14 Chapitre 1 : BONDYE PWOMET LI VOYE LESPRI SEN AN. JEZU MONTE NAN SYEL.

 

TRAVAY APOT YO : CHAPIT 1, VESE 1 -11

 


BONDYE PWOMET LI VOYE LESPRI SEN AN : 1, 1-5

1 Teofil monchè: Nan premye liv mwen an, mwen te rakonte tou sa Jezi te fè ak tout bagay li te moutre pèp la, depi nan konmans man,

2 jouk jou li moute nan syèl la. Anvan l’ te moute a, li te pale ak moun li te chwazi pou sèvi apòt. Avèk pouvwa Sentespri sou li, li ba yo lòd sa pou yo fè.

3 Apre lanmò li, li te parèt plizyè fwa devan yo. Li te ba yo divès prèv li te vivan ankò. Pandan karant jou, li fè yo wè l’, li pale yo sou peyi kote Bondye wa a.

4 Yon jou yo t’ap manje ansanm, Jezi ba yo lòd sa a: Pa kite lavil Jerizalèm. Rete tann sa Papa a te pwomèt la, kado mwen t’ap pale nou an.

5 Jan te batize nou nan dlo, men nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a.

 

JEZU MONTE NAN SYEL : CHAPIT 1, VESE 6-11

6 Lè sa a, moun ki te reyini bò kot Jezi yo pran mande li: Mèt, èske se koulye a ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l’ ankò?

7 Jezi reponn yo: Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li.

8 Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n’a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n’a sèvi m’ temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.

9 Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t’ap gade li, yon nwaj vin bouche l’ devan je yo.

10 Yo te gen je yo fikse nan syèl la kote Jezi t’ap moute a, lè dezòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo.

11 Dezòm yo di yo: Nou menm, moun Galile, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi sa a ki fèk sot nan mitan nou an pou moute nan syèl la, li gen pou l’ tounen menm jan nou wè l’ moute nan syèl la.

 

Licence

ISTWA BIBLIK© par campionpierre. Tous droits réservés.

Partagez ce livre