12 Chapit 12 : KARAVAN CBNDF YO

 KARAVAN CBNDF YO
13 ME 2017 TAP FE 100 LANE DEPI LAVYEJ MARI TE FE APARISYON FATIMA POTIGAL. KOM SANT BIBLIK NOU AN POTE NON FATIMA, NOU TE DESIDE FETE SANTENE APARISYON YO YON FASON ESPESYAL. SE KONSA NOU METE SOU PYE YON KOMITE. EPI NOU PRAN DESIZYON POU NOU LOUVRI LANE SANTENE A DEPI 13 MAI 2016 POU FINI L 13 OKTOB 2017. NOU TE GEN PWOJE FE YON KARAVAN MARYAL ATRAVE TOUT DYOSEZ PEYI DAYITI PLIS NEW YORK KOTE NOU TAP ENVITE AYISYEN DYASPORA YO PATISIPE. SE KONSA NOU PRAL FE 10 KARAVAN MARYAL NAN CHAK DEPATMAN PEYI A PLIS YON KARAVAN MARYAL NEW YORK.
PREMYE KARAVAN NAN SE TE POU OKAY. ANPIL PREPARASYON. YON EKIP NAN KOMITE A AL RANKONTRE AVEK OTORITE LEGLIZ EPI OTORITE LETA NAN OKAY POU PLANIFIKASYON. NOU KONTAKTE ANPIL OTOBUS POU FE KARAVAN NAN. ANPIL MOTIVASYON NAN RADIO, TELEVIZYON, JOUNAL AK ENTENET. NOU PREPARE LIV, MAYO, KASKET, DEKORASYON, SEREMONI YO AN DETAY. NOU ENVITE LAKWA WOUJ, SCOUT, FANFA, MIZISYEN, KORAL, PWOTEKSYON SIVIL, LAPOLIS KI AKONPAYE NOU PANDAN TOUT PAKOU YO. NOU REZEVE CHANM HOTEL. NOU PREPARE RESEPSYON POU KEK ENVITE.
NAN PREMYE KARAVAN NAN ANVAN NOU RIVE OKAY NOU FE YON ARE TIGWAV AK KAVAYON. MAJISTRA VIL SA YO AKEYI NOU NAN ANTRE VIL LA. YO REMET NOU KLE VIL YO. NAN KOTEJ LA TE GEN LAPOLIS DEVAN AK DEYE, MOTOSIKLET AVEK MAYO KARAVAN MARYAL LA, PLIZYE OTOBUS, DJEEP KI TAP POTE ESTATI FATIMA BYEN DEKORE, ANPIL MACHEN PRIVE YOUN DEYE LOT AN PWOSESYON. LE NAP PASE LAVIL TIGWAV AK KAVAYON TOUT MOUN TE KANPE SOU 2 RAN. TE GEN BON JAN SON AVEK GWO OPALE SOU YON KAMYON. CHAPLE, CHANTE, ANIMASYON TE KREYE YON ANBYANS FET. NI TIGWAV NI KAVAYON NOU ANTRE LEGLIZ LA POU LWANJ MARYAL AK KEK LAPRIYE. KIRE PAWAS SA YO TE SWETE NOU BYENVINI. LEGLIZ LA TE BYEN DEKORE. YO TE METE SOU PYE KOMITE AKEY.
NOU RIVE BYEN TA OKAY. NOU ALE TOUDABO NAN PAWAS SAKRE KE KOTE NOU LAPRIYE YON TI BOUT TAN. APRE SA AN PWOSESYON NOU ALE KATEDRAL OKAY KOTE KADINAL CHIBLY LANGLOIS TAP TAN NOU AVEK ANPIL LOT PE. SE TE OKAZYON POU KONFESYON FET ANVAN LAMES, ADORASYON AK LIBERASYON. NAN GRANM MATEN NOU RETOUNEN POTOPRENS.
DEZYEM KARAVAN MARYAL LA SE LI KI TE PI BYEN REYISI. NOU TE FE L OKAP AYISYEN NAN EPOK MONSEYE MAX MESIDOR LEROY TE ACHEVEK OKAP. DYOSEZ OKAP LA AVEK MONSEYE MESIDOR ALATET TE BYEN PREPARE KARAVAN SA NAN TOUT TI DETAY. TOUT PE YO, RELIJYEZ YO, LAYIK YO TE ANGAJE YO NAN PREPARASYON YO. OTORITE POLITIK OKAP YO AK KOMESAN YO TE PWOPTE LAVIL LA. YO TE METE YON PAKET BANYE BYENVINI TOUPATOU NAN VIL LA. NOU SOTI POTOPRENS AK YON KOTEJ MACHEN PRIVE, OTOBUS AVEK ANTET LAPOLIS KI PRAL FE LARELEV JOUSTAN NOU RIVE OKAP.
ANVAN SA NOU FE YON STOP RAPID NAN KEK VIL. DEPI NAN ZON BARYE BOUTEY TE GEN YON GWO PWOSESYON AVEK PREZANS ACHEVEK LA. NAN WOUT NOU FE YON PRIYE PWOTEKSYON KONT KATASTWOF NATIREL SOU LAVIL OKAP. APRE SA NOU ALE POU YON BEL VEYDENWI NAN KATEDRAL OKAP KI TE RANPLI KOU YON ZE. YO TE LOUVRI PLAS DEVAN KATEDRAL LA POU FIDEL YO. WOZE, ANIMASYON, KONFESYON, LAMES, SE TE YON PWOGRAM CHAJE.
MONSEYE MESIDOR TE KONTAN RESEVWA NOU NAN EVECHE A. SE LA MWEN TA PRAL RANKONTRE POU LA DENYE FWA PE JOACHIM ANANTUA KI TE MONTRE M DAKTILOGRAFYE LE MWEN TAP ETIDYE GRAN SEMINE POTOPRENS. LI TE CHANSELYE OKAP. KEK TAN APRE LI PRAL MOURI (RIP). MONSEYE LEROY FE M VIZITE RADIO AVE MARIA.
LE NOU SOTI NAN KARAVAN OKAP LA NOU TOU PWOFITE FE KARAVAN MARYAL POU DYOSEZ FOLIBETE PASKE YO TE TOU PRE. NOU DOMI NAN INIVESITE LIMONAD LA POU NOU REPOZE NOU. TOUT OTOBUS YO AK PELEREN YO TE DESAN NAN INIVESITE LIMONAD LA KOTE YO TE PREPARE SAL POU YO DOMI. APRE SA NOU PRAN CHEMEN FOLIBETE. NOU FE YON STOP NAN TWOUDINO. OTORITE LAVIL AKEYI NOU. NOU ANTRE LAPRIYE NAN LEGLIZ LA. NOU FE YON DEZYEM STOP NAN YON LOT LEGLIZ. APRE SA NOU RIVE FOLIBETE. PWOSESYON KOMANSE DEPI ANTRE VIL LA.
MONSEYE ALPHONSE QUESNEL AKEYI NOU. SANBLE TE GEN LOT GWOUP NAN MENM MOMAN SA KI TE SOTI POTOPRENS KI TE DESIDE FE PELERINAJ PA YO SAN PLANIFIKASYON AVEK EVEK LA. YO TE OKIPE PLAS KI TE REZEVE POU KARAVAN MARYAL NOU AN. LE SA NOU TE NAN WOUT TOUJOU. SANBLE YO TE REFIZE OBEYI EVEK LA KI TE MANDE YO POU YO AL CHITA LOT KOTE. EVEK LA TE TRE KONTRARYE. SE PETET SA KI ESPLIKE PITA PANDAN NAN NWIT EVEK LA TE TRE MALAD. YO TE OBLIJE MENNEN L AN IJANS LOPITAL. MWEN KON SA JIS NAN MATEN. PASKE LE MWEN FEK RIVE LI TE AKEYI M NAN EVECHE A. LI ENVITE M SOUPE. APRE SA LI MONTRE M CHANM MWEN POU M KA REPOZE M ANVAN SEREMONI YO. LI DI M LA VINI REVEYE M. MWEN TE FATIGE. DOMI VOLE M. SE BYEN TA MWEN TANDE YAP CHANTE NAN KATEDRAL LA. MWEN KOURI LEVE. LAMES KOMANSE DEYE M. ANIMATE YO PRAN TOUT DESIZYON SAN MWEN KI TE PRENSIPAL RESPONSAB KARAVAN NAN. APRE SA MWEN FE PRIYE LIBERASYON AK EKIP PA M NAN EPI NOU RETOUNEN POTOPRENS NAN GRANMATEN.
TWAZYEM KARAVAN MARYAL LA TE FET GONAYIV. SOU WOUT LA NOU FE YON STOP DEVAN LEGLIZ SAKRE-KE LESTE. NOU FE YON BON RETE NAN LEGLIZ SENMAK LA. DEPI BIGO OTORITE LETA YO VINI AKEYI NOU. SE TE KEK JOU ANVAN FET SEN CHARLES BORROMEE PATWON GONAYIV. NAN EPOK SA YO TOUJOU GEN BAL AK TOUT LOT AKTIVITE PWOFAN. MEN TOUT MOUN TE KONSANTRE SOU KARAVAN NAN. PASAJ KARAVAN NAN AVEK ESTATI LAVYEJ FATIMA TE FE ANPIL LWA VOLE GAGE. SE POUTET SA BOKO KON METE TET YO ANSANM POU WE SI YO KA ANPECHE KARAVAN NAN. MEN TOUT SA SE TE BWI ZEL SAPAT. GEN PYEJ AKSIDAN KI KON PREPARE POU NOU MEN LAVYEJ TOUJOU PWOTEJE NOU.
LE NOU RIVE NAN KATEDRAL GONAYIV LA TE GEN YON VEY NWI. MWEN TE REGRET KEK ANIMATE PRAN YON SERI CHANTE TWO CHO. MALGRE AVETISMAN MWEN YO PA KOUTE M. MWEN TE FACHE. MWEN TE PRAN DESIZYON NAN TET MWEN POU M SISPAN KARAVAN MARYAL LA. MEN LAVYEJ METE NAN KE M FOK MWEN KONTINYE L. PASKE KARAVAN NAN TE BON POU PEYI A. SE KONSA MWEN RETOUNEN SOU DESIZYON M. MWEN KONTINYE KARAVAN MARYAL LA NAN LOT DYOSEZ YO.
APRE GONAYIV KOMITE MARYAL LA OGANIZE YON KARAVAN DYOSEZ NIP. NAN EPOK SA PREZIDAN DAYITI KI TE FEK MONTE SOU POUVWA TE GEN YON MATINE LAPRIYE YO TAP FE POU LI NAN KATEDRAL POTOPRENS. TOUT OTOBUS KI TA PRAL ANSAVO DYOSEZ NIP TE REYINI SOU CHANMAS. SE LE SA NOU WE MONSEYE PIERRE ANDRE DUMAS EVEK DYOSEZ NIP VINI ENVITE NOU AL NAN KATEDRAL LA POU BAY LAPRIYE A JARET.
APRE SA LI AKONPAYE NOU POU NOU ALE ANSAVO. NOU FE YON STOP MIRAGWAN KOTE MAJISTRA VIL LA REMET NOU KLE VIL LA. NOU LAPRIYE NAN KOKATEDRAL MIRAGWAN NAN. MOUN TE KANPE SOU 2 BO LARI A. APRE SA NOU FE 2 LOT STOP NAN 2 LEGLIZ ANKO ANVAN NOU RIVE. MAJISTRA VIL SA YO REMET NOU KLE VIL LA.
NOU RIVE BYEN TA ANSAVO. BEL PWOSESYON DEPI NAN ANTRE VIL LA POU RIVE KATEDRAL LA. NOU GEN YON BEL VEY DE NWI. LEGLIZ LA TE RANPLI KON ZE. MONSEYE DUMAS PATISIPE AVEK NOU. LI TE PREPARE CHANM POU NOU NAN EVECHE A. LI MONTRE NOU TOUT DEGA SIKLON NAN TE FE.
SEL BAGAY MWEN REGRET : ANPIL MOUN TE VINI PASKE YO TE KONNEN M PRAL FE LIBERASYON JAN MWEN ABITYE FE SA. APRE MES LA MWEN ANTRE NAN SAKRISTI A POU M RETIRE CHASIB LA EPI PREPARE M POU LIBERASYON PANDAN KE FIDEL YO TAP TAN MWEN POU LIBERASYON YO TE SWAF ANPIL. PANDAN MWEN NAN SAKRISTI A MWEN BYEN SEZI TANDE SAN LI PA MANDE M PEMISYON YOUN NAN ANIMATE YO RANVOYE MOUN YO LAKAY YO. MWEN TE KONTRARYE. E MWEN TE PWOMET POU M RETOUNEN NENPOT KI LE POU YON SESYON LIBERASYON. MALEREZMAN MALGRE PLIZYE ENVITASYON MWEN JWEN POU M RETOUNEN MWEN PAT JANM GEN OKAZYON FE L ANKO. CHANS LA TE PASE.
APRE ANSAVO NOU OGANIZE YON KARAVAN PODEPE NAN EPOK MONSEYE ANTOINE PAULO TE EVEK DYOSEZ LA. NOU FE YON STOP BASEN BLE KOTE KORAL LA AKEYI NOU. FIDEL BASEN BLE YO TE OGANIZE YON BEL SEREMONI BYEN KOUT POU AKEYI NOTRE DAME FATIMA. ANVAN SA NOU RETE GWOMON. FIDEL PAWAS SA MONFOTEN YO OKIPE TOUJOU RENMEN VINI NAN CBNDF BWANEF LE KONGRE AK FET FATIMA. YO TE METE BEL BANDWOL POU FATIMA. OTORITE LAVIL LA AKEYI NOU AVEK CHALE. NOU FE LWANJ MARYAL ANDAN LEGLIZ LA.
NAN ASWE NOU RIVE PODEPE. LAPOLIS, MOTOSIKLET,PELEREN TOUT TE ORANDEVOU. NOU FE YON PWOSESYON OFLANBO NAN RU PRENSIPAL VIL PODEPE. MONSEYE POLO TE LA AVEK NOU POU VEY DE NWI NAN KATEDRAL IMAKILE. TE GEN ANPIL PE KI TAP KONFESE ANVAN LAMES LA. MONSEYE PAULO KI TE PWOFESE LABIB MWEN GRAN SEMINE TE NAN FE KONFESYON TOU. LI FE YON BEL RALE SOU ORIJIN LAVIL PODEPE. WOZE, CHAN LWANJ, ADORASYON, PRIYE GERIZON AK LIBERASYON, SE TE YON PWOGRAM KONPLE. NAN GRANMATEN ANVAN BAJOU KASE NOU RETOUNEN POTOPRENS.
KARAVAN MARYAL KOMITE A TE OGANIZE POU ENCH TE BEL ANPIL. KOM DABITID TE GEN YON REYINYON PLANIFIKASYON AVEK EVEK ENCH NAN MONSEYE JEAN DESINORD. SE TE PREMYE FWA MWEN VIZITE PLATO SANTRAL. SA TE FEM PLEZI POU M KONSTATE JAN GEN KOTE AYITI KI BEL : BEL PYEBWA TOUPATOU, BEL FRECHE, DLO KAP VIDE TOUT KOTE, BWOUYA GRANMATEN, LAK PELIG.
NOU FE YON PREMYE STOP SODO. OTORITE YO RESEVWA NOU NAN ANTRE VIL LA. BEL LAPRIYE ANDAN LEGLIZ SODO. FOUL MOUN. APRE SA NOU FE YON DEZYEM STOP TOMON. MAJISTRA KI SE YON PWOTESTAN FE YON BEL DISKOU SOU LAVYEJ MARI POU RESEVWA MANMAN FATIMA. FANFA. ELEV LEKOL AN INIFOM. BEL BAGAY.
ANFEN NOU RIVE ENCH. NOU REYINI NAN ANSYEN KATEDRAL LA POU NOU KOMANSE PWOSESYON. TE GEN PLIZYE PE. NAN KATEDRAL ENCH NAN MONSEYE DESINORD AKEYI NOU. APRE SA SE TE LAMES, LWANJ, ADORASYON. NAN GRANMATEN BYEN BONE NOU RETOUNEN POTOPRENS. TE GEN YOUN NAN OTOBUS KI TE GEN GWO PWOBLEM SOU MON KABRIT. MEN LAVYEJ FE YON MIRAK. AKSIDAN PA VIRE AN KATASTWOF.
NOU TE FE YON BEL KARAVAN MARYAL JAKMEL NAN EPOK MONSEYE SATURNE LAUNAY TE EVEK. KOM DABITID TE GEN YON REYINYON AK EKIP LITIJIK JAKMEL LA POU PREPARASYON KARAVAN NAN. GRAN MATEN NOU KITE POTOPRENS. TE GEN 2 MOTOSIKLET LAPOLIS KI TE DEVAN KOTEJ LA. YO TE BYEN CHELBE. YO TAP TRASE CHEMA. MWEN TE KONTAN ADMIRE LADRES POLISYE YO NAN KONDWI BWODEZEMAN MOTOSIKLET YO.
NOU FE YON PREMYE STOP NAN LEGLIZ SENT WOZ LEOGAN KOTE BON ZANMI MWEN PE ANIS TE FEK NONMEN KIRE. LI TE KON BAN MWEN BON KOUT MEN LE LI TE KIRE SENTA TOU PRE SANT MWEN AN BWANEF. NOU FE LWANJ MARYAL NAN LEGLIZ LA. EPI NOU PRAN WOUT LA POU JACMEL. ANVAN NOU RIVE JACMEL NOU FE YON DEZYEM STOP NAN YON LOT LEGLIZ. NOU LAPRIYE. KIRE A AVEK EKIP LI A BAN NOU BEL AKEY.
LE NOU RIVE NAN ANTRE VIL JACMEL, SE TE BEL BAGAY. YON PAKET FOUL MOUN TAP TAN NOU. OTORITE LAVIL LA REMET NOU KLE LAVIL JAKMEL. YON PAKET MOTOSIKLET JAKMEL AVEK MAYO FATIMA TAP TAN NOU PLIZYE KILOMET ANVAN NOU ANTRE NAN VIL LA. YO TAP KLAKSONEN. VWATI PRIVE AP KLAKSONEN AK LIMYE YO LIMEN. OTOBUS YO FE MENM JAN. MOUN KANPE SOU DE BO LARI AP GADE. CHANTE LAVYEJ TAP VOYE TOUPATOU. CHAK OTOBUS YO TE GEN ANIMATE POU FE CHAPLE EPI CHANTE CHANTE LAVYEJ. SE KONSA TOUT KOTEJ LA ANTRE NAN KATEDRAL SEN JAK AK SEN FILIP VIL JAKMEL. NOU FE YON TI BOUT TAN LAPRIYE ANDAN KATEDRAL LA.
APRE SA NOU FE YON PWOSESYON OFLANBO BYEN LONG POU NOU ALE NAN YON GWO SANT MONSEYE LAUNEY TE FEK KONSTWI. MOUN YO TE DEKORE KAY YO, PWOPTE LARI A JAN SA TE FET OKAP AYISYEN. LE NOU RIVE NAN SANT LA MONSEYE LAUNAY AKEYI NOU AK BEL PAWOL BYENVINI. NOU FE CHAPLE, LAMES, ADORASYON, PRIYE LIBERASYON. ESPAS LA TE GRAN ANPIL. TE GEN MOUN TOUPATOU ANNDAN SANT LA AK SOU LAKOU A. TE GEN TI MACHAN KI VINI DEGAJE YO. GWO BOUJWA LAVIL JACMEL TE BAY PATISIPASYON PA YO POU KARAVAN NAN TE KA REYISI. APRE SA NOU ALE NAN YON BEL RESTORAN JAKMEL KI TE BAY SOU LANME. NAN GRANM MATEN, NOU RETOUNEN POTOPRENS.
KARAVAN MARYAL POTOPRENS NAN NOU TE FE L POU SANTYEM ANIVESE APARISYON LAVYEJ MARI NAN PEYI POTIGAL JOU POU JOU 13 ME 2017. PREMYE GWO RASANBLEMAN TE FET NAN PAWAS FATIMA CHAPEL SIXTINE BISANTNE. APRE CHAPLE, CHANTE LAVYEJ NOU FE YON GWO PWOSESYON POU NOU ALE ESTAD SYLVIO CATOR. MEN TE TOUJOU GEN LAPRIYE AK LAMES KI FET NAN SANT CBNDF BWANEF MENM SI MWEN PAT LA.
MWEN PAT SATISFE DITOU KARAVAN SA. MALGRE AVETISMAN MWEN TE BAY NAN PWOSESYON TE GEN TWOP MIZIK CHO. TE MANKE KONSANTRASYON. TE GEN YON PAKET FOUL MOUN. MEN TE MANKE LAPRIYE KAP ENVITE MOUN YO RANTRE NAN FON KE YO. ESTAD LA TE BYEN DEKORE. GWO PODYOM ANFOM KATEDRAL POTOPRENS. GWO SON. BEL DEKORASYON.
MEN ANPIL MOUN PAT SANTI YO ALEZ. MWEN TAP MANDE PESONELMAN ESKE ESTAD SYLVIO CATOR SOU YON PLAN MISTIK LI ASE PWOP POU L RESEVWA LAVYEJ IMAKILE KI TOUT SENT. MWEN TOUJOU AP POZE TET MWEN KESYON ESKE LI PA TA BON POU YO FE YON PIRIFIKASYON ESPESYAL NAN ESTAD LA ANVAN YO FE LAMES LADAN, ADORASYON AK PWOSESYON LAVYEJ. PASKE LI PA YON KOTE KI FET POU SEREMONI RELIJYEZ. SE YON OKASYON KONSA YO FE SEREMONI LEGLIZ LADAN. ESKE PA GEN LOT BAGAY KI PA DANSE KOLE AK BONDYE KI KON FE NAN ESTAD LA TOU? MWEN PA KONNEN. MEN MWEN ESTIME PA MEZI PREKOSYON SE POU TA GEN YON NETOYAJ ESPIRITYEL KI POU FET ANVAN. EPI TOU POU MWEN MENM SE PA YON PAKET FOUL MOUN KI KAPAB FE BONDYE PLEZI LE YAP LAPRIYE MEN SE KALITE KE MOUN YO, SI YO TE KONFESE, SI YO TE MANDE PADON ANVAN NAN BON JAN KONFESYON POU PECHE YO. LAPRIYE KAP SOTI NAN YON PAKET KE KI PA PWOP MENM SI TA GEN YON MILYON MOUN PA KAPAB FE BONDYE PLEZI REYELMAN VRE. LAPRIYE YON SEL MOUN KI KOREK, KI GEN KE PWOP GEN PLIS FOS PASE LAPRIYE YON MILYON KAP LAPRIYE BONDYE AVEK YON KE KI PA PWOP.
AVAN DENYE KARAVAN MARYAL LA TE FET NEW-YORK. KOMITE A TE METE M AKOTE TOUT PREPARASYON ALOSKE SE MWEN KI TE ENVITE YO BAN MWEN KOUTMEN NAN OGANIZASYON KARAVAN MARYAL LA. MWEN TANDE TE GEN YON LOBEY VIZA. MWEN PA GEN TWOP DETAY SOU SA. MWEN TANDE ANPIL PLENYEN TOU NAN ZAFE OGANIZASYON HOTEL NEW YORK POU PELEREN KI TAP SOTI AYITI YO. LI TA SANBLE TOU KE RESPONSAB YOUN NAN LEGLIZ NAN BROOKLYN KOTE PLIS AYISYEN FREKANTE TA REFIZE RESEVWA, AKEYI KARAVAN NAN. TOUT BAGAY SA YO SE NAN BOUCH MOUN MWEN TANDE YO. PASKE YO PAT METE M OKOURAN ANYEN. MWEN TE JIS YON POTRE.
ANTOUKA KARAVAN MARYAL NAN NEW YORK FET KANMENM. AYISYEN SOTI NAN PLIZYE KOTE ETAZINI. GENYEN KI SOTI KANADA TOU. NOU FE YON PREMYE LAPRIYE NAN LEGLIZ NOTRE DAME LASENT FANMI KANASI KOTE PE FRANSWA TE VIKE. NOU TE GEN LAMES. KEK JOU APRE NOU ALE LEGLIZ NOTRE DAME REFIJ. TE GEN KONFESYON AK TOUT KALITE LAPRIYE. SE APATI LEGLIZ NOTRE DAM REFIJ PWOSESYON AK ESTATI FATIMA PATI. LAPOLIS AKONPAYE NOU. TE GEN POLISYE AYISYEN NAN KOTEJ LA. TE GEN DWOM PANDAN PAKOU PWOSESYON KI TE BYEN LONG. DWOM YO TAP FE FOTO.
SOU TOUT WOUT LA CHAPLE, CHANTE, SLOGAN. PLIZYE AMERIKEN RETE DEVAN POT KAY YO AP DANSE, AP CHANTE TOU. YO TE PATISIPE NAN FASON PA YO. YO TE KONTAN ANPIL. MOUN TE KANPE SOU 2 RAN NAN KOTE PWOSESYON TAP PASE. TE GEN PANKAT AK BANDWOL. ANFEN NOU RIVE LEGLIZ SEN INOSAN POU VEY DE NWI AN. TE GEN PLIZYE PE KAP TRAVAY NAN NEW YORK KI TE LA. NAN EPOK SA SE TE PE PASCAL KI TE KIRE LEGLIZ SEN INOSAN. TE GEN KONFESYON. TE GEN LAMES.
MEN YON LOT FWA ANKO MWEN REGRET JAN YO FE ANIMASYON YO AVEK CHANTE TWO CHO. SA TE ANPECHE M FE LIBERASYON YO JAN MWEN TA VLE. A PLIZYE REPRIZ MWEN TE OBLIJE KANPE SOU LIBERASYON YO KWAKE MWEN TE VOYE DI YO BAN CHANTE SA YO PA APWOPRIYE. MEN YO PA KOUTE M. FINALMAN LE TANPERATI A YON TI JAN BESE MWEN REPRAN AVEK LIBERASYON YO ANPIL MOUN TE VIN CHECHE. NOU PASE RES SWARE A NAN SELEBRE LAMES AVEK ADORASYON SEN SAKREMAN. KEK ANE APRE, MAP WE NAN YOUTUBE KIJAN DELEGASYON TE RETOUNEN NAN AEWOPO POTOPRENS SOTI NEW YORK AVEK ESTATI FATIMA, AVEK PELEREN YO KI TAP CHANTE CHANTE LAVYEJ NAN TOUT SAL IMIGRASYON AN.
DENYE KARAVAN MARYAL LA SETE JEREMI. MWEN PAT ALE POU PLIZYE REZON. PREMYEMAN KOMITE A TE METE M KONPLETMAN A KOTE NAN PREPARASYON AN. ANSWIT MWEN VINI APRAN YO PRAL JEREMI KI BYEN LWEN, FE PWOSESYON AK VEY DE NWI EPI RETOUNEN POTOPRENS NAN GRANM TI MATEN. MWEN TE JIJE LI TWO FATIGAN. ANSWIT MWEN TE REMAKE ANIMATE YO PAT SWIV KONSIY MWEN YO DEPI TWAZYEM KARAVAN MARYAL NOU TE FE GONAYIV. LE SA MWEN TE VLE KANPE MEN LAVYEJ TE FE M KONTINYE LOT KARAVAN YO PASKE LI TE BON POU PEYI A. AN MENM TAN TOUT FOS VODOU YO TE KANPE KONT NOU. PAFWA YO METE PO KAN AK TOUT FOUMI POU NOU FE AKSIDAN. MEN LAVYEJ PI FO. NOU TOUJOU TRIYONFE. KIDONK MWEN PAT ALE NAN DENYE KARAVAN JEREMI AN. SE KARAVAN SA MWEN TAP TAN POU M METE YON PWEN FINAL NAN TOUT KARAVAN YO. SE KONSA LE KARAVAN JEREMI AN FINI MWEN VOYE YON ANONS SOU FACEBOOK POU M REMESYE TOUT MOUN KI TE PATISIPE NAN KARAVAN YO EPI ANONSE KE CBNDF METE YON PWEN FINAL NAN KARAVAN LI YO.
SE NAN MOMAN SAN, YON TANPET, YON TSUNAMI, YON GOUDOUGOUDOU PRAL KOMANSE. SE APATI MOMAN SA MWEN TA PRAL MONTE YON MON KALVE. SE APATI MOMAN SA MWEN TA PRAL SIBI PI GWO EPREV NAN LAVI MWEN. YON VERITAB KALVE. YON VERITAB KRISIFIKSYON POU MWEN, FANMI MWEN AK KOLABORATE PWOCH MWEN YO : MENAS, TRAYIZON, PESEKISYON, MAJI, KALOMNI.
KOM KONSEKANS MWEN PASE APRE SA PLIZYE MWA MALAD ETAZUNI. EVENMAN DRAMATIK SA YO PRESIPITE LANMO SE CHERI MWEN PAULA CAMPION. YO LAKOZ CBNDF PEDU TWA KA NAN MOUN KI KON ABITYE SOUTNI L. SI SE PA LAVYEJ MARI PESEKISYON AK TRAYIZON SA YO TA MENNEN M DIREK DIREK ANBA TE EPI CBNDF TAP TOU KRAZE. MEN SA LEZOM DI SE PA SA BONDYE DI. LAVYEJ TOUJOU GEN DENYE MO A. JAN LI TE DI TIMOUN FATIMA YO : »A LA FIN MON COEUR IMMACULE TRIOMPHERA ».
MWEN PAP BAY PLIS DETAY SOU SA KI RIVE MWEN, PWOCH KOLABORATE MWEN YO AK CBNDF APRE KARAVAN MARYAL YO KI TE BON POU PEYI A ANPIL. PASKE EVENMAN SA YO TWO FRECH. YO PA GEN ANPIL TAN DEPI YO PASE. PASKE TOU AKTE YO TOUJOU LA SOU TEREN AN. GENYEN KAP BYEN MENNEN NAN LEGLIZ LA, KI NAN GWO POZISYON NAN LEGLIZ LA. KI GEN PLAS DONE NAN LEGLIZ LA. KI ONORE NAN LEGLIZ LA. KAP BYEN PASE NAN LEGLIZ LA.
MWEN AP EKRI TOUT DETAY SOU SA KI TE PASE NAN EPOK SA APRE DENYE KARAVAN JEREMI AN. MEN MWEN PAP PIBLIYE L. MAP EKRI L POU LAVERITE AK POU LISTWA. MAP EKRI L POU SA SEVI YON TEMWAYAJ POU GRANDE LAVYEJ MARI. LE LAVYEJ MARI AVEK YON MOUN MENM SI LEMOND ANTYE KONT OU, LAP FE W RANPOTE LAVIKTWA KANMENM. SE POU TOUT REZON YO MAP EKRI SA KI TE RIVE NAN MOMAN SA YO. MEN MWEN PAP PIBLIYE YO. LE MA VA MOURI, LE MWEN PA SOU TE A ANKO, SI LI NESESE, YO VA PIBLIYE L. JEZU AK LAVYEK KI KONNEN.
ANTOUKA 10 KARAVAN MARYAL CBNDF YO TE BON ANPIL POU AYITI. YO ANPECHE ANPIL GWO KATASTWOF. ANPIL DEMON VOLE GAGE SOU PASAJ ESTATU FATIMA. GWO KONVESYON FET. ANPIL BEL KONFESYON REYALIZE. MANMAN FATIMA TE LAGE YON LAPLI BENEDIKSYON TOUT KOTE LI TE PASE. TEMWAYAJ FE KENKEN. SE POUTET SA SATAN TAP VOYE PYE KONSA… MEN NOU KONNEN SATAN TOUJOU ECHWE. EPI PITIT MANMAN MARI PA JANM, JANM, JANM PEDU BATAY !!! AMEN ! ALELOUYA !

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre