9 Chapit 9: GOUDOUGOUDOU 12 JANVYE 2010

 

TRANBLEMAN TE 12 JANVYE 2010 SE YON EVENMAN KI MONTRE M JAN BONDYE ASISTE M YON FASON ESPESYAL. 7 MWA ANVAN EVENMAN MWEN TE PATISIPE NAN YON KONGRE KARISMATIK SR CLAIRE GAGNE TE OGANIZE SOU TEREN YO TABA. LI TE MANDE M BAY YON ANSEYMAN SOU LESPRI SEN. KOM SE YON PWOFESE MWEN YE, M TE PREPARE POU M BAY YON LANSEYMAN BYEN SOLID, BYEN DOKIMANTE SOU LESPRI SEN AN. MEN LE M PRAN MIKWO PANDAN 15 MINIT M SANTI FOK MWEN BAY YON MESAJ ESPESYAL. M PA ABITYE FE SA. M TE SANTI YON TRISTES, YON ANGWAS. E SE KONSA MWEN AVETI YO GEN YON KATASTWOF KI PRAL FRAPE PEYI A. POTOPRENS ESPESYALMAN. ANVAN M FINI MWEN KENBE SEN SAKREMAN POU M ENVITE YO KONVETI POU EVITE GWO MALE SEK SA. M TE SANTI GEN YON GWO FOS KI TAP SOTI NAN MWEN.

DEPI LE SA NAN TOUT MISYON, NAN TOUT PRECH MAP FE NI AN AYITI NI ALETRANJE MWEN TOUJOU PALE DE KATASTWOF SA SAN KE MWEN PAT KONNEN EGZAKTEMAN KI ESPES KATASTWOF. 6 JOU ANVAN 12 JANVYE 2010 MWEN TE GEN YON PRECH NAN LEGLIZ LASENT FANMI NAN MIAMI. PANDAN 75 MINIT MWEN AVETI LEGLIZ LA PRAL FRAPE FO. MWEN TE BAY POUKI REZON. LE SA GEN KEK KOLABORATE MWEN YO DI M APRE SA MWEN TE TRANSFOME PANDAN M TAP BAY MESAJ LA. POU JAN M TE PALE AVEK FOS YO TE PE POU MWEN. PASKE YO PAT JANM WE M KONSA. LAVEY 12 JANVYE 2010 MWEN TE GEN YON MINISTE NAN PAWAS SENT MARI MADLEN LAPLEN KILDESAK. MANMAN M TE LOPITAL. SE MWEN KI TAP OKIPE L. M KITE MANMAN M LOPITAL LA. M KOURI AL NAN PAWAS SENT MARI MADLEN. M DI YO M PAP KAPAB RETE AKOZ MANMAN M KI LOPITAL POU M FE LAMES AK LIBERASYON JAN MWEN ABITYE FE SA LE M AL FE MINISTE YON KOTE. MEN MWEN VINI POU M DI YO LAPRIYE, PREPARE YO PASKE YON GWO KATASTROF PRAL FRAPE PEYI A. SE TE 11 JANVYE 2010.

 

LAVYEJ MARI PRAL SEVI AK MANMAN M POU SOVE M 12 JANVYE 2010

 

3 JOU ANVIWON ANVAN GOUDOUGOUDOU 12 JANVYE A, YO RELE M POU DI M MANMAN M MALAD POU MWEN MENNEN L LOPITAL TOUTSWIT. MANMAN M TE RETE NAN AVNI KRISTOF ANFAS YON GWO LOPITAL AN BETON. NOMALMAN PISKE GEN IJANS SE TA LOPITAL SA POU M TA MENNEN L. MEN MWEN PA FE SA. LOPITAL SA TA PRAL KRAZE PLAT ATE 12 JANVYE ! MWEN TE KA MENNEN MANMAN M LOPITAL KANAPE VE PISKE M TE ABITYE AK LOPITAL SA. SE LA MWEN TE FE OPERASYON M NAN. MEN MWEN PA ALE LADAN. 12 JANVYE YON BON PATI LOPITAL KANAPEVE PRAL KRAZE. OKONTRE MWEN ALE TOU DWAT NAN LOPITAL CDTI NAN AVNI CHARLES SUMMER. SE PREMYE FWA MWEN TA PRALE LADAN. SE TE YON LOPITAL BYEN EKIPE MEN KI CHE ANPIL. MWEN ALE LADAN ALOSKE MWEN PAT GEN LAJAN SOU MWEN. MEN SE LA MWEN MENNEN MANMAN M. PANDAN GOUDOUGOUDOU 12 JANVYE MAP KONNEN SE TE YON LOPITAL KI TE KONSTWI POU REZISTE AK TRANBLEMAN TE !!!

LE YO FEN FE TOUT EGZAMEN POU MANMAN M. DOKTE A DI M YAP OBLIJE FE OPERASYON POU LI. YO FIKSE OPERASYON 12 JANVYE 2010 NAN APRE MIDI. LE SA MANMAN M TE GEN 98 LANE SOU TET LI. MWEN TE KONNEN LI PA GEN GRAN CHANS SOVE LAVI L. MENM JOU SA MWEN TE GEN YON GWO MINISTE NAN LEGLIZ SENT ANN MORNE A TUFF. SE PE ARNOUX CHERY KI TE KIRE. MADI ANVAN M TE GEN YON MINISTE LIBERASYON SENT ANN KOTE LEGLIZ LA AK TOUT LAKOU TE RANPLI KON YON ZE. SE TE MADI 5 JANVYE 2010. MWEN BAY FIDE L YO RANDEVOU POU MADI 12 JANVYE. APRE MINISTE JOU MADI 5 JANVYE MWEN ALE AK TOUT KOLABORATE MWEN YO NAN PRESBITE A AVEK PE ARNOUX CHERY KOTE  MWEN PASE YON BON MOMAN. MADI 12 JANVYE NI LEGLIZ SENT ANN, NI PRESBITE A PRAL TONBE PLAT ATE. PE ARNOUX CHERY PRAL MOURI ANBA DEKONB. MEN LAVYEJ MARI PRAL SEVI AK MALADI MANMAN M NAN POU L SOVE M, FANMI MWEN, KOLABORATE MWEN, TOUT FOUL MOUN SA YO KI TE PREPARE YO POU VINI NAN MINISTE LIBERASYON MWEN TA PRAL FE LEGLIZ SENT ANN. PASKE YON JOU ANVAN MWEN DI PE ANOUX CHERY PASKE MANMAN M GEN YON GWO OPERASYON, SE PETET DENYE FWA MAP GEN OKAZYON WE L,MWEN AP GEN ANPIL LOT OKAZYON POU M FE MINISTE NAN LEGLIZ SENT ANN. KONSA MWEN RANVOYE RANDEVOU MWEN TE GENYEN AK FIDEL LEGLIZ SENT ANN YO. SE KONSA PISKE MWEN PA VINI YO FE YON TI LAPRIYE RAPID RAPID. YO VOYE TOUT MOUN AL LAKAY YO DEPI NAN ZON 4H NAN APREMIDI. SE KONSA YO TOUT SOVE ANBA GOUDOUGOUDOU. LEGLIZ LA PA TONBE SOU YO. PASKE SI M TE LA, MINISTE A TAP FINI BYEN TA JIS NAN ZON 6H KONSA.

12 JANVYE 2010 DEPI NAN GRAN MATEN MWEN REYINI AK SE M NAN PAULA CAMPION, PWOCH KOLABORATE MWEN, KEK BON ZANMI NAP LAPRIYE AVEK FOS POU MANMAN M KI GEN POU SIBI YON OPERASYON DELIKA NAN MENM JOU SA NAN APRE MIDI ALOSKE LI GEN 98 LANE. MWEN TE KWE SE DENYE FWA MWEN TAP WE L. SE POUTET SA MWEN TE METE ANPIL ENEJI NAN PRIYE SA KI KOMANSE SAN RETE DEPI NAN MATEN NAN CHANM LOPITAL CDTI KOTE MANMAN M TA PRAL OPERE. TE GEN KEK ENFIMYE KI TE KONNEN M KI KON PAFWA VINI PATISIPE NAN PRIYE A. PANDAN TAN SA LE AP MACHE. MOMAN RIVE POU MANMAN M ANTRE NAN SAL OPERASYON. TOUT PREPARASYON GEN TAN FET. YO TE GEN TAN PRAN DISPOZISYON POU L ANTRE NAN SAL OPERASYON. SI L TE GEN TAN ANTRE GOUDOUGOUDOU TAP PRAN L NAN SAL OPERASYON AN PANDAN OPERASYON AN. SE KONSA BONDYE KI PREVWA TOUT BAGAY FE YON MIRAK. LE MOMAN RIVE POU MANMAN M ANTRE NAN SAL OPERASYON YO FE L TOUNEN NAN CHANM LI ANKO. PASKE TE GEN YON PWOFESE KI TE PRAN BAL. YO MENNEN L AN IJANS LOPITAL LA. YO RELE DOKTE KI TA PRAL OPERE MANMAN M POU LI VIN SOVE LAVI PWOFESE AN. SE KONSA LI KITE MANMAN M POU AL EDE LOT DOKTE POU OPERE PWOFESE KI MALEREZMAN MOURI. TE GEN YON PAKET ETIDYAN SOU LAKOU LOPITAL BYEN MOVE PASKE YO TE TOUYE PWOFESE A. YO TE FACHE ANPIL. MWEN DI NAN KE M SA PRAL GATE. POTOPRENS PRAL CHO, PRAL GEN GWO MANIFESTASYON VYOLAN NAN LARI POTOPRENS. SE NAN MOMAN SA GOUDOUGOUDOU A KOMANSE…

 

TRANBLEMAN TE 12 JANVYE 2010 NAN LOPITAL CDTI

 

MWEN TAP LAPRIYE ANSANM AK EKIP MWEN AN. CAROLE FRANCOIS TE LA AJENOU AP LAPRIYE. LOPITAL LA KOMANSE SEKWE ADWAT AGOCH. LI MONTE. LI DESAN. MWEN KOUCHE TOU LONG ATE A. NOU LAPRIYE PI FO. ENFIMYE YO AK KEK ANPLOYE LOPITAL LA VINI REJWEN NOU NAN LAPRIYE A. NOU TE GEN YON ZANMI FRANCESCA KI TE SOU LAKOU LOPITAL KI TAP VINI WE MANMAN M. APRE SA LI DI M LI WE LOPITAL LA PANCHE ADWAT AGOCH. SE APRE MAP KONNEN LOPITAL LA TE ANTISISMIK. SE SAK FE LI FISIRE MEN LI PA TONBE ALOSKE GEN ANPIL LOT BATIMAN TOU PRE L KI KRAZE. MWEN TE NAN DENYE ETAJ LOPITAL LA BYEN WO. APRE SEKOUS YO PASE YON MOMAN YO BAY LOD POU TOUT MOUN KITE LOPITAL LA ALE NAN LAKOU A. TE GEN YON GWO RANP AN ESPIRAL. SE LADAN L MWEN DESAN ANSANM AK MALAD YO SOU KABAN AK CHEZ WOULANT. ANPIL APAREY AK MATERYEL KRAZE. MEN TOUT MALAD, ENFIMYE, DOKTE AK PESONEL LOPITAL LA SOVE !

 

MINISTE NAN LAKOU LOPITAL CDTI

 

PANDAN TOUT NWIT LA TOUT MALAD YO REYINI SOU LAKOU LOPITAL LA. TE GEN GWO PWOJEKTE KI BAY LIMYE. SE TE YON CHANS PASKE TOUT POTOPRENS TE NAN FENWA. DOKTE AK ENFIMYE TE ESTRAODINE. ANPIL DEVOUMAN. GEN LADAN YO KI TE TRAVAY TOUT JOUNEN AN. SE TE LE POU YO TE AL LAKAY YO. MEN YO TOUT RETE PANDAN TOUT NWIT LA AP PRAN SWEN MALAD YO AK MOUN KI BLESE KI SOTI TOUPATOU VINI LOPITAL LA. YO BAY GRATIS TOUT SA YO TE GENYEN KOM MEDIKAMAN AK SEWOM. MWEN TE APRESYE DEVOUMAN YO ANPIL. TE GEN ANPIL KADAV ELEV LEKOL KI VIN MOURI NAN LAKOU LOPITAL LA. YO ALIYEN YO YOUN AKOTE LOT. SE TE YON ESPEKTAK TERIB. MWEN PAT KA GADE SA.

TE GEN KEK SEMINARIS KI TE BLESE GRAVMAN AK KEK LOT FIDEL MWEN KI TE KONNEN M LE M TE KIRE PAWAS SAKRE KE. NAN SOUFRANS YO YO REKONET MWEN. YO RELE M VINI LAPRIYE POU YO. GENYEN KI MANDE M LAKONFESYON. GENYEN KI KOMANSE DI PECHE YO BYEN FO. MWEN FE YON SIY POU YO PA KONFESE KONSA BYEN FO. MEN NANPWEN MOUN KI TAP KOUTE YO. TOUT MOUN TE NAN PWOBLEM. NAN ANGWAS. PASKE TE GEN REPLIK. TE A TE KONTINYE AP SEKWE DETANZANTAN. ANPIL ANMWE. ANPIL KOUT REL POU JEZU SOVE YO. MANMAN M PASE YON BON NWIT MALGRE LAJ LI, MALGRE LI PAT GEN TAN FE OPERASYON NAN KE A.

APRE SA MANMAN M PRAL REFE NET. MALADI MANMAN M NAN, SE TE YON PRETEKS LAVYEJ MARI TE PRAN POU L SOVE MWEN. PASKE MANMAN M FE APRE SA YON GWO VOYAJ SOTI DEPI POTOPRENS RIVE BWANEF NAN SANT MWEN AN KOTE L PRAL PASE 10 MWA AVEK MWEN JISKASKE L MOURI NAN MWA NOVANM 2010. SE SEL MANMAN KI TE KAPAB FE M PA ALE NAN RANDEVOU MWEN TE GEN LEGLIZ SENT ANN AK PEP BONDYE A ! LAVYEJ KONNEN M BYEN. SE POUTET SA LI SEVI AK MANMAN M POU SOVE M JOU SA AK TOUT KOLABORATE MWEN YO PLIS FIDEL PAWAS SENT ANN.

13 JANVYE GRANM MATEN

 

LAVYEJ MARI PRAL FE YON LOT MIRAK POU MWEN ANKO. 13 JANVYE DEPI NAN GRAN MATEN TOUT MOUN GRANGOU, SWAF DLO. PA GEN ANYEN POU ACHTE PASKE TOUT BAGAY KRAZE, TOUT MOUN SOU LAPREREZ. MEN YON SEMEN ANVAN 12 JANVYE MWEN TE DESIDE POU MWEN ALE PESONELMAN NAN YON MAKET FE YON GWO PWOVIZYON POU MANMAN M. SE PA BAGAY MWEN JANM FE. PASKE MWEN PA GEN TAN POU SA. MWEN JIS BAY KOB LA. EPI MANMAN M VOYE MOUN AL ACHTE SA LI BEZWEN. MEN FWA SA MWEN DESIDE MWEN MENM FE YON GWO MAKET. MWEN ACHTE YON PAKET DLO AK TOUT LOT PWODWI NON PERISAB AK BWASON KI GEN VITAMEN KI KA RANPLASE YON PLAT MANJE. MWEN TE ACHTE PLIZYE « ENSURE » YON ESPES LET KI KENBE MOUN SI W GRANGOU. MWEN METE BWAT PWOVIZYON ANBA YON TAB NAN KAY MANMAN M NAN AVNI KRISTOF. SE YON KAY KI PAT MENM SOLID. SI W TE BAY LI YON BON KOUT PYE GEN PATI LADAN KI TAP KRAZE. ALOSKE TRANBLEMAN TE A PA FE L ANYEN DITOU. EPI GWO TONTON LOPITAL AN BETON KI TE ANFAS KAY MANMAN NAN TONBE PLAT ATE. LI FE FAREN.

SE KONSA MWEN DI CHOFE M NAN PANDAN MWEN NAN LAKOU LOPITAL LA AL WE SI KAY MANMAN NAN NAN AVENI KRISTOF PA KRAZE. SI L PA KRAZE, MWEN DI L LA GADE ANBA TAB LA, LA WE YON BWAT PWOVIZYON EPI POTE L POU MWEN. SE KONSA CHOFE M NAN ALE. LI JANBE YON PAKET KADAV NAN LARI A. EPI SIPRIZ ! KAY MANMAN NAN KANPE BYEN DJANM. LI JWEN BWAT PWOVIZYON AN. LI POTE L POU MWEN AK TOUT BOUTEY DLO YO. LE SA 5 MOUN BWE NAN SEL TI BOUTEY DLO A. CHAK MOUN PRAN YON TI GOJE. MWEN SEPARE PWOVIZYON YO AK MOUN KI TE TOU PRE M YO. SE TE YON LAMAN KI SOTI NAN SYEL. TE GEN YON FRATENITE, YON SOLIDARITE LE SA. EPI NAP LAPRIYE ANSANM. SA SE YON LOT MIRAK LAVYEJ FE POU MWEN POU L PEMET KAY MANMAN NAN KI TE TOU FRAJIL PA KRAZE EPI MWEN TE FE YON GWO MAKET YON SEMEN ANVAN EPI MWEN JWEN PWOVIZYON YO ! MESI JEZU. MESI MARI. GLWA POU BONDYE !

 

13 JANVYE 2010 : YON JOU APRE TRANBLEMAN TE A

 

13 JANVYE NAN GRAN MATEN MWEN KITE LOPITAL CDTI AVEK MANMAN M. MWEN PASE LEGLIZ SAKRE KE KOTE M TE KIRE 6 LANE ANVAN SA. DEZAS TOTAL ! LEGLIZ LA TONBE. KLOCH LA TONBE. PRESBITE A TONBE. TE GEN MOUN KI TE NAN REYINYON LE TRANBLEMAN TE A RIVE. TE A VALE YO. DENYE ETAJ PRESBITE A TOUNEN PREMYE ETAJ. SALON, BIWO KOTE M TE KON FREKANTE LE M TE KIRE ANGLOUTI. MOUN MOURI ANDAN CHANM JEZU A. ESTATI LAVYEJ MARI NAN GWOT LA VIRE FIGI L. ESTATI A CHANJE BO. SE LE SA MWEN KONPRAN YOUN NAN REZON KI FE BONDYE TE RETIRE M KOM KIRE PAWAS SAKRE KE. FASON YO TE RETIRE M NAN SE TE YON GWO SOUFRANS POU MWEN LE SA. MEN BONDYE TE GEN TAN KONEN TOUT SA KI TA PRAL RIVE. LI PAT VLE TOUT KATASTWOF SA YO RIVE PANDAN M TE KIRE. KATASTWOF SA YO TA PRAL TONBE SOU DO M. MWEN SE YON MOUN KI SANSIB ANPIL. SE TA VA YON CHOK TERIB POU MWEN.

MWEN TE TOUJOU AVETI LEGLIZ LA PRAL FRAPE PASKE GEN ANPIL BAGAY KAP FET NAN LEGLIZ LA KI PA FE BONDYE PLEZI. TOUT PECHE GEN KONSEKANS. LEGLIZ YO KI TONBE SE PA KONSA YO TONBE. SE PA SELMAN PASKE GEN YON KATASTWOF NATIREL. JEZU KI MACHE SOU LANME TE KAPAB BLOKE KATASTWOF LA. MWEN TE AVETI YO ALAVANS BONDYE PRAL FRAPE PYE L SOU LEGLIZ LA. AKOZ PAWOL SA YO MWEN  TE KON JWEN PESEKISYON. YO TE KON FE REYINYON SOU DO M. MENM JAN YO TE FE POU PWOFET JEREMI. E SI LEGLIZ LA PA RANMASE KARAKTE L LAP PRAN LOT FRAP TOUJOU. SONJE ISTWA PEP IZRAEL LA BONDYE PINI PLIZYE FWA AKOZ PECHE LI YO JAN NOU WE SA NAN LABIB. BONDYE GEN KE SANSIB SE VRE. LI TOUJOU PARE POU PADONEN MOUN KI FE PECHE A. MEN LI PA TOLERE PECHE. GEN DE BAGAY KAP PASE ANDAN LEGLIZ LA BONDYE PAP JANM TOLERE !

 

 

JOU 13 JANVYE NAN GRAN MATEN, LE MWEN FEN DEPOZE MANMAN M LAKAY LI NAN AVNI KRISTOF, MWEN DESIDE AL WE KIJAN KAY LAPRIYE MWEN YE NAN DELMA 41. KADAV TOUPATOU. NOU TE GEN ANPIL DIFIKILTE POU NOU RIVE DELMA 41. DEZOLASYON TOUPATOU. KAY KRAZE TOUPATOU. LE MWEN RIVE NAN SANT LAPRIYE MWEN AN, M KONSTATE KAY LA PA TONBE. MEN LI FISIRE TOUPATOU. PANDAN TRANBLEMAN TE A KAY LA BALANSE POU LI AL TONBE. TE GEN YON FIDEL ANDAN KAY LA KI TE KON FE WOZE ANPIL. LI RELE BYEN FO « JEZU, JEZU, JEZU… » EPI KAY LA KI TA PRAL TONBE REDRESE ANKO. KAY LA SOVE ! MIRAK LAVYEJ !

MALGRE GWO SEKOUS TRANBLEMAN TE A OKEN ESTATI YO PA KRAZE, YO PA TONBE ALOSKE YO PAT TACHE OKEN KOTE. MENM TI ESTATI YO PA KRAZE. MIRAK LAVYEJ ! MWEN KONSTATE KAY LA TE GEN ANPIL FISU. KIDONK LI PAT GEN SEKIRITE ASE POU NOU RET DOMI LADAN. SE KONSA MWEN DESIDE DOMI NAN MITAN LARI A DEVAN KAY LA ANSANM AK PESONEL MWEN AN. TOUT MOUN TAP LAPRIYE. SEKOUS YO TE KONTINYE. TOUT MOUN TAP RELE NON JEZU.

NAN ASWE 13 JANVYE VE MINWI PANDAN NAP LAPRIYE YON FOUL MOUN SOTI PA ANBA AK BAGAY SOU TET YO YAP MONTE ANWO. YO DI GEN TSUNAMI, GEN DLO. MENM LE A MWEN MONTE SOU YON PICK-UP CHAJE AK MOUN POU NOU ALE PI WO NAN DIREKSYON PETYONVIL. TOUT LARI A TE SANBLE YON GWO DOTWA. LI PAT FASIL POU JWEN KOTE POU W PASE. ANBOUTEYAJ TERIB. MOUN YO TE PANIKE. LE NOU RIVE PLAS SEN PYE PETYONVIL ANBOUTEYAJ LA TE PI TERIB TOUJOU. PYETON ANSANM AK MACHEN AP MONTE, AP KOURI POU TSUNAMI KI PAT EGZISTE VREMAN. LE YON POLISYE AK MEGAFON KI SOTI NAN ZON PELEREN AP DESAN NAN ZON PLAS SEN PYE POU DI MOUN YO KE YO PA BEZWEN PANIKE. YO REPON LI : »OU SOTI ANWO. DLO A SE ANBA LI YE. OU PA KONNEN SA KAP PASE ». LI TE FE FRET. MWEN RIVE NAN ZON PELEREN. MWEN WE YON KAMYONET VID KI TE ESTASYONEN. MWEN ANTRE LADAN AVEK YOUN NAN FIDEL MWEN YO POU M FE YON TI DOMI. MWEN TE BOUKE. MWEN TE ANGWASE. MOUN TAP PASE AK KADAV VLOPE NAN DRA POU YO ALE NAN DIREKSYON FEMAT. MWEN PASE YON NWIT ABOMINAB. REPLIK YO TE KONTINYE TOUT LANWIT LA. KAMYONET LA SEKWE PLIZYE FWA. SE TE YON NWIT EFREYAN. MEN FIDEL KI TE AVEK MWEN AN TE GEN LAFWA. LI TAP LAPRIYE SAN RETE. FINALMAN NAN ZON 6H NAN MATEN, NOU DESIDE RETOUNEN NAN KAY LAPRIYE NOU AN NAN DELMA 41.

 

14 JANVYE 2010

 

14 JANVYER MWEN DESIDE MONTE CBNDF BWANEF. MWEN PAT VLE PASE ANKO YON LOT NWIT POTOPRENS. MEN MWEN PAT GEN NI LAJAN NI TRANSPO POU M TE DEMENAJE TOUT BAGAY MWEN TE GEN NAN KAY DELMA 41 AN KI TE TOTALMAN FISIRE. LAVYEJ PRAL FE YON ENTEVANSYON. MWEN TE GEN YON KAKAS DJEEP KI TE FE AKSIDAN DEPI PRESKE YON ANE KI TE NAN LAKOU A. SE KONSA GEN YON PASTE PWOTESTAN KI TAP PASE. LI DI M LI ENTERESE AK KAKAS MACHEN NAN PASKE LI KAPAB DEMONTE L EPI VAN LI PYES PA PYES. LI DI M TOU LI GEN YON GWO KAMYON KI KAPAB FE PLIZYE VOYAJ POU TRANSPOTE BAGAJ YO POU MWEN BWANEF. SE KONSA MWEN ANTAN AK LI POU M BA L KAKAS DJEEP LA EPI LI MENM LAP FE TOUT TRANSPO POU MWEN GRATIS AN ECHANJ KAKAS DJEEP LA.

MWEN MANDE SI GEN FIDEL KAY YO TE KRAZE YO MET MONTE AVEK MWEN BWANEF PLIS KOLABORATE MWEN YO. SE KONSA NAN SANT BIBLIK FATIMA BWANEF MWEN PRAL GEN ANVIWON 100 MOUN KI PRAL DOMI LEVE BWANEF. LAPWOVIDANS DIVEN PEMET MWEN LOJE, BAY MANJE, ABIYE YO TOUT. YO PRAL PASE PRESKE YON ANE AVEK MWEN. GEN YON TI KRAS KAP TOU RETE NET ALE. 14 JANVYE PASTE A FE PREMYE VOYAJ. MWEN TE LA AK KEK KOLABORATE M NAN VOYAJ SA AK KEK BATANKLAN. LI PASE ACHTE NAN MEN YON MACHAN KI SOU LARI GAZOLEN. LI RANPLI TANK LI. MALEREZMAN YO VAN NOU YON MOVE GAZOLEN. NOU PASE MIZE NAN WOUT. CHAK 10 MINIT LI OBLIJE DESAN AL TCHEKE MOTE. NOU FE TOUT JOUNEN AN AP VOYAJE TI PA TI PA. FINALMAN NOU RIVE CBNDF BWANEF. SE TE YON SOULAJMAN. NOU LAPRIYE. NOU DI MESI BONDYE MESI LAVYEJ.

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre