notes

4apokalips 9, 4-10

4 Yo te di yo pou yo pa t’ fè malè sou okenn zèb, ni sou okenn piebwa ni sou okenn lòt plant. Se sou moun sèlman pou yo te fè malè. Epi se pa sou tout moun non, sèlman sou moun ki pa t’ pote mak letanp Bondye a sou fwon yo.

5 Krikèt yo pa t’ gen dwa touye moun sa yo. Men, pandan senk mwa yo te gen dwa fè yo soufri. Krikèt yo fè moun yo soufri tankou si se eskòpyon ki te mòde yo.

6 Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p’ap jwenn lanmò. Y’a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo.

7 Krikèt yo te sanble ak chwal ki pare pou al nan batay. Sou tèt yo chak te gen yon bagay ki sanble ak yon kouwòn lò. Figi yo menm te tankou figi moun.

8 Yo te gen cheve sou tèt yo tankou cheve fi. Dan yo menm te tankou dan lyon.

9 Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay.

10 Yo gen menm ke ak eskòpyon, ak yon pikan nan pwent ke a. Se avèk ke yo yo te gen pouvwa fè moun mechanste pandan senk mwa.

Licence

FETES DE L'ANNEE LITURGIQUE© par campionpierre. Tous droits réservés.

Partagez ce livre