3 Chapitre 3 : Istwa Adan ak Ev

ISTWA ADAN AK EV

 


ADAN AK EV FE PECHE. BONDYE PUNI YO.

 

7 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l’ ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.

8 Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.

9 Seyè a, Bondye a, te fè tout kalite pyebwa leve nan jaden an, bèl pyebwa ki donnen fwi ki bon pou manje. Nan mitan jaden an te gen de gwo pyebwa. Yonn se te pyebwa ki bay lavi a, lòt la se te pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la.

10 Yon gwo larivyè soti nan peyi Edenn, li wouze jaden an. Larivyè a te fè kat branch.

11 Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a.

12 Se nan peyi sa a yo jwenn pi bon lò ansanm ak pyebwa gonm arabik ak yon pyè wouj ki koute chè yo rele oniks.

13 Dezyèm larivyè a rele Giyon. Se li ki wouze tout peyi Kouch la.

14 Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.

15 Seyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l’ nan jaden Edenn lan pou l’ travay li, pou l’ pran swen l’.

16 Seyè a, Bondye a, bay nonm lan lòd sa a. Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.

17 Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l’, w’ap mouri.

18 Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M’ap fè yon lòt moun sanble avè l’ pou ede l’.

19 Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k’ap vole nan syèl la. Lè l’ fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt.

20 Se konsa, nonm lan bay tout bèt yo gade, tout bèt nan bwa ak tout zwazo ki nan syèl la non yo. Men, pa t’ gen yonn ki te sanble avè l’, ki ta ka ede l’.

21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè dòmi pran nonm lan. Msye dòmi nèt ale. Pandan l’ap dòmi an, Bondye louvri bò kòt li, li wete yon zo kòt. Apre sa, li fèmen twou a byen fèmen.

22 Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l’ ba li.

23 Lè nonm lan wè l’, li di. Aa! Fwa sa a, men yonn ki menm jan avè m’! Zo l’ se zo mwen. Chè l’ se chè mwen. Y’a rele l’ fanm, paske se nan gason li soti.

24 Se poutèt sa, gason an va kite papa l’ ak manman l’ pou l’ mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.

25 Nonm lan ak madanm li te toutouni. Men, yo pa t’ wont rete konsa.

 

ADAN AK EV FE PECHE BONDYE PINI YO.

 

 1 Sèpan se bèt ki te pi rize nan tout bèt raje Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm lan konsa. Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?

2 Fanm lan reponn sèpan an. Nou gen dwa manje donn tout pyebwa ki nan jaden an.

3 Men, kanta pou pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye di. Piga nou manje ladan l’, piga nou manyen l’ menm. Sinon, n’ap mouri.

4 Lè sa a, sèpan an di fanm lan. Se pa vre. Nou p’ap mouri kras.

5 Bondye di nou sa paske li konnen jou nou manje ladan l’, je nou va louvri. n’a vin tankou Bondye, n’a konn sa ki byen ak sa ki mal.

6 Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l’ pou je l’ ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l’ ki manje tou.

7 Manje yo fin manje, je yo louvri, lè sa a, yo vin konnen yo toutouni. Yo pran kèk fèy figfrans, yo koud yo ansanm, yo fè tanga mete sou yo.

8 Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t’ap pwonmennen nan jaden an. Y’ al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.

9 Men, Seyè a, Bondye a, rele nonm lan, li di l’. Kote ou ye?

10 Nonm lan reponn li. Mwen tande vwa ou nan jaden an, mwen pè. M al kache pou ou, paske mwen toutouni.

11 Seyè a, Bondye a, di l’. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?

12 Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m’ manje, epi mwen manje l’.

13 Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m’ manje l’.

14 Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W’a rale sou vant ou. W’a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.

15 Ou menm ak fanm lan, m’ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l’ ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w’ap mòde l’ nan talon pye l’.

16 Li di fanm lan. Lè w’ap fè pitit, m’ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w’ap akouche. W’ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.

17 Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m’ap madichonnen tè a. W’a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.

18 Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W’a manje fèy ki pouse nan raje.

19 Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.

20 Adan bay madanm li non, li rele l’ Ev, paske se li menm ki manman tout moun k’ap viv sou tè a.

21 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran po bèt, li fè rad pou Adan ansanm ak madanm li, li biye yo.

22 Apre sa, Seyè a, Bondye a, di. Koulye a, Adan vin konnen sa ki byen ak sa ki mal tankou yonn nan nou. Nou p’ap kite l’ lonje men l’ keyi fwi pyebwa ki bay lavi a pou l’ manje l’, pou l’ pa viv pou tout tan.

23 Se konsa, Seyè a, Bondye a, mete Adan deyò nan jaden Edenn lan. Li voye l’ al travay tè, menm tè Bondye te pran pou fè l’ la.

24 Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t’ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a.

 

 

Licence

ISTWA BIBLIK© par campionpierre. Tous droits réservés.

Partagez ce livre