Annexe 3 : KEK BAGAY KI MERITE KORIJE NAN LEGLIZ LA

ANNEXE 2 : KEK BAGAY KI MERITE KORIJE NAN LEGLIZ LA

1) LEGLIZ PA YON BOUTIK. LAPRIYE PA YON MACHANDIZ. PESON PA KA PRAN WOULIB SOU LAPRIYE, SOU LAVYEJ POU FE BIZNIS, POU FE KOMES. JEZU TE FACHE ANPIL EPI KALE BYEN KALE MOUN KI TAP FE TANP JERUZALEM NAN TOUNEN YON MACHE. OU PA GEN DWA MANDE MOUN LAJAN POU LAPRIYE POU LI. LI PA ENTERESAN POU TOUT TAN TOUT TAN AP MANDE FIDEL YO KOB.

PA TA DWE GENYEN TWOP KET KI FET POU NENPOT TI KRIK TI KRAK. OU PA DWE OGANIZE YON AKTIVITE LEGLIZ KOU WE JERIKO, LANME WOUJ JIS PASKE W RAZE OUBYEN OU BEZWEN FE YON « FUND RAISING ». MOUN PA DWE PEYE POU ALE LAPRIYE. MOUN PA TA SIPOZE ACHTE TIKE, ACHTE BRASLE POU W ANTRE NAN YON ASANBLE LAPRIYE.

RADIO AK TELEVIZYON SE YON GWO ZOUTI POU GAYE LEVANJIL LA. YO PA TA DWE TOUNEN YON MOYEN POU FE LAJAN. LE SEN SAKREMAN EKSPOZE OUBYEN LAMES AP FET NAN TELEVIZYON, PIBLISITE POU BAY LAJAN PA TA DWE AP DEFILE NAN EKRAN. SEVI AK BAGAY SAKRE POU FE KOB SE YON GWO PECHE YO RELE SIMONI.

ESPAS LEGLIZ LA SAKRE. YO PA TA JANM JANM JANM SIPOZE OGANIZE BAL NAN LEGLIZ ! SA SE YON ESPES PWOFANASYON. TOUT AKTIVITE LEGLIZ KI BATI SOU LAJAN YON JOU AP KRAZE KANMENM. MENM SI LI RIVE WOTE SYEL LA, LAP TONBE. SE DIFE PAY. OU PA KAPAB SEVI BONDYE AK LAJAN AN MENM TAN. FOK NOU FE LAPROVIDANS BONDYE KONFYANS. DEPI WAP FE TRAVAY LETENEL AK SENSERITE, SAN W PA FE AKREKSITE POU LAJAN, LETENEL AP BA W TOUT SA W BEZWEN. LAPRIYE AK LAJAN SE LET AK SITWON.

 

2) JEZU RENMEN MOUN KAP FE PECHE A. LI TE TOUJOU BYEN AKEYI PECHE YO : PIBLIKEN, PWOSTITIYE, MARI MADLEN, ZACHE, DITMAS BON LAWON, FI YO TE KENBE NAN ADILTE A… MEN LI RAYI PECHE A. JEZU PA DANSE KOLE AK PECHE. KELKESWA PECHE W FE, DEPI W REPANTI, JEZU AP LOUVRI 2 BRA L BA OU. MEN SI WAP BENYEN NAN PECHE A, WAP FE PWOMOSYON POU LI, WAP ENTWODWI LOT MOUN NAN PECHE A, LETENEL PAP KONTAN AK OU.

LABIB KI SE PAWOL BONDYE DI NOU SE YON ABOMINASYON POU YON GASON KOUCHE AK YON GASON PAREY LI, YON FI KOUCHE AK YON FI PAREY LI. SEN POL PA VLE SA. ANPIL PASAJ NAN LABIB LA DEFAN SA. KATECHIS LEGLIZ KATOLIK LA PA VLE SA NON PLIS. KIDONK, LI PA NOMAL KE MOUN SA YO AP TAYE BANDA NAN LEGLIZ LA, AP OKIPE BEL POZISYON NAN LEGLIZ LA. SE YON ESKANDAL. SE YON ENVITASYON POU LOT TI JEN YO FE MENM BAGAY LA TOU. LI TA BON POU MOUN SA YO FE KO YO TOU PITI NAN LEGLIZ LA EPI EVITE OKIPE SETEN FONKSYON NAN LEGLIZ LA. MWEN ENVITE NOU LAPRIYE POU KONVESYON YO. PASKE SE POUTET VIS SA BONDYE TE DETWI VIL SODOM AK GOMO AK YON LAPLI DIFE AK SOUF !

 

3) RESPEKTE BATIMAN LEGLIZ LA. PA VINI AK PANTALON DECHIRE. PA METE SOU OU RAD KI TWO KOUT OUBYEN TWO SERE KOTE TOUT FOM KO W PARET. PA METE CHENN NAN PYE W. PA PALE NAN TELEFON LE W LEGLIZ. PA VOYE SMS PANDAN W LEGLIZ LA. PA SOTI PANDAN LAMES POU W AL PALE NAN TELEFON.

PA MANJE CHIKLET NAN LEGLIZ LA. PA JETE PAPYE, SACHE DLO ANDAN LEGLIZ LA. PA PIPI ALANTOU LEGLIZ LA. PA KITE TIMOUN YO AP KOURI MONTE DESAN ANDAN LEGLIZ LA. LEGLIZ LA PA CHANMAS. PA DOMI NAN LEGLIZ LA. SUSPAN PALE ANPIL, BAY BLAG ANDAN LEGLIZ LA. LEGLIZ SE YON KOTE SAKRE. SEN SAKREMAN TOUJOU LA.

PA VINI LEGLIZ LA POU W KA FILE JEN GASON OU JEN FI. PA RIVE AN RETA LEGLIZ LA. PA KITE LEGLIZ LA TOUTOTAN MES LA PA FINI. PA KOURI KITE LEGLIZ LA ANVAN PE AK ANFAN KE YO SOTI. PA BRASE REN NAN LEGLIZ LA. PA DANSE NENPOT KI JAN. PA FE JOUDA SOU MOUN, SOU ABIMAN MOUN ANDAN LEGLIZ LA. SUSPAN FE FOTO MOUN NAN LEGLIZ LA SAN PEMISYON YO.

SUSPAN BAT BRAVO POU KORAL KI BYEN CHANTE OUBYEN BEL MIM. LEGLIZ LA PA YON ESPEKTAK. LEGLIZ LA PA YON TEYAT POU MOUN VEN FE CHELBE, BWODE, RESEVWA KONPLIMAN, VOYE TET OU MONTE. LE FET PATWONAL NOU PA BEZWEN POTE NAN PWOSESYON OFRAN NAN KABRIT, KOCHON AK LOT BET. POTE YO DIREKTEMAN NAN PRESBITE A.

PA PRAN LOSTI SI W PA KONFESE, SI WAP NAJE NAN TOUT SOS. LOSTI A PA YON MARINAD. PA KOMINYE POU FE WE. MOUN PLASE, MOUN DIVOSE REMARYE PA GEN DWA KOMINYE. LE COVID-19 DISPARET EPI YO REKOMANSE BAY LAMEN NAN LEGLIZ LA SE SELMAN MOUN KI AKOTE W OU DWE BAY LANMEN. SUSPAN PWOMENNEN NAN LEGLIZ LA POU BAY LAMEN, AKOLAD, KORE « PAPASH »…

LE TOUT MOUN KANPE, CHITA, AJENOU TOUT MOUN DWE FE MENM JES LA DEPI W PA MALAD. SUSPAN BAY BENEDIKSYON AK PE A. FIDEL YO GEN PATI PA YO. PE A GEN PATI PA L. SUSPAN FE FOTO LE SEN SAKREMAN AP PASE. OU PA JOUNALIS. KONSANTRE W PITO SOU JEZU KI VIVAN NAN LOSTI A. PA VINI LEGLIZ AK RAD, MOUCHWA, KACHNE PLIZYE KOULE AKANSYEL KI SE SENBOL GASON MAKOME YO..

VINI LEGLIZ LA KEK MINIT ANVAN MES LA KOMANSE POU LAVYEJ PREPARE KE W POU RESEVWA JEZU NAN LAMES LA. LE MES LA FINI PA KOURI SOTI DEYO. PRAN YON TI TAN POU PALE AK JEZU. MOUN PA VINI LEGLIZ POU PE UNTEL, FRE UNTEL, SE UNTEL. OU VINI POU JEZU. MOUN PA KITE LEGLIZ POU MOUN NONPLIS.

 

4) PWOSESYON LEGLIZ KATOLIK GEN FASON POU L FET. KELKESWA SA WAP OGANIZE OU DWE SWIV LITUJI LEGLIZ LA, REGLEMAN LEGLIZ LA. LEGLIZ KATOLIK PA YON SAVAN KOTE TOUT MOUN FE SA YO PI PITO. LEGLIZ KATOLIK GEN YON TRADISYON 2000 LANE DEYE L. OU PA KAPAB VINI TOU SWE TOU BOUKE POU OGANIZE PWOSESYON LEGLIZ NAN FASON PA W. LEGLIZ LA PA YON MOULEN. GADE KIJAN PWOSESYON SEN SAKREMAN, PWOSESYON LAVYEJ FET LOUD, FATIMA.

NAN PWOSESYON FOK GEN ANPIL LAPRIYE, CHAPLE, BEL CHANTE LEGLIZ KI GEN ONKSYON LADAN. FOK MOUN YO MACHE AN DISIPLEN. PA DWE GEN PALE, PA DWE GEN POUSE, BABYE, MANJE NAN PWOSESYON. PA DWE GEN MACHAN KAP PWOMENNEN MACHANDIZ ANDAN YON PWOSESYON. PA DWE GEN GOUMEN POU MIKWO PAMI ANIMATE YO. PWOSESYON KATOLIK PA BANN MADIGRA. SE PA KANAVAL. SE PA CHANTE CHO SOTE PONPE, BRASE REN.

SE PA KANTITE FOUL MOUN NAN YON PWOSESYON KI FE VALE L NAN JE BONDYE. SE DISPOZISYON KE MOUN YO. EPI TOU LI TA BON ANVAN GWO AKTIVITE RELIJYEZ SA YO, POU PRIYE YO KAP MONTE PI VIT KOT BONDYE POU MOUN YO KONFESE. BONDYE PA BAY GRAS SOU KRAS. BONDYE PA METE MANJE NAN ASYET SAL. LAVE ASYET KE W ANVAN AVEK DLO LAKONFESYON POU PRIYE W YO KA MONTE PI RAPID.

 

5) SE PA TOUT KOTE NOU KA FE LAMES OUBYEN METE ESTATU LAVYEJ MARI. FOK KOTE SA PWOP. FOK YO PIRIFYE KOTE SA ANVAN AK DLO BENIT. NOU PA KA ENVITE LAVYEJ SOU YON PIL FATRA. SE POU CHECHE KONNEN SI KOTE SA OU CHWAZI POU FE LAMES LA SI PAT KON GEN SEREMONI LWA, SEREMONI VODOU KI KON FET LADAN, SI PA KON GEN ENTEPELASYON KI KON FET LA.

LESPRI BONDYE A SE YON LESPRI SEN LI YE. LI PAP DESAN NAN KOTE KI SAL. SE POUTET SA NOU WE NAN KOUTUM LEGLIZ LA DEPI YON BAGAY LED PASE NAN YON LEGLIZ YO DWE FE YON SEREMONI ESPESYAL POU PIRIFYE LEGLIZ LA ANVAN YO FE MES LADAN. MENM JAN TOU SI SE YON KOTE KI PAT FET POU LAMES OU  PA KAPAB POTE BOUWE KONSA LADAN L POU YON AKTIVITE RELIJYEZ. SOUVAN AN AYITI KOTE KI KAPAB REYINI ANPIL MOUN PA SENP KONSA. OU DWE CHECHE KONNEN SI PAT GEN SEREMONI DYAB KI KON FET NAN KOTE SA ANVAN W OGANIZE YON AKTIVITE LEGLIZ.  BONDYE PA BAY GRAS SOU KRAS. BONDYE PA METE MANJE NAN ASYET SAL.

BONDYE SE YON BONDYE JALOU. LI PA NAN MELANJ. LI PA NAN SOLOKOTO. LI PA NAN WOULE M 2 BO. LI PA NAN YON PYE ANDAN YON PYE DEYO. NAN TOUT SA WAP FE FOK OU SENSE AK BONDYE. SUSPAN FE MISTIK PANDAN W NAN LEGLIZ. SUSPAN VOYE MOUN AL KAY BOKO POU OU ALOSKE OU SE YON MANM ENPOTAN NAN LEGLIZ LA. PASKE BONDYE WE TOUT BAGAY. BONDYE SE KOUTO, LI KON SA KI NAN KE YANM. BONDYE SE KOU WE SOULYE. LI KON SI CHOSET GEN TWOU, GEN LAPOS. OU PA KAPAB FE IPOKRIZI AK BONDYE. OU KA TWONPE LEZOM, OU KA TWONPE TET OU. MEN OU PA KAPAB TWONPE BONDYE. GEN ANPIL ANPIL MOUN KAP LAPRIYE NAN LEGLIZ LA MEN GEN ANPIL LADAN YO SE RANBLE. GEN MOUN MEN LONGE CHAPLE YO. YO FE CHAPLE PASE RAT AK SOURIT. YO KOMINYE 12 FWA PA JOU. MEN YO MECHAN. YO IPOKRIT. YO ZENKE. YO RANPLI AK JALOUZI. YAP NAJE NAN TOUT DLO SAL. YAP DECHIRE VYAN PWOCHEN YO. ATANSYON AK JUJMAN BONDYE JOU W MOURI ! KAY KOULE TWONPE SOLEY MEN LI PA KA TWONPE LAPLI. SONJE TOUT SA W FE SOU TE A YON JOU WAP PEYE L KANMENM !!!

AN NOU LAPRIYE ANPIL POU LEGLIZ LA REPRAN ESKANP FIGI L. TANPRI SEN JOZEF PWOTEJE LEGLIZ LA. TANPRI FATOUTOU PRAN YON BALE RETIRE TOUT SALTE NAN LEGLIZ LA. TANPRI SEN MICHEL METE ANBA KOD TOUT RESTAVEK SATAN ANDAN LEGLIZ LA. TANPRI JEZU VIDE SANG PRECIEUX W LA SOU LEGLIZ LA POU PWOTEJE L, FOUBI L, PIRIFYE L, SANKTIFYE L, FOTIFYE L, NETOYE L… EPI TOU SE POU TOUT ZANJ AK SEN NAN SYEL LA MENOTE, MARE KON KRAB, FEMEN BOUCH TOUT LENMI LEGLIZ LA. AMEN. ALELOUYA.

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre