3 Chapit 3 : LAVI NAN GRAN SEMINE POTOPRENS

LAVI NAN GRAN SEMINE POTOPRENS
NAN MWA SEPTANM 1973 MWEN ANTRE GRAN SEMINE NOTRE DAME TUJO POTOPRENS. MWEN TA PRAL PASE 6 LANE. 2 LANE FILOSOFI ESKOLASTIK AK 4 LANE TEOLOJI. SE YOUN NAN PERYOD LAVI M KI TE PI ENPOTAN.
1.- PWOFESE MWEN YO NAN GRAN SEMINE
LE MWEN FEK RIVE GRAN SEMINE TUJO POU PREMYE ANE FILOSOFI, MWEN JWEN REKTE GRAN SEMINE A PE JEAN-MARIE SALGADO, YON PE OBLA KI TE MARYOLOG ET KI TE DIREKTE ESPIRITYEL NAN KOLEJ SEN POL NAN VIL WOM, ITALI. LI TE RENMEN LAPRIYE. LI TE SAVAN. ANPIL IMILITE. LI TE SEVE ANPIL. APRE YON VOYAJ SENDOMENG LI TE VLE METE ANPIL SEMINARIS DEYO. LI TE PASE SELMAN 6 MWA AVEK NOU. R.I.P. APRE LI MWEN TE GEN PE DENIS VERDIER YON PE NAN SUD KI TE REKTE. MOUN DEBYEN. KILTIVE. YON MOUN KI SEN. KI RESPEKTE MOUN. R.I.P.
PAMI PWOFESE YO, M TE GENYEN PE SABY C.S.V, TETREAULT YON PE SENT KLEK SEN VYATE. KOU PE SABY YO TE GEN ANPIL CHALE. LI TE RENMEN PALE FO. KOU PE TETREAULT TE MONOTON. 2 BON PE. MWEN TE GEN PE ANDRE LE BARZIC KOM PWOFESE ISTWA IZRAYEL AK PENTATEK. LI PRAL PASE PLIS KE 30 LANE KOM PWOFESE. LI TE KON BAY ANPIL FEY KOU. MWEN TE GENYEN YO JISKA 12 JANVYE 2010. SE TE YON PE SEN JAK. MWEN TE GEN PE ANDRE LAFOND KOM PWOFESE LABIB. YON ZANMI PESONEL. LI SE YON KANADYEN KI SOTI NAN DYOSEZ NICOLET. LI TE FE KOU EBRE SOU YON BAZ VOLONTE POU NOU. LE MWEN AL KACHE SOU TERAS LA DEYE YON CHATODO POU M PAT FE EKZAMEN AN, LI AL CHECHE M EPI LI DI M PAWOL PWOFETIK SA YO « CELA PEUT TE SERVIR UN JOUR… » REYELMAN VRE, TI KOU EBRE LI TE BAN MWEN AN PRAL SEVI M ANPIL KEK ANE PI TA LE MWEN PRAL ETIDYE LABIB A WOM NAN ENSTITU BIBLIK PONTIFIKAL.
KOM LOT PWOFESE MWEN TE GEN PE MARCEL GENEST CSV. TRE PONKTYEL. LI PAP FINI YON FRAZ SI YO SONNEN KLOCH LA. LI TE ANSEYE MARYOLOJI, ESKATOLOJI. LI TE MANKE YON KOD VOKAL. VWA L TE SANBLE AK VWA YON FI. MWEN TE GEN PE FRITZ WOLFF. LI TE DOYEN. LI TE JESWIT. TRE ENSTWI. LI TE MONTE BIBLIYOTEK GRAN SEMINE A. LI TE KONSIDERE GRAN SEMINE A KOM PITIT LI. LI TE VINI APRE PE JEAN MARIE SALGADO O.M.I. LI TE CHARITAB. CHAK MIDI LI TE KON POTE PLAT MANJE BAY POV MALERE YO KI TE RETE DEYE GRAN SEMINE A. LI TE KON EDE YO NAN LEKOL, NAN MALADI, NAN LANMO. YON JOU WOM TE VOYE YON PE FRANSE YON TI JAN AWOGAN VIN ENSPEKTE GRAN SEMINE A. PE WOLFF AVEK ANPIL ADRES RANMASE L. M TE BYEN KONTAN LE SA. R.I.P.
MWEN TE GEN PE JEAN-CLAUDE LESPINASSE PWOFESE DWA KANON AK ISTWA LEGLIZ. ANPIL SAJES. ANPIL KONESANS. LI TE RESPONSAB ESKOUT YO. LI TOUJOU ABIYE AK YON SOUTAN BLANCH. LI TE OKIPE PLIZYE OFELEN. GENYEN KI TE PATI AL ETIDYE ALETRANJE. PE LESPINASSE TE GEN YON DJEEP LI TE KON KONDWI TOU DOUSMAN. LE NOU PRAN WOULIB NAN MEN L, NOU KON FAWOUCHE L. « LE PE LESPINAS RIVE NAN YON KALFOU, LI DESAN MACHEN NAN, LI GADE ADWAT AGOCH. EPI LI REMONTE MACHEN NAN… ». PE JANKLOD LESPINAS TE YON SEVO. SE TE YON MAPOU KI TONBE JOU GOUDOUGOUDOU 12 JANVYE 2010 NAN CHANM LI ANBA DEKONM. R.I.P. CHANM LI TE TOU PRE CHANM PA M PANDAN PLIZYE LANE. MWEN REGRET LI PAT GEN TAN EKRI « MEMWA » LI POU LOT JENERASYON TE KAPAB PWOFITE.
MWEN TE GEN PE AUGUSTIN ALMYR KOM REKTE AK PWOFESE. LE MWEN FEK ANTRE NAN PREMYE ANE FILOSOFI LI TE ETIDYAN NAN DENYE ANE TEOLOJI. APRE SA LI ALE ETIDYE A WOM. LE MWEN RIVE NAN DENYE ANE TEOLOJI LI VINI KOM PWOFESE MWEN, PWOFESE TEOLOJI MORAL. LI PAT GEN BON SANTE. LI FE PLIZYE OPERASYON SAN SIKSE. LI GEN ANPIL KOURAJ NAN MALADI L. PI TA MWEN PRAL RANKONTRE PE AUGUSTIN ALMYR NAN PAWAS SEN JAMES NAN MIAMI.
MWEN TE GEN PE YVON MASSAC KOM PWOFESE. NOU TE FANATIK LI. KOM JEN PRET LI TE KON PRECHE BYEN KOM VIKE DOMINIKAL NAN PAWAS SAKRE KE TUJO. ANPIL SEMINARIS TE RENMEN AL KOUTE L JOU DIMANCH. KOU L YO TE CHO ANPIL. LI TE RENMEN PRAN EKZANP PRATIK. LI TE RENMEN FE EGZAMEN ORAL. ANPIL SISPENS. SE TE YON ORIJINAL. LI TOUJOU AP FE GWO VITES SOU MACHEN LI. KOU L PARET, NOU DI « MEN LE MET !… » NOU TE RENMEN JAN LI TE FE KOU YO. KOU L PARET NAN LAKOU A, NOU DESAN AL RANKONTRE L, ANTOURE L. MESI PE YVON MASSAC.
MWEN TE GEN TOU KOM PWOFESE KATECHEZ PE JACQUES PERCY. LI TE ABITYE VINI DI LAMES PAFWA JOU DIMANCH AKAYE LE KIRE A PE CHRISTIAN NICOLAS TE ABSAN. LI TE ASISTE M LE MWEN TAP FE PREMYE MES MWEN AKAYE. LI TE FE KOU YO JOU SAMDI. EZKAMEN ORAL. LI TE RENMEN PALE POLITIK. LE NOU FEN MANJE LI ALE CHITA SOU LAKOU A POU NOU BAY BLAG. PE JACQUES PERCY PASE PLIS PASE 40 LANE NAN GRAN SEMINE TIJO. SE TE MOUN CAMP PERRIN. LI KON PRETE M BEL CD MIZIK KLASIK. MWEN GADE YON BON SOUVNI PE PERCY. LI MOURI ANBA DEKONM EVECHE OKAY LE GOUDOUGOUDOU 14 OUT 2021 TE FRAPE DEPATMAN SID LA. R.I.P.
MWEN TE GEN ABBE TURCOTTE YON KANADYEN KI TE FE KOU POU MWEN. LI PAT PE. LI TE EKRI YON LIV SOU ESKATOLOJI. SE AVEK LI NOU TE KON SEVI. MWEN TE GEN PE VAUVENARGUES JEANNOT (VOVO) KOM PWOFESE SOSYOLOJI. MWEN TE GEN PE BARTHELEMY NAN KONKREGASYON SENT KWA KI TE PWOFESE M.
MWEN TE GEN MONSEYE FRANTZ COLIMON KOM PWOFESE LABIB. LI TE VREMAN KOMIK. LI KON AP BAT MEN L SOU BIWO A KON TANBOU LE LAP FE NOU CHANTE. LI TE KON LABIB LA SOU BOUT DWET LI. SE YON SAVAN NAN LABIB. YON SEN TOMAS D’AQUIN AYISYEN. LI PAT SEVI AK LAJAN. LE YO BAL YON ANVLOP LAJAN, PREMYE MOUN LI RANKONTRE SOU LAKOU A, LI FE L KADO L. LE LI RIVE ANVAN KOU A KOMANSE LI PITO CHITA SOU PWENT MU DEVAN KAY LA PASKE LI PAT VLE SONNEN POU PA DERANJE GADYEN AN. SE YON MOUN KI SEN. YON BEL FIGU PE. LE YO NOMMEN L EVEK PODEPE MWEN TE ALE NAN KONSEKRASYON L. MWEN SONJE APRE SEREMONI AN LI PASE VIZITE PRIZONYE YO. LI PRAN YON MOSO CHEVE YOUN LADAN YO KI TE TONBE ATE APRE YO TE FEN KWAFE L, LI METE L NAN BREVYE LI, LIV PRIYE LI. TE GEN PE ROY KI TE BIBLIYOTEKE. MWEN TE GEN KOM PWOFESE PE GODEFROY MIDY YON PE JESWIT. LI TE MAKE NOU ANPIL. SE YON PE KI TRAVAY ANPIL SAN FE BWI POU AVANSMAN LEGLIZ DAYITI JISKOUNYE A. MESI PE MIDY.
2.- KONDISIP MWEN NAN GRAN SEMINE
MEN KEK NON GRAN SEMINARIS MWEN SONJE KI TE PWOMOSYON M OUBYEN KI TE RETE NAN SEMINE A. YO TE NAN DIFERAN ANE. MEN NON YO : ANDRE PIERRE, ROGER PIERRE, CALIXTE HILAIRE, LEONEL JEAN-FRANCOIS, LEVEQUE BIEN-AIME, FRANCOIS THOMAS, YVES VOLTAIRE, FRANCOIS KAWAS, MOISE FRANCOIS, HAROLD DUROSIER, GUIRAND MARAT (R.I.P.), EDNER LAURENT (PREMYE PE KI TE PRAL SOTI LAGONAV : R.I.P.), CLEMENT MEUS (R.I.P.), PIERRE PAUL MARET, AMARY NOEL, HENRI-CLAUDE PIERRE (R.I.P.), MICHEL KERLEGRAND (R.I.P.), DUPERAT MONPLAISIR, HERVE JEAN-MICHEL, JOACHIM ANANTUA (R.I.P.), ADRIEN VIL (R.I.P.), SERGE MIOT (R.I.P.), DORSAINVIL (R.I.P.), ULRICK JOSEPH (R.I.P.), FLORIAN JEAN-MARIE (R.I.P.), JANEL BOURDEAU, TYON, HECTOR PASCAL (R.I.P.), JULIAU NAU, ALPHONSE QUESNEL, FRANTZ DESRUISSEAUX, LESLY JEAN, LEONEL DARLESTIN, DESGRAVES, VITAL MEDE (R.I.P.), EMILE JOSEPH, ANDRE PREVALUS (R.I.P.),EMILE JOSEPH,GAETAN BOURCICAULT, GEFFRARD, EDNER DEVALCIN (R.I.P.), FRITZ SAUVAGERE (R.I.P.), JOSEPH PARDO…
3.- KEK BEL SOUVNI GRAN SEMINE
NOU TE GEN YON BEL VI LAPRIYE ANSANM. CHAK MATEN NOU TE GEN LOD, MEDITASYON AN SILANS. APRE SA LAMES. A MIDI NOU TE GEN PRIYE ESPESYAL. A 6H PM NOU TE GEN VEP. A 8H PM NOU TE GEN KONPLI. NOU TE GEN RETRET AK KONFERANS ESPIRITYEL DETANZANTAN. NOU TE GEN YON DIREKTE ESPIRITYEL. GEN PE KI KON SOTI LOT KOTE POU KONFESYON.
POU KESYON AKADEMIK NOU TE GEN 2 PREMYE ANE YO SE FILOSOFI EPI 4 DENYE ANE YO SE TEOLOJI. KOU YO TE KON FE PA « CYCLE ». SA VLE DI SEMINARIS PREMYE ANE KON ASISTE PAFWA ANSANM MENM KOU AK ETUDYAN DENYE ANE YO. ALAFEN ETID NOU, TE GEN YON BAKALOREYA AN TEOLOJI INIVESITE URBANIENNE A WOM TE BAN NOU. SE PE FRITZ WOLF S.J. KI TE FE DEMACH POU NOU JWEN AFILYASYON SA. NOU TE GEN YON EKZAMEN EKRI EPI YON EKZAMEN ORAL DEVAN 3 PWOFESE AK YON MODERATE. YO TE ENTEWOJE NOU SOU LABIB, TEOLOJI DOGMATIK AK TEOLOJI MORAL. NOU TE GEN YON BEL BIBLIYOTEK ALA DISPOZISYON NOU AK PWOFESE BYEN KALIFYE KI TE ETIDYE A WOM, LOUVAIN. DOYEN AN KON ENVITE PAFWA SETEN ESPESYALIS VINI BA NOU KONFERANS. SE KONSA M SONJE NOU TE GEN PWOFESE POISSET ROMAIN, RENE ET MADAME DESTIN, AGWONOM ANDRE, MR AMOS DUROSIER…
TE GEN YON BEL VI KILTIREL. SEMINARIS YO TE GEN YON REVU KI TE PARET CHAK TRIMES. NOU TE GEN TOU YON AKADEMI. LE EPOK NWEL AK PAK, NOU TE KON OGANIZE YON FET ANVAN NOU ALE LAKAY NOU : PWEZI, MIZIK, TEYAT, BLAG.
NOU TE PATAJE PLIZYE REPA ANSANM : DEJENE, DINE, GOUTE, SOUPE. PE YO TE GEN REFEKTWA PA YO APA. MEN TOUJOU GEN 2 KI TE VINI MANJE AK SEMINARIS YO. LE NOU FEN MANJE, NOU CHAK AL LAVE ASYET NOU. SE TE ME SENT TEREZ LANFAN JEZU KI TE KON SIPEVIZE ZAFE MANJE A. TE GEN ANPIL KWIZINYE KI TE TRE DEVWE. YO KON AL FE MACHE AKAYE, KWADEBOUKE.
ME YO TE KON OKIPE LESIV NOU TOU. YO TE RENMEN SEMINARIS YO. YO TE BAY TOUT YO MENM NAN SEVIS SA.
APRE NOU FEN MANJE SE REKREYASYON. NOU KON ALE SOU TEREN FOOTBAL LA BAY BLAG. NOU TE GEN FAKILTE BLAGOLOJI. LEVEQUE BIEN-AIME SE TE DOYEN FAKILTE SA. LI TE KOMIK. LI KON AP DI LI MANKE YON APOSTWOF POU L EVEK. YOUN KON FAWOUCHE LOT. PAFWA NOU JWE DOMINO, BEZIG, PING PONG, FOOTBAL. TE GEN TI MESYE KI RETE NAN KATYE A KI KON VINI JWE FOOTBAL SOU TEREN AN.
4.- KEK LOT SOUVNI GRAN SEMINE
CHAK MEKREDI AK DIMANCH NOU TE GEN DWA SOTI AL VIZITE PARAN NOU AK ZANMI NOU. LE VAKANS NWEL, PAK AK GRAN VAKANS ETE, NOU KON ALE LAKAY NOU. NOU TE KON RESEVWA VIZITE YO NAN SALON SEMINARIS YO. TE GEN YON LOT SALON POU RESEVWA VIZITE PE YO.
TE GEN SEMINARIS SENT KWA YO KI TE ABITE ANFAS GRAN SEMINE A NAN ANSYEN KAY FRANSWA DUVALIER. TE GEN PE BARTHELEMY KI TE RESPONSAB YO. KOM SEMINARIS TE GEN SIMON SAINT-HILLIEN (R.I.P.), CALIXTE, YVES JEAN-MARIE PEAN, GABRIEL BLOT, EMMANUEL HYPPOLITE. DIMANCH GEN LOT MOUN DEYO KI KON VINI ASISTE MES NOU AN NAN CHAPEL LA. NOU TE GEN YON ASOSYASYON KI TE KON EDE GRAN SEMINE A EKONOMIKMAN. SE TE YON INISYATIV MONSEYE JOSEPH LAFONTANT KI TE RESPONSAB NOU PANDAN YON TI BOUT TAN. PAFWA MWEN TE RENMEN ALE NAN SENT MARI KANAPEVE KOTE TE GEN BEL MES AN KREYOL CHAK DIMANCH AVEK TANBOU. SE TE PE JACQUES BEAUDRY ANSYEN PWOFESE GRAN SEMINE KI TE RESPONSAB FOYE SENT MARI KANAPEVE.
5.- GRAN SEMINE KAZO
MWEN PASE PREMYE ANE FILOSOFI NAN GRAN SEMINE NOTRE-DAME TUJO. DEZYEM ANE A MWEN PRAL PASE L GRAN SEMINE KAZO. SE TE NAN LANE 1974. NOU SE PREMYE GWOUP SEMINARIS KI INOGIRE GRAN SEMINE KAZO. SE TE YON
INISYATIV PE LEONARD PETION LAROCHE PREMYE KIRE AYISYEN PAWWAS SAKRE KE TUJO, KIRE FONDATE PAWAS IMAKILE NAN FONBATIS. LI TE PWOCH PEYIZAN YO. LI TE KONNEN KI WOL PE YO KAPAB JWE TOU NAN ZAFE AGRIKILTI DAPRE EKSPERYANS PESONEL PA L FONBATIS. SE KONSA MALGRE ANPIL GWO DIFIKILTE LI RIVE BATI AK ZONG LI BATIMAN SA KAZO KI TA PRAL ABITE PLIZYE SANTEN SEMINARIS KAP ETUDYE FILOSOFI JISKASKE LI KRAZE 12 JANVYE 2010 PANDAN TRANBLEMAN TE A.
KAZO SE TE YON GRAN « FERME ». NOU TE FE JADEN. PE LAROCH TE FE FOUYE YON PWI ATEZYEN. LI TE FE YON AGWONOM YO RELE ANDRE VINI CHAK SAMDI BA NOU KEK NOSYON SOU AGRIKILTI. NOU TE KON BWE BON JAN LET BEF NATIREL. NOU TE MANJE BYEN. PE LAROCH TOUJOU DI NOU MEDIKAMAN KOUTE PI CHE PASE MANJE. YO TE RELE L « PAPA BON KE ». PI TA YO NONMEN L EVEK ENCH. LE SA LI TA PRAL KITE NOU. YON BEL FIGU LEGLIZ DAYITI. LI TE SEVE. MEN LI TE SENPATIK. LI TE PWOCH SEMINARIS YO. YON GRAN FRE. YON BON KONSEYE (R.I.P.).
SE ABE JOSEPH SERGE MIOT AK JEAN MARIE FLORIAN KI TE FE PREMYE RETRET POU NOU ANVAN NOU ANTRE GRAN SEMINE KAZO. KOM KONDISIP MWEN TE GENYEN ANDRE PIERRE, LEVEQUE BIEN-AIME, ROGER PIERRE, AMARY NOEL, HENRY CLAUDE PIERRE, MICHEL KERLEGRAND, LEONES DARLESTIN, DESGRAVES, FERRY BRUTUS, ROSERAIS (R.I.P.). SOU TEREN AN TE GEN LAFANMI NATAN MOUN LAVALE. NOU TE TOU PRE AEWOPO A. AVYON YO KON FE ANPIL BWI LE YAP ATERI OUBYEN LE YAP PRAN VOL. LE SA PWOFESE SISPAN PALE PASKE BWI AVYON TE TWO FO.
PANDAN NOU TE KAZO YO TE KON ANKOURAJE BAY SAN NOU LAKWA WOUJ. POUTET SA YO TOUJOU FE TEST POU NOU ANVAN. LE SA GEN ANPIL SISPENS. MWEN SONJE MANMAN M TE VINI VIZITE NAN YON OKAZYON KONSA.
6.- ODINASYON
PI GWO MOMAN NAN LAVI YON SEMINARIS SE ODINASYON DYAKONAL AK SASEDOTAL. NOU FE YON RETRET ANVAN. TOUJOU GEN YON SISPENS. OU PA JANM FEN KONNEN SI WAP RIVE PE. GEN SEMINARIS KI KRAZE YON KITE SA NAN WOUT. PAFWA KEK MWA SELMAN ANVAN ODINASYON. GENYEN MENM RESPONSAB YO ENVITE CHWAZI YON LOT CHEMEN.
MWEN DI BONDYE MESI APRE 7 LANE MWEN PASE NAN TI SEMINE SEN MASYAL KOM TI SEMINARIS AK 6 ANE GRAN SEMINE TUJO, MWEN RIVE JWEN ODINASYON. TOUDABO KOM DYAK. SE TE MONSEYE LIGONDE KI TE ODONE NOU 4 SEMINARIS POU ACHIDYOSEZ POTOPRENS : ANDRE PIERRE, ROGER PIERRE, CALIXTE HILAIRE AK MWEN MENM. MWEN TE METE YON BEL OB KE SE GUIRAND MARAT KI TE YON RELIJYEZ TE FE POU MWEN. BYEN BEL. BYEN BWODE. JISKOUNYE A LI LA TOUJOU BYEN KONSEVE. MWEN KONTINYE METE L. NOU TE SAKRE DYAK NAN KATEDRAL POTOPRENS. TE CHAJE AK MOUN. YON BEL SEREMONI. ANVAN SA MWEN GEN NAN MEMWA MWEN SEREMONI DYAK YO TE FE NAN CHAPEL GRAN SEMINE TUJO POU ADRIEN VIL AK VITAL MEDE. MWEN TA PRAL DYAK PANDAN 6 MWA ANVAN ODINASYON MWEN KOM PE. SE TE 30 JEN 1979. MWEN REGRET MWEN PEDI TOUT FOTO SA YO KE MWEN TE ANKADRE NAN YON GRAN TABLO M TE METE NAN SALON LAKAY MWEN AKAYE.
7.-PI GWO JOU NAN LAVI MWEN
PI GWO JOU NAN LAVI MWEN SE TE JOU YO SAKRE M PE. YON REV MWEN TAP KARESE DEPI LAJ 5 AN. APRE ANPIL ANE ETUD KAY FIC, SEN MASYAL AK GRAN SEMINE TUJO/CAZO. YON REV ANPIL MOUN BONDYE TE METE SOU CHEMEN M POU REYALIZE L : FANMI MWEN, SE MWEN LAURA, MANMAN MWEN, PE CURE PAWAS AKAYE YO, PE BENWA, PE CHRISTIAN NICOLAS, FRE JACQUES MATT, DIREKTE ESPIRITYEL MWEN YO NAN TI SEMINE SEN MASYAL, PWOFESE MWEN NAN GRAN SEMINE POTOPRENS, ZANMI MWEN YO KI EDE M AK LAPRIYE YO, AK KONTRIBISYON MATERYEL YO KOU WE MAURICE PRUDENT, ZANMI MANMAN M LE LI TE LEKOL KI TE RETE ANFAS TI SEMINE SEN MASYAL (MADAN JANVYE), PE EPISKOPALYEN GRAMMONT GILLES MWEN KON AL VIZITE JOU DIMANCH LE M TE SEN MASYAL, MET DORCELY, NOTE LELIO JEANNOT, NOTE CONCERNE AK MADANM LI, JACQUES ROMAIN, LESLY AK SUZE DENERVIL, LUCIEN AK YVON TREVANT, MAREN MWEN MADAN GERARD JEAN, KOMESAN ARNOUX AK MADANM LI, PIERRE PHILIPPE TONTON MWEN, FRERE COME, PE GABRIEL BERTHAUD, PE ALPHONSE GILBERT, CARISTEN, MAINTELUS THELUSMA (BLAN), ETC…
MWEN SAKRE PE 29 JUIN 1979 NAN KATEDRAL POTOPRENS. NOU TE 4 DYAK : ANDRE PIERRE, ROGER PIERRE, CALIXTE HILAIRE AK MWEN MENM. SE TE MONSEYE FRANSWA WOLFF LIGONDE ACHEVEK POTOPRENS KI TE SAKRE NOU NI DYAK NI PE. KORAL KATEDRAL LA KORAL SENT CECILE TE CHANTE POU NOU. MWEN SONJE BEL CHANTE KOU WE « PEUPLE DE PRETRES » YO TE CHANTE NAN PWOSESYON. CHAK FWA MWEN TANDE CHANTE SA, MWEN REVIV BEL MOMAN SA. TE GEN TOUT ABE GRAN SEMINE YO KI TE LA, PWOFESE YO, PLIZYE PE NOU TE ENVITE. SE TE PERICLES KI TE FE KAT ENVITASYON YO POU MWEN GRATIS TI CHERI (JE CHANTERAI TES LOUANGES AU MILIEU DE L’ASSEMBLEE). TE GEN TOUT FANMI MWEN, ZANMI MWEN KI TE LA. MWEN REGRET MWEN PA GEN ANREJISTREMAN AK FOTO SEREMONI SA YO. MWEN TE ANKADRE TOUT FOTO SA YO. MWEN TE METE YO NAN KAY MWEN TE LEVE AKAYE. MWEN PA KON KOTE YO YE.
SE TE YON BEL SEREMONI. MWEN TE GEN MENM OB MWEN TE SEVI POU SEREMONI DYAK LA, BEL OB SA KE YON RELIJYEZ SE GUIRAND MARAT TE BWODE POU MWEN E KI LA TOUJOU BYEN BEL JIS JOUNEN JODI A. MWEN SONJE LE YAP ABIYE M AK ETOL LA, AK CHASIB LA. MWEN SONJE LE YO REMET MWEN KALIS AK PATEN NAN. MWEN SONJE LE MONSEYE LIGONDE PASE LWIL NAN MENM. MWEN SONJE LE M KOUCHE TOU LONG ATE A POU LITANI SEN YO. E SUTOU MWEN SONJE LE MONSEYE LIGONDE POZE 2 MEN L SOU TET MWEN. APRE SA TOUT PE KI TE LA YO FE MENM JES LA. APRE SA YO BAN M AKOLAD. APRE SA TOUJOU MWEN SALYE DE LWEN ASANBLE A. SE TE YON GRAN MOMAN. ANPIL GRAS. NOU TE FE YON BEL RETRET ANVAN SA. MESI JEZU. MESI LAVYEJ. MESI POU TOUT FAVE SA KE MWEN PA MERITE MWEN MENM YON POV PECHE. LWANJ AK KONPLIMAN POU BONDYE !
8.- PREMYE MES MWEN AKAYE
YON LOT GWO EVENMAN NAN LAVI MWEN SE TE PREMYE MES MWEN AKAYE. KEK JOU APRE MONSEYE LIGONDE FEN SAKRE MWEN PE, SE TE OKAZYON POU MWEN TE SELEBRE PREMYE MES MWEN AKAYE AVEK PE ANDRE PIERRE MOUN AKAYE KI TE LEKOL AVEK MWEN DEPI KAY FRE YO NAN KLAS SETYEM PRIME. LI SE TE MOUN DELIS KOTE PAPA L JOSEPH PIERRE TE DIREKTE CHAPEL PANDAN PLIZYE ANE. KEK TAN APRE LI TA PRAL FE PREMYE MES PA L DELIS. MWEN TE ALE NAN MES SA TOU.
JOU SA SE TE GWO FET AKAYE. KONDISIP MWEN YO, ZANMI MWEN YO, FANMI MWEN, MOUN KI TE KONNEN M DEPI M TE TOU PITI TE PREZAN. SE TE YON FYETE POU YO TOUT. TE GEN YON PATI NAN KORAL SENT CECILE KATEDRAL POTOPRENS KI TE LA. GEN YON TWONPETIS KI TE LA TOU. MWEN TOUJOU RANKONTRE L BOSTON. KORAL AKAYE A TE LA. MWEN SONJE CHANTE PWOSESYON : »LI RELE MWEN…M PRALE WE SA LAP DI MWEN. » PWOSESYON TE SOTI NAN PRESBITE A POU RIVE NAN LEGLIZ LA. PE JACQUES PERCY KI TE KON VEN FE MES LE KIRE A PE NICOLA PA LA TE BO KOTE M POU ASISTE M PANDAN PREMYE MES LA. SE TE KE KONTAN. ANPIL FELISITASYON. ODINASYON 2 PITIT AKAYE SE TE YON ANKOURAJMAN POU LOT TI JEN AL FE PE TOU. PANDAN TOUT TAN NOU TE NAN GRAN SEMINE POTOPRENS PANDAN VAKANS NWEL, PAK AK GRAN VAKANS ANDRE PIERRE AK MWEN TE ABITYE FE ANTEMAN ANSANM, LITIJE PAWOL LA ANSANM, PREPARE SEMEN SENT ANSANM AVEK MICHEL KERLEGRAND PAFWA AVEK PE ALEXANDRE. JOU SA PE ANDRE PIERRE AK MWEN NOU SELEBRE MES LA ANSANM. APRE SA TE GEN YON BEL TI RESEPSYON LAKAY MWEN KOTE MWEN TE GRANDI. KAY SA LA TOUJOU. BYEN KONSEVE. SE FRE M NAN MICHEL CAMPION KI RETE LADAN L.
TOUTSWIT APRE PREMYE MES MWEN, MWEN TE ALE FE MES LAKAY PE FLEURISME (R.I.P.) PI WO ZON KENSKOF. LE MWEN TE SEMINARIS MWEN TE KON AL FE MISYON TOU AVEK GUIRAND MARAT LAKAY LI FONDWA KOTE LI TE OGANIZE MARYAJ KOLEKTIF POU PLIZYE MOUN KI DEJA AP VIV ANSANM. MWEN TE KON PATISIPE LADAN YO. MWEN TE KON ALE TOU AN MISYON MARIGO AK PEREDO AVEK PE MICHEL, PE PARDO, ABE MADLON, FRITZ SAUVAGERE, EDNER LAURENT. SE LA MWEN TE FE RANKONT DOKTE DOUYON, SE LI BLANCHE DOUYON, EVELYNE DOUYON, NADINE, TIT SE. MWEN TE FE YON MISYON TOU VYALE TI GWAV NAN TI GINEN.
 TOUTSWIT APRE KEK MISYON, MWEN AL PRAN YON TI REPO PANDAN ANVIWON YON MWA NAN BETE PETYONVIL KAY MADAN BIEN-AIME BIEN-AIMA. MWEN TE RANKONTRE 2 PITIT FI LI CECILE AK GABRIEL NAN KABARE (DUVALER-VILLE) KOTE PAPA YO TE FEK MOURI. SE 2 MARASA YO TE YE. YO TE AVEK 2 KOUZEN YO KI MARASA TOU KI RELE MAUD PIERRE AK DINA PIERRE. YO TOU LE 4 TE ABIYE AN NWA. YO TE AN DEY. MWEN TE RELE YO « LES 4 PAPILLONS NOIRS ». YO TE KON RELE M AMERIKEN. CECILE MOURI NAN LOPITAL BONFEN. MWEN TE GEN TAN AL VIZITE L LE MWEN TOUNEN SOTI NAN VIL WOM. GABRIEL, MAUD AK DINA PATI POU OZETAZINI. NAP RETE BYEN PANDAN PLIZYE LANE. MWEN KON VIZITE YO LAKAY YO KOTE MWEN RANKONTRE MANMAN YO LAURA, GRAN YO, FRE YO. SE POU BONDYE BENI FANMI SA. YO TE TOUJOU SIPOTE M NAN SASEDOS MWEN. ANVAN MWEN PATI POU WOM, MWEN PASE YON MWA AGREYAB LAKAY YO PETYONVIL. MWEN RANKONTRE MATANT YO SYLVIE (R.I.P.) NEILA (R.I.P.). TE GEN RODRIGUE (R.I.P.) AK MADANM LI, TONTON YO ANEL. MADAN BIEN-AIME (R.I.P.) TE JANTIY. YON SANS OSPITALITE EKSTRAODINE.

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre