4 Chapit 4 : ETUD NAN PEYI LOT BO DLO. MISYON AK VIZIT ALETRANJE.

 

1.-DESIZYON POU YO VOYE M ETIDYE ALETRANJE

DEPI 38 LANE YO PAT JANM VOYE ANKO PE YO AL ETIDYE A WOM. PASKE GEN 2 PE YO TE VOYE EPI YO KRAZE YON KITE SA. BONDYE TA PRAL PEMET MWEN RELOUVRI POT SA KI TE FEMEN AN. TOUTSWIT LE MWEN FEN KONSAKRE PE, REKTE GRAN SEMINE A ANSANM AK DOYEN AN PE FRITZ WOLFF AK PWOFESE YO DESIDE AL KOTE MONSEYE LIGONDE POU L VOYE PE ANDRE PIERRE AK MWEN MENM AL ETIDYE LABIB A WOM. NOMALMAN DAPRE REGLEMAN WOM FOK OU FE OMWEN 2 LANE NAN YON PAWAS ANVAN YO VOYE W AL ETIDYE. ANSWIT 2 PE KI SOTI NAN MENM DYOSEZ PA KAB AL ETIDYE MENM MATYE A. WOM PRAL FE YON DOUB EKSEPSYON POU MWEN AK ANDRE. TOUT SA SE TRAVAY BONDYE.
SE PREMYE FWA MWEN TA PRAL VOYAJE. SE TE YON GWO EVENMAN. MEN MWEN TE GEN ENKYETID. KWAKE MWEN TOUJOU BYEN TRAVAY LEKOL MWEN TAP MANDE TET MWEN SI MWEN AP KAPAB SOUTNI KONPA SA POU M AL ETIDYE LABIB KI GEN ANPIL EKZIJANS POU W KONNEN LATEN, GREK, EBRE, ARAMEYEN AK YON PAKET LOT LANG ANKO. MWEN DI PA OBEYISANS MWEN PRALE. MEN MWEN KONNEN YAP VOYE M TOUNEN POU KRETEN. M TE KONTAN ALE. MEN AN MENM TOU MWEN TE GEN YON CHAGREN NAN KE M. SE PREMYE FWA MWEN TAP KITE FANMI M POU TOUT TAN SA : 4 LANE. MWEN PAP WE AYISYEN FASIL A WOM KOU WE KANADA, ETAZINI.
MEN TE GEN YON PREPARASYON KI TE FET. LAPWOVIDANS TE FE M ETIDYE GREK AK LATEN DEPI NAN SEN MASYAL DEPI KLAS SIZYEM POU RIVE NAN FILO. EPI NAN GRAN SEMINE TUJO. PE ANDRE LAFOND TE BANM KEK KOU EBRE BIBLIK. LE MWEN TE AL KACHE JOU EKZAMEN AN LI ALE CHECHE M EPI LI DI M « VINI FE EKZAMEN EBRE A. SA KAPAB SEVI W YON JOU ». PAWOL PWOFETIK ! ANFEN MWEN MENM AK ABE MOISE FRANCOIS KI APRE KEK ANE PRAL A WOM TOU POU ETIDYE, NOU TE KON AP ETIDYE EPI FE PRATIK ITALYEN. SE KONSA DEPI PREMYE JOU MWEN DEBAKE ITALI MWEN KONPRAN LANG NAN EPI MWEN PALE L. PREPARASYON LAPWOVIDANS !
MWEN TE MANDE AJANS VOYAJ MARTINE NAN RI DEMIRAK REGLE TOUT ZAFE VOYAJ MWEN : PASPO, TIKE AVYON, REZEVASYON… PAPA M TE FE YON BEL KOSTIM BLE POU MWEN. PAPA M SE YON GRAN TAYE. SE KONSA NAN MWA SEPTANM 1979 APEN 2 MWA APRE MWEN SAKRE PE MWEN PATI POU WOM. MWEN FE ESKAL FODEFRANS, ANSWIT PARI EPI WOM. SE PREMYE FWA MWEN TE WE ANDAN YON AVYON. YON AVYON MEN GWOSE ! VOYAJ LA TE MOUVMANTE. LE MAP TRAVESE OSEAN ATLANTIK NOU RANKONTRE AVEK KE SIKLON GLORIYA. LI TE FE NWA. NOU TOUT TE PE. MAP PANSE A REKEN YO NAN LANME A SI AVYON TA TONBE. MWEN TE VLE RESITE AK KONTRISYON MEN SEZISMAN FE M BLIYE L ! BOUCH MWEN TE SECH AK LAPEREZ. MWEN TE GEN ENPRESYON M TE NON SEKEY KAP VOLE. MEN ALAFEN TOUT BAGAY FEN KALM E NOU ATERI PARI.
TOUT BAGAY TE ETRANJ POU MWEN. PREMYE FWA MWEN TE WE GWO AEROPO, ESKALYE WOULAN…MALET MWEN AN TE LOU. MWEN TE GEN DIFIKILTE POU M TRENNEN L. EPI YON POLISYE FRANSE VINI EDE M. MWEN TE SEZI. PASKE M KONNEN LAKAY POLISYE SE KOUT BATON YO KON BAY. NAN AVYON POU M ALE WOM APATI PARI, MWEN RANKONTRE YON PE ABIYE AK SOUTAN NWA KI TE FE PATI KOMINOTE MONSEYE LEFEBRE. LI TE JANTI AVE M. LI TE CHITA BO KOTE M NAN AVYON AN. NOU PALE. LI FE M KADO YON TI KOB. MWEN RIVE WOM VE 2H NAN MATEN. MWEN PRAN TAXI. M PAT KONNEN KOTE M TA PRAL DESAN NAN TE YON TI JAN ANDEYO WOM. MWEN TE ENKYETE LE M WE TAXI A AP FE YON PAKET WOUT AVE M. M KOMANSE LAPRIYE NAN KE M. FINALMAN MWEN RIVE KOTE M TA PRALE A KOLEJ SEN POL. MEN NAN LE SA LI TE GEN TAN FEMEN. MWEN OBLIJE AL NAN YON OTEL TOU PRE KI RELE « DOMUS PACIS ». PAT GEN PLAS. M TE KONPRAN SE PASE M TE NWA. M TE KONTRARYE POU SA. ANSWIT TE GEN YON LOT LOTEL TOU PRE TOUJOU. SE LA MWEN PASE NWIT LA. SE PREMYE FWA M TE DESAN NAN LOTEL. GWO ENSTALASYON. BEL DEJENE. BEL KABAN. TE GEN 2 KABAN. MWEN DOMI SOU TOULEDE POU LAJAN M NAN ! M TE PEYE AN DOLA AMERIKEN. BYEN CHE. M TE DI NAN KE M SI BAGAY YO CHE KONSA, TI KOB M TE GENYEN AN PRAL FINI NAN YON SEMEN… LELANDMEN MATEN BYEN BONE MWEN ALE KOTE M TE SIPOZE DESAN NAN : COLLEGIO SAN PAOLO APOSTOLO (KOLEJ SEN POL APOT).
2.- SEJOU MWEN NAN KOLEJ SEN POL
MWEN RIVE KOLEJ SEN POL NAN MWA SEPTANM 1979. SE LA MWEN TA PRAL PASE 4 LANE AVEK PE ANDRE PIERRE, PE SERGE MIOT EPI PE ADRIEN VIL KI TE DEJA ABITE NAN KOLEJ LA DEPI YON LANE. SE YON KOLEJ KI POU VATICAN. LI LOJE NAN VIA TORRE ROSSA TOU PRE PIAZZA CARPEGNA. SE YON BATIMAN KI GRAN AK ANPIL CHANM, PLIZYE ETAJ (CAMERATA), CHAPEL, REFEKTWA, 2 SAL REKREYASYON, SOUSOL, GWO LAKOU POU JWE FOOTBAL, KAY POU RELIJYEZ KI TE SOTI NAN PEYI END.
TE GEN ANVIWON 200 PE KI TE ABITE KOLEJ LA KI SOTI NAN ANVIWON 100 PEYI. PE SA YO TE ABITE NAN KOLEJ LA MEN YO TE ALE ETIDYE NAN PLIZYE DIFERAN INIVESITE NAN VIL WOM KOU WE INSTITUT BIBLIQUE PONTIFICAL, UNIVERSITE GREGORIENNE, UNIVERSITE URBANIENNE, ALPHONSIANUM, ETC… PE KI FEK RIVE NAN KOLEJ LA POU YO KAPAB APRAN ITALYEN YO RIVE YON MWA ANVAN LOT PE YO. PWOFESE ITALYEN MWEN TE GENYEN AN TE RELE ITALO OLIVIERI. LI TE PALE SELMAN ITALYEN DEPI PREMYE JOU NOU RIVE POU NOU KAPAB FAMILYARIZE AK LANG NAN. NOU TE PLIZYE PE. MWEN BLIYE NON PIFO. PAMI YO MWEN SONJE SELMAN JAMES SUNDARISON VICTOR YON PE KI TE SOTI NAN PEYI END E KI PRAL TOUNEN YOUN NAN PI BON ZANMI M. TE GEN PE KRIS OWAN KI SOTI NIGERIA TRE ENTELIJAN KI PRAL VINI ZANMI M TOU… APRE 4 LANE LAP RETOUNEN NAN PEYI L KOM PWOFESE. MEN APRE SA LAP RETOUNEN ANKO WOM POU L FE KEK ETID KI PI AVANSE NAN LABIB. TE GEN PE ANDRE PIERRE KI SOTI AYITI. TE GEN PE ALAPATHI KI PRAL VINI PI TA ACHEVEK NAN PEYI L SAMOWA.
3.- AKTIVITE NAN KOLEJ SEN POL
NOU TE GEN KOM REKTE RESPONSAB TOUT PE YO YON PE FRANSISKEN KI TE RELE PELLEGRINO RONCHI. LI PRAL VINI EVEK PI TA. LI TE SENP, SENP. LI TE RENMEN PAP POL VI. LI TE GEN YON LONG BAB. LI TE DEMISYONE YON LANE APRE LI EVEK (RIP). NOU TE GEN YON EKONOM VIETNAMIEN PE TONG KI TE KON BAN NOU ENTENSYON LAMES. NOU TE GEN YON PE OSTRALYEN PE MARC MAHON KI TE DIREKTE ESPIRITYEL.
NOU TE GEN RETRET YON FWA PA MWA. CHAK DIMANCH NOU TE GEN LAMES AN ITALYEN PAFWA AN LATEN. SE TE BEL BAGAY POU W TOUT PE SA YO KI SOTI NAN PLIS PASE 100 PEYI AVEK ETOL MENM KOULE AP KONSELEBRE LAMES ANSANM. SE TE YON BEL IMAJ JAN LEGLIZ LA INIVESEL. CHAK MATEN OUBYEN CHAK SWA CHAK PE TE FE LAMES AN PRIVE NAN YON PAKET TI LOTEL KI TE GENYEN A KOTE CHAPEL LA. PASKE CHAK PE TE GEN ORE DIFERAN DAPRE INIVESITE YO TAP FREKANTE A.
NOU TE MANJE ANSANM 3 FWA PA JOU. YO TOUJOU BAY DIVEN AK DLO GAZEZ POU DINE. PRESKE CHAK REPA TE GEN MANJE PASTA (SPAGETI) KOM PREMYE PLA. YO TE KWIT LI SOU TOUT FOM. JOU DIMANCH TE GEN YON REPA ESPESYAL. YO TE KON MANJE VYAN CHEVAL. LE M FEK RIVE M TE DI MWEN PAP JANM MANJE VYAN SA. EPOUTAN MWEN MANJE L SAN M PA KONNEN ! SA JE PA WE KE PA TOUNEN.
LE FET SEN POL CHAK 25 JANVYE KADINAL TOMKO TE KON SELEBRE LAMES POU NOU. BEL RESEPSYON APRE SA. PYES TEYAT. YON LE NOU TE FE YON EKPOZISYON SOU AYITI KI TE GEN SIKSE.
TE GEN RELIJYEZ KI SOTI NAN PEYI END. AVEK KEK ITALYEN YO TE ANPLOYE, YO TE OKIPE ZAFE MANJE AK LESIV POU 200 PE NOU TE YE. RELIJYEZ YO TE OKIPE SAKRISTI A TOU.
4.- AKTIVITE AVEK AYISYEN YO
NAN VIL WOM NOU TE RANKONTRE PLIZYE MEDAM AYISYEN KI TAP TRAVAY LAKAY KEK FAMIY ITALYEN. NOU KON RANKONTRE PAFWA. LE SA YO FE MANJE AYISYEN POU NOU. TE GEN YON KOTE KI RELE « SANTA CHIARA ». NOU KON ALE JOU DIMANCH RANKONTRE LOT MEDAM KI SOTI LOT PEYI KOU WE CAPO VERDE POU NOU FE LAMES, POU NOU LAPRIYE, POU NOU FETE. TE GEN YON ESPES GATO YO RELE « PANETONE » M TE RENMEN ANPIL. TE GEN TOU KEK RELIJYEZ AYISYEN KI TAP ETIDYE KATECHEZ NAN CASTEL GANDOLFO KOTE PAP LA PRAN VAKANS AN ETE. NOU KON RANKONTRE. NOU TE DIVIZE AN EKIP. MWEN SONJE SE POLOGNE, SE CATHERINE DESMARAT FILLE DE MARIE, SR JUNIE ALCIDE PSST, SR REGINE (R.I.P.), SR FEBRONIE PSST (R.I.P.).
5.- ETUD NAN INSTITUT BIBLIQUE PONTIFICAL
MWEN TE VINI A WOM POU MWEN ESPESYALIZE M NAN ETID LABIB PANDAN 4 LANE NAN INSTITUT BIBLIK PONTIFICAL (BIBLICUM) NAN PIAZZA DELLA PILOTTA. CHAK MATEN MWEN SOTI NAN KOLEJ SEN POL. MWEN PRAN OTOBUS 998 OUBYEN 881 APRE SA MWEN MONTE YON DEZYEM OTOBUS NO.46 POU DEPOZE M TOU PRE LEKOL MWEN AN. SE PE JESWIT YO KI TE RESPONSAB INSTITUT BIBLIQUE PONTIFICAL.
KOM PWOFESE MWEN SONJE JAMES SWEETNAM PWOFESE GREK PWOPEDETIK. CHAK MATEN LI FE YON EGZAMEN BYEN KOUT : »BASTA PER OGGI » (SA SIFI POU JODI A).. SE KONSA LI FINI EGZAMEN YO. LI TE RENMEN AYISYEN YO. SE YON NEG SAVE. MWEN TE GEN PWOFESE SPREAFICO KI TE KON FE KOU EBRE POU NOU AN ITALYEN. TE GEN PE ALONSO SCHOEKEL (RIP) YON SAVAN NAN ETUD SOM YO. LI EKRI PLIZYE LIV SAVE. TE GEN PE ALETTI, TRE RELAX. M TE GEN PE UGO VANNI (RIP) YON ESPESYALIS LIV APOKALIPS. TE GEN PE STANISLAS LYONNET ESPESYALIS NAN EPIT POL TE EKRI MOUN WOM YO. SE LI MENM KI TE DIREKTE TEZ MWEN AN. TE GEN PEMAURICE GILBERT ESPESYALIS LIV LASAJES YO. TE GEN PE NORTH PWOFESE ISTWA IZRAEL. TE GEN CALLAGHAN PWOFESE KRITIK TEKSTYEL. MWEN SONJE PE ALBERT VANHOYE ESPESYALIS EPIT OZEBRE. APRE SA PAP LA TE KREYE L KADINAL. LI MOURI ANE PASE AN 2021 (R.I.P.). TE GEN PE BOCCACIO PWOFESE ARAMEYEN. TE GEN PE MITCHEL DAHOOD…
6.- KONDISIP MWEN YO NAN INSTITUT BIBLIQUE PONTIFICAL.
PAMI KONDISIP MWEN YO, MWEN SONJE PE ANDRE PIERRE, KRIS OWAN, JAMES VICTOR SUNDARISON, ZAMBANINI. MWEN SONJE FIGU ANPIL LOT KONDISIP MEN MWEN BLIYE NON YO…
7.- ETUD MWEN YO NAN INSTITUT BIBLIQUE PONTIFICAL.
ETID YO TE RED PREMYE ANE A. SE TE SELMAN EBRE AK GREK BIBLIK PANDAN TOUT PREMYE ANE A. EGZAMEN CHAK JOU. KOU A TE FET AN ITALYEN. LIV LA TE EKRI AN ANGLE. MWEN TE KONPRAN LI AN FRANSE. MWEN TE FE DIJESYON AN KREYOL. GEN PE KI TE KRAZE YON KITE SA. YO RETOUNEN LAKAY YO. PASKE FOK OU APRAN LI AK EKRI LANG SA YO KOM SI W TE NAN JADEN DANFAN ALOSKE PE SA YO TE OKIPE GWO GWO PLAS NAN LEGLIZ PEYI YO.
MWEN TE TRE APLIKE. MWEN TE BAT BET MWEN SAN RETE NAN OTOBIS, TOUPATOU. MWEN KON ANREJISTRE MO YO POU M KOUTE YO LE M NAN DOUCH, NAN TWALET, ANVAN M DOMI, LE M FEK LEVE NAN KABAN. PASKE FOK OU TE KON PI FO MO NAN LABIB LA AN GREK E AN EBRE. YO PAT VLE W SEVI AK OKEN TRADIKSYON. LE SA MWEN PAT SOTI. M TE ALE RAMAN NAN TELEVIZYON OUBYEN REKREYASYON. TOUT ANE A MWEN TE SOU BAT BET MWEN SAN RETE. MWEN PAT VLE FE AYITI WONT. TE GEN PE PLIZYE NASYONALITE. MWEN SANTI KOMSI SE DRAPO AYISYEN MWEN TE KENBE NAN MENM. DAYE YO TE RELE M « AYITI ». MEN TOUT BAGAY BYEN PASE. M TOUJOU GEN BEL NOT POU EBRE AK GREK. GREK KLASIK MWEN TE APRAN SEN MASYAL LA AK EBRE PE ANDRE LAFOND TE APRAN MWEN NAN GRAN SEMINE TUJO POTOPRENS TE EDE M ANPIL. LAPWOVIDANS DIVEN TAP PREPARE WOUT POU MWEN. TOUT BAGAY BYEN PASE PREMYE ANE A. MWEN REYISI AVEK SIKSE. MESI BONDYE.
8.- VIZIT MWEN NAN VIL WOM AK ITALI
MWEN TE PWOFITE SEJOU MWEN WOM POU M VIZITE ANPIL KOTE. NAN VIL WOM MWEN VIZITE PLIZYE FWA 4 GRAN BAZILIK YO : SEN PYE, SEN POL, SENT MARI MAJE, SEN JAN LATRAN. PLIS MWEN VIZITE BAZILIK SENT KWA KOTE NOU JWEN ESKALYE SEN 28 MACH JEZU TE MONTE VANDREDI SEN KE PELEREN YO MONTE A 2 JENOU. SE SA KI PRA L ENSPIRE M PI TA FE YON ESKALYE SEN 28 MACH PAWAS SAKRE KE AK NAN CBNDF BWANEF. MWEN VIZITE PLIZYE FWA MIZE VATIKAN YO KOTE GEN YON RICH KOLEKSYON. MWEN VIZITE KATAKONB YO KOTE PREMYE KRETYEN YO TE KON REYINI. MWEN VIZITE KOLIZE, CHATO SEN ANJ, FORUM, TIVOLI, VILLA EUR, PIAZZA SPAGNA, PIAZZA BOLOGNA,PIAZZA NAVONE, STAZIONE TERMINI KOTE TOUT TREN NAN EWOP TE GARE.
TE GEN KEK ENFIMYE AYISYEN KI TAP TRAVAY NAN PEYI LASWIS, LE YO VEN VIZITE WOM MWEN KON MENNEN YO VIZITE VIL LA. YON LE MWEN TE VLE MENNEN YO VIZITE MIZE « DELLA CIVILTA ROMANA ». MEN GEN KEK LADAN YO TE PI PITO PASE TAN YO ACHTE VALIZ, BIJOU NAN VIA NAZIONALE. JOU DIMANCH MWEN KON AL ACHTE PORTA PORTESE KOTE OU JWEN TOUT BAGAY A BON MACHE. SE TE YON ESPES MACHE PEPE KOTE W JWEN TOUT KALITE BAGAY POU PIYAY.
APRE WOM, MWEN VIZITE PLIZYE VIL AN ITALI. MWEN VIZITE ASIZ KOTE NOU JWEN TONBO SEN FRANSWA AK KEK OBJE PESONEL LI TE GENYEN. MWEN VIZITE LEGLIZ SENT KLE KOTE NOU JWEN PLIZYE BAGAY PESONEL LI. MWEN WE KWA KI TE PALE YON JOU AK SEN FRANSWA LE LI TE DI L « FRANSWA AL REPARE LEGLIZ MWEN AN KI FEN KRAZE ». MWEN VIZITE FLORENCE YON VIL CHAJE AK RICHES ATISTIK, BEL ESTATI, BEL TABLO ANTIK. MWEN VIZITE TURIN KOTE NOU JWEN DRA KI TE VLOPE KO JEZU A. MWEN VIZITE MILAN KAPITAL EKONOMIK ITALI. LI GEN YON BEL TEYAT ANSYEN YO RELE « SCALA » KOTE YO FE BEL OPERA. MWEN VIZITE VIL PISA KOTE GEN YON TOU KI PANCHE. MWEN TE RENMEN VIZITE VENISE (VENEZIA) YON VIL BATI SOU DLO KOTE MOUN KI FEK MARYE YO RENMEN AL FE LENDEMYEL. TAXI SE BATO. GEN ANPIL BEL BIJOU. NAN VENISE MWEN TE VIZITE LEGLIZ SEN MAK KOTE NOU JWEN RES KO EVANJELIS SEN MAK. GEN ANPIL BEL KOTE VENISE.
9.- CARTIGLIANO
PANDAN SEJOU MWEN WOM MWEN TE KON FE APOSTOLA NAN EPOK NWEL AK EPOK PAK NAN YON TI VILAJ NAN DIOSEZ VICENZA TOU PRE BASSANO DEL GRAPPA NAN NO PEYI ITALI. YO TE RELE L CARTIGLIANO. MWEN TE KON AL FE APOSTOLA NAN LEGLIZ SEN SIMON AK SEN JUD. VIKE A TE RELE DON ATTILIO. KIRE A TE RELE DON GUIDO PETRIN (RIP). LI MOURI AN 2018. LI TE APRESYE M ANPIL. LI TE KON EDE M EKONOMIKMAN. LI TE KON BAN MWEN ENTANSYON MES. LI TE KON FE M VIZITE KEK PAWASYEN CARTIGLIANO EPI MANJE LAKAY YO.
MWEN SE TE PREMYE MOUN NWA KI TE PASE CARTIGLIANO. TE GEN YON TI GASON ANVIWON 5 LANE KI TE WE MOUN NWA POU PREMYE FWA. YON JOU LI FIKSE M AVEK ATANSYON, LI GADE M EPI LI PRAN TI DWET LI LI PASE L SOU PO M EPI LI GADE TI DWET LI POU L WE SI PAT GEN TRAS NWA KI RETE. LI TE ETONE WE CHEVE M YO. LI TE ABITYE AK CHEVE SWA BYEN LONG. LI KON MONTE SOU YON CHEZ EPI LAP TOUCHE CHEVE M PANDAN LAP DI MANMAN L « CAPELLI…CAPELLI… » SA VLE DI « CHEVE…CHEVE… ». LI TE SENPATIK ANPIL. PAWASYEN CARTIGLIANO YO TE RENMEN M. YO TE KON FE BEL TI JES AK MWEN. JOU DIMANCH SEMEN SENT MWEN TE KON FE 2 MES. YO TE RENMEN KONFESE NAN MENM. EPOK SEMEN SENT MEN LONGE FIL MOUN KI TE VLE KONFESE NAN MEN M ALOSKE PAT GEN ANPIL MOUN DEVAN KIRE A. YO PAT FEN KON PALE ITALIEN BYEN. YO TE GEN YON PATWA KI SANBLE AK ITALYEN. MWEN TE GEN DIFIKILTE KONPRAN LANGAJ YO. POUTET SA LE YAP MANDE M KONSEY, KOM MWEN PAT FEN KONPRAN YO NET, M TOUJOU DI YO LAPRIYE LAVYEJ MARI. EPI LAP DI NOU SA POU NOU FE.
MWEN SONJE KEK NON ZANMI M CARTIGLIANO : FLAVIANA, FRANCA, EUGENIO BASSO, ILEANA BIZOTTO. SE TE MOUN SENP KI RENMEN PE. YO TE GEN YON BWASON YO RELE « GRAPPA » KI TE FO ANPIL. YO TE KON MELANJE L AK CAFE. YO RELE L « CAFFE CORRETO » (KAFE KORIJE). YON JOU EUGENIO MENNEN M « MONTE GRAPPA » KOTE TE GEN YON GWO BATAY PANDAN DEZYEM GE MONDYAL. SE PREMYE FWA MWEN TE WE LANEJ NAN LAVI M. YON ETANDI BLAN BLAN AVEK REYON SOLEY LA KI REFLETE LADAN L. MWEN TE DEKOUVRI YON ASPE NAN BELTE KREYASYON AN. YON LE TE GEN YON PE ENDYEN KI TE AVEK MWEN E KI TE ABITE TOU KOLEJ SEN POL. LE MWEN FEN KITE WOM, TE GEN LOT PE AYISYEN KI TAP ETIDYE WOM KI KON AL BAY KOUT MEN CARTIGLIANO NAN EPOK PAK. PE HAROLD DUROSIER SE TE YOUN LADAN.
10.- INIVESITE EBRAYIK JERUZALEM
INSTITUT BIBLIK PONTIFIKAL WOM GEN YON PWOGRAM POU ETUDYAN L YO AVEK INIVESITE EBRAYIK NAN JERUZALEM. LI DIRE 7 MWA (OUT/FEVRIYE). YO SELEKSYONE ANVIWON 30 ETIDYAN. PAFWA GEN 2 FWA PLIS KI ENSKRI. POU PASE EGZAMEN SA FOK OU TE GEN BEL NOT NAN LANG EBRE BIBLIK EPI FOK OU TE KONPRAN/PALE ANGLE. MWEN TE VLE ALE AK TOUT FOS MWEN TE SENT. MEN SE VRE MWEN TE GEN BEL NOT POU LANG EBRE A. MEN KIJAN MWEN KA ANTRE AN KONPESTISYON AVEK PE KI GEN LANG ANGLE KOM LANG MANMAN YO ? MWEN IMAJINE YON ESTRATEJI. KOM ANGLE A SE TE YON EGZAMEN ORAL. MWEN ETIDYE YON PAKET FRAZ ANGLE PA KE. MWEN APRAN PWONONSE YO BYEN GRAS A TI ZANMI M PE JAMES VICTOR YON ENDYEN. EPI LE EGZAMEN ORAL ANGLE A RIVE SAN M PA KITE PWOFESE A PALE, MWEN VOMI ANGLE MWEN TE APRAN PA KE A. LI TE SEZI. POU JANM RAPID EPI PWONONSE L BYEN. LI MANDE M : « KI LANG MANMAN W ? ANGLE OUBYEN FRANSE ? ». MWEN REPON LI : « TOULEDE » ! E SE KONSA YO CHWAZI M PAMI YON PAKET LOT ETIDYAN POU M ALE JERUZALEM ANSANM AVEK PE ANDRE PIERRE. PWOVIDANS BONDYE !
KONSA MWEN KOMANSE PREPARATIF POU M AL PASE 7 MWA JERUZALEM. MWEN KITE WOM NAN MWA OUT 1980. MWEN KITE AEWOPO FIUMMICINO EPI NOU ATERI ATEN NAN PEYI LAGRES. NOU PASE KEK JOU LA. NOU VIZITE AKWOPOL AK KEK LOT KOTE KI TE GEN YON VALE ISTORIK. MIZIK GRES YO TE FRAPE M. M TE RENMEN YO. MWEN FE KONESANS AVEK PE GREK OTODOKS YO. APRE SA NOU PRAN AVYON POU TEL AVIV KAPITAL IZRAYEL. SE TE YON GWO EVENMAN POU MWEN LE NAN OTOBUS LA MWEN AP PWOCHE LAVIL JERUZALEM. APRE SA NOU DESAN NAN KAY PE JEZWIT YO GENYEN JERUZALEM, YON GWO BATIMAN YO RELE ENSTITU BIBLIK PONTIFIKAL NAN JERUZALEM TOU PRE LOTEL KING DAVID. SE LA NOU TA PRAL PASE 7 MWA.
SE LADAN NOU TE PRAL SWIV KEK KOU.
TE GEN RABEN JWIF KI KON VINI BA NOU KOU. MEN YO TOUJOU JWEN YON PRETEKS POU YO PA RET MANJE AK NOU. PASKE TE GEN YON MOMI (YON KADAV) NAN MUZE A. KIDONK POU YO KAY LA PA PWOP. TE GEN APA MUZE A YON BEL BILIYOTEK. NOU TE GEN YON KWIZINYE ARAB. MWEN SONJE NON KEK PWOFESE YO : PE JOSE ESPINOZA YON PE JEZWIT KI SOTI AMERIK LATEN. TE GEN OPRA LIPSCHITZ YON DAM JWIF KI TE GEN POU MENNEN NOU PASE 9 JOU NAN DEZE SINAYI. TE GEN YON DEMWAZEL JWIF KI TE APRAN NOU EBRE MODEN (ULPAN). YO TE RELE L PNINA.
MWEN SONJE FIGI KEK ETUDYAN MEN MWEN BLIYE NON YO. TE GEN PE ANDRE PIERRE, JAMES VICTOR, KRIS OWAN, ZAMBANINI, YON PE POLONE KI PRAL MENNEN M APRE KOU YO FINI PASE 2 SEMEN NAN PEYI POLOGNE.
NOU TE GEN RETRET DETANZANTAN. M SONJE RETRET NOU TE FE ABU GOSH. PE JOSE ESPINOZA FE NOU VIZITE TOUT IZRAEL DEPI NAN NO RIVE NAN SID, TOUT KOTE ENPOTAN YO. NOU VIZITE NAZARET, CAPHARNAUM, LANME GALILE, TIBERYAD, CHORAZIN, BETHSAIDE, CANA,MONT THABOR, MEGGIDO, HAIPHA, MONT CARMEL,NAIM, SYCHAR, LARIVYE JOUDEN, LANME KI MOURI A (MER MORTE), JERICHO, BETHLEEM, JERUSALEM, EIN KAREM, HEBRON, BETHANIE,EMMAUS, BETHPHAGE ETC… NOU VIZITE PLIZYE SIT BIBLIK NAN VIL JERUZALEM A PLIZYE REPRIZ : TONBO JEZU, KALVE, LEGLIZ SEN SEPULCHRE, JADEN JETSEMANI, MON OLIV, MIRAY LAMANTASYON, VIA DOLOROSA, ST PETER IN GALLICANTU, MONT SIYON, VALLEE DE LA GEHENNE, PIERRE DE L’ONCTION, MOSQUEE OMAR, MOSQUEE EL-AQSA, TONBO DAVID, CENACLE…
NOU TE FE YON PATI NAN ETUD NOU NAN KAY JEZWIT YO INSTITUT BIBLIQUE PONTIFIKAL. LOT PATI NOU TE FE L NAN INIVESITE EBRAYIK JERUZALEM. LI TE GEN YON BRANCH SOU MONT SCOPUS EPI LOT BRANCH LA NAN MITAN LAVIL LA. NOU FREKANTE TOULEDE. NOU APRAN ISTWA PEP JWIF LA, AKEYOLOJI. PWOFESE YO AL SOU SIT AKEYOLOJIK AVEK NOU. AK TOUT ZAM YO NAN DO YO. SE YON PEYI KI TOUJOU PARE POU L DEFAN TET LI SI YO ATAKE L. NOU VIZITE « LE MUSEE DU LIVRE » KOTE NOU JWEN DOKIMAN LANME KI MOURI YO. MIZE SA RICH AVEK ANPIL BAGAY ANSYEN. KOU WE ENSKRIPSYON PONS PILAT LA. YO TE FE NOU ACHTE YON PAKET LIV KI BAY ANPIL DETAY SOU AKEYOLOJI, ISTWA PEP IZRAYEL LA, ISTWA TOUT GWOUP KI TE LA NAN TAN JESU KOU WE SADISEYEN, FARIZYEN… ALAFEN YO BA MWEN YON BEL DIPLOM APRE 7 MWA M PASE NAN INIVESITE EBRAYIK JERUZALEM NAN. MWEN PRAL PEDU L 12 JANVYE 2010 NAN GOUDOUGOUDOU NAN CHANM MWEN GRAN SEMINE TUJO.
11.- SEJOU NAN DEZE SINAYI
YOUN NAN EKSPERYANS KI TE PI MAKE M IZRAYEL SE SEJOU MWEN NAN DEZE SINAYI. NOU PASE 9 JOU. AVEK YON GID JWIF OPRA LIPSCHITZ KI TE FE VOYAJ SINAYI PLIS PASE 50 FWA. NOU PATI NAN YON GWO KAMYON AVEK PWOVIZYON, DLO AN KANTITE, SAK KOUCHAJ. NOU VIZITE ANPIL KOTE YO PALE SOU YO NAN 5 PREMYE LIV LABIB LA. NOU RANKONTRE BEDWEN YO, YON PEP KI VIV PRESKE MENM JAN AK PEP IZRAYEL LA NAN TAN MOYIZ. EKSPERYANS KI TE PI MAKE NOU SE TE MON SINAYI A MENM. NOU KOMANSE MONTE L VE 2H NAN MATEN. LI GEN YON PAKET MACH POU W MONTE. GEN NAN NOU MENM KI FE L SOU CHAMO. GEN LOT KI FE L APYE. LE NOU RIVE SOU TET MON SINAYI SOLEY TA PRAL LEVE. SE TE YON ESPEKTAK RICH AN KOULE. YON VERITAB AKANSYEL. NI KRETYEN NI JWIF YO NI MIZILMAN YO VENERE MON SINAYI. YO KWE NAN MOYIZ. MON SINAYI VAS ANPIL. DEYE MON GEN MON. ANBA MON SINAYI A NOU VIZITE MONASTE SENT KATREN KI GEN YON SERI DOKIMAN BIBLIK ANSYEN.
YO TE REKOMANDE NOU POU N BWE DLO SOUVAN SOUVAN CHAK 5 MINIT POU NOU PA DEZIDRATE. YO TE DI NOU FE ATANSYON TOU AK TI KOULEV ANBA SAB LA KI KAPAB PIKE NOU. CHAK SWA LE NOU FEN VIZITE KONT NOU NAN GWO KAMYON NOU PIKE TANT NOU POU N DOMI NAN YON BEL ESPAS. SE TE YON ESPERYANS INIK MWEN PA JANM BLIYE. MWEN GEN YON GWO NOSTALJI SINAYI. YON VOYAJ KI MAKE M POU LAVI.
12.-SEJOU NAN PEYI POLOGNE
LE MWEN KITE IZRAYEL NAN MWA FEVRIYE 1981, MWEN ALE PEYI POLOGNE PANDAN 2 SEMEN AVEK YON PE KI TAP SWIV KOU LABIB AVEK MWEN JERUZALEM EPI KI TE ENVITE M LAKAY LI. SE LE SA MWEN APRAN KEK MO POLONE : « DJEN DOBRE (BONJOU), STO LAT, DJENKOUYE (MESI)… » FANMI KI TE RESEVWA M NAN TE JANTIY. MEN KOM YO PAT PALE ANGLE NI FRANSE E MWEN PAT PALE POLONE TOUT TAN MAP SOURI BA YO POU M DI YO MESI. MWEN SONJE M TAL NAN SANKTIYE JASNA GORA KOTE GEN LAVYEJ NWA NAN CZEKOSTOWA. MWEN SELEBFRE LAMES LA AN POLONE AK YON PAKET LOT PE. MWEN PAT KONPRAN ANYEN. SOF LE YO DI « JEZOUSA KRISTOUSA » (JEZU-KRI). MWEN VIZITE KRAKOVI. SE TE EPOK DIKTATU JENERAL JARUZELSKI. TE GEN LE SA SENDIKA SOLIDARNOSH AVEK LECH WALESA. SE TE EPOK KADINAL WIZENSKI. TE GEN LE SA YON MIRAY NAN BERLIN KI TE SEPARE 2 ALMAY YO. LI PAT FASIL POU JANBE FWONTYE ALMAY DE L’EST POU W RIVE NAN POLOGNE. KONTWOL TRE ESTRIK. SE TE YON SEJOU M PA KA BLIYE.
13.- SEJOU NAN ALMAY.
APRE 2 SEMEN MWEN PASE POLOGNE M AL PASE 3 MWA NAN PEYI ALMAY. SE TE YON BOUS ETUD POU NOU TE APRAN ALMAN ESPESYALMAN. MWEN TE DESAN NAN YON KOUVAN « KLOSTER HEISTERBACH » NAN KOTE TE GEN YON PAKET MAME (SCHVESTERN) TE RETE. SE TE YON SIT ISTORIK. AK KEK RWIN NAN TAN LONTAN. LI TE LOKALIZE YON TI KOTE YO RELE « KONIGSWINTER ». PAMI ETIDYAN YO MWEN SONJE JOHN BONDO YON AFRIKEN. PE ANDRE PIERRE TE LA TOU. KRIS OWAN EGALMAN, JAMES VICTOR TOU. SE NAN EPOK SA NOU TE ASISTE NAN TELEVIZYON MARYAJ PRENSES DIANA AK PRENS CHARLES. NOU TE BOYKOTE YON KOU POU N TE KA WE MARYAJ SA NAN TELEVIZYON. MWEN SONJE SE LYDIA. NOU TE TOUJOU AP FAWOUCHE L. LI TE SENPATIZE AK NOU. MWEN TE RANKONTRE 2 GRANMOUN ERIKA PANHUYSEN AK SE LI (RIP). MWEN FE KEK ANE NOU TE AN KORESPONDANS. APRE SA MWEN RETOUNEN PLIZYE FWA VIZITE ALMAY, ESPESYALMAN KLOSTER HEISTERBACH.
PANDAN SEJOU MWEN, MWEN KON AL SOUVAN BONN KAPITAL ALMAY. SE LA MWEN VIZITE KAY KOTE GWO MIZISYEN LUDWIG VAN BEETHOVEN TE FET. MWEN TE VIZITE TOU KATEKRAL NAN KOLN (COLOGNE) KOTE NOU JWEN RES ZO TWA WA MAJ YO. YO RELE L (DREIKONIGENSHREIN). TE GEN YON FANMIY M TE KON AL LAKAY LI SOUVAN : LAFANMI « GORG ». TE GEN DENYE PITIT YO KI TE GEN 5 LANE : SARAH GORG. KOUNYE A LAP VOYAJE TOUPATOU. MWEN TE FE RANKONT LI SOU FACEBOOK APRE PLIS PASE 35 LANE. PARAN L YO TE ANKO VIVAN. MWEN TE FE KONESANS YON OGANIS TOU KI TE KON JWE « TOCCATA AND FUGA » JOHANNAN SEBASTIAN BACH TE KONPOZE. DIMANCH NOU TE GEN LAMES AVEK YON PAKET TI GRANMOUN. MES LA TE KOUT KOUT.
YOUN NAN PI BEL SOUVNI PASAJ MWEN ALMAY SE SEJOU MWEN TE FE NAN YON FAMIY KI TE RETE « LINZ » : LAFANMI BACHER. MISYE MARYE LI SE TE YON PWOFESE LEKOL. MADANM NAN SE TE YON LAYIK TEOLOJYEN KI TE EKRI KEK LIV. LI TE SENP ANPIL. LI TE FE M VIZITE PLIZYE KOTE NAN LINZ. YO TE GEN YON GWO SANS OSPITALITE. LI TE ANKOURAJE M TRADWI BIB LA AN KREYOL. YO TE GEN 3 PITIT : CHRISTOPHER, SE LI KI TE PI GRAN. TE GEN VERONIKA AVEK SEBASTIAN PI PITI A. YON JOU PANDAN NAP MANJE ATAB SEBASTIAN KI TE TOU PITI MANDE M SI AN AYITI GEN TIMOUN KI PA JWEN MANJE. LE MWEN REPON LI WI, SA TE FRAPE L ANPIL EPI LI PRAN RES MANJE LI TAP MANJE A, LI MANDE M POU BAY YON TIMOUN AN AYITI POU LI… TI ALMAN YO DEPI YO TOU PITI YO APRAN YO PATAJE. SE POUTET SA ALMAN YO RENMEN BAY. MENM JAN AK PEP AMERIKEN AN. KONSA BONDYE BENI YO. E LI VINI YOUN NAN PEYI KI PI DEVLOPE AN EWOP MALGRE DESTRIKSYON DEZYEM GE MONDYAL TE POTE POU YO.
14.- MWEN RETOUNEN WOM
APRE 7 MWA IZRAYEL MWEN RETOUNEN WOM POU M KONTINYE ETID BIBLIK MWEN NAN INSTITUT BIBLIK PONTIFICAL. ETID SA YO TAP DIRE 4 LANE. MWEN PREZANTE TEZ MWEN AVEK PWOFESE STANISLAS LYONNET. LI TE YON ESPESYALIS NAN LET POT TE EKRI MOUN WOM YO. MWEN FE TOUT LOT EGZAMEN ORAL AK EKRI YO. MWEN RESEVWA DIPLOM « LICENCIE EN SCIENCES BIBLIQUES ». MWEN RANMASE TOUT ZAFE M. SITOU LIV MWEN YO. M TE ACHTE ANPIL LIV PANDAN SEJOU MWEN WOM. MWEN VOYE TOUT AN AYITI NAN BATO AVEK 2 GWO MALET. ANSANM AK TOUT LOT SOUVNI MWEN TE ACHTE NAN TOUT VOYAJ M TE FE AN EWOP.
15.- MISYON OZETAZINI
DEPI LONTAN MWEN TE BEZWEN VIZITE ETAZINI. MWEN TE VLE ALE NAN MWA OUT 1979 AVAN MWEN ALE WOM. MEN MWEN PAT JWEN VIZA. ANVAN MWEN RETOUNEN AN AYITI AN SEPTANM 1981 MWEN PASE OZETAZINI PANDAN 2 MWA. MWEN TE RANPLASE KIRE JAMES CREGAN PANDAN YON MWA NAN PAWAS OUR LADY OF REFUGE BROOKLYN. PREMYE JOU MWEN RIVE NAN PAWAS MWEN CHITA AP TELEFONE BYEN TA. KIRE FE M REMAK LA. MWEN TE FACHE. NAN GRANMATEN LI TE GEN TAN BLIYE TOUT BAGAY MEN KE M TE GWO. MWEN RANKONTRE VIKE A PE SMITH KI TE MEN GWOSE. MWEN RANKONTRE DYAK ANTWAN AVEK MADANM LI LAURETTE FELIX. LI TE KON FE MANJE POU NOU. SE YON GWO MANM NAN MOUVMAN KARISMATIK DYASPORA. DYAK ANTWAN TE BON ZANMI M. LI TE KON FE NETOYAJ. APRE SA LI VINI DYAK. GEN YON LE MWEN TE VLE KITE PAWAS LA. SE LI MENM KI TE KONSYE M RETE. R.I.P.
TE GEN PE KILKOYNE KI SAKRE PE PANDAN LI TE GRANMOUN NET. LI TE MARYE. YOUN NAN PITIT LI TE PE. YON JOU MWEN WE TOULEDE PAPA AK PITIT AP FE LAMES ANSANM. SE NAN PAWAS SA MWEN RANKONTRE JEAN-ROBERT THEMISTOCLE AVEK GARVE ERVILUS KI TE KON FE ANIMASYON KARISMATIK. TE GEN RICHARD PREVAL KI TE KONPOZE PLIZYE CHANTE. TE GEN DOKTE FENELON KI TE TOUJOU NAN TOUT AKTIVITE PAWAS LA. TE GEN MIZISYEN TABOU CONBO YO KI KON BAY KONKOU YO. MWEN TE RANKONTRE LAFANMI PARDO PARAN PE SERGE PARDO KI TE ABITE ANFAS. TOUT TAN MWEN TE LAKAY YO. TE GEN LINDA PARDO, MONA PARDO (RIP), MONETTE PARDO MANMAN YO, JUNIOR PITIT MONA. MWEN PRAL ADOPTE PAWAS NOTRE DAME REFUGE KOM PAWAS MWEN. PANDAN PLIZYE ANE SE LA MWEN TE KON DESAN. NAN YON EPOK SE TE PE ANDY BON ZANMI MONSEYE MALAGRECA KI TE KIRE. NOU TE ANTAN NOU BYEN. MWEN TE KON PATISIPE NAN BEL SEREMONI LI TE KON FE POU SEMEN SENT . SEREMONI LI TE KON PREPARE NAN TOUT TI DETAY. LI TE RENMEN AYISYEN YO. APRE SA TE GEN PE BAPTISTE AK PE PARDO KI PASE NAN PAWAS SA. PANDAN PLIZYE ANE MAP RETOUNEN NAN PAWAS SA. SOUVAN LE M DE PASAJ BROOKLYN MWEN FE LADESANT NAN PAWAS NOTRE DAME REFUJ.
16.-LOT MISYON OZETAZUNI
NEW-YORK
PANDAN PLIZYE ANE MWEN FE ANPIL MISYON OZETAZINI. APA NOTRE DAME REFIJ, MWEN KON FE MINISTE PAWAS SEN JEWOM BROOKLYN AVEK ALEX RESPONSAB NAN YOUN NAN MOUVMAN KARISMATIK YO. LE PE SANSARICK TE KIRE MWEN TE KONN AL PRECHE RETRET EPI DESAN NAN PAWAS SEN JEWOM. MWEN KON FE MINISTE NAN PAWAS SENT CATHERINE BROOKLYN NAN EPOK PE GERALD DUMOND TE KIRE. LI TE OSPITALYE. MWEN KON RANKONTRE PE CHRISTIAN NICOLAS ANSYEN KIRE M AKAYE NAN PAWAS SENT CATHERINE. SE PE DUMOND KI TE BANM LIDE FE RADIO SOU ENTENET. LI TE FE M KADO YON PAKET INTERCOM POU SANT MWEN AN.
MWEN KON FE MINISTE NAN PAWAS SEN INOSAN NAN BROOKLYN NAN EPOK MONSEYE DARBOUZE AK PE PASCAL TE KIRE. MWEN TE KON PATISIPE NAN REYINYON KARISMATIK AYISYEN YO TE KON FE CHAK SEMEN. PANDAN PLIZYE ANE MWEN KON AL FE MINISTE RANPLASMAN PANDAN ETE NAN PAWAS OUR LADY OF SOLACE NAN CONEY ISLAND BROOKLYN. SE TE PE JOHN KI TE KIRE. PE GILLESPIE TE VIKE. NAN PAWAS SA SE TE AMERIKEN AK PANYOL SELMAN KI TE GENYEN. PAT GEN AYISYEN. LI TE TOU PRE LANME A BO KOTE PAK ATRAKSYON CONEY ISLAND NAN.
PLIZYE ANE MWEN AL FE JERIKO NAN PAWAS LASENT FANMI KOTE PE FRANSWA ANSYEN ELEV MWEN GRAN SEMINE POTOPRENS TE VIKE. MWEN FE PLIZYE MES POU MOUVMAN KARISMATIK AYISYEN YO. SE PE JOHN KI TE KIRE. YON PE AMERIKEN TRE ESPIRITYEL. SE YOUN NAN PAWAS KI TE RESEVWA KARAVAN MARYAL CBNDF NAN OKASYON SANTYEM APARISYON LAVYEJ MARI FATIMA AN 2017. MWEN FE MINISTE TOU NAN PAWAS SENT TEREZ DAVILA NAN EPOK PE BORNO TE KIRE. MWEN FE MINISTE NAN PAWAS SEN IGNACE KOTE SE ROSETTE PREVIL TE RESPONSAB GWOUP KARISMATIK LA. MWEN TE FE APOSTOLA TOU KEK FWA NAN PAWAS SEN FRANCIS NAN MAPLE STREET. SE LA MWEN RANKONTRE YON ANSYEN OGANIS MWEN TE FOME LE LI TE TIMOUN : MR ROMAIN. MWEN TE FE TOU LAMES NAN PAWAS NOTRE-DAME DES MIRACLES KOTE PE GERALD DUMOND TE KIRE LE LI KITE SENT CATHERINE. MWEN TE KON ALE NAN PAWAS SEN JID POU GWOUP KARISMATIK AYISYEN YO.
NAN LANE 2019 MWEN TE PATISIPE NAN RETRET PASKAL PAWAS SENT ANN NAN QUEENS VILLAGE. NAN LONG ISLAND MWEN PRECHE RETRET NAN LEGLIZ SENT BRIGITTE AVEK PE NESLY. SE LA MWEN RANKONTRE DERBY GUERRIER YON NEVE MWEN KI CHANTE/OGANIS. MWEN ALE SENT BRIGITTE NAN WESTBURY PLIZYE FWA. TOUJOU NAN LONG ISLAND MWEN FE MISYON LEGLIZ SENT ANN NAN BRENTWOOD KOTE YON PE POLONE KIRE AK PE EDEN JEAN-BAPTISTE TE VIKE PANDAN LONTAN. ANVAN LI TE GEN PE WISMICK. MICHOU (ROSE JEAN-PIERRE) TOUJOU PREPARE MANJE POU MWEN LE M SEJOUNEN PAWAS SENT ANN BRENTWOOD. YON FWA MWEN TE AL SELEBRE LAMES NAN LEGLIZ SENT MAT TOUJOU NAN LONG ISLAND. MWEN KON FE PLIZYE RETRET PESONEL NAN GRAN SEMINE HUNTINGTON NAN LONG ISLAND. BATIMAN SA SANBLE AK YON TI VATIKAN. MEN LI PA GEN SEMINARIS. YO FE L TOUNEN YON KAY RETRET.
BOSTON
BOSTON SE YOUN NAN PREMYE KOTE MWEN TE FE MINISTE. MWEN TE PRECHE NAN YON KONGRE KARISMATIK MADONNA. SE TE PREMYE KONGRE KARISMATIK AYISYEN NAN BOSTON. FRE GABRIEL ANTOINE (RIP) TE PREZAN. MWEN FE MINISTE LEGLIZ SEN LEO NAN DORCHESTER PLIZYE FWA. SE TE MONSEYE JEANNOT KI TE RESPONSAB LI (R.I.P.). SE LA MWEN RANKONTRE SIMONE MARCELIN KI PRAL TOUNEN YON GWO ZANMI CBNDF JISKOUNYE A. GILBERT DABADY TE DEJA GEN YON GWOUP KARISMATIK LAP ANIME NAN LEGLIZ SA. LE YAP FEMEN LEGLIZ SEN LEO YO TE FE M KADO YON TABENAK ANTIK AVEK YON BEL ESTATI SEN JOZEF KI PI WO PASE YON MOUN. MWEN METE ESTATI SA NAN ORATWA SEN JOZEF NAN CBNDF BWANEF. APRE SA FIDEL SEN LEO YO AL NAN LEGLIZ SEN MATYE. MWEN TE AVEK YO. LEGLIZ SA PRAL FEMEN NAN ANE 2020.
MWEN KON ALE PLIZYE FWA TOU NAN LEGLIZ SENT ANGELA MATTAPAN. TE GEN PE MORIN YON PE MISYONE KI TE PASE PLIS PASE 40 LANE AN AYITI. APRE LI MWEN RANKONTRE PE GUSTAVE MIRACLE ANSYEN ELEV MWEN, ZANMI PESONEL MWEN. M PATISIPE NAN PLIZYE JERIKO SENT ANGELA. LOT LEGLIZ MWEN FE MES LADAN YO SE PEPETYEL SEKOU KOTE LE PREMYE JANVYE TOUT AYISYEN YO REYINI. KADINAL LA PREZAN LE SA. MWEN FE LAMES TOU NAN LEGLIZ KRISWA NAN BROCKTON AVEK PE GUSTAV MIRACLE EPI PE DIMITRI DEMESMIN. MWEN FE MES PLIZYE DIMANCH NAN LEGLIZ SEN JOHN NAN SOMMERVILLE AVEK PE GUSTAVE MIRACLE. ROSE FAREL OUBYEN SIMONE MARCELIN KONDWI M LE DIMANCH.
LEGLIZ SENT ANN NAN CAMBRIDGE SE YON LEGLIZ MWEN FREKANTE PLIZYE FWA PANDAN PLIZYE ANE. SE AURORE DORSAINVIL KI DIRIJE YON GWOUP KARISMATIK LA KI ENVITE M PLIZYE FWA. ANVAN SA LI TE LEGLIZ NOTRE DAME DE PITYE. YON LE MWEN TE ALE LEGLIZ LYNN KOTE PE GARCIA BRENNEVIL TE OKIPE APOSTOLA AYISYEN AN.
WASHINGTON, NEW JERSEY, NEWARK, NYACK,
SPRING VALLEY, CONNECTICUT, PENSYLVANIA,MANHATTAN.
PANDAN PLIZYE FWA MWEN FE MINISTE WASHINGTON NAN EPOK PE ANDRE PIERRE, PE JASMIN ARSENE AK PE MIKE PETIT-HOMME. MWEN FE MINISTE TOU NAN JERSEY CITY KOTE MWEN GENN KOUZEN M MARC PHILIPPE AK MADANM LI RETE. SE MWEN KI BATIZE YOUN NAN PITIT LI YO. MWEN TE FREKANTE LEGLIZ AYISYEN JERSEY CITY NAN EPOK PE SALOMON AK PE LIGONDE. YON FWA MWEN TE ALE NAN LEGLIZ EAST ORANGE LA TOU KOTE PE OSIAS RESPONSAB KOMINOTE AYISYEN AN DEPI PLIZYE ANE. KANTA NEWARK MONSEYE BEAUBRUN TE ENVITE M PRECHE YON PREMYE JANVYE KOTE TOUT AYISYEN YO TE REYINI. LI TE ENVITE M PRECHE LAKAY LI TOU NAN LEGLIZ KOTE L KIRE A. SE PANDAN MWEN TAP FE 3 JOU MINISTE NEWARK YO ANONSE M MANMAN M MOURI AYITI. SE TE MWA NOVANM 2010. LE SAN MWEN KITE MINISTE A EPI MWEN RANTRE TOUTSWIT AYITI.
MWEN KON ALE PENSYLVANIA NAN LEGLIZ ENKANASYON PLIZYE FWA. GEN YON LOT LEGLIZ AYISYEN TE KON FREKANTE TOUJOU NAN PENSYLVANIA MWEN KON AL LADAN TOU. FOK MWEN MANSYONE LEGLIZ HOLY NAME MANHATTAN NAN EPOK PE JOE DARBOUZE TE RESPONSAB KOMINOTE AYISYEN YO. SE LA MWEN RANKONTRE DYAK LEONES DARLESTIN KI TE GRAN SEMINE CAZO POTOPRENS ANSANM AVEK MWEN. PE ANICK JOSEPH (RIP) TE PASE NAN PAWAS HOLY NAME TOU NAN MANHATTAN. TOUJOU NAN MANHATTAN GEN YON LOT LEGLIZ MWEN KON ALE PLIZYE ANE. SE TE NICOLE KI TE RESPONSAB GWOUP KARISMATIK AYISYEN YO. MWEN TE KON DESAN KAY YON FRANMI GRANMOUN KI SOTI KAP AYISYEN. SE TE 3 SE YO TE YE. GEN YOUN KI TE GEN PLIS PASE 100 LANE. LI TE GEN YON TI NON JWET « SISSI ». TE GEN SE NICOLE LA TOU MYRTO KI TE TOUJOU LA. LI TE PEDU YON BRA NAN GOUDOUGOUDOU 12 JANVYE 2010 POTOPRENS. SE 2 MOUN KI KON LAPRIYE ANPIL.
LOT KOTE MWEN KON FE MINISTE SE NYACK AVEK MARIE JOSEE JOSEPH. MWEN KON GEN SESYON POU GWOUP KARISMATIK LI A AVEK KEK JOUNEN MONSEYE MALAGRECA KON OGANIZE NAN LEGLIZ NYACK LA. MWEN DESAN AN PLIZYE FWA LAKAY MARIE JOSEE. MWEN KON ALE TOU SPRING VALLEY NAN EPOK PE SANSARICK FRE MONSEYE GUY SANSARICK TE RESPONSAB KOMINOTE AYISYEN YO. LE SA GWO LEGLIZ LA POTKO BATI. MWEN RETOUNEN SPRING VALLEY PLIZYE FWA NAN EPOK PE CYPRIEN. MWEN PRECHE RETRET KAREM NAN LEGLIZ SEN JOZEF SPRING VALLEY. MWEN PATISIPE NAN KEK JERIKO. GEN YON LEGLIZ NAN BRONX LA TOU MWEN KON FE MES LADAN PAFWA POU KOMINOTE AYISYEN YO.
ELISABETH, NEW JERSEY
LEGLIZ SEN MICHEL AK NOTRE DAM WOZE NAN ELIZABETH NEW JERSEY SE KAY MWEN. M TE ALE LA DEPI LE PE CALIXTE HILAIRE TE RESPONSAB KOMINOTE AYISYEN YO. LE SA LI TAP ETIDYE SIKOLOJI NAN SETON INIVESITE. PE CALIXTE TOUJOU RETE YON BON ZANMI FIDEL POU MWEN. PE PREVALUS (RIP) TE FE YON PASE NAN PAWAS SA TOU. MEN SE SITOU AVEK PE ADAIN PAWAS SA TOUNEN PAWAS PA M. PE ADAIN TE ELEV MWEN GRAN SEMINE POTOPRENS. APRE SA M TE VIN RANKONTRE L KOM VIKE PAWAS SEN MAK LE PE WAWA (MONSEYE MAX MESIDOR LEROY) TE KIRE. MWEN TE KON DESAN NAN PAWAS SENMAK LE SA DETANZANTAN.
NAN YON PREMYE TAN PE ADAIN TE RESPONSAB KOMINOTE AYISYEN YO NAN LEGLIZ LA. LI TE VINI AVEK TRIDUUM IMAKILE KONSEPSYON. LI TE KON PREPARE L AK ANPIL SWEN. MWEN PRECHE PLIZYE TRIDUUM IMAKILE POU LI. APRE SA LE LI KITE SE PE JETHRO KI RANPLASE L. MWEN TE ALE TOU NAN PAWAS SA NAN EPOK SA. APRE KEK TAN PE ADAIN RETOUNEN NAN PAWAS SA KOM VIKE, ANSWIT ADMINISTRATE ANFEN KOM KIRE. SE YON PE ESPIRITYEL EPI KI RENMEN BAY. SE BONDYE SEL KI KONNEN JAN PE ADAIN EDE M. SE NAN PAWAS SA MWEN RANKONTRE PLIZYE FWA PE… KI FE LIBERASYON, ANIMASYON AK KONFESYON. MWEN KON ANIME TOU AVEK GHISLAINE PIERRE KI KONPOZE YON SERI BEL CHANTE. YON FWA MWEN TE RANKONTRE PE GEORGES KIRE PAWAS SEN JANBATIS MONWI.
STAMFORD, CONNECTICUT
STAMFORD SE YOUN NAN KOTE MWEN ABITYE ALE DEPI PLIZYE ANE. MWEN TE FREKANTE STAMFORD DEPI LE FERNAND CONSTANT AK MADANM LI YVETTE (RIP) TE RESPONSAB AYISYEN YO NAN LEGLIZ ST JOHN. CHAK DIMANCH TE GEN MES CHAK 5H PM. LE SA FERNAND CONSTANT TE TOUJOU CHECHE YON PE POU VEN DI LAMES. YO KON VOYE RELE M A PLIZYE REPRIZ. MWEN TE KON DESAN LAKAY YO. M TE KON RANKONTRE ERMINE KI PITA PRAL APRAN ENFIMYE. MWEN TE KON RAKONTRE DARBOUZE, ALIA DORIVAL, NATHAN AK MADANM LI, BERNARD.
APRE FERNAND CONSTANT SE PE RIDLEY JULIEN KI PRAL RESPONSAB KOMINOTE AYISYEN YO NAN STAMFORD. KEK TAN APRE YO PRAL KITE LEGLIZ SEN JOHN. PE RIDLEY AVEK OTORITE ACHIDYOSEZ YO PRAL FONDE YON SANT AYISYEN AMERIKEN KOTE YO PRAL ENDEPANDAN. PLIZYE FWA MWEN VINI NAN SANT SA. SE NAN EPOK SA MWEN RANONTRE YON FANMI TRE RELIJYE KI TE SOTI GRANBWA KOTE PE CLEO TE KIRE : VERONIK, TEREZ AK 2 LOT SE PLIS MANMAN YO. MWEN TE KON MANJE LAKAY YO PAFWA AVEK PE RIDLEY. NOU TE RELE YO « KAY BETANI ». PE RIDLEY SE TE YON ANSYEN ELEV MWEN GRAN SEMINE POTOPRENS. LI TOUJOU METE M ALEZ KOM SI MWEN TE LAKAY MWEN. LI KON VIZITE M NAN SANT MWEN AN BWANEF.
APRE PE RIDLEY, VEN GEN PE RONY. ANSWIT PE FRANTZ DESRUISSEAUX KI TE KONDISIP MWEN NAN GRAN SEMINE POTOPRENS AVEK MONSEYE QUESNEL ALPHONSE. AKEY CHALERE. LI KON FE M AL DI MES NAN PAWAS SEN JOZEF NORWALK KOTE LI PASE PLIS PASE 30 LANE. ANPIL FIDEL TE KON SOUTNI M NAN SANT SA KOU WE JOSETTE SAINT-LOUIS, FRANTZ, VERONIQUE, ALIA, JAMIL, ALEX KI TE ANFAN KE M E KI VIN TOUNEN SEKRETE PAWAS LA. NAN YON EPOK TE GEN MIREILLE LORMINE SEKRETE PE RIDLEY. MWEN KON RANKONTRE JOHANNE ANSYEN ANFAN KE MWEN NAN LEKOL SEN FRANSWA DASIZ. MWEN KON RANKONTRE MAUD ABELARD. GEN KEK ANE MWEN TE FE YON PELERINAJ WOM AVEK LI, AVEK SE L EDWIGE ABELARD EPI FRE L ROGER ABELARD YON NEG TRE ENSTWI.
FLORIDE
MWEN FE PLIZYE MISYON PANDAN PLIZYE ANE NAN ETA FLORIDE. NAN MIAMI MWEN FE PLIZYE MINISTE. PREMYE LEGLIZ MWEN FREKANTE MIAMI SE NOTRE-DAME D’HAITI LITTLE HAITI. SE TE NAN EPOK PE WENSKI. APRE SA MWEN TOUNEN NAN EPOK PE GERARD DARBOUZE. MWEN SELEBRE LAMES, MWEN PATISIPE NAN AKTIVITE MOUVMAN KARISMATIK PAWAS SA.
PAWAS MWEN PASE PLIS TAN SE SAINT JAMES NAN EPOK PE JEAN-PIERRE. MWEN FE PLIZYE MES POU GWOUP KARISMATIK LA AVEK GARVEY ERVILUS, MIREILLE LORMINE (FLAM), EVELYNE MCGUFFIE, GARETH AK MARI L, MAUD, CHANTAL, MARGARET GARCON. PAFWA MWEN KON DESAN KAY MIREILLE ISRAEL. LI KON KONDWI M NAN AEWOPO AK LOT KOTE MWEN BEZWEN.
LOT LEGLIZ MWEN KON ALE SOUVAN SE LEGLIZ LASENTFAMI NAN EPOK PE FRANCKY, PE FERRY BRUTUS. MWEN GEN YON BON SOUVNI DE PE FRANCKY. BEL AKEY ! SE NAN LEGLIZ SA MWEN RANKONTRE SE EGLA RESPONSAB GWOUP KARISMATIK LA. MWEN KON PATISIPE NAN RETRET KAREM, NAN JERIKO, LANME WOUJ, KARAVAN. PAFWA SR CLAIRE GAGNE KON VINI. SE MICA TE TRE AKTIF NAN PAWAS SA. APRE SA MWEN KON ALE NAN LEGLIZ SEN BARTOLOME, LEGLIZ SEN BONIFAS, KATEDRAL SENT MARI. NAN SID MIAMI, MWEN ALE ANPIL FWA LEGLIZ KRISWA. SE TE SE MICHELINE DUCENAT KI TE RESPONSAB GWOUP KARISMATIK LE SA. SE LA MWEN TE RANKONTRE MISYE AK MADANM CONDE BON ZANMI PE GAETAN BOURCICAULT. MWEN TE KON FE APOSTOLA TOU NAN LEGLIZ PE… MWEN KON ALE LEGLIZ SEN JOZEF FORT LAUDERDALE NAN EPOK PE FRANCKY. LI TE FE M KADO YON TI TABENAK. M TE KON FE YON PASE TOU NAN LEGLIZ PONPANO A.
MWEN FE MINISTE NAN NAPLES AVEK YON PE AYISYEN NAN LEGLIZ SEN PETER CLAVER 2 OUBYEN 3 FWA. MWEN ALE LEGLIZ SENT ANN NAN WEST PALM BEACH PLIZYE FWA NAN EPOK PE YVES LAPIERRE. MWEN TE KON DESAN KAY DYAK EMILE AMBROISE (RIP). LI TE GEN 2 PITIT FI LI RESPONSAB GWOUP ARISMATIK : EVELYNE (RIP) AVEK MATHILDE. MWEN DESAN LAKAY YO PLIZYE FWA.
FORT PIERCE
LEGLIZ NOTRE DAME FORT PIERCE SE LAKAY MWEN. SE PE YVES GEFFRARD ANSYEN ELEV MWEN GRAN SEMINE POTOPRENS KI RESPONSAB LEGLIZ SA. PANDAN PLIZYE ANE MWEN FE JERIKO, LANME WOUJ, LAMES DIMANCH. MWEN FE PLIZYE SEMEN KAY PE YVES. LI TOUJOU METE M ALEZ. YON LE MWEN MALAD VE 1H NAN MATEN LI KOURI AVEK MWEN LOPITAL. MIRLINE ALCINDOR TE ASISTE MWEN. LI TOUJOU EDE MWEN. LI KON FE MANJE POU MWEN. SE YON BON ZANMI CBNDF. NAN LANE 2019 PE YVES GEFFRARD TE OGANIZE AVEK MWEN YON PELERINAJ NAN TE SENT PANDAN 12 JOU. NOU TE FE YON BEL LAPRIYE LIBERASYON SOU LANME GALILE POU AYITI. BEL SOUVNI ! PE YVES KON VIZITE M AYITI NAN SANT MWEN AN. LI KON EDE M AVEK MEDIKAMAN YO. MWEN KON PATISIPE NAN KONVANSYON LI OGANIZE YO WEST PALM BEACH. SE YON PE TRE DINAMIK.
ORLANDO, LANTANA
AVEK PE GAETAN BOURSICOLT MWEN PATISIPE NAN KEK SESYON ORLANDO. AVEK FRE ROLAND MOISE, JEAN-ROBERT THEMISTOCLE. MWEN PATISIPE NAN KONGRE YO. SE LAKAY PE BOURSICOLT MWEN DESAN. LI FE MANJE POU MWEN. LI SE YON KODON BLE. SE YON PE KI KON PI FO VESE LABIB YO PA KE NAN TET LI. MWEN KON ALE TOU NAN RETRET FEMEN LANTANA AVEK EVELYN MACGUFFIE, FRE GARVEY ERVILUS, ALFRED, MIREILLE LORMINE, GARET, MARGARET GARCON. RETRET SA YO TE KON FE NAN YON KOUVAN RELIJYEZ YO RELE « CENACLE ». MWEN KON FE RETRET PESONEL TOU NAN KAY LAPRIYE SA. TE GEN YON LOT KAY YO KON FE RETRET TOU PRE A KOTE NOU KON FE RETRET CBNDF AVEC GAITH JEAN, LOUSE, MARGARET GARCON. LI RELE « FLORIDA SPIRITUAL CENTER ». SE YON SERI PE PASYONIS KI TE DIRIJE SANT SA. MWEN KON FE RETRET PESONEL LA TOU.
NEW ORLEANS, ATLANTA, CHICAGO
MWEN TE FE YON MISYON NEW ORLEANS. SE TE FENEL GUILLAUME RESPONSAB GWOUP KARISMATIK AYISYEN YO KI TE ENVITE M. GILBERT DABADY TE LA TOU. MWEN TE RANKONTRE YON ANSYEN KONDISIP MWEN SEN MASYAL DOKTE ALIX BOUCHETTE (RIP). SE YON KOTE DLO RENMEN ANVAYI. MWEN TE YON TI JAN ENKYE PASKE TE GEN YON SIKLON YO TE ANONSE JOU MAP PRAN AVYON POU M ALE MIAMI. MEN GRAS A DYE TOUT BAGAY TE BYEN PASE.
MWEN TE FE TOU YON MISYON ATLANTA. TE GEN YON KONGRE SOU LEKARISTI. MWEN TE PATISIPE LADAN. APRE SA MWEN TE GEN YON MES APA POU AYISYEN YO. SE NAN KONGRE SA MWEN TE RANKONTRE JANET YON KOLABORATRIS ENPOTAN EWTN, GWO TELEVIZYON KATOLIK ME ANGELIKA TE METE SOU PYE.
MWEN FE PLIZYE MISYON NAN CHICAGO NAN EPOK PE CRISPIN TE OKIPE KOMINOTE AYISYEN YO AK LE LI PA LA ANKO. TE GEN MARIE LUCIE VOLTAIRE KI TE KON ENVITE M. LI TE RESPONSAB GWOUP KARISMATIK AYISYEN YO. MWEN TE KON RANKONTRE ROLANDE SURPRIS, CLAUDE SURPRIS, MADAN GERARD DUPERVIL. MWEN KON JWEN LOT ENVITASYON TOU POU CHICAGO AVEK MADAN DOKTE…. YON ANSYEN POSTULAN KAY ME SEN FRANSWA DASIZ. LI TE KON PREPARE YON SERI BOUYON KRAB POU NOU. SE YON OKAZYON YOUN NAN SESYON SA YO, MWEN TE BEZWEN KONFESE EPI LAVYEJ VOYE NAN PRESBITE A YON PE VYETNAMYEN POU M KONFESE NAN MOMAN MWEN TE BEZWEN L NAN. JENERALMAN DEPI M BEZWEN YON BAGAY MWEN FE APEL AVEK LAVYEJ MARI EPI LI FE M JWEN TOUTSWIT SA MWEN TE BEZWEN AN. MESI JEZU. MESI LAVYEJ.
YON EKSPERYANS KI TE MAKE M SE LE YO TE ENVITE M PATISITE NAN YON KONGRE EKIMENIK KI TAP FET SEN LWI MISSOURI. TE GEN KATOLIK AVEK PLIZYE GWOUP KARISMATIK PWOTESTAN. MWEN TE GENYEN MAYO KONGRE A SOU MWEN MENM JAN AK ANPIL MOUN KI TAP PATISIPE LADAN L. MWEN TAP PWOMENNEN GADE KIJAN PWOTESTAN YO AP LAPRIYE SOU MOUN YO. GENYEN KI TONBE ATE EPI KI KOMANSE RI SAN RETE. SA TE ATIRE ATANSYON M ANPIL. MWEN TAP GADE. EPI SE KONSA GEN DETWA KARISMATIK NAN GWOUP PWOTESTAN KI RIVE SOU MWEN. YO PAT KONNEN M DITOU. YO PAT MENM KONNEN SI M TE PE. YO KOMANSE LAPRIYE POU MWEN. SIPRIZ ! YO BAN M MESAJ EKZAKTEMAN SOU SA KI KONSENE VOKASYON M KOM PE. YO BAN M PLIZYE DETAY NAN LAVI MWEN. YO ANONSE M LOT EVENMAN KI GEN POU RIVE NAN MINISTE MWEN. KEK ANE APRE TOUT SA YO TE DI M NAN JWEN KONFIMASYON YO. SA MONTRE M NANPWEN OKEN GWOUP RELIJYE KI GEN MONOPOL LAVERITE A. BONDYE KA PASE PA NENPOT KI MOUN OUBYEN GWOUP POU BAY PITIT LI YON MESAJ.
17.- MISYON CANADA
MWEN ALE PLIZYE FWA KANADA POU M FE APOSTOLA. PANDAN 3 OU 4 LANE PANDAN ETE MWEN PASE YON MWA NAN PAWAS SENT MADELEINE D’OUTREMONT POU M RANPLASE KIRE A. SE TE YON BEL LEGLIZ MEN MWEN PAT KON WE JEN YO VINI LEGLIZ SA. SE KEK TI GRANMOUN KI DISPESE LEGLIZ LA DIMANCH. YON LE MWEN TE FE AVEK KEK KANADYEN YON MISYON PLIZYE JOU ALANTOU VIL LAK SEN JAN YO. MWEN ALE PLIZYE FWA NAN LEGLIZ AYISYEN YO NOTRE DAME DAYITI NAN RI BEAUBIEN. SE TE EPOK PE ROLAND (RIP). LE SA PRESBITE A PAT MENM KOTE AK LEGLIZ LA. MWEN TE KON FE KOU LABIB AK SESYON KARISMATIK POU GWOUP JETSEMANI AVEK SR GHISLAINE. MWEN ALE PANDAN 2 OU 3 ANE NAN PAWAS SEN JANBATIS LASAL TOU PRE ESTAD OLENPIK LA PANDAN ETE POU RANPLASE KIRE A PANDAN YON MWA.
GWOUP KARISMATIK « LA SOURCE » KON ENVITE M TOU NAN YON LOT LEGLIZ AVEK MIRLENE MENARD, PEGGY JOSEPH YON ANSYEN MANM KOMITE DISIPLEN LE M TE KIRE PAWAS SAKRE KE TUJO. YON FWA MWEN TE DESAN KAY MARIE-ANGE (RIP) AVEK ROSE LAURE MIDDELTON (RIP), BENEDICT LAMARTINE, PE FRANTZ PRICE. LE NAP PASE FWONTYE KANADA POU NOU ANTRE OZETAZINI GEN YOUN NAN NOU KI PEDI PASPO LI. SE LE NOU PRAL RIVE PRE FWONTYE A NOU WE SA. NOU TE 6 NAN VWATU A. SE TE YON SITIYASYON GRAVMAN GRAV POU NOU TOUT. NOU KOMANSE LAPRIYE. MANDE MANMAN MARI EDE NOU TRAVESE MOMAN DIFISIL SA. LE NOU RIVE NAN FWONTYE A ASWE, OFISYE IMIGRASYON KLERE ANDAN VWATU A. NOU TE 6. MEN NOU REMET LI SELMAN 5 PASPO. LI PRAN YO. LI METE SO SOU YO. LI PA POZE NOU OKEN KESYON. LI PA MANDE NOU KOTE LOT PASPO A. LI DI NOU BON VOYAJ. KEK MINIT APRE NOU KOMANSE FE LWANJ AK KONPLIMAN POU BONDYE POU JAN LI FE MEVEY. NOU REMESYE MANMAN MARI PASKE LI DELIVRE NOU ANBA GWO ANTRAV SA. OKANADA TE GEN YON FANMI AYISYEN KI TE BYEN AKEYI NOU. LADAN TE GEN SOEURETTE, CILIANE… AVEK SE NICOLE PANDAN PLIZYE ANE MWEN KON PATISIPE NAN PELERINAJ SAINTE-ANNE-DE-BEAUPRE, CAP-LA-MADELEINE, ORATWA SEN JOZEF AK SEN JID. NOU KON FE PLIZYE JOU AVEK OTOBIS KI SOTI DEPI NEW YORK.
18.- VIZIT NAN PEYI LEJIP AK LOT PEYI EWOP
PANDAN SEJOU MWEN ITALI MWEN PWOFITE VIZITE LEJIP AK KEK PEYI NAN KONTINAN EWOPEYEN AN. MWEN TE RENMEN MIZE EJYPSYEN AN. LI GEN PLIZYE SANTEN ESTATI AK DOKIMAN ANSYEN. MWEN TE KONTAN WE YON MODEL CHA PAREY AK CHA LAME FARAWON AN KI TE PERI NAN LANME WOUJ. MWEN WE MOMI FARAWON RAMSES II KI TAP PESEKITE MOYIZ AK PEP IZRAYEL LA. MWEN VIZITE TOU KOTE JOZEF, LAVYEJ MARI AK TI JEZU TE REFIJYE YO NAN PEYI LEJIP. YO BATI YON LEGLIZ NAN ANPLASMAN. MWEN WE PLANT PAPIRIS. NAN TAN LONTAN SE AVEK PLANT PAPIRUS YO TE KON FE PAPYE POU EKRI LABIB NAN.
MWEN VIZITE PLIZYE FWA LAFRANS : KATEDRAL NOTRE-DAME DE PARIS AVEK CHAPEL SENT KI GENYEN KEK RELIK LAPASYON JEZU. MWEN AL LAPRIYE NAN CHAPEL MEDAY MIRAKILEZ NAN RI DU BAC KOTE LAVYEJ MARI TE BAY SENT CATHERINE LABOURE MEDAY MIRAKILEZ LA. TOU PRE A TE GEN LEGLIZ SEN VINCENT DE PAUL AVEK KO LI BYEN KONSEVE. LOUD TE ENTERESE M ANPIL AVEK GWOT MASABYEL LA, KAY SENT BENADET SOUBIROUS, DLO MIRAKILEZ LOUD LA, PWOSESYON OFLANBO ASWE.
MWEN SONJE YON VIZIT MWEN TE FE NAN PEYI ANGLETE. MWEN TE PASE PLIZYE JOU NAN MUZE BRITANIK LA KI GEN YON KOLEKSYON TRE RICH. MWEN VIZITE PEYI ESKANDINAV YO (NOVEJ, SWED, DANEMAK) KOTE SOLEY LA KLERE A MINWI ! MWEN VIZITE SWISS KOTE TE GEN PLIZYE AYISYEN KI TAP TRAVAY KOM ENFIMYE. PE MIGUEL JANBATIS TE PASE YON BON TI TAN NAN PEYI SWIS. MWEN VIZITE RAPIDMAN LUXEMBOURG AVEK BELJIK. MWEN VIZITE PLIZYE VIL NAN PEYI ALMAY : KOELN, BONN, LINZ, HEISTERBACH, HAMBURG. MWEN VIZITE AMSTERDAM KAPITAL HOLLANDE. YON VIL KI CHAJE AK PWOSTITISYON ! KOTE YO LEGALIZE SETEN DWOG DEPI PLIZYE LANE.
MWEN DI JEZU AK LAVYEJ MESI POU TOUT EKSPERYANS YO PEMET MWEN FE ALETRANJE KI PRA L SEVI M NAN MINISTE MWEN. MWEN DI YO MESI PASKE MALGRE TOUT VOYAJ SA YO MWEN PA JANM GEN OKEN AKSIDAN. NI ETUD, NI MISYON, NI VOYAJ TOUJOU BYEN PASE. MESI JEZU. MESI MARI.

 

Men Pe Don Guido Petrin (RIP) Kire Pawas Cartigliano.

 

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre