Annexe 2 : TEMWAYAJ PESONEL SOU MIZIK LEGLIZ LA, MIZIK SAKRE

 TEMWAYAJ PESONEL SOU MIZIK LEGLIZ, MIZIK SAKRE.

 

NAN TAN LONTAN POU W TE FE PE FOK OU TE PASE NAN TI SEMINE. SE KONSA APRE SETIFIKA M MWEN ANTRE TI SEMINE KOLEJ SEN MASYAL KOM PANSYONE TI SEMINARIS DEPI KLAS SIZYEM RIVE NAN FILO. NAN EPOK SA YO TE EKZIJE NOU TI SEMINARIS APRAN MIZIK LEGLIZ, APRAN JWE OG. SE KONSA MWEN KOMANSE APRAN JWE OG AVEK YON LIV MIZIK KI TE RELE « METHODE BLEUE ». APRE SA MWEN PASE NAN YON LIV PI AVANSE KI RELE « METHODE DE RAFFY ». SE NAN LIV SA YO OU JWEN TOUT KALITE BEL MOSO MIZIK GWO KLASIK KRETYEN YO : JOHANN SEBASTIAN BACH, LUDWIG VAN BEETHOVEN, MOZART, FRANTZ SCHUBERT, VIVALDI, HAYDEN, HAENDEL, MENDELSHON.

MWEN TE PASYONE POU MIZIK KLASIK. MWEN TOUJOU JWE AK PATISYON MUZIKAL. MWEN TE KON ACHTE NAN YON BOUTIK TOU PRE KATEDRAL POTOPRENS YON SERI PATISYON MUZIKAL. YOUN LADAN SE TE « TOCCATA AND FUGA » AN RE MINE JOHANNAN SEBASTIAN BACH. TOUT TAN MWEN KON AP FE PRATIK. EPI MWEN TE GEN YON GWO TONTON KAYE KOTE AVEK MEN PA M MWEN PASE PLIZYE ANE AP EKRI TOUT MOSO MIZIK KLASIK MWEN TE PI RENMEN YO. JISKOUNYE A KAYE SA LA TOUJOU. MWEN METE L NAN MUZE RELIJYE CBNDF NAN BWANEF. LI BYEN KONSEVE. LI GEN 50 LANE !

MWEN TE RENMEN OBSEVE YON SERI GWO OGANIS KI KON AP JWE NAN CHAPEL TI SEMINE KOLEJ SEN MASYAL LA. TE GEN YON PE SPIRITEN FRANSE YO TE RELE PE ANTOINE SCHMIDT. SE TE YON VIRTYOZ. APRE SA MWEN VIN PRAN POUL SOU MET ESTAING YON GWO OGANIS LEGLIZ KI TE MARYE AK SE MONSEYE JOSEPH LAFONTANT. TE GEN EDDY LOUIS-JACQUES KI TE FO NAN JWE OG. LI TOUJOU JWE AK PATISYON. MWEN KON PRETE YO NAN MEN L.

PI TA NAN GRAN SEMINE POTOPRENS MWEN PRAL RANKONTRE AK YON LOT OGANIS PE ULRICK JOSEPH (RIP). LI TE RENMEN LUCIEN DEISS. LI KON FE M AL JWE JOU DIMANCH NAN PAWAS SEN YV DELMA KOTE LI TE VIKE PE JOSEPH ATIS. APRE SA MWEN VIN RANKONTRE NAN KOLEJ SEN POL NAN VIL WOM YON PRET VYETNAMYEN KI TAP APRAN MIZIK LEGLIZ DEPI 7 LANE. PANDAN REKREYASYON MWEN KON AL FE PRATIK SOU YON BEL OG YO GENYEN NAN CHAPEL LA. MWEN PASE 4 LANE NAN KOLEJ SEN POL KOTE KI TE GEN 200 PE KI SOTI NAN PLIS PASE 100 PEYI.

MWEN TE RENMEN AL ASISTE LAMES NAN BAZILIK SEN PYE KOTE LE PAP JAN POL 2 AP FE GWO SELEBRASYON YO YON KORAL YO RELE SENT SESIL AP FRAPE. CHANTE YO TE BEL ANPIL. PI FO YO TE AN LATEN. TE GEN YON MISTIK NAN CHANTE YO. LE KORAL SA AP CHANTE TANTUM ERGO, VENI CREATOR, SALVE REGINA, TOUT BAZILIK LA TRANBLE, ZANJ YO BAT BRAVO, DYAB YO GEN LATYOULOULOUT. OU TA DI SE SYEL LA KI DESAN SOU LATE.

LE MWEN TE ETUDYAN NAN GRAN SEMINE POTOPRENS PE CHRISTIAN NICOLAS TE ENVITE M JWE OG POU KORAL AKAYE A. PE NICOLAS KI TE KIRE AKAYE KOTE M FET PANDAN 14 LANE TE YON GWO MIZISYEN LEGLIZ. POU FET SEN PYE LI KON MONTE BEL KORAL AK 4 VWA : SOPRANO, ALTO, TENO,BAS. MWEN AKONPAYE YO AK PATISYON SOU OG LA. PE NICOLAS PAT KON CHANTE SAN PATISYON MIZIKAL. PAFWA LI KON FE LOT OGANIS KI KON MIZIK KLASIK VINI EDE NOU KOU WE LUCIEN KI TE OGANIS SENT ANN POTOPRENS. MISYE KON MIZIK KLASIK TRE BYEN. LI NAN PAWAS ELIZABETH NEW JERSEY KOUNYE A KOTE LI MONTE YON BEL KLORAL KLASIK KAP BAY MIZIK LEGLIZ DAPRE TRADISYON LEGLIZ LA.

MWEN TE KON APRESYE TOU TALAN MET BOYER MAESTRO KORAL SENT SESIL NAN KATEDRAL POTOPRENS. SE TE BON JAN MIZIK LEGLIZ ! APRE SA MWEN VIN RANKONTRE GILBERT BENOIT MOUN GONAYIV KE MONSEYE EMMANUEL CONSTANT TE DEBUTE NAN ZAFE MIZIK LEGLIZ. JODI A SE YOUN NAN GRAN MIZISYEN LEGLIZ NOU GENYEN. MWEN PASE PLIZYE ANE AP MONTE KORAL 4 VWA AKAYE, KABARE. NAN GRAN SEMINE POTOPRENS YO TE NONMEN M « MAITRE DE CHANT ». SE MWEN KI TE KON PREPARE CHAN POU LAMES AK SEMINARIS YO.

PE ADRIEN VIL TE YON OGANIS KI KON JWE AK PATISYON. LI TE MONTE KORAL NATIVITE NAN KATEDRAL POTOPRENS LE LI TE VIKE PAWAS SA. LI KON ENVITE M CHAK MEKREDI VINI BA L YON KOUT MEN. MWEN KONTAN TOU M GEN YON GWO MIZISYEN REEGAN CHERY KI ETUDYE MIZIK KLASIK PANDAN PLIZYE ANE NAN LEKOL SENT TRINITE NAN RUE PAVE. SE LI KI VINI JWE NAN VEY DE NWI YO POU NOU BWANEF. BON BAGAY. MWEN KON APRESYE TOU MONSEYE SAINT HUBERT ANSYEN KIRE PAWAS SEN CHAL KALFOU KI SE YON GWO GWO MIZISYEN KLASIK KAP MONTE BEL KORAL 4 VWA PANDAN KE LAP SWIV PRENSIP LITUJIK LEGLIZ KATOLIK LA.

MWEN RENMEN TANDE BEL MIZIK LEGLIZ. MWEN RENMEN TANDE MIZIK KLASIK BACH, MOZART, BEETHOVEN, HAENDEL, YANNI, CHOPIN, VIVALDI, ALBINONI, ETC… MWEN RENMEN TANDE OKES FILAMONIK KOU WE ANDRE RIEU. MWEN RENMEN BEL MIZIK. MWEN TE PWOFESE MIZIK TOU NAN GRAN SEMINE POTOPRENS. GEN ANPIL BAGAY NAN MIZIK KLASIK MWEN APRAN POU KONT MWEN : METRONOM, MOUVMAN AK NYANS NAN MIZIK (DOLCE, MODERATO, ANDANTE,LARGO, PIANO, STRETTO, DA CAPO, FORTE, CRESCENDO). MWEN TE APRAN GRAN SEMINARIS YO SOLFEJ.

SE POUTET SA MWEN PA KA TANDE NENPOT MIZIK NAN LEGLIZ. YO DERANJE M. YO KREVE TENPAN ZOREY MWEN. ZOREY MWEN ABITYE TANDE BON BAGAY, BON JAN MIZIK. ALEKILE TOUT VOUM SE DO. YON SERI SWADIZAN MIZISYEN YO PA MENM KON « DO RE MI FA SOL LA SI DO » EPI SE YO KAP LAGE CHANTE VIRE TOUNEN POU PEP BONDYE A CHANTE. SE PA MIZIK LEGLIZ YO KONPOZE. KEK NAN YO PA KONNEN ANYEN ANYEN NAN KIJAN MIZIK LEGLIZ FONKSYONE. PASKE YO PAT ALE LEKOL POU SA. POUTAN GEN YON SERI LEKOL MIZIK TOUPATOU OZETAZINI KOU WE « BEKERLEY » BOSTON OUBYEN LEKOL SENT TRINITE AN AYITI.

GEN ATIS NOU YO GEN DON NATIREL PASKE YON FE ANPIL CHANTE. MEN SI YO TE ALE LEKOL YO TE KA TOUNEN GRAN ATIS LEGLIZ ONIVO ENTENASYONAL. YO TAP MENM JAN AK GWO OGANIS KI ETUDYE MWEN RANKONTRE KANADA, ETAZUNI NAN DIFERAN PAWAS MWEN FREKANTE. SE PWOFESYONEL YO YE. YO PEYE YO BYEN. LI TOUNEN YON METYE POU YO. SE AVEK SA YO OKIPE FANMI YO. DAYE KIRE PAWAS LA PA TAP AKSEPTE YO SI YO PAT AL GWO LEKOL MIZIK POU YO PRAN DIFERAN DIPLOM MIZIK.

MWEN MANDE SENT SESIL POU L FE YON MIRAK POU LEGLIZ DAYITI. POU L VOYE KEK JEN AL ETUDYE MIZIK LEGLIZ. NOU GEN MONSEYE FRANTZ COLIMON KI SE YON GWO MIZISYEN. LI SEVI AK NOT MIZIK. LI EKRI YON SERI BEL CHANTE AVEK VESE LABIB. SE YON BIBLIS LI YE. SE YOUN NAN PI GWO BIBLIS AYISYEN NOU GENYEN. LI TE ETUDYE NAN INSTITUT BIBLIQUE PONTIFICAL PI GWO INIVESITE KI GENYEN NAN LEMOND ANTYE POU KOZE LABIB. YO FE W APRAN GREK, EBRE, ARAMEYEN, ARAB, OUGARITIK,, ALMAN, ITALIEN, ANGLE,, PANYOL, KRITIK TEKSTYEL AK YON PAKET LOT MATYE ANVAN YO DIPLOME W NAN SYANS BIBLIK. PLIZYE ANE APRE MONSEYE COLIMON SE NAN MENM LEKOL SA MWEN TE ALE AN 1979  AVEK PE ANDRE PIERRE. APRE SA MWEN AL KONPLETE ETUD BIBLIK MWEN NAN INIVESITE EBRAYIK JERUZALEM POU AKEYOLOJI ESPESYALMAN. APRE SA PRAL GEN PLIZYE LOT PE KI PRAL ETUDYE LABIB NAN MENM LEKOL SA. MONSEYE COLIMON TE LOUVRI WOUT POU NOU. APASA MONSEYE FRANTZ COLIMON SE YON SEN. MWEN RELE L « SEN TOMA D’AQUIN AYISYEN ». SE YOUN NAN MONSEYE KI PI SAVE NOU GENYEN. SA PA TA ETONE M YON JOU LEGLIZ OFISYELMAN KANONIZE L. LI TE PWOFESE LABIB MWEN PANDAN 4 LANE NAN GRAN SEMINE POTOPRENS. APRE SA LE MWEN FINI AK ETUD LABIB MWEN NAN VIL WOM PEYI ITALI MWEN RANPLASE L AVEK MONSEYE ANDRE PIERRE. NOU TOULEDE ANSEYE LABIB ANVIWON 18 LANE NAN GRAN SEMINE POTOPRENS. PI FO PE YO TE ELEV NOU. KADINAL CHIBLY LANGLOIS TE ELEV NOU. ACHEVEK POTOPRENS LA AK ACHEVEK OKAP LA TE ELEV NOU.  EVEK JEREMI AN, EVEK HINCHE NAN TE ELEV NOU.

MWEN OBLIJE PALE NOU SOU SA. PASKE GEN YON SERI MOUN NAN LEGLIZ LA YO KONPRAN YO KONNEN PASE TOUT MOUN. LE W WE MWEN EKRI YON BAGAY SOU FACEBOOK MWEN KON SA MAP DI A. MWEN PASE PLIZYE ANE AP ETUDYE LABIB, TEOLOJI AK TOUT LOT MATYE KI AN RAPO AK LEGLIZ LA. LE MAP PRECHE MWEN KON SA MAP DI. SI MWEN BAY BLAG LE MAP PRECHE OUBYEN LE MAP EKRI SOU FACEBOOK SE POU MESAJ LA KA PI BYEN PASE, SE POU MWEN METE M ONIVO TOUT MOUN. GEN KOTE OU RIVE POU MESAJ LEVANJIL KA PASE OU OBLIJE PRAN POZ JESIFRA,, PAPA PYE, FRE TOMA, ALSIBYAD, LANGUICHAT. SA FE PATI PEDAGOJI. MWEN TE GEN YON PWOFESE JESWIT NAN INSTITUT BIBLIQUE PONTIFICAL NAN VIL WOM KI TE PASE 38 LANE NAN LAVI L AP ESPESYALIZE L SOU 8 PREMYE CHAPIT LIV DETEWONOM. LI TE KON PALE 12 LANG. LI TE KON TOUT LANG ANSYEN YO. LI TE EKRI YON PAKET LIV SAVE SOU DETEWONOM. LI TE YON ESPESYALIS ENTENASYONAL NAN ANSYEN TESTAMAN. POUTAN LE LAP PRECHE APRE 5 MINIT TOUT MOUN DOMI. NON SELMAN YO DOMI MEN YO WONFLE TOU. PASKE LI PAT GEN DON POU KOMINIKE BIBLIYOTEK KI TE NAN TET LI A LE LAP PRECHE….

LE PE KATOLIK YO AP PALE AK NOU FOK NOU KOUTE YO. GENYEN  KI TE ELEV MWEN. KOUNYE A YO AL ETUDYE ALETRANJE. YO GEN DOKTORA. NAN DYOSEZ ENCH MONSEYE SIMON SAINT-HILLIEN TE VOYE YON PAKET JEN PE AL ETUDYE ALETRANJE. SE YON DYOSEZ KI CHAJE AK PE SAVE, GWO DIPLOM DOKTORA Ph D NAN MEN YO. PA RANSE AK PE YO. NOU GEN YON MOD SE BLAN NOU APRESYE MEN AYISYEN PAREY NOU YO, NOU PA PRAN YO POU PO PATAT. MWEN KON ANPIL PE AYISYEN NAN PEYI ETRANJE BLAN YO APRESYE POU SA YO KONNEN. GENYEN KI OKIPE GWO PLAS NAN LEGLIZ LA ONIVO ENTENASYONAL.  YO PAT NAN LEKOL BOLET. SE PA PASKE W GEN LAJAN OUBYEN OU SE YON ZUZU KI FE WAP FE PE A TOUNEN YON TAPI POU W MACHE SOU LI. SE PA PASKE W YON ANIMATE OU CHAJE MOUN DEYE W, OU GEN MEDYA NAN MEN W KI FE OU REFIZE KOUTE SA YON PE KI ODONE, KI ETUDYE DI W FE. SE PA NI LAJAN NI POPILARITE KI FE VALE YON MOUN. SE FOMASYON W, SE EDUKASYON W, SE RELASYON PESONEL OU AVEK BONDYE.

KOUNYE A KEK ANIMATE LEGLIZ PA KOUTE PESON. YO PI WO PASE PE, MONSEYE AK LEPAP. GENYEN SE FE LAJAN NENPOT KIJAN KI ENTERESE YO. SE POUTET SA MWEN ENVITE NOU LAPRIYE SEN MICHEL AKANJ POU METE LOD NAN DEZOD NAN ZAFE MIZIK LEGLIZ. YO FEN ABITYE PEP BONDYE AK MIZIK KANAVAL, MIZIK WOYWOY, MIZIK BRASE REN, MIZIK SOTE PONPE, MIZIK TI SOURIT, MIZIK CAR WASH. BREF, MIZIK COVID-19 ! YO DI W SE MIZIK SA YO PEP LA RENMEN KI FE YO VINI LEGLIZ. PEP LA RENMEN SA W OFRI L. SI TOUT LAJOUNEN OU BA L MAYMOULEN SU AK SOS MARENGWEN LAP RENMEN L. MEN SI W ABITYE L AK BON JAN MANJE, BEL TAB GANI, SE LI LAP VLE MANJE TOUT TAN. PASKE PEP AYISYEN AN KON GOU BOUCH LI. SETEN ANIMATE VIN GATE LEGLIZ KATOLIK NAN ENTWODWI CHANTE KI GEN KADANS VODOU, KADANS RARA. E SE KONSA GEN MOUN KI KON PRAN LWA ANDAN LEGLIZ LA. GENYEN MENM YO VOLE CHANTE PWOTESTAN YO. YO FE KEK TI CHANJMAN LADAN YO EPI YO LAGE L NAN LEGLIZ KATOLIK. YO PA RESPEKTE « DROITS D’AUTEUR, COPYRIGHT ». GEN PEYI YO KON TRENNEN MOUN TRIBINAL POU KEK TI « PORTEE MUSICALE » OU KON PRETE KAY YON LOT ATIS. SI YON JOU KEK ATIS PWOTESTAN TA DESIDE FE SA GEN ANIMATE KATOLIK KAP WINEN. MENM YON PANTALON YO PAP KA ACHTE.

KILE POU DERAPAJ NAN MIZIK SAKRE SA AP SISPAN ? KILE YAP RETOUNEN AVEK LIV KREYOL « NAP REGLE TOUT BAGAY AN CHANTAN » ? MONSEYE COLIMON GEN ANPIL CHANTE ENSPIRE PA LABIB AK LESPRI SEN NAN LIV SA. ESKE  NOU PI PITO « CHANT D’ESPERANCE » PWOTESTAN YO ? ALOSKE PWOTESTAN YO PAP CHANTE CHANTE KATOLIK. ESKE NAP RETIRE TRIP POU METE PAY ? NAP MANDE SEN MICHEL AKANJ KONKOU. PASKE SETEN ANIMATE YO PA RESPEKTE LOD KEK EVEK AYISYEN BAY SOU SA. YO PA OKIPE YO. SA SE YON BAGAY KI GRAV LE W PA OBEYI EVEK LEGLIZ LA. GEN YON SANKSYON KI PREVWA NAN « CODE PENAL » DWA KANON POU SA.

MWEN MANDE SEN MICHEL AKANJ ANTRE NAN BATAY SA POU NOU. MWEN MANDE SEN JOZEF PWOTEKTE LEGLIZ POU L PWOTEJE LEGLIZ DAYITI ANBA CHANTE KOWONA SA YO. MWEN MANDE SENT SESIL PATWON MIZISYEN YO POU L METE DLO NAN DIVEN KEK ANIMATE KAP « PWOTESTANTIZE » LEGLIZ KATOLIK, SEL LEGLIZ JEZU-KRI LI MENM TE FONDE SOU APOT PYE ANVAN LI MONTE NAN SYEL NAN VIL SEZARE FILIP NAN PEYI PALESTEN. TANPRI SEN JOZEF, TANPRI SENT SESIL, TANPRI SEN JOZEF, FE SA POU LEGLIZ DAYITI. AMEN !

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre