SOU YON BRANKA, KOUNYE A LI TAP KOURI KOU WE RONALDO. LE LI RIVE NAN REN MON NAN, LI RAN YON BET KI KEN MOVEN SANT. SE TE GERIZON MIREILLE LEGRAND. SE TE PREMYE GWO GERIZON TOUT MOUN TE KONNEN. APRE SA MWEN BATIZE L. MWEN AKSEPTE PAREN LI AN MENM TAN. LI TE ABITE AK NOU PANDAN LONTAN. EPI LI MACHE TOUPATOU NAN KAMYONET, NAN TOUT VIL SENMAK, KOTE L PASE AP BAY TEMWAYAJ. GERIZON MIREILLE LEGRAND ATIRE ANPIL MOUN VINI CHECHE GERIZON PA YO BWANEF. LAVYEJ GERI YO. ANPIL PWOTESTAN JWEN GERIZON.

 

FENOMEN ETRANJ BWANEF

 

GEN PLIZYE ESTATI KI KON ANIME. ANPIL MOUN BAY TEMWAYAJ SA. SWA YO LOUVRI JE YO. SWA YO SOUKE TET YO. PAMI ESTATI SA YO GEN PADRE PIO, SENT BARBARA, GWO ESTATI FATIMA AK GWO TONTON KWA. YON FWA GEN YON PELEREN KI SOTI POTOPRENS LI LAGE KEK SACHE DLO DEVAN YON GWO ESTATI KI NAN YON TI KAY APRE BARYE FATIMA. LANWIT LI WE LAVYEJ REPWOCHE L PASKE LI SAL KAY LI. PELEREN SA OBLIJE RETOUNEN SOU TET VINI RETIRE SACHE DLO A. GEN YON LOT LE YON TI GASON DEZOD AP VOYE WOCH SOU YON ESTATI SEN MICHEL AKANJ NOU GENYEN SOU TET BARYE NOU RELE BARYE SEN MICHEL. LI VOYE YON PREMYE WOCH. EPI LI LAGE YON BETIZ DEYE L. LI VOYE YON DEZYEM WOCH SOU ESTATI SEN MICHEL LA EPI LI LAGE YON LOT BETIZ. LE LI FE SA POU L VOYE YON TWAZYEM WOCH, LI TONBE PLAT ATE, LI FRAPE BYEN FO BOUCH KI TAP BETIZE AK SEN MICHEL LA.

GEN YON LOT LE GEN YON GASON KI FE DEZOD NAN LAKOU FATIMA KI SAKRE PASKE NOU FE LAMES, PWOSESYON SEN SAKREMAN AK PWOSESYON ESTATI FATIMA NAN LAKOU A. GASON SA PA WE LOT KOTE POU L KOUCHE YON FI KE NAN LAKOU A. LE MWEN KON SA MWEN TE FACHE ANPIL. EPI MWEN DI PANDAN 3 MWA, GASON SA PAP GASON ANKO PANDAN YON GWO SEREMONI KI GEN ANPIL MOUN. SA FET VRE. MISYE PA GASON ANKO. LI VIN MANDE FATIMA PADON. APRE SA FATIMA FE PA L. LI RETOUNEN GASON ANKO. MOUN PA JWE AK LAVYEJ. SE YON FANM « TERIB KON YON LAME RANJE AN BATAY ».

 

PELERINAJ NAN CBNDF BWANEF.

 

CBNDF BWANEF SE YON SANT PELERINAJ AK LAPRIYE. SE KONSA ANPIL PAWAS NAN POTOPRENS EPI NAN VIL PWOVENS AYITI OGANIZE PLIZYE PELERINAJ CBNDF. PAFWA PLIZYE PELERINAJ RANKONTRE ANSANM. GEN PELERINAJ KI KON SOTI GWO MON, SENMAK, GONAYIV, ENCH, LASKAWOBAS, BELADE, AKAYE, KABARE, TIGWAV, LEOGAN, KWADEBOUKE. GEN PELERINAJ KI SOTI NAN PLIZYE PAWAS POTOPRENS : KRISWA, SEN YV, SEN JOZEF, FEMAT, ALTAGRAS, KATEDRAL, SENT ANN, LACARIDAD, NOTRE DAME OKSILYATRIS, MARI MADLEN, SAKRE KE, SEN LWI. MOUN SOTI TOUPATOU POU YO VINI FE PELERINAJ POU KONT YO, NAN TI GWOUP OUBYEN LE GEN KONGRE : SEN LWI DI NO, WANAMENT, OKAY, MONWI, LAGONAV, BASEN BLE, PODEPE, KAP AYISYEN, JEREMI, MIRAGWAN, FONBATIS AK ANPIL LOT KOTE NAN PEYI A, KOTE MAP TANDE NON YO POU PREMYE FWA. GEN MOUN KI DI SE NAN DOMI YO WE YON BEL DAM ENVITE YO BWANEF. LI BA YO ADRES LA : « ANFAS LANMES A, ANFAS LETAN BWANEF ». E SE KONSA YO VINI POU KONT YO. PAFWA YO PAT MENM KON TANDE PALE DE SANT LA. TRAVAY LAVYEJ MARI KI AL CHECHE PITIT LI YO TOUPATOU.

 

PWOGRAM NAN CBNDF

 

CHAK JOU NOU GEN LAMES CBNDF. 13 ME SE FET FATIMA, SE FET CBNDF KI TE FONDE JOU 13 ME 2001. JOU 13 OKTOB SE DEZYEM GWO FET CBNDF. CHAK PREMYE SAMDI NAN MWA GEN GWO VEY DE NWI DEPI 6H NAN ASWE POU RIVE 5H NAN MATEN. LE SA GEN PWOSESYON OFLANBO, WOZE, LAMES, KONFESYON, ADORASYON, BENEDIKSYON SAKRAMANTO YO, PRIYE LIBERASYON AK GERIZON, LWANJ. CHAK LENDI NOU GENYEN MES POU GERIZON « ARBRE GENEALOGIQUE ». MOUN KI GEN VYE FOS DYAB SOU YO VINI NAN SANT LA POU NOU LAPRIYE POU YO. PANDAN 3 JOU APRE PREMYE SAMDI NAN MWA, NOU GEN JEN PEN AK DLO. MOUN YO DOMI LEVE. NAN MWA FEVRIYE NOU GEN 6 JOU KONGRE AVEK PLIZYE MILYE MOUN. YO DOMI LEVE. NOU BAY ANPIL LADAN YO MANJE GRATIS. GEN ANIMATE KI KON VINI AK TOUT KALITE PWOGRAM POU METE LAPRIYE NAN CBNDF : CHEMEN LAKWA, LWANJ MARYAL, JERIKO, LANME WOUJ, WOULE WOCH, NOS KANA, CHIRE DOSYE, ETC…

 

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre