14 Chapit 14: KISA CBNDF NAN YE ?

CBNDF (SANT BIBLIK N-D FATIMA) SE PWOJE JEZU AK LAVYEJ MARI POU AYITI KI YON JOU AP VINI « LIMYE POU TOUT NASYON YO ». CBNDF GEN WOL LI POU L JWE NAN AYITI TOU NEF SA. POU MWEN TE KAPAB REYALIZE PWOJE CBNDF NAN, MWEN VIZITE PLIZYE SANT LAPRIYE AK PELERINAJ AN EWOP, IZRAYEL, KANADA, ETAZUNI, SENDOMENG, AJANTEN, EJIP, ALMAN, POLOGNE, POTIGAL, ESPAGNE, MEDUGORJE POU M PRAN POUL, POU M KA GEN KEK LIDE.

MWEN TOUJOU AP DI TET MWEN POUKISA AYITI PA TA KAPAB GEN YON JOU PWOP SANT PELERINAJ PA L. POUKI SA YON JOU AYITI PA TA KAPAB GEN YON SANT PELERINAJ NASYONAL EPI ENTENASYONAL MENM JAN SA FET LOUD, PARI, KAP LAMADLEN (KANADA), SEN AN BOPRE, ORATWA SEN JOZEF MONREYAL, ALTAGRACIA (HIGUEY), LAVYEJ NWA (POLOGNE) ? LE MWEN TE FEK KOMANSE AK PWOJE CBNDF NAN MWEN TE WE GRAN ANPIL. PLIZYE DIFIKILTE SITOU PWOBLEM LAJAN PA PEMET TOUT PWOJE SA YO REYALIZE. MEN ZAFE BONDYE PA JANM AL VIT. FOK OU GEN PASYANS. AVEK PASYANS WA WE TRIP FOUMI. FOK OU TAN POU W POTE BON NOUVEL. NOU GEN FEM ESPWA PWOJE CBNDF NAN AP REYALIZE YON JOU TOTALMAN. PASKE SE PWOJE SYEL LA POU AYITI. BONDYE PA JANM PRESE. LI GEN FASON PA L POU LI AJI. LE MOMAN RIVE BONDYE AP METE PYE L ATE. PLIS VA GEN KONVESYON AK BON JAN LAPRIYE DJANM SE PLIS BONDYE AP AJI PI VIT. ANATANDAN, MWEN TA VLE PATAJE AVEK NOU SA KI ANDAN PWOJE CBNDF NAN.

 

MEN KISA KI PREVWA NAN PWOJE CBNDF NAN

1) YON BAZILIK KONSAKRE A N-D FATIMA
2) YON CHAPEL ANLONE TI JEZU PRAG
3) YON CHAPEL ADORASYON PEPETYEL
4) PLIZYE ORATWA ANLONE SEN KI PI POPILE NAN PEYI DAYITI
5) YON CHANM LAVYEJ MARI
6) YON CHANM REKONSILYASYON POU KONFESYON AK DIREKSYON ESPIRITYEL
7) YON CHEMEN LAKWA « EN PLEIN AIR » SOU TET MON BWANEF LA
8) YON KALVE KI REPREZANTE SEN KRISIFIKSYON JEZU A
9) YON GWO TONTON KWA KI LIMEN ASWE YO KAPAB WE BYEN LWEN
10) YON GWOT ANLONE N-D LOUD
11) YON TONBO JEZU
12) YON MONIMAN AN SOUVNI TI BEBE YO FE AVOTMAN YO
13) YON REPWODIKSYON JADEN JETSEMANI
14) YON WOZE « EN PLEIN AIR » SOU YON KILOMET ATRAVE JADEN LAVYEJ
15) YON ESKALYE SEN 28 MACH
16) YON SAL TEYAT RELIJYE
17) YON SAL POU KONSE ESPIRITYEL
18) YON SAL POU SINEMA AK KONFERANS (AUDITORYOM)
19) YON BIBLIYOTEK AK YON MEDYATEK
20) YON BOUTIK ATIK RELIJYE AVEK YON LIBRERI
21) YON KAFETERYA
22) YON POS MEDIKAL POU IJANS
23) YON CHANM LIBERASYON POU LAPRIYE POU POSEDE YO
24) YON SANT TERAPI POU AKONPAYE POSEDE YO PANDAN YON BON BOUT TAN
25) YON KAY POU AKEYI PELEREN KI VLE PASE KEK JOU NAN SANT NAN
26) YON KAY POU RETRET FEMEN
27) YON KAY RETRET POU PE GRANMOUN YO
28) YON MUZE RELIJYE AK PLIZYE SEKSYON : MUZE LABIB, MUZE LITUJIK, MUZE LAVYEJ, MUZE SEN YO, MUZE LAPASYON, MUZE TE SENT, MUZE LAKREYASYON…
29) YON JADEN ZOOLOJIK AVEK BET LABIB YO
30) YON JADEN BOTANIK AVEK PLANT LABIB YO
31) YON ESTASYON RADIO AK TELEVIZYON
32) DLO POTAB, KOURAN, WOUT
33) SANT SANTE, OFELINA, LEKOL

NOU REMET PWOJE CBNDF NAN MEN JEZU AK LAVYEJ. MWEN MANDE NOU LAPRIYE SOU SA. ANYEN PA ENPOSIB POU BONDYE. LAVYEJ GEN BEL SIPRIZ POU AYITI. LAP LEVE TET AYITI YON JOU. NAN BOUL FIGI LENMI NOU YO. SA BONDYE SERE POU AYITI LAVALAS PAP KA POTE L ALE. TOUT SA KI GEN POU FET AP FET. NAN NON JEZU. MEN FOK NOU LAPRIYE PI PLIS. AK YON KE SENSE. EPI SUTOU FOK NOU KONVETI, FOK NOU KITE PECHE, FOK NOU EVITE SA KI PA FE BONDYE PLEZI. KONSA PWOJE CBNDF NAN VA REYALIZE PI VIT. MWEN REMESYE TOUT MOUN KI VLE POTE KOLE POU PWOJE SA KAPAB GRANDI. NOU DI MESI AK TOUT MOUN KI DEPI PLIZYE ANE POTE KONTRIBISYON PA YO. SE POU BONDYE BENI TOUT MOUN KI BAY PWOJE CBNDF LA JARET. SE POU L VOYE YON LAPLI BENEDIKSYON SOU YO AK TOUT FANMI YO. SE POU LI REMET YO SAN FWA PLIS SOU TE A AK LE YO VA MOURI. NOU PA KAPAB KALE BONDYE NAN JENEWOSITE. TOUT MOUN KI POTE YON TI WOCH NAN KONSTRIKSYON CBNDF AP FE BEL REKOLT. FATOUTOU AP SERE BEL SIPRIZ POU YO.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (TEMWAYAJ PE JULES CAMPION de Jules Campion) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre