8 Chapit 8 : OPERASYON POU « HERNIE DISCALE » AN 2006

 

SE TE YON GWO MOMAN NAN LAVI M LE MWEN PRAL FE OPERASYON. SA MONTRE M FRAJILITE LAVI A EPI PWOTEKSYON KONTINYEL LAVYEJ MARI TOUJOU BAN MWEN. PANDAN MWEN TE AN MISYON ALETRANJE MWEN TE TOUJOU SANTI YON DOULE NAN JANM MWEN AK NAN ZON SENTU MWEN. YON FWA PANDAN MWEN ALE FE YON RETRET PESONEL YON PE KI PA MENM KONNEN M PWOCHE BO KOTE M EPI LI DI M AVEK ENSISTANS FOK MWEN ALE WE YON DOKTE. YON JOU PANDAN M AL VIZITE YON BON ZANMI MWEN LONG ISLAND LUCRECE PIERRE-LOUIS (RIP), TE GEN YON ZANMI L KI TE SEKRETE YON DOKTE AYISYEN KI TE VEN VIZITE L PA AZA. SE KONSA LI TOU PRAN YON RANDEVOU MEDIKAL POU MWEN YON JOU APRE TANDISKE NOMALMAN FOK MWEN TA PRAN PLIZYE SEMEN OU PLIZYE JOU. SE TE YON RANKONT PWOVIDANSYEL.

APRE KONSILTASYON DOKTE A DEKLARE MWEN FE « HERNIE DISCALE ». MWEN TE SEZI. SE PREMYE FWA MWEN TE TANDE NON MALADI SA. MENM LE A, LI PRAN RANDEVOU AVEK YON DOKTE AYITI POU OPERASYON AN. LI FE YON REZEVASYON IJANS ESPESYAL NAN AMERICAN AIRLINES. EPI LI MANDE M POU M RANTRE AYITI TOUTSWIT. LA PWOVIDANS FE M JWEN MOUN PEYE TOUT FRE SA YO KAY DOKTE NEW YORK LA.

LE MWEN RIVE AN AYITI LAPWOVIDANS DIVEN FE MWEN TONBE SOU YOUN NAN PI BON DOKTE NAN DOMEN NAN : DR HARVEL DUVERSEAU. LI DI M PA GEN LOT MOYEN POU REZOUD PWOBLEM HERNIE DISCALE LA SE OPERASYON. ANVAN LI MWEN TE WE KEK LOT DOKTE KI DI M MENM BAGAY LA. MWEN TE PE OPERASYON AN. PASKE LI TE DELIKA. MENM NAN GWO PEYI YO LI PA KON REYISI EPI OU KOKOBE SOU YON CHEZ WOULANT POU TOUT LAVI W. MWEN TE PE OPERASYONN AN PASKE NAN FANMI M GEN 2 MOUN KI TE FE OPERASYON EPI YO MOURI. ANVAN SA MWEN AL WE SR CLAIRE GAGNE BOURDON ANVAN M KITE YO MET KOUTO SOU MWEN. SR CLAIRE LAPRIYE POU MWEN. MEN M TE PLIS ENTERESE A MESAJ SE CLAIRE PRA L BAN MWEN. SITOU MESAJ MWEN TE VLE TANDE A KOU WE « PE CAMPION PA OKIPE DOKTE YO. JEZU AP GERI W ». LE SR CLAIRE PA BAN MWEN MESAJ MWEN TE VLE TANDE A MWEN ALE TOU TRIS KOU WE YON KONDANE AMO. MENM JOU A MWEN MONTE KOT MONSEYE FRANTZ COLIMON SENT MARI POU M PRAN OPINYON L. LI LAPRIYE POU MWEN. APRE LI MANDE M POU M LAPRIYE POU LI.

APRE SA MWEN RETOUNEN KOT DOTE DUVERSEAU. MWEN DI L SI LI PA TA PI BON POU M FE OPERASYON AN ALETRANJE. LI REPON MWEN WI. MEN MWEN PA GEN ANPIL TAN ANKO. LAP POZE TET LI KESYON NAN ETA MWEN TE YE A KIJAN MWEN FE MACHE, MONTE ESKALYE AVYON. NAN KE MWEN M REPON SE MIRAK LAVYEJ. LI DI M AL REFLECHI VIT POU M PRAN YON DESIZYON PASKE LI DEJA REYINI EKIP DOKTE LI POU OPERASYON. MWEN KITE KLINIK NAN. MWEN DESAN NAN PREMYE ETAJ LA. MWEN FE YON TI CHITA SOU LAKOU A. EPI TOUTSWIT MWEN REMONTE AL JWEN LI. MWEN DI L MWEN ASEPTE POU M FE OPERASYON AN. MWEN SANTI M PAT GEN CHWA. MWEN MANDE L SI M KAPAB PRAN DENYE SAKREMAN. LI REPON MWEN BYEN KOMIK : »SE PE OU YE OU KAPAB PRAN SA W VLE MEN MWEN GARANTI W TOUT BAGAY AP BYEN PASE ».

PANDAN TAN SA TOUT MOUN AP LAPRIYE POU MWEN SAN RETE. OPERASYON SE TE YON JOU MEKREDI. NAN DIMANCH MWEN TE NAN CHAPEL CBNDF DELMA 41 DEVAN SEN SAKREMAN. MWEN TAP REFLECHI SOU LAVI M, SOU TOUT PWOJE MWEN TE GENYEN POU CBNDF. EPI MWEN DI JODIA SE DIMANCH. NAN 3 JOU SE OPERASYON. SA VLE DI MWEN KAPAB MOURI. APRE LANMO A SE SYEL, PIGATWA OUBYEN LANFE. MWEN DI TET MWEN M PA PRALE NAN LANFE PASKE M PA MECHAN. MEN MWEN PAP KAPAB FE VOL DIREK POU SYEL LA PASKE MWEN SE YON PECHE. MAP PASE PA PIGATWA KANMENM. MWEN SONJE TOUT SA MWEN TE KON LI, SA MWEN TE KON PRECHE SOU DIFE PIGATWA. LE SA MWEN REGRET ANPIL TOUT PECHE MWEN TE FE NAN LAVI M. MWEN SANTI M PAT TRAVAY ASE POU JEZU. MWEN KON GASPIYE YON PATI NAN TAN MWEN. LE SA TOUT TI PECHE TOU ZWIT M TE KON FE M REGRET YO ANPIL ANPIL. DLO SOTI KOULE NAN JE M. TE GEN KEK FIDEL NAN CHAPEL LA KI TAP LAPRIYE AVEK FOS POU MWEN. SE LE SA BOUT POU BOUT LE M WE TOUT BON NAN WON, M FE YON PWOMES AK LAVYEJ, YON « DEAL ». MWEN DI LAVYEJ KONSA: » SI W RETIRE M NAN SA MWEN YE LA, MAP PASE TOUT RES VI M AP TRAVAY POU OU ».

YOUN NAN FIDEL MWEN YO KI RENMEN M ANPIL TAP KRIYE, TE ENKONSOLAB EPI LI TAP LAPRIYE DEVAN GWOT LAVYEJ DELMA 41 POU MWEN. LI TANDE VWA LAVYEJ KI DI L KE MWEN SE PITIT LI RENMEN ANPIL, JEZU TE SOUFRI TOU… APRE PAWOL SA YO LI JWEN KONSOLASYON L. YON LOT GWO MEVEY LAVYEJ FE POU MWEN NAN MALADI SA. SE YON OPERASYON KI KOUTE CHE, YON MALADI MOUN RICH. YO PEYE AN DOLA AMERIKEN. MEN MWEN PAT GEN YON DOLA ! TOUDABO MWEN WE SE YON PAKET BLAN MINUSTAH KI AL KONSILTE NAN KLINIK DOKTE A PETYONVIL. SA RASIRE M. SA VLE DI DOKTE A FO. REYELMAN VRE LI ETIDYE NAN 3 PEYI ALETRANJE EPI LI TE PWOFESE NAN FAKILTE MEDSEN POTOPRENS. MEN MWEN DI SI BLAN YO AL LAKAY LI SA VLE DI FOK OU GEN LAJAN NAN MEN W… APRE KEK KONSILTASYON MWEN MANDE DOKTE A KONBYEN MWEN DWE L. LI REPON MWEN : »MWEN TE KWE SE PE W YE. POUKISA OU PA LAPRIYE POU MWEN PITO ? » MWEN TE SEZI. PASKE DOKTE A GEN ANPIL DEPANS POU L FE. LI GEN PITIT LI KAP ETIDYE ALETRANJE POU L VOYE KOB BA LI. LI GEN MATERYEL MEDIKAL BYEN CHE POU L ACHTE, ETC… MEN LAVYEJ TAP TRAVAY. KANTA OPERASYON LI MENM SE YON PAKET LAJAN. FOK GEN YON EKIP 3 DOKTE. APRE LI FEN FE TOUT KONSILTASYON YO GRATIS TI CHERI LI DI M MWEN PAP BEZWEN PEYE L POU OPERASYON AN. JIS KONTINYE LAPRIYE POU LI. MWEN SEZI PI RED. MWEN MANDE L : » E ANESTEZIS LA? ». LI REPON MWEN : »PE CAMPION MADANM MWEN SE ANESTEZIS. NOU TOUJOU TRAVAY ANSANM. WA LAPRIYE TOU POU MADANM MWEN !!! MWEN PI SEZI TOUJOU. LI DI M SE SELMAN TWAZYEM DOKTE A YON NEUWOLOG WAP PEYE. SE TE YON ADVANTIS. KE M SOTE LE M APRAN LI SE YON ADVANTIS. PASKE MWEN TE TOUJOU AP METE BOY NAN PWA ADVANTIS YO. APRE OPERASYON YO DOKTE ADVANTIS LA PA JANM MANDE M SENKOB… KONSA MWEN FE OPERASYON NAN MEN 3 DOKTE M PAT MENM KONNEN GRATIS TI CHERI. MIRAK LAVYEJ. BEF SAN KE BONDYE POUSE MOUCH POU LI. LAPWOVIDANS DIVEN.

LAVEY JOU OPERASYON AN YO BAN M YON KONPRIME POU M BAY TOUT BAGAY VAG. MWEN PAT PE ANKO. ANPIL LAPRIYE TOU. MWEN TE RELAX. MWEN RIVE MENM AP FAWOUCHE MOUN KI TE PE POU MWEN KI TE ABITE AVEK MWEN NAN KAY DELMA 41. DOKTE A TE DI M SE LOPITAL KANAPEVE POU L FE OPERASYON AN. PASKE NAN EPOK SA KANAPEVE SE TE YOUN NAN LOPITAL POTOPRENS KI TE PI BYEN PREPARE POU YON OPERASYON KONSA AVEK TOUT KALITE EKIPMAN YO GENYEN. MEN SE TE YON LOPITAL KI CHE EPI MWEN PAT GEN LAJAN.

KONSA MWEN CHWAZI CHANM KI PI BA PRI A LE M RIVE LAVEY POU OPERASYON AN. YON TI BOUT TAN APRE YO ENVITE M  CHANJE CHANM. MWEN BYEN SEZI MWEN WE SE YON CHANM VIP, YON CHANM GRANNEG KI KOUTE BYEN CHE. MWEN PAT FE OKEN DEMACH POU SA. NAN CHANM SA YO BAY PASYAN TOUT SA L BEZWEN. OU TE ALEZ PASE BLEZ. MWEN TE TELMAN ALEZ LE YO VLE EGZEYATE M MWEN MANDE SI YO PA TA KITE M FE 3 JOU ANKO. YO ASEPTE.TE GEN YON KONFRE KI VINI WE M. LI DI M SA MAP FE NAN CHANM CHE SA. PASKE TE GEN YON GWO KOMESAN KI PASE YON SEMEN NAN CHANM SA. SE PA DE JOURE LI PA JOURE POUTET WOTE BODWO YO BA LI POU L PEYE. MWEN REPON KONFRE A KE SE PA MWEN KI TE MANDE CHANM NAN. MWEN SE MO. M PA KON PRI DRA. PWOBLEM LAJAN SE PA PWOBLEM PA M. SE PWOBLEM LAVYEJ.

JOU OPERASYON RIVE. MWEN KONTINYE RELAX. LE YO VIN CHECHE M SOU CHARYO A POU M ANTRE NAN SAL OPERASYON AN MAP CHANTE, MAP FE LWANJ POU BONDYE. OPERASYON AN TRE BYEN PASE. DOKTE AN CHEF LA KI SE YON KWAYAN DI M LI SANTI MEN L LEJE LEJE LE LAP FE OPERASYON AN. LI FINI L PI VIT PASE TAN LI TE PREVWA FE L LA. ZANJ BONDYE A YO TE AKONPAYE L. MWEN RESEVWA LOPITAL LA VIZIT SOU VIZIT.

YON LE MWEN DI JODI A MWEN FATIGE MWEN PAP RESEVWA OKEN VIZIT SOF DOKTE A AVEK ACHEVEK POTOPRENS NAN. EPOUTAN DEPI MWEN KITE PAWAS SAKRE KE MWEN PAT GEN OKEN KONTAK ANKO DEPI LONTAN AVEK ACHEVEK LA. LE M FEN DI SA MWEN DOMI. ANVIWON YON ED TAN POTKO PASE LE YO FRAPE NAN POT CHANM NAN. SE TE ACHEVEK POTOPRENS NAN AN PESON !!! LI TE SOT FE LAMES POU FET SEN JERA KAFOU FEY. LI VINI TOU DWAT VIZITE M. LI CHITA BO KABAN NAN. LI PASE ANVIWON 45 MINIT AVE M. SE TE DENYE FWA MWEN TAP WE L ! DOKTE AN CHEF LA LE LI VIZITE M TOUJOU MINIMIZE DOULE MWEN YO POU L PAT EFREYE M. LI JWE NAN LESPRI MWEN POU L KAPAB RASIRE M. SE TE YON REKONFO POU MWEN. PI MOVE JOU MWEN PASE SE LE YON BON ZANMI MWEN VINI WE M EPI LI TONBE KRIYE. LE SA MWEN KONPRAN M PAT BON DITOU. SE POUTET SA MWEN PANSE LE WA L WE YON MOUN MALAD OU PA DWE FE BEK ATE DEVAN L. OTREMAN LAP SANTI L PI MAL.

YO TE AVETI M FOM PASE OMWEN 6 MWA ANVAN MWEN GERI NET. MWEN PA TAP KAPAB RETOUNEN NAN KAY DELMA PASKE GEN ESKALYE. FOK TA GEN RANP POU CHEZ WOULANT LA. EPI MOUN YO TAP ANVAYI M TWOP. MWEN DI NAN TET MWEN SE YON SEL KOTE KI TAP BON POU MWEN. SE FOYE CHARITE SENT MARI KANAPE VE KOTE LONTAN MWEN KON PRECHE PLIZYE RETRET. MEN DEPI KEK ANE MWEN PAT JANM ALE LA ANKO. MWEN PAT GEN NOUVEL RESPONSAB YO. ANTOUKA SE LIDE SA KI TE VINI NAN TET MWEN. ANVIWON YON ED TAN MWEN TAP PANSE SOU SA SE KONSA MWEN WE RESPONSAB FOYE CHARITE SENT MARI KANAPEVE AK KEK LOT MANM FOYE A VIN VIZITE M. SE TE YON VERITAB SIPRIZ. LAVYEJ AL CHECHE YO. EPI YO PWOPOZE M YO MENM SAN M PAT MANDE YO POU M AL FE KONVALESANS LAKAY YO. LAVYEJ TE GEN TAN PALE AK YO.

KOUNYE A MOMAN RIVE POU M AL PEYE NAN SEKRETARYA LOPITAL LA. MWEN TE NAN YON CHANM VIP. YO TE BAN M TOUT SA MWEN BEZWEN. BODWO SA TE DWE WOTE MON PILBOWO. LE M RIVE NAN BIWO A SEKRETE A AP GOUMEN AK ODINATE A POU BODWO A SOTI. LI PA FOUTI SOTI. BOUT POU BOUT APRE PASE 30 MINIT ANVIWON BAGAY KI PA JANM FET YO DI M MWEN MET ALE YA VOYE BODWO A POU MWEN. PREMYE JOU PASE MWENN PA JWEN BODWO. DEZYEM JOU PASE MWEN PA JWEN BODWO. SOU TWAZYEM JOU MWEN RELE POU M PRAN SANTANS MWEN. SIPRIZ ! SIPRIZ ! YO REPON MWEN M PA BEZWEN FATIGE M, OKIPE SA PASKE GEN YON MOUN KI PASE EPI KI PEYE TOUT KOB LA POU MWEN !!! JIS JOUNEN JODI A MWEN PA JANM KONNEN KILES KI PASE PEYE KOB LA POU MWEN. MEN MWEN KON BOUT LAVYEJ. M KONNEN TRE BYEN SE TRAVAY LAVYEJ. LAPWOVIDANS DIVEN. BEF SAN KE BONDYE POUSE MOUCH POU LI !

MWEN PASE KEK MWA NAN FOYE CHARITE SENT MARI AN KONVALESANS. TE GEN MARIE MARTHE BLEUS (RIP) AVEK MWEN KI TE PRAN SWEN M NAN MALADI A KOU WE YON MANMAN TA FE POU PWOP PITIT LI. TE GEN JOSAPHAT SOUVERAIN AVEK MWEN PANDAN TOUT TAN SA. MWEN TE SOU CHEZ WOULANT PANDAN 6 MWA. MANM FOYE CHARITE SENT MARI YO TE FE M BON AKEY. MWEN KONTAN TE RESEVWA YON JOU VIZIT MARGARET GARCON YON ZANMI FIDEL CBNDF KI TE SOTI JIS MIAMI. M TE GEN YON ENFIMYE KI TE VINI PASE NWIT LA AVEK MWEN NAN PREMYE SEMEN YO. LE MWEN TE LOPITAL KANAPE VERT YO TE BAN M BON JAN SEVIS.

MWEN PAT PASE TOUT TAN M TE SIPOZE PASE NAN FOYE CHARITE SENT MARI. BRIDSOUKOU M TE DESIDE POU M RETOUNEN LAKAY MWEN DELMA 41 POU YON REZON KE MWEN PA JIJE NESESE POU M EKRI. MWEN REKIPERE RAPIDMAN GRAS AVEK TERAPI MWEN TE KON AL  FE CHAK SAMDI KAY DOKTE YOLAINE THERMEZI (RIP) CHAK SAMDI PETYONVIL NAN PLAS BOYE. MWEN TE KONTAN YON FWA PA SEMEN WE LARI. PASKE TOUT LAJOUNEN TOUT LANWIT M TE KOUCHE SOU YON KABAN. SEL DISTRAKSYON M SETE VIZITE AK LAPTOP MWEN. SE LE SA MWEN APRAN FE VIDEO KI TA PRAL SEVI M KEK ANE PITA POU TELE CBNDF. DOKTE YOLAINE THERMEZY TE BYEN KOMIK. LI TE OKOURAN TOUT AKTYALITE A. EPI LI TE TOUJOU FE YON RABE POU MWEN. ASISTAN L NAN TE KON BAN MWEN BON JAN SEVIS TOU.

TE GEN LOT MOUN KI KON VINI POU TERAPI. NOU FE ZANMI. NOU BAY BLAG. YOUN FAWOUCHE LOT LE DOKTE YOLAINE FE NOU FOURE MEN NOU NAN YON LASI BYEN CHO POU GERIZON NOU. NOU FE GRIMAS. NOU RELE. LASI A TE CHO ANPIL. CHAK SAMDI JOSAPHAT AVEK CHOFE MWEN AN BERTHONY (RIP) TE KONDWI M KAY DOKTE A. LAVYEJ TOUJOU FE M JWEN KOB POU M PEYE TERAPI A. SE TE AN DOLA AMERIKEN. YON LOT FWA ANKO LAPWOVIDANS DIVEN TE PRAN SWEN M. MALADI SA SE TE YOUN NAN PI GWO EKSPERYANS NAN LAVI M KI MAKE M. BONDYE RETIRE M NAN BOUCH TWOU. MWEN TE SIPOZE KOKOBE POU RES LAVI M SOU YON CHEZ WOULANT. BONDYE METE M DEBOU ANKO BYEN ANFOM TELMAN MWEN RIVE BAY EKIP FOOTBAL AJANTEN NAN 12 GOL A ZEWO !

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre